Ezekiel 23 Cross References - Haitian

1 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: 2 -Nonm o! Vwala te gen de fi, pitit menm manman. 3 Depi lè yo te jenn ti nègès y' al fè jennès nan peyi Lejip. Se la yo lage kò yo nan lavi gason. Se la yo kite gason woule tete yo pou premye fwa. 4 Pi gran an te rele Ola, pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen. 5 Men, atout Ola te madanm mwen, li lage kò l' nan dezòd. Li t'ap mouri pou moun peyi Lasiri, vwazen l' yo. Li fè zafè ak yo. 6 Mesye sa yo te sòlda avèk bèl inifòm violèt, gwo zotobre, ak grannèg. Yo tout te bèl jenn gason, bon kavalye moute sou chwal yo. 7 Li te kouche ak tout gwo chèf peyi Lasiri yo. Sitèlman li te cho dèyè mesye sa yo, li avili tèt li, li tonbe fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Lasiri yo. 8 Li pa t' sispann fè metye jennès li te aprann nan peyi Lejip la. Depi lè li te jenn ti nègès, gason ap kouche l', y'ap woule tete l', y'ap sèvi avè l' tankou yon jennès. 9 Se poutèt sa mwen lage l' nan men nonm li yo, moun peyi Lasiri yo. Se dèyè yo li te cho konsa! 10 Yo mete l' toutouni, yo pran pitit gason ak pitit fi li yo. Lèfini, yo touye l' anba kout nepe. Se te yon egzanp pou tout fanm. Yo te fè l' peye pou sa l' te fè a dapre lalwa. 11 Atout Oliba, sè l' la, te wè sa, li lage kò l' nan pi gwo dezòd toujou. Li tounen yon pi gwo jennès pase Ola. 12 Li menm tou li te cho dèyè mesye peyi Lasiri yo, grannèg, gwo zotobre, sòlda ak bèl inifòm, bon kavalye ki moute sou chwal, yon bann bèl jenn gason. 13 Mwen wè li te fin avili tèt li nèt: dezyèm sè a pa t' pi bon pase premye a. 14 Men, Oliba al pi lwen toujou nan metye jennès la. Li wè pòtre gason yo te fè sou yon miray ak bèl penti wouj. Se te pòtre chèf peyi Babilòn yo. 15 Avèk bèl sentiwon pase nan ren yo, tèt yo mare ak bèl mouchwa madras, mesye yo te abiye tankou gwo chèf. Se te pòtre moun peyi Babilòn. Se la yo te fèt. 16 Wè li wè pòtre mesye yo, li anvi yo. Li voye mesaje bò kote yo nan peyi Babilòn. 17 Mesye yo vini, yo fè lamou, yo kouche avè l'. Yo pran kont plezi yo avè l', yo fin avili li nèt. Bout pou bout, li vin rayi yo. 18 Se li menm ankò ki mete tout zafè l' deyò. Li fè tout moun konnen se jennès li ye. Li mete l' toutouni, li fè m' degoute l' tankou lòt sè a. 19 Se atò li lage kò l' nan fè jennès. Li vin chonje lè l' te jenn ti nègès ap fè jennès nan peyi Lejip. 20 Li t'ap kouri dèyè gason ki cho tankou ou ta di mal bourik ak poulen chwal ki pran sant fenmèl. 21 Oliba, ou te dèyè pou ou te fè tout dezòd ou te konn fè yo lè ou te jenn ti nègès nan peyi Lejip kote pou premye fwa mesye yo te woule tete ou, kote yo te mete ou nan lavi gason. 22 Se poutèt sa, Oliba, men mesaj mwen menm Seyè a voye ba ou: Ou te vin rayi nonm ou yo! Enben, mwen pral moute tèt yo sou ou, mwen pral fè yo soti toupatou pou yo vin sènen ou. 23 Tout moun Babilòn yo ak moun peyi Kalde yo, moun lavil Pekòd, moun lavil Choa, moun lavil Koa, ansanm ak tout moun peyi Lasiri yo, mwen pral sanble tout bèl jenn gason yo, grannèg, gwo zotobre, tout chèf, tou sa ki gen gwo grad, bon kavalye ki moute sou chwal yo. Mwen pral sanble yo tout. 24 Y'ap soti nan nò, y'ap mache sou ou avèk yon gwo lame, anpil cha lagè ak anpil kabwa pwovizyon. Avèk gwo plak fè pou pwoteje yo, kas yo nan tèt yo, yo pral sènen ou toupatou. M' pral lage ou nan men yo pou yo jije ou dapre lwa pa yo. 25 Ou te pouse m' fè jalouzi, yo pral move sou ou jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral koupe bwa nen ou ak fèy zòrèy ou yo. Yo pral touye pitit ou yo. Wi, yo pral pran pitit gason ak pitit fi ou yo nan men ou, y'ap boule yo tou vivan. 26 Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou te konn mete sou ou. 27 M'ap mete yon fren nan dezòd ak metye jennès ou t'ap fè depi nan peyi Lejip la. Ou p'ap wè yo ankò devan je ou. Ou p'ap chonje peyi Lejip ankò. 28 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral lage ou nan men moun ou pa vle wè yo, moun ki te ba ou degoutans yo. 29 Yo pral maltrete ou tankou moun yo rayi. Yo pral pran tou sa ou te travay fè, y'ap kite ou toutouni, san rad sou ou tankou yon jennès. Se move lanvi ou yo ak lenkondite ou yo 30 ki pral lakòz tout malè sa yo tonbe sou ou. Ou te tounen yon jennès pou mesye lòt nasyon yo, ou avili tèt ou, ou tonbe fè sèvis pou vye zidòl yo. 31 Ou mache pye pou pye dèyè sè ou la. Se poutèt sa m'ap pini ou menm jan mwen te pini l' la. 32 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Ou pral bwè nan gode sè ou la, yon gode byen fon. Tout moun pral pase ou nan betiz, nan rizib. Gode a plen ra bò. 33 Li pral fè ou sou. W'ap an mal makak. Se yon gode k'ap fè moun pè, yon gode k'ap fini avè ou, gode Samari, sè ou la. 34 W'ap bwè tout, w'ap kite l' vid. Lèfini, w'ap kraze l' anba dan ou! Moso yo pral filange tete ou. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 35 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Paske ou te bliye m', ou te vire do ou ban mwen, ou pral soufri pou tout lenkondite ak dezòd ou te fè yo. 36 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Eske ou pare pou jije Ola ansanm ak Oliba? Ou pral mete devan yo tout vye bagay derespektan yo t'ap fè yo. 37 Yo fè adiltè, yo touye moun, yo fè adiltè ak zidòl, yo touye pitit yo te fè pou mwen. Yo ofri yo pou yo boule yo bay zidòl. 38 Se pa sa ase yo fè m'. Menm lè sa a, yo derespekte tanp mwen an. Yo pa respekte regleman jou repo m' yo. 39 Menm jou yo touye pitit yo pou zidòl yo, yo vin nan tanp mwen an pou yo derespekte l'. Men sa yo fè anndan kò kay mwen an. 40 Sa ki pi rèd ankò, yo voye mesaje al envite gason soti byen lwen vin jwenn yo. Mesye yo vini. De sè yo benyen byen pwòp, yo pentire je yo. Yo mete bijou yo sou yo pou resevwa. 41 Yo chita sou bèl gwo kabann, yo pare yon ti tab devan kabann lan. Lèfini, yo pran lansan ak lwil mwen te ba yo, yo mete sou li. 42 Apre sa, moun tande vwa yon pakèt gason manfouben k'ap pran plezi avèk yo. Se te yon bann malandren yo mennen soti nan dezè a. Mesye yo mete bèl braslè nan ponyèt medam yo ak bèl kouwòn sou tèt yo chak. 43 Mwen di nan kè m': Fanm lan fini afòs li fè adiltè. Atousa l'ap fè jennès toujou. 44 Men, mesye yo tounen anpil fwa lakay li tankou kay yon jennès. Yo tounen lakay Ola ak Oliba, fanm devègonde sa yo. 45 Men, gason ki mache dwat yo pral jije yo tankou yo jije fanm k'ap fè adiltè epi k'ap touye moun, paske yo fè adiltè, yo touye moun. 46 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Sanble yon foul moun pou mache sou yo, pou fè yo pè, pou piye tou sa yo genyen! 47 Se pou foul moun yo kalonnen yo wòch jouk yo touye yo. Se pou yo depatcha yo ak nepe, touye pitit gason ak pitit fi yo, lèfini pou yo mete dife nan kay yo. 48 Nan tout peyi a, m'ap fè moun sispann fè libètinaj. Sa va sèvi yon avètisman pou tout medam yo, pou yo pa fè tankou nou. 49 Pou nou menm, de sè sa yo, mwen pral pini nou pou libètinaj nou. M'ap fè nou peye peche nou fè lè nou t'ap sèvi zidòl yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a ki sèl Mèt.

