1 Samuel 17:22 Cross References - Haitian

22 David kite manje li te pote a nan men nonm ki te reskonsab pwovizyon yo, li kouri kote batay la tapral mare a, l' al jwenn frè li yo. Li mande yo nouvèl yo.

Genesis 37:14

14 Izrayèl di l' konsa: -Tanpri, ale we kouman frè ou yo ak bèt yo ye laba a. Apre sa, tounen vin pote nouvèl yo ban mwen. Konsa, se papa l' menm ki te fè l' pati kite Fon Ebwon an. Lè Jozèf rive Sichèm,

Judges 18:15

15 Yo fè yon ti chankre, yo antre lakay Mika, kote jenn moun fanmi Levi a te rete a. Yo mande l' nouvèl li.

Isaiah 10:28

28 Lènmi gen tan rive nan peyi Ajat! Men y'ap travèse peyi Migwon! Yo kite tout zafè yo lavil Mikmas.

Matthew 10:12-13

12 Lè n'ap antre nan kay la, n'a di: Benediksyon Bondye sou kay la. 13 Si moun nan kay la resevwa nou, benediksyon nou an va desann sou li. Men, si l' pa vle resevwa nou, benediksyon an va tounen vin jwenn nou.

Luke 10:5-6

5 Lè nou antre nan yon kay, premye bagay pou nou di: benediksyon pou tout moun ki nan kay la. 6 Si gen yon moun ki ka resevwa benediksyon an, benediksyon an va desann sou li; si pa genyen, benediksyon an va tounen vin jwenn ou.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.