Psalms 82

Haitian(i) 1 Se yon sòm Asaf. Bondye kanpe nan mitan konsèy ki nan syèl la, li kanpe nan mitan bondye yo, l'ap jije. 2 Li di: -Kilè n'a sispann fè mechanste lè n'ap jije? Kilè n'a sispann achte figi mechan yo? 3 Pran defans pòv malere yo ak timoun ki san papa yo! Pran defans malere yo ak moun ki san sekou yo! 4 Delivre pòv malere ak endijan yo! Delivre yo anba men mechan yo. 5 Nou sòt, nou pa konprann anyen! N'ap mache nan fènwa. Pa gen jistis sou latè ankò! 6 Mwen te di se bondye nou ye, nou tout se pitit Bondye ki anwo nan syèl la nou ye. 7 Men, nou gen pou nou mouri tankou tout moun, wi, nou gen pou nou mouri tankou nenpòt chèf. 8 Leve non, Bondye, vin jije latè! Paske, se pou ou tout nasyon yo ye.