Psalms 115:12-15

Haitian(i) 12 Seyè a p'ap janm bliye nou, l'ap ban nou benediksyon li. L'ap beni pèp Izrayèl la, l'ap beni prèt Bondye yo. 13 L'ap beni tout moun ki gen krentif pou li, piti kou gran. 14 Se pou Seyè a ba ou anpil benediksyon. Se pou l' beni pitit ou yo tou. 15 Se pou Seyè a ki fè syèl la ak latè a voye benediksyon li sou nou!