Jeremiah 3:7-10

7 Mwen t'ap di nan kè m': lè l'a fin fè tout bagay sa yo, l'a tounen vin jwenn mwen. Men, li pa tounen. Jida, sè l' la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', wè sa. 8 Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès. 9 Li pa t' wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondite li. li al fè sèvis pou wòch ak pyebwa. 10 Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

Ezekiel 16:44-46

44 Seyè a di ankò: Koulye a moun ki renmen fè pwovèb yo pral bay yonn sou do lavil Jerizalèm. Yo pral di: Joumou pa donnen kalbas. Pitit fi a ap soti tankou manman l'. 45 Wi, ou se pitit manman ou vre. Li pa t' vle wè ni mari l' ni pitit li yo. Ou menm moun ak sè ou yo. Yo menm tou, yo pa t' vle wè ni mari yo, ni pitit yo. Se yon fanm peyi Et ki te manman nou tout. Se yon moun peyi Amori ki te papa nou. 46 Gran sè ou la rete nan nò. Se lavil Samari ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo. Ti sè ou la rete nan sid. Se lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo.

Leviticus 17:7

7 Se pou moun pèp Izrayèl yo sispann ofri bèt pou yo touye bay zidòl nan jaden tankou yo te konn fè lè yo te vire do bay Bondye a. Se pou pèp la toujou kenbe lòd sa a de pitit an pitit.

Deuteronomy 29:16

16 Nou konnen byen pwòp ki kalite lavi nou t'ap mennen nan pèyi Lejip la ak ki jan nou te pase nan mitan moun lòt nasyon nou te kontre sou wout nou.

Joshua 24:14

14 Koulye a menm, se pou nou gen krentif pou Seyè a, se pou nou sèvi l' ak tout kè nou tout bon vre. Voye bondye zansèt nou yo te konn sèvi lòt bò larivyè Lefrat la ak nan peyi Lejip la jete! Sèvi Seyè a.

Ezekiel 16:22

22 Pandan tout tan ou t'ap viv nan dezòd sa a, ou pa janm chonje lè ou te piti, lè ou te toutouni ap benyen nan san ou lan?

Ezekiel 20:8

8 Men, yo te kenbe tèt avè m', yo derefize koute m'. Yo yonn pa t' voye vye zidòl derespektan yo te renmen yo jete. Yo tout te derefize kite vye zidòl peyi Lejip yo. Lè sa a, la menm nan peyi Lejip la, m' te fè lide pou m' te fè yo wè jan m' te move, pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' fache.

Ezekiel 23:8

8 Li pa t' sispann fè metye jennès li te aprann nan peyi Lejip la. Depi lè li te jenn ti nègès, gason ap kouche l', y'ap woule tete l', y'ap sèvi avè l' tankou yon jennès.

Ezekiel 23:19

19 Se atò li lage kò l' nan fè jennès. Li vin chonje lè l' te jenn ti nègès ap fè jennès nan peyi Lejip.

Ezekiel 23:21

21 Oliba, ou te dèyè pou ou te fè tout dezòd ou te konn fè yo lè ou te jenn ti nègès nan peyi Lejip kote pou premye fwa mesye yo te woule tete ou, kote yo te mete ou nan lavi gason.

Hosea 2:15

15 M'a ba li jaden rezen li te gen anvan yo. M'a fè sa ki te rive l' nan Fon Malè a tounen yon okazyon pou l' jwenn sa li t'ap tann lan. L'a reponn mwen menm jan li te fè l' lè li te jenn lan, lè l' te chape anba men moun peyi Lejip yo.

