Deuteronomy 14:3-21

Haitian(i) 3 Piga nou manje anyen Seyè a deklare nou pa gen dwa manje. 4 Men bèt nou gen dwa manje: se bèf, se ti mouton, se ti kabrit, 5 se sèf, se kabrit mawon, se den, se boukten, se antilòp, se bèf mawon, se mouflon. 6 Nou gen dwa manje vyann tout bèt ki gen zago fann an de depi yo remoute manje tou. 7 Men, nan bèt ki remoute manje yo, piga nou manje vyann bèt tankou chamo, lapen ak daman ki pa gen zago yo fann an de. Bèt konsa pa bon pou nou manje. 8 Konsa tou, piga nou manje vyann kochon, paske atout li gen zago li yo fann an de, li pa remoute manje. Se yon bèt ki pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje. Piga nou janm manje vyann yo ni piga nou janm manyen kadav yo. 9 Nou gen dwa manje tout bèt lanmè depi yo gen zèl najwa pou naje ak kal sou kò yo. 10 Men, piga nou manje ni sa ki pa gen zèl najwa, ni sa ki pa gen kal sou kò yo. Bèt konsa pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye pou nou manje. 11 Se pa tout zwazo moun k'ap sèvi Bondye gen dwa manje. 12 Men zwazo nou pa gen dwa manje: se lèg, lòfre, malfini lanmè, 13 milan, otou, votou ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje kadav, 14 tout kalite kaou, 15 otrich, janmichèt, poul dlo, malfini ak lòt bèt menm fanmi ak yo ki manje vyann vivan, 16 koukou, frize, gwo kanna mawon blan, 17 grangozye, plonjon, chwèt, 18 sigòy, krabye ak tout lòt bèt menm fanmi ak yo, sèpantye ak tchotcho. 19 Tout ti bèt ak zèl pa bon pou nou menm k'ap sèvi Bondye. Piga nou manje yo. 20 Men, nou gen dwa manje zwazo ki bon pou moun k'ap sèvi Bondye. 21 Piga nou janm manje ankenn bèt nou jwenn tou mouri, paske nou menm se yon pèp k'ap viv apa pou Seyè a, Bondye nou an, nou ye. Men, nou ka pran vyann lan pou nou bay osinon pou nou vann moun lòt nasyon k'ap viv nan mitan nou ou ankò ki depasaj lakay nou. Piga nou janm kwit yon jenn ti kabrit nan lèt manman l'.