Deuteronomy 2:24-37

Haitian(i) 24 Seyè a di m' ankò: Leve, ranmase tout zafè nou yo. Pase lòt bò ravin Anon an. Mwen pral lage Siyon, moun peyi Amori ki wa lavil Esbon an, ansanm ak tout peyi li a nan menm nou. Atake l', konmanse pran peyi a pou nou. 25 Depi jòdi a, m'ap fè tout nasyon ki sou latè pè nou kou chat. Konsa, depi y'a tande yo nonmen non nou, y'a pran tranble, y'a gen yon sèl kè sere k'ap pran yo. 26 Lè sa a, antan nou te nan dezè Kedemòt la, mwen voye kèk mesaje bò kote Siyon, wa lavil Esbon an, pou yo te pale an zanmi avè l', pou yo te di l' pou mwen: 27 Mwen fè lide pase nan peyi a. N'ap pase pase nou sou gran chemen an san nou pa vire ni adwat ni agoch. 28 W'a vann nou pou lajan nou manje nou ka bezwen pou n' manje ansanm ak dlo pou nou bwè. Se pase sèlman n'ap pase nan peyi a san rete, 29 jouk nou rive lòt bò larivyè Jouden an, nan peyi Seyè a, Bondye nou an, ap ban nou an. Se konsa moun fanmi Ezaou yo ki te rete nan peyi Seyi a, ak moun Moab yo ki rete nan lavil Ar la te ban nou pèmisyon pou n' pase nan peyi yo. 30 Men, Siyon, wa Esbon an, pa t' dakò pou l' te kite nou pase nan pèyi l' la. Seyè a, Bondye nou an, fè l' kenbe tèt ak nou, li fè l' refize chanje lide malgre tou sa nou fè, pou l' sa lage l' nan men nou ansanm ak tout peyi a, jan sa ye jouk koulye a. 31 Lè sa a, Seyè a di m' konsa: Gade! Depi koulye a mwen lage Siyon ak tout peyi li a nan men nou. Konmanse anvayi peyi a, pran peyi l' la pou nou. 32 Siyon mache kontre nou ak tout lame l' la, li vin mande nou batay bò Jayat. 33 Men, Seyè a, Bondye nou an, lage l' nan men nou. Nou bat li byen bat, li menm, pitit gason l' yo ak tout lame l' yo. 34 Tout lavil yo tonbe nan men nou tou epi nou touye yo nèt pou Bondye nou an tankou yon ofrann. Nou touye tout moun nèt, fanm kou gason, timoun kou granmoun. Nou pa kite yonn chape. 35 Tansèlman, nou pran tout bèt yo pou nou epi nou piye tout lavil nou te pran yo. 36 Depi lavil Awoyè ki anwo bò falèz ki bay sou ravin Anon an ak lavil ki nan fon an, jouk lavil Galarad la, pa t' gen yon lavil ki te ka kenbe tèt ak nou. Seyè a, Bondye nou an, te lage yo tout nan men nou. 37 Men nou pa t' pwoche bò peyi moun Amon yo, ni bò zòn larivyè Jabòk la, ni bò lavil ki nan mòn yo, ni bò ankenn kote Seyè a te ban nou lòd pa atake.