Exodus 19:5-6

5 Koulye a menm, si nou koute sa mwen di nou, si nou kenbe kontra mwen an, se nou menm m'ap chwazi pou moun pa m' nan mitan tout pèp ki sou latè. Tout latè se pou mwen, se vre. 6 Men nou menm, n'ap vini yon nasyon moun k'ap sèvi m' tankou prèt, yon pèp k'ap viv apa pou mwen. Wi, se sa pou ou di moun Izrayèl yo.

1 Kings 8:29

29 Lajounen kou lannwit, voye je ou sou Tanp lan, Tanp kote ou te di w'ap toujou la a. Koute lapriyè mwen menm, sèvitè ou la, m'ap fè nan pye ou la a.

1 Kings 12:20

20 Lè moun peyi Izrayèl yo vin konnen Jewoboram te tounen soti peyi Lejip, yo voye chache l' pou l' vin nan yon reyinyon. Yo fè msye wa sou tout peyi Izrayèl la. Se moun branch fanmi Jida yo ase ki te kenbe fèm ak fanmi David la.

1 Kings 12:26-33

26 Lèfini, Jewoboram di nan kè li: -Jan sa ye koulye a, gouvènman an pral tounen nan men moun fanmi David yo ankò. 27 Paske, si pèp la gen pou moute lavil Jerizalèm chak lè pou touye bèt pou Seyè a nan Tanp lan, rive yon lè, y'ap tounen al jwenn Woboram, wa peyi Jida a. Lè sa a, y'a touye m' pou y' al jwenn li ankò. 28 Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip. 29 Li mete yonn nan estati towo yo lavil Betèl, li mete lòt la lavil Dann. 30 Se konsa pèp la rive fè sa ki mal. Y' al fè sèvis pou zidòl yo lavil Betèl ak lavil Dann. 31 Jewoboram al bati lòt kay zidòl sou tèt kèk mòn. Li chwazi kèk gason nan pèp la ki pa t' nan branch fanmi Levi yo pou sèvi prèt. 32 Jewoboram chwazi kenzyèm jou nan wityèm mwa a pou yon jou fèt, tankou fèt yo fè nan peyi Jida a. Sou lotèl lavil Betèl la, li touye bèt pou estati towo li te fè fè yo. Lèfini, se la lavil Betèl ankò li mete prèt ki pou sèvi nan lòt kote li te bati pou fè sèvis yo. 33 Se konsa, sou kenzyèm jou wityèm mwa a, jou li menm li te chwazi a, li moute lavil Betèl, l' al touye bèt sou lotèl la pou fete fèt li menm li te fè lide fete pou pèp Izrayèl la.

Psalms 45:11-16

11 Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo. 12 Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'. 13 Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou. 14 Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò. 15 Yo mennen l' bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l': yo prezante yo ba ou tou. 16 Y'ap vini, yo kontan, y'ap chante, y'ap antre nan palè wa a.

Psalms 76:2

2 Yo konnen ki moun Bondye ye nan tout peyi Jida. Se tout moun k'ap nonmen non l' nan peyi Izrayèl.

Psalms 132:13-14

13 Seyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li. 14 Se la mwen chwazi pou m' toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.

Jeremiah 2:2-3

2 -Ale non. Men mesaj ou pral bay nan zòrèy tout moun lavil Jerizalèm. Men sa Seyè a di: Mwen chonje jan ou te ye nan tan lontan, jan ou t'ap mouri pou mwen lè ou te jenn, jan ou te renmen m' lè nou te fèk marye. Ou te swiv mwen nan dezè a, kote anyen pa pouse. 3 Lè sa a, moun Izrayèl yo te yon pèp ki t'ap viv apa pou mwen ase, tankou premye rekòt jaden yo mete apa pou mwen. Malè te tonbe sou tout moun ki te manyen yo paske se avè m' yo te annafè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

Ezekiel 16:8

8 Mwen vin ap pase bò la ankò, mwen wè ou. Ou te rive laj pou ou te renmen. Mwen louvri gwo varèz mwen an sou ou, mwen kouvri kò ou ki te toutouni an. Mwen fè sèman m'ap toujou renmen ou. Wi, mwen pase kontra maryaj avè ou. Se konsa ou vin madanm mwen. Se Seyè ki sèl mèt la ki di sa.

Ezekiel 16:20

20 Apre sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pa t' ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa yo

Ezekiel 16:40

40 Yo pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo.

John 4:22

22 Nou menm, moun Samari, nou pa konnen sa n'ap sèvi a. Nou menm jwif, nou konnen sa n'ap sèvi a, paske moun k'ap vin pou sove a, se nan mitan jwif yo l'ap soti.

Romans 7:4

4 Se menm jan an tou pou nou menm, frè m' yo. Nou mouri ansanm ak kò Kris la annegad lalwa. Konsa, nou lib pase nan men yon lòt mèt. Koulye a, se nan men moun ki te leve soti vivan nan lanmò a nou ye pou nou ka viv yon jan ki itil pou Bondye.

1 Kings 14:9

9 Ou fè pi mal pase sa ki te chèf anvan ou yo. Ou sèvi lòt bondye, ou fè estati an kwiv pou yo, ou voye m' jete, ou fè m' fache.

1 Kings 14:16

16 Seyè a pral lage pèp Izrayèl la paske Jewoboram te fè anpil peche, lèfini li te pote pèp Izrayèl fè sa ki mal tou.

1 Kings 15:26

26 Li fè sa ki mal nan je Seyè a. Tankou papa l', li pa t' mache dwat devan Bondye, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou.

1 Kings 15:30

30 Sa te rive konsa paske Jewoboram te fè sa ki mal, lèfini li te lakòz pèp la fè sa ki mal tou. Se konsa li te fè Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, fache sou li.

1 Kings 16:31-32

31 Non sèlman li te fè tankou Jewoboram, pitit Nebat la, men l' ale pi lwen toujou. Li marye ak Jezabèl, pitit fi Elbaal, wa peyi Sidon. Li pran sèvi Baal, l' al met ajenou devan li. 32 Nan mitan lavil Samari, li bati yon tanp pou Baal, li mete yon lotèl ladan l'.

1 Kings 21:26

26 Li te fè bagay ki lèd nèt, l' al fè sèvis pou vye zidòl tankou moun Amori yo te fè l' la. Se moun Amori sa yo Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou moun Izrayèl yo.

