Psalms 130

Haitian(i) 1 Se yon chante pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Nan mizè mwen ye a, Seyè, m'ap rele nan pye ou. 2 Seyè, koute m' non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou. 3 Si ou t'ap make tout zak nou fè, Seyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou? 4 Men, ou padonnen nou, pou n' ka respekte ou. 5 Mwen mete tout espwa m' nan Seyè a, mwen mete espwa m' nan sa li di. 6 N'ap tann Seyè a, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonnè k'ap tann solèy leve! 7 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Seyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre. 8 Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.