Psalms 148:8-12

Haitian(i) 8 dife ak lagrèl, lanèj ak vapè, gwo van k'ap fè sa li di yo fè, 9 gwo mòn kou ti mòn, pyebwa k'ap donnen ak tout gwo pye sèd yo, 10 tout bèt nan bwa, tout bèt domestik, tout bèt k'ap trennen sou vant, ak tout zwezo k'ap vole nan syèl. 11 Fè lwanj li, nou menm wa yo ak tout pèp ki sou latè, chèf ak nou tout k'ap dirije lèzòm, 12 jenn fi kou jenn gason, granmoun kou timoun.