2 Kings 15:19

19 Poul, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a. Menayèm bay Poul twamil (3000) kilo ajan pou Poul te ka ede l' chita pouvwa li nan peyi a.

2 Kings 16:7

7 Lè sa a, Akaz voye mesaj bay Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, pou di l' konsa: --M'ap sèvi ou tankou pitit ou. Tanpri, vin delivre m' anba men wa peyi Siri a ak wa peyi Izrayèl la ki vin atake m'.

2 Kings 17:3

3 Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne.

2 Kings 17:7-18

7 Sa te rive konsa paske moun peyi Izrayèl yo te fè peche kont Seyè a, Bondye yo a, ki te fè yo soti kite peyi Lejip, ki te delivre yo anba men farawon an, wa peyi Lejip la. Yo t'ap sèvi lòt bondye. 8 Yo t'ap swiv mès moun lòt nasyon Seyè a te mete deyò nan peyi a pou fè plas pou yo. Yo t'ap mache dapre lòt vye prensip wa Izrayèl yo te ba yo. 9 Lèfini, moun peyi Izrayèl yo te fè yon bann bagay yo pa t' dwe fè devan Seyè a. Yo bati tanp pou zidòl nan tout lavil yo, depi nan ti bouk kote ki gen avanpòs pou faksyonnè rive nan gwo lavil ak ranpa yo. 10 Sou tout mòn, anba tout gwo pyebwa, yo kanpe gwo wòch ak estati pou Achera, zidòl fanm lan. 11 Yo boule lansan sou tout lotèl zidòl yo tankou moun Seyè a te mete deyò nan peyi a te konn fè. Yo fè yon bann bagay derespektan ki lakòz Seyè a te fache anpil. 12 Yo adore zidòl, bagay Seyè a te ba yo lòd pa fè. 13 Seyè a te voye mesaje ak pwofèt li yo avèti moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Li te byen di yo: Manyè kite move chemen n'ap swiv la! Fè sa m' mande nou fè. Kenbe lòd mwen yo jan sa ye nan lalwa mwen te bay zansèt nou yo, lalwa mwen te fè pwofèt yo, sèvitè m' yo, moutre nou an. 14 Men, yo pa koute l', yo fè tèt di tankou zansèt yo ki pa t' mete konfyans yo nan Seyè a, Bondye yo a. 15 Yo derefize kenbe lòd li yo, yo pa respekte kontra li te pase ak zansèt yo. Yo pa okipe avètisman li te ba yo, yo pran sèvi zidòl ki pa vo anyen. Yo menm, yo pèdi valè yo. Yo pran fè tankou lòt nasyon k'ap viv bò kote yo t'ap fè, yo dezobeyi lòd Seyè a ki te di yo pa fè sa. 16 Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal. 17 Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y' al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a, pou yo te ka fè l' move jouk li pa kapab ankò. 18 Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a.

Jeremiah 50:38

38 Chechrès nan tout peyi a. Se pou tout dlo rivyè yo cheche. Babilòn se yon peyi zidòl, k'ap fè moun pèdi tèt yo.

Ezekiel 16:28

28 Men moun sa yo pa t' ba ou kont plezi ou, ou kouri al jwenn moun peyi Lasiri yo. Ou kouche ak yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou.

Ezekiel 16:37

37 Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo.

Ezekiel 23:7

7 Li te kouche ak tout gwo chèf peyi Lasiri yo. Sitèlman li te cho dèyè mesye sa yo, li avili tèt li, li tonbe fè sèvis pou vye zidòl moun peyi Lasiri yo.

Ezekiel 23:9

9 Se poutèt sa mwen lage l' nan men nonm li yo, moun peyi Lasiri yo. Se dèyè yo li te cho konsa!

Ezekiel 23:12

12 Li menm tou li te cho dèyè mesye peyi Lasiri yo, grannèg, gwo zotobre, sòlda ak bèl inifòm, bon kavalye ki moute sou chwal, yon bann bèl jenn gason.

Ezekiel 23:16

16 Wè li wè pòtre mesye yo, li anvi yo. Li voye mesaje bò kote yo nan peyi Babilòn.

Ezekiel 23:20

20 Li t'ap kouri dèyè gason ki cho tankou ou ta di mal bourik ak poulen chwal ki pran sant fenmèl.

Hosea 5:13

13 Moun Efrayim yo wè jan peyi a te malad, moun Jida yo te wè eta malenng peyi a. Lè sa a, moun Izrayèl yo kouri al mande sekou nan peyi Lasiri, yo voye moun al mande gran wa a sekou. Men, gran wa sa a pa ka ban nou gerizon, ni li p'ap ka geri malenng nou yo.

Hosea 8:9-10

9 Tankou yon bourik endont, moun Efrayim yo ap fè sa yo pito. Yo moute peyi Lasiri al mande konkou. Tankou fanm k'ap achte gason, yo bay lòt nasyon lajan pou pwoteje yo. 10 Atout yo bay lòt nasyon yo kado, koulye a mwen pral mete yo tout nan menm sak pou m' pini yo. Talè konsa, yo pral nan lapenn lè wa Lasiri a va pran peze yo tout.

Hosea 10:6

6 Yo pran zidòl la, yo mennen l' ale nan peyi Lasiri. Yo fè gwo wa a kado l'. Yo pral fè Efrayim wont. Wi, pèp Izrayèl la pral wont paske yo t'ap swiv move konsèy.

Hosea 12:1

1 Pèp Efrayim lan ap fè yon bann bagay ki p'ap rapòte yo anyen. Y'ap kouri siyen kontra ak moun k'ap fini ak yo. Tout lajounen y'ap plede bay manti sou manti. Se fè mechanste. Yo fè kontra avèk peyi Lasiri, y'ap fè kòmès lwil avèk peyi Lejip.

Ezekiel 23:23

23 Tout moun Babilòn yo ak moun peyi Kalde yo, moun lavil Pekòd, moun lavil Choa, moun lavil Koa, ansanm ak tout moun peyi Lasiri yo, mwen pral sanble tout bèl jenn gason yo, grannèg, gwo zotobre, tout chèf, tou sa ki gen gwo grad, bon kavalye ki moute sou chwal yo. Mwen pral sanble yo tout.

