1 Kings 7:24 Cross References - Haitian

24 Sou tout wonn basen lan, sou deyò, te gen de ranje ti kalbas an kwiv, ti kras anba rebò a. Te gen dis kalbas pou chak pye edmi longè. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan, yo te koule yo ansanm lè yo t'ap fè basen lan.

Exodus 25:31-36

31 W'a fè yon gwo lanp sèt branch ak pi bon lò ki genyen. y'a pran yon sèl gwo mòso lò, y'a bat li ak mato pou fè pye gwo lanp sèt branch lan ansanm ak tout kò li. y'a fè pòtre bèl flè, flè an bouton, flè louvri, sou tout kò li. Yo tout va fè yon sèl pyès ak pye lanp lan. 32 Gwo lanp lan va gen sèt branch, yonn kanpe dwat nan mitan ak twa branch chak bò. 33 Sou chak branch sou kote yo, y'a fè pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo. 34 Sou branch ki nan mitan an va gen kat flè nwa kajou ak tout boujon yo. 35 W'a mete yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo. 36 Boujon yo ak branch yo va fè yon sèl pyès ak pye gwo lanp lan. Se va yon sèl pyès lò y'a bat ak mato pou ba li fòm yo vle a.

Exodus 37:17-22

17 Li fè gwo lanp sèt branch lan ak pi bon lò ki genyen. Li pran yon sèl moso lò pou li fè lanp sèt branch lan: kò li, branch li yo, flè yo, boujon yo, ak fèy yo ki te fè yon sèl pyès ak li. 18 Li te gen yon branch nan mitan ak twa branch chak bò. 19 Sou chak branch sou kote yo, te gen pòtre twa flè nwa kajou ak tout boujon yo sou yo. Konsa, konsa, sou tout sis branch sou kote yo. 20 Sou branch mitan an te gen kat flè nwa kajou avèk tout boujon yo sou yo. 21 Te gen yon ti boujon anba chak pè branch sou kote yo. 22 Boujon yo ak branch yo te fè yon sèl pyès ak pye lanp sèt branch lan. Se yon sèl moso lò yo bat pou fè tout.

1 Kings 6:18

18 Sou anndan, tout miray tanp lan te kouvri ak planch sèd, ou pa t' ka wè yon wòch. Planch sèd yo te travay ak desen flè ak ti kalbas sou tout kò yo.

2 Chronicles 4:3

3 Sou tout wonn basen lan sou deyò, te gen de ranje pòtre ki sanble pòtre bèf. Yo te an kwiv, yon ti jan anba rebò a. Te gen dis pòtre pou chak pye edmi. Yo te fè yon sèl kò ak basen lan. Yo te koule yo ansanm.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.