Exodus 29:36 Cross References - Haitian

36 Chak jou, w'a ofri yon towo bèf, w'a touye l' pou mande Bondye padon pou peche yo fè san yo pa konnen. Avèk ofrann bèt sa a w'ap fè pou peche a, w'a mete lòtèl la nan kondisyon pou l' sèvi nan sèvis Bondye. Lèfini, w'a vide lwil sou li, w'a mete l' apa pou sèvis Bondye.

Exodus 29:10-14

10 Mennen towo bèf la devan Tant Randevou a. Arawon ak pitit gason l' yo va mete men yo sou tèt li. 11 W'a touye towo a la devan Seyè a, devan pòt Tant Randevou a. 12 W'a tranpe dwèt ou nan san towo a. W'a mete ti degout san sou kat kòn lòtèl la. Apre sa, w'a vide tout rès san an atè nan pye lòtèl la. 13 Lèfini, w'a pran grès ki vlope tripay yo, mas grès ki sou fwa a ansanm ak de wonyon yo ak tout grès yo, w'a ofri yo ban mwen. W'a boule yo nèt sou lòtèl la. 14 Men w'a pran tout vyann lan, po a ak tout tripay la, w'a boule yo andeyò limit kote nou rete a. Se va yon ofrann bèt y'ap touye pou Bondye ki va sèvi pou wete peche moun fè san yo pa konnen.

Exodus 30:26

26 W'a voye lwil la sou Tant Randevou a, sou Bwat Kontra a,

Exodus 30:28-29

28 sou lòtèl kote yo boule ofrann yo ak sou tout bagay ki sèvi sou li, sou basen lan ak tout pye l'. 29 Se konsa w'a mete tout bagay sa yo apa pou mwen pou yo ka pou mwen ase. Tout bagay ki va touche ak yo va apa pou mwen tou.

Exodus 40:9-11

9 W'a pran lwil yo sèvi pou mete moun osinon bagay apa pou Bondye a, w'a voye l' sou tant Bondye a, sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa w'a mete tant lan ak tou sa ki ladan li apa pou mwen. y'a tounen bagay ki apa pou mwen nèt. 10 W'a voye lwil la tou sou lòtèl pou boule ofrann bèt yo, ak sou tout bagay ki sèvi avè l'. Se konsa w'a mete lòtèl la apa pou mwen, l'a pou mwen nèt ale. 11 W'a voye lwil la tou sou basen lan ak sou pye l' a. Se konsa w'a mete yo apa pou mwen.

Leviticus 8:10-11

10 Apre sa, Moyiz pran lwil pou mete moun apa pou Bondye a, li voye l' sou kay Bondye a ak sou tout bagay ki ladan l'. Se konsa, li te mete yo apa pou sèvis Seyè a. 11 Li voye lwil la sèt fwa sou lotèl la ak sou tout bagay ki sèvi sou lotèl la, sou kivèt la ak tout pye li. Se konsa li mete yo apa pou sèvis Bondye.

Leviticus 16:16-19

16 Se konsa, poutèt tout peche ak tout mechanste pèp la fè yo, epi poutèt moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, Arawon va fè sèvis pou mande Bondye fè gras pou kote ki apa nèt pou li a. L'a fè sa tou pou Tant Randevou a, paske tant lan kanpe nan mitan pèp la ak tout moun nan pèp la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. 17 Depi Arawon antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou l' fè sèvis pou mande padon an jouk lè li soti, lòt moun pa gen dwa anndan tant Randevou a. L'a fè sèvis la pou li menm, pou fanmi l' ak pou tout moun pèp Izrayèl yo. 18 Lèfini, l'a soti, l'a ale bò kote lotèl pou boule ofrann lan, l'a fè sèvis pou wete peche pou li tou. Epi, l'a pran nan san ti towo bèf la ak nan san bouk kabrit la, l'a mete sou kat kòn ki sou kat kwen lotèl la. 19 Lèfini, avèk dwèt li, l'a voye san an sèt fwa sou lotèl la. Se konsa, poutèt moun nan pèp Izrayèl la ki pa nan kondisyon pou fè sèvis pou Bondye, l'a fè sèvis pou mete lotèl la nan kondisyon pou fè sèvis Bondye, l'a mete l' apa pou Bondye.

Leviticus 16:27

27 Y'a pran towo bèf ak kabrit yo te touye pou wete peche a, y'a pote yo ale andeyò limit kan kote moun yo rete a, epi y'a boule po vyann yo ansanm ak tout tripay yo nèt. Se san bèt sa yo yo te pote nan kote ki apa nèt pou Seyè a pou fè sèvis pou mande padon pou peche.

Numbers 7:1

1 Jou Moyiz te fin moute kay Bondye a, li vide lwil sou li pou mete l' apa pou Bondye, li fè sèvis pou mete l' apa pou Bondye ansanm ak tout bagay ki mache avè l' nan tant lan, lotèl la ak tout bagay ki sèvi sou lotèl la.

Ezekiel 43:25

25 Chak jou, pandan sèt jou, n'a ofri yon kabrit, yon towo ak yon belye mouton ban mwen pou mande padon pou peche nou yo. Se pou tout bèt sa yo san ankenn enfimite. N'a pran yo nan tout bann bèt nou yo.

Ezekiel 43:27

27 Apre sèt jou sa yo, prèt yo va konmanse ofri sou lotèl la lòt ofrann bèt pou yo boule nèt yo ansanm ak ofrann pèp la pou di Bondye mèsi. Se konsa m'a kontan ak nou. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki di sa.

Ezekiel 48:18-20

18 Lè y'a fin bati lavil la nan ti pòsyon ki sou bò sid pòsyon tè yo mete apa pou Seyè a, va rete de gwo moso tè, yonn sou chak bò lavil la. Yo chak ap mezire senk kilomèt longè sou de kilomèt edmi lajè. Y'a sèvi jaden pou moun k'ap viv nan lavil la. 19 Depi yon moun ap viv nan lavil la, yo pa bezwen konnen nan ki branch fanmi yo moun, yo gen dwa travay tè sa a. 20 Konsa, pòsyon mitan yo mete apa a va kare kare, douz kilomèt edmi chak bò. Anplasman lavil la va ladan l' tou.

Hebrews 9:22-23

22 Dapre lalwa, san an mete prèske tout bagay nan kondisyon pou fè sèvis Bondye. Si san pa koule, nanpwen padon pou peche yo. 23 Tout bagay sa yo se kopye Moyiz te kopye yo sou bagay tout bon ki nan syèl la. Si se pou yo te mete tout bagay sa yo ki yon senp pòtre bagay tout bon yo nan kondisyon pou fè sèvis Bondye konsa, bagay ki nan syèl la menm mande yon pi gwo kalite ofrann bèt toujou.

Hebrews 10:11

11 Pou prèt jwif yo, se chak jou pou yo kanpe ap fè sèvis yo. Y'ap plede ofri menm sakrifis yo plizyè fwa. Men, sakrifis sa yo p'ap janm ka wete peche.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.