Genesis 10:22

22 Men pitit gason Sèm yo. Se te Elam, Asou, Apachad, Lidi ak Aram.

Psalms 106:39

39 Avèk sa yo t'ap fè a, yo avili tèt yo, yo vire do bay Bondye.

Ezekiel 16:15

15 Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo.

Ezekiel 20:7

7 Mwen te di yo se pou yo te voye jete tout vye zidòl derespektan yo te renmen yo. Se pa pou yo avili tèt yo nan sèvi vye zidòl peyi Lejip yo. Paske se mwen menm Seyè a ki Bondye yo.

Ezekiel 22:3-4

3 W'a di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. Ou reskonsab lanmò anpil moun ki t'ap viv nan mitan ou. Ou fè vye zidòl pou ou avili tèt ou nan fè sèvis pou yo. 4 Poutèt tout krim ou fè yo, ou antò. Avèk tout zidòl w'ap sèvi yo, ou pa nan kondisyon sèvi Bondye. Ou fè jou pa ou la pwoche, ou fè lè ou la rive! Se poutèt sa mwen kite nasyon yo pase ou nan betiz, tout moun ap lonje dwèt sou ou.

Ezekiel 23:30

30 ki pral lakòz tout malè sa yo tonbe sou ou. Ou te tounen yon jennès pou mesye lòt nasyon yo, ou avili tèt ou, ou tonbe fè sèvis pou vye zidòl yo.

Hosea 5:3

3 Depi lontan mwen konnen moun Efrayim yo. Pou moun Izrayèl yo menm, nanpwen anyen sou yo mwen pa konnen. Moun Efrayim yo lage kò yo nan fè tankou jennès, yo kite m' pou lòt bondye. Moun Izrayèl yo menm mete tèt yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.

Hosea 6:10

10 Mwen wè yo fè nan peyi Izrayèl la yon bagay ki fè m' tranble: Moun Efrayim yo lage kò yo nan sèvi zidòl. Moun Izrayèl yo ap fè bagay ki mete yo nan kondisyon yo pa ka fè sèvis pou mwen.

Exodus 32:4

4 Arawon pran zanno yo, li fonn yo, li koule lò a nan yon moul, li fè estati yon ti towo bèf. Pèp la di: -Pèp Izrayèl, men bondye nou an. Se li ki te fè nou soti kite peyi Lejip la.

1 Kings 12:28

28 Lè li fin fè lide sa a, li fè de estati towo an lò, epi li di pèp la: -Nou moute kont nou koulye a lavil Jerizalèm pou fè sèvis. Nou menm moun pèp Izrayèl, men bondye pa nou, bondye ki te fè nou soti kite peyi Lejip.

2 Kings 10:29

29 Men li tonbe nan menm peche ak wa Jewoboram, pitit Nebat la, ki te lakòz pèp Izrayèl fè sa ki mal: li sèvi estati lò an fòm towo bèf ki te lavil Betèl ak lavil Dann.

2 Kings 17:16

16 Yo lage tout kòmandman Seyè a, Bondye yo a, te ba yo. Yo fè de estati towo an kwiv pou yo sèvi ak yon pòtre Achera, zidòl fanm lan, yo sèvi zetwal nan syèl la ansanm ak Baal.

Ezekiel 23:3

3 Depi lè yo te jenn ti nègès y' al fè jennès nan peyi Lejip. Se la yo lage kò yo nan lavi gason. Se la yo kite gason woule tete yo pou premye fwa.

2 Kings 15:29

29 Se sou reny Peka, Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri, anvayi peyi a, li pran lavil Ijon, lavil Abèl bèt Maka, lavil Janoa, lavil Kadès, lavil Azò, tout teritwa Galarad, tout teritwa Galile ak tout zòn Neftali a. Li fè tout moun yo prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri.

2 Kings 17:3-6

3 Salmanaza, wa peyi Lasiri a, atake Oze. Oze soumèt devan l'. Li peye l' yon lajan chak lanne. 4 Men, Salmanaza vin dekouvri Oze t'ap moute konplo sou do l'. Oze te voye mesaje bò kot So, wa peyi Lejip, pou mande l' konkou. Lèfini, li te sispann voye lajan li te gen pou l' peye wa peyi Lasiri a chak lanne. Se konsa Salmanaza fè arete Oze, mete l' nan prizon ak chenn nan pye l'. 5 Salmanaza anvayi peyi Izrayèl la. Li sènen lavil Samari pandan twazan. 6 Oze te gen nevan depi li te wa lè wa Lasiri a pran lavil Samari. Salmanaza fè tout pèp Izrayèl la prizonye, li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan, yon pati nan lavil peyi Medi yo.

2 Kings 17:23

23 Bout pou bout, Seyè a wete yo nèt devan je l', jan li te voye sèvitè l' yo, pwofèt yo avèti yo a. Se konsa yo depòte moun peyi Izrayèl yo byen lwen nan peyi Lasiri kote yo ye jouk jounen jòdi a.

2 Kings 18:9-12

9 Ezekyas t'ap mache sou katran depi li te wa nan peyi Jida, Oze, pitit Ela a menm, te gen sètan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl la lè Salmanaza, wa peyi Lasiri a, anvayi peyi Izrayèl, li sènen lavil Samari. 10 Sou bout twazan, li pran lavil la. Lè sa a, Ezekyas t'ap mache sou sizan depi li te wa, Oze menm te gen nevan depi li t'ap gouvènen peyi Izrayèl. 11 Salmanaza fè tout moun peyi Izrayèl yo prizonye. Li depòte yo nan peyi Lasiri. Li mete yon pati ladan yo lavil Ala, toupre larivyè Abò nan zòn Gozan an, yon pati nan lavil peyi Medi yo. 12 Lavil Samari te tonbe paske moun pèp Izrayèl yo pa t' obeyi Seyè a, Bondye yo a. Yo pa t' respekte kontra li te pase ak yo a. Yo pa t' fè tou sa Moyiz, sèvitè Seyè a, te mande yo fè. Yo pa t' koute l'.

1 Chronicles 5:26

26 Se poutèt sa, Bondye pèp Izrayèl la fè Poul, wa peyi Lasiri a ki te rele Tiglat-Pilesè tou, anvayi peyi yo a, depòte moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak moun mwatye branch fanmi Manase yo. Li mennen yo lavil Ala, lavil Abò, lavil Ara ak bò larivyè Gozan kote yo rete jouk jounen jòdi a.

