Deuteronomy 34:4 Cross References - Haitian

4 Seyè a di li konsa: -Men peyi mwen te pwomèt Abraram, Izarak ak Jakòb mwen t'ap bay pitit pitit yo k'ap vin apre yo a. Mwen fè ou wè l' ak je ou, men ou p'ap antre ladan l'.

Genesis 12:7

7 Abram fè yon vizyon, li wè Seyè a ki di l'. Men peyi m'ap bay pitit pitit ou yo a. Se la Abram bati yon lotèl pou Seyè a ki te parèt devan li nan vizyon an.

Genesis 13:15

15 paske mwen pral ba ou tout tè ou wè a pou ou ak pou pitit pitit ou yo pou tout tan.

Genesis 15:18-21

18 Se jou sa a Seyè a te pase kontra avèk Abram. Li di l' konsa M'ap bay pitit pitit ou yo tout peyi sa a, depi larivyè Lejip, rive jouk larivyè Lefrat la. 19 Sa vle di tout peyi kote moun Keni yo, moun Kenizi yo, moun Kadmon yo, 20 moun Et yo, moun Ferezi yo, moun refayim yo, 21 moun Amori yo, moun Kanaran yo, moun Gigach yo ak moun Jebis yo rete.

Genesis 26:3

3 W'a pase kèk tan nan peyi sa a. M'ap avè ou, m'ap beni ou, paske mwen pral ba ou tout tè sa a pou ou menm ak pou tout ras ou. m'a kenbe sèman mwen te fè bay Abraram, papa ou.

Genesis 28:13

13 Epi li wè Seyè a kanpe anwo nechèl la. Seyè a t'ap di: -Se mwen menm, Seyè a, Bondye Abraram, zansèt ou, ak Bondye Izarak. Ou wè tè kote ou kouche a, m'ap ba ou l' pou ou menm ansanm ak tout pitit pitit ou yo.

Numbers 20:12

12 Men, Seyè a di Moyiz ak Arawon konsa: -Paske nou pa t' fin gen konfyans nèt nan mwen pou n' te fè moun pèp Izrayèl yo wè jan mwen se yon Bondye apa, se pa nou menm m'ap kite mennen pèp la antre nan peyi mwen pwomèt m'ap ba yo a.

Deuteronomy 3:26-27

26 Men, se nou menm ki lakòz Seyè a te fache sou mwen, li refize tande m'. Li di m' konsa: Ase la! Pa janm vin pale m' bagay sa a ankò. 27 Moute sou tèt mòn Pisga a. Antan ou la, w'a voye je ou, w'a gade sou bò nò, sou bò sid, sou bò solèy kouche ak sou bò solèy leve. Louvri je ou. Gade byen, paske ou p'ap janm mete pwent pye ou lòt bò larivyè Jouden an.

Deuteronomy 32:52

52 Se poutèt sa, w'a rete byen lwen, w'a wè peyi mwen pral bay moun pèp Izrayèl yo anba nan pye ou. Men ou menm, ou p'ap mete pye ou ladan l'.

Psalms 105:9-11

9 L'ap toujou chonje kontra li te pase ak Abraram. L'ap kenbe pwomès li, pwomès li fè Izarak la pou tout tan tout tan. 10 Sa li te pwomèt Abraram lan, li fè l' tounen yon lwa pou pitit Jakòb yo, yon kontra ak pèp Izrayèl la pou tout tan. 11 Li te di: -M'ap ba ou peyi Kanaran an pou pòsyon ki rele ou pa ou nan byen m' yo.

John 1:17

17 Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.