Hosea 11:5

5 Men yo refize tounen vin jwenn mwen. Se poutèt sa yo p'ap tounen nan peyi Lejip la ankò, se moun Lasiri ki va gouvènen yo.

Revelation 17:12-13

12 Dis kòn ou wè yo, se dis lòt wa ki poko konmanse gouvènen. Men, y'ap resevwa pouvwa pou yo gouvènen tankou wa pandan yon ti tan ansanm ak bèt la. 13 Yo toulèdis gen menm lide nan tèt yo, y'ap renmèt pouvwa yo ak otorite yo bay bèt la.

Revelation 17:16

16 Dis kòn ou te wè ansanm ak bèt la, yo pral rayi fanm movèz vi a: y'a pran tou sa l' genyen, y'a kite l' toutouni, y'a manje viann li, y'a boule l' nan dife.

Jeremiah 22:8-9

8 Apre sa, anpil moun lòt nasyon va pase bò lavil la. Yonn va mande lòt: Poukisa Seyè a fè gwo lavil sa a sa? 9 Lèfini y'a reponn: Se paske yo pa t' kenbe kontra Seyè Bondye yo a te siyen ak yo a. Y' al adore lòt bondye yo, yo fè sèvis pou yo.

Ezekiel 16:37-41

37 Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo. 38 M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou. 39 M'ap lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni. 40 Yo pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo. 41 Y'ap boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado.

Ezekiel 23:29

29 Yo pral maltrete ou tankou moun yo rayi. Yo pral pran tou sa ou te travay fè, y'ap kite ou toutouni, san rad sou ou tankou yon jennès. Se move lanvi ou yo ak lenkondite ou yo

Ezekiel 23:48

48 Nan tout peyi a, m'ap fè moun sispann fè libètinaj. Sa va sèvi yon avètisman pou tout medam yo, pou yo pa fè tankou nou.

Hosea 2:3

3 Si li pa fè sa, m'ap dezabiye l' nèt, pou l' rete toutouni jan manman l' te fè l'. M'ap fè l' tounen tankou tè sèk ki pa jwenn lapli. M'ap fè l' mouri swaf dlo.

Hosea 2:10

10 M'ap kite l' toutouni devan tout nonm li yo. Pesonn p'ap ka vin sove l' anba men mwen.

Jeremiah 3:8-11

8 Li wè mwen te divòse ak Izrayèl, mwen te voye l' al lakay li paske li te vire do ban mwen, paske li te lage kò l' nan fè jennès sou mwen. Men, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', pa t' pè. Li menm tou, li al lage kò l' nan jennès. 9 Li pa t' wont. Li avili tout peyi a avèk lenkondite li. li al fè sèvis pou wòch ak pyebwa. 10 Lè li fin fè tou sa, Jida, sè Izrayèl la ki pa t' kenbe pawòl li avè m', li tounen vin jwenn mwen. Men, se te pawòl nan bouch. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa. 11 Apre sa, Seyè a di konsa: -Izrayèl te vire do ban mwen, men li te pi bon pase Jida ki te chita la ap twonpe m'.

Ezekiel 16:47-51

47 Ou mache dèyè yo pye pou pye, ou fè tout vye bagay derespektan yo fè. Men, nan tou sa ou fè yo, ou fè pi mal pase yo. 48 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, men sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, m'ap di ou: Sè ou la, lavil Sodòm ansanm ak tout ti bouk ki sou kont li yo, yo pa t' janm rive fè tou sa ou menm lavil Jerizalèm, ou te fè ansanm ak tout ti bouk ki sou kont ou yo. 49 Kisa lavil Sodòm te fè konsa? Li t'ap gonfle lestonmak li sou moun, paske li te gen kont manje pou l' manje. Yo t'ap viv kè pòpòz san pwoblèm. Men, yo pa janm lonje men bay pòv malere ak moun ki nan nesesite. 50 Yo kite lògèy vire lòlòj yo, yo fè tèt di, yo fè bagay yo konnen mwen pa vle wè moun fè. Se poutèt sa mwen disparèt yo, jan ou konnen l' lan. 51 Lavil Samari menm pa t' fè mwatye nan sa ou fè. Ou fè plis bagay derespektan pase l'. Ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.

Ezekiel 23:4

4 Pi gran an te rele Ola, pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen.

2 Kings 16:7-15

7 Lè sa a, Akaz voye mesaj bay Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, pou di l' konsa: --M'ap sèvi ou tankou pitit ou. Tanpri, vin delivre m' anba men wa peyi Siri a ak wa peyi Izrayèl la ki vin atake m'. 8 Akaz pran ajan ak lò ki te nan tanp lan ak nan trezò palè wa a, li voye yo fè Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, kado. 9 Wa Lasiri a koute l' vre, li moute al atake lavil Damas, li pran l'. Li depòte tout moun ki te rete la, mennen yo lavil Ki, epi li fè touye Rezin. 10 Lè wa Akaz te lavil Damas pou l' te kontre ak Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, li wè lotèl ki te la a. Li leve plan lotèl la, li voye l' bay Ouri, prèt la. 11 Se konsa, Ouri gen tan bati yon lotèl sou modèl wa Akaz te voye ba li soti Damas la anvan menm Akaz tounen soti Damas. 12 Lè Akaz tounen soti Damas, li wè lotèl la, li pwoche, li moute bò lotèl la. 13 Li fè boule yon bèt sou li, li fè ofrann grenn jaden. Li vide yon ofrann diven ak san bèt li te ofri pou di mèsi a sou lotèl la tou. 14 Lotèl an kwiv ki apa pou Seyè a te ant lotèl sa a ak kay Seyè a. Akaz fè deplase l' wete devan Tanp lan, li mete l' sou kote lòt lotèl la sou bò nò. 15 Epi Akaz bay Ouri lòd sa a: --Se sou gwo lotèl mwen an pou ou fè ofrann bèt yo boule nèt chak maten an ansanm ak ofrann grenn jaden chak aswè a. Se sou li pou ou fè ofrann bèt pou boule nèt ak ofrann grenn jaden pou wa a ak pou tout pèp la. Se sou li w'a ofri san bèt y'a touye yo ak diven ofrann yo. Se sou li w'a vide san tout bèt yo ofri pou boule nèt ak bèt y'a ofri bay Bondye. Pou lotèl an kwiv la menm, kite sa sou kont mwen.

2 Chronicles 28:16-23

16 Lè sa a, wa Akaz voye mande wa peyi Lasiri a sekou, 17 paske moun peyi Edon yo te fè yon pase nan peyi a ankò. Yo bat lame peyi Jida a, yo fè anpil moun prizonye. 18 Moun Filisti yo, bò pa yo menm, t'ap piye lavil peyi Jida yo ki te nan pye mòn yo ak nan zòn Negèv la. Yo pran pou yo lavil sa yo: Bètchemès, Ajalon, Gedewòt, Soko, Timna ak Gimzo ansanm ak tout ti bouk ki te sou zòd lavil sa yo. Yo rete ladan yo. 19 Seyè a te voye tout malè sa yo sou peyi Jida a poutèt Akaz, wa peyi Jida a, ki te pouse pèp la neglije Bondye yo a, epi ki poutèt pa l' te vire do bay Bondye nèt. 20 Men Tiglat Pilesè, wa peyi Lasiri a, vin atake wa Akaz pito. Pase pou l' ede l', li kraze l' pi mal. 21 Se konsa, Akaz pran dènye bagay ki gen valè nan kay Seyè a, nan palè wa a ak lakay chèf yo, li fè wa peyi Lasiri a kado. Men, sa pa t' sèvi l' anyen. 22 Pandan tout tan yo t'ap kraze l' konsa a, nonm yo bay pou wa Akaz la t'ap donnen pi mal nan pa sèvi Seyè a. 23 Li t'ap ofri bèt pou yo touye pou bondye moun lavil Damas yo ki te bat li. Li t'ap di nan kè l': Bondye wa peyi Siri yo te ede yo. Si mwen fè sèvis pou yo, y'a ede m' tou. Men se sèvis bondye sa yo menm ki lakòz malè rive ni li ni pèp Izrayèl la.

Ezekiel 23:5-6

5 Men, atout Ola te madanm mwen, li lage kò l' nan dezòd. Li t'ap mouri pou moun peyi Lasiri, vwazen l' yo. Li fè zafè ak yo. 6 Mesye sa yo te sòlda avèk bèl inifòm violèt, gwo zotobre, ak grannèg. Yo tout te bèl jenn gason, bon kavalye moute sou chwal yo.

2 Kings 17:18-19

18 Se konsa Seyè a fè yon sèl move sou pèp Izrayèl la, li wete yo devan je l'. Pa rete pase branch fanmi Jida a. 19 Men, ata moun peyi Jida yo tou pa t' kenbe lòd Seyè a, Bondye yo a. Yo t'ap fè tankou moun peyi Izrayèl yo. Yo t'ap fè tout vye bagay moun peyi Izrayèl yo te ranmase.

Ezekiel 23:31

31 Ou mache pye pou pye dèyè sè ou la. Se poutèt sa m'ap pini ou menm jan mwen te pini l' la.

Hosea 12:1-2

1 Pèp Efrayim lan ap fè yon bann bagay ki p'ap rapòte yo anyen. Y'ap kouri siyen kontra ak moun k'ap fini ak yo. Tout lajounen y'ap plede bay manti sou manti. Se fè mechanste. Yo fè kontra avèk peyi Lasiri, y'ap fè kòmès lwil avèk peyi Lejip. 2 Seyè a gen yon kont pou l' regle ak moun Jida yo tou. Li pral pini moun Jakòb yo dapre ajisman yo. Li pral fè yo peye sa yo fè a.

Isaiah 46:1

1 Bèl ak Nebo, zidòl moun Babilòn yo, fini. Y'ap mete estati yo sou do bèt. Zidòl nou te konn ap leve anlè nan posesyon yo tounen yon chay lou sou do bèt yo ki tou bouke.

Jeremiah 22:14

14 Madichon pou moun k'ap plede di: mwen pral bati yon gwo kay ak chanm byen laj nan chanmòt yo. Yo mete fennèt nan kay yo, yo palisade yo ak bwa sèd, yo pentire yo tou wouj.

Jeremiah 50:2

2 -Bay tout nasyon yo nouvèl la. Fè yo konnen l'. Bay siyal la, fè nouvèl la mache. Pa kenbe nouvèl la kache. Di yo: Yo pran lavil Babilòn, yo fè bondye Babilòn lan wont. Yo fini ak Madouk. Tout zidòl li yo wont. Yo kraze tout vye bagay sa yo.

Ezekiel 8:10

10 Mwen antre, mwen gade. Tout miray la nèt te kouvri ak pòtre koulèv, pòtre tout kalite bèt yo pa gen dwa manje ak pòtre lòt vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi.

Ezekiel 16:29

29 W' al fè jennès ak moun Babilòn yo, gwo kòmèsan sa yo. Men yo menm tou, yo pa t' ba ou kont plezi ou!

Judges 8:18

18 Lèfini, li di Zebak ak Salmouna: -Moun nou te touye sou mòn Tabò a, ki jan yo te ye? Sa yo te sanble? Yo reponn: -Yo te sanble avè ou. Nou ta di yo tout se pitit wa yo ye.

1 Samuel 18:4

4 Li wete gwo rad ki te sou li a, li bay David li ansanm ak tout bagay li te genyen, ata nepe li, banza li ak sentiwon l'.

2 Samuel 14:25

25 Pa t' gen pi bèl gason nan tout peyi Izrayèl la pase Absalon. Tout moun t'ap di sa. Pran depi nan cheve l' rive nan pwent zòtèy li, li pa t' gen ankenn defo.

Isaiah 22:21

21 M'a pran palto ki sou do ou la, m'a ba li l'. M'a pran senti ki pase nan ren ou lan, m'a mare ren pa l' avè l'. Pouvwa ou te genyen an, m'ap ba li l': l'ap tankou yon papa pou tout moun nan lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida.

Genesis 3:6

6 Fanm lan gade, li wè jan pyebwa a te bèl, jan fwi yo sanble yo ta bon nan bouch. Li santi li ta manje ladan l' pou je l' ka louvri. Li keyi kèk fwi. Li manje, li pote bay mari l' ki manje tou.

Genesis 6:2

2 Pitit gason Bondye yo te wè jan pitit fi lèzòm yo te bèl. Se konsa, nan fi yo te renmen yo, yo pran ladan yo pou madanm yo.

Genesis 39:7

7 Se konsa madanm mèt li a vin tonbe pou li. Li di l': -vin kouche avè m' non!

2 Samuel 11:2

2 Yon jou, bò aswè, David te fin fè yon ti poze, li leve, li soti al sou teras ki anwo palè a. Antan li la, li wè yon fanm ki t'ap benyen. Fanm lan te bèl anpil.

2 Kings 24:1

1 Pandan reny Jojakim lan, Nèbikadneza, wa peyi Babilòn, anvayi peyi Jida. Pandan twazan Jojakim soumèt devan li. Apre sa, li konmanse kenbe tèt avè l'.

Job 31:1

1 Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide.

Psalms 119:37

37 Pa kite m' kouri dèyè bagay ki pa vo anyen. Fè m' swiv chemen ou mete devan m' lan.

Proverbs 6:25

25 Yo te mèt bèl kou yo bèl, pa kite yo pran tèt ou. Pa kite yo pran tèt ou lè y'ap fè je dou ba ou.

Proverbs 23:33

33 W'ap wè tout bagay ap vire devan je ou, w'ap depale.

Ezekiel 16:17

17 Ou pran bijou lò ak bijou ajan mwen te ba ou yo, ou bay yo pou yo fè estati gason. Epi ou kouche ak estati yo.

Ezekiel 23:40-41

40 Sa ki pi rèd ankò, yo voye mesaje al envite gason soti byen lwen vin jwenn yo. Mesye yo vini. De sè yo benyen byen pwòp, yo pentire je yo. Yo mete bijou yo sou yo pou resevwa. 41 Yo chita sou bèl gwo kabann, yo pare yon ti tab devan kabann lan. Lèfini, yo pran lansan ak lwil mwen te ba yo, yo mete sou li.

Matthew 5:28

28 Mwen menm, men sa m'ap di nou: Si yon nonm gade yon fi avèk lanvi, li deja fè adiltè avè l' nan kè l'.

2 Peter 2:14

14 Je yo kale sou tout fanm. Se tout tan y'ap fè peche. Yo pran tèt moun ki fèb yo nan pèlen. Nanpwen moun renmen lajan tankou yo. Se moun ki anba madichon.

Genesis 10:10

10 Nan peyi kote li t'ap gouvènen an te gen lavil sa yo: Babèl, Erèk, Akad, Kalne nan peyi Chenea.

Genesis 11:9

9 Se poutèt sa yo rele lavil la Babèl, paske se la Seyè a te mele lang tout moun ki rete sou latè, li fè yo pati, li gaye yo toupatou sou latè.

2 Samuel 13:15

15 Lèfini, li santi li rayi Tama pou l' mouri. Li vin rayi l' plis pase jan li te renmen l' lan. Li di l': -Mete ou deyò lakay mwen!

Ezekiel 23:22

22 Se poutèt sa, Oliba, men mesaj mwen menm Seyè a voye ba ou: Ou te vin rayi nonm ou yo! Enben, mwen pral moute tèt yo sou ou, mwen pral fè yo soti toupatou pou yo vin sènen ou.

Ezekiel 23:28

28 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Mwen pral lage ou nan men moun ou pa vle wè yo, moun ki te ba ou degoutans yo.

Deuteronomy 32:19

19 Lè Seyè a wè sa, li fache. Li fè kòlè sou pitit gason l' yo ak sou pitit fi l' yo!

Psalms 78:59

59 Bondye fache lè li wè sa. Se konsa li voye pèp Izrayèl la jete.

Psalms 106:40

40 Seyè a te fache anpil sou pèp li a. Li te degoute ak pitit li yo.

Isaiah 3:9

9 Depi ou gade yo, ou wè ki moun yo ye. Tankou moun lavil Sodòm yo, yo fè peche yo aklè pou tout moun wè. Se poutèt sa malè ap tonbe sou yo. Se yo menm menm k'ap rale l' sou tèt yo.

Jeremiah 6:8

8 Aa! Jerizalèm, se pou sa sèvi ou leson, si ou pa vle m' lage ou, si ou pa vle mwen fè ou tounen yon dezè, yon kote pesonn pa rete.

Jeremiah 8:12

12 Ou kwè yo ta wont pou bagay lèd yo fè yo? Bichi! Yo pa wont menm. Yo pa konn sa ki rele wont. Se poutèt sa, yo pral tonbe menm jan lòt yo te tonbe a. Lè m'a pini yo, se va bout yo. Se Seyè a ki di sa.

Jeremiah 12:8

8 Pèp ki te rele m' pa m' lan vire do ban mwen. Tankou yon lyon nan gwo rakbwa, y'ap gwonde sou mwen. Se poutèt sa mwen pa vle wè yo ankò!

Jeremiah 15:1

1 Lè sa a, Seyè a di m' konsa: -Menm si Moyiz ak Samyèl ta kanpe la pou plede avè m' pou yo, mwen pa t'ap gen pitye pou pèp sa a. Wete yo devan je m'. Fè yo ale.

Lamentations 2:7

7 Bondye sèl Mèt la voye lotèl li a jete. Li pa vle wè kay yo te mete apa pou li a. Li kite lènmi yo kraze miray gwo kay yo. Lènmi yo fè fèt, yo rele byen fò nan kay Seyè a tankou lè n'ap fè seremoni pou li.

Ezekiel 16:36

36 Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl.

Ezekiel 21:24

24 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la, m'ap di yo: Tout moun konnen jan nou pa bon. Nou fè tout peche nou yo aklè. Nan tou sa n'ap fè nou moutre jan nou mechan. Se poutèt sa, y'ap kondannen nou. N'ap tonbe anba men lènmi nou yo.

Hosea 2:2

2 Pitit mwen yo, pale ak manman nou. Paske li pa madanm mwen ankò. Mwen pa mari l' non plis. Pale avè l' pou l' sispann sèvi tankou jennès, pou l' wete nan kòsaj li bann zidòl li renmen anpil yo.

Hosea 7:1

1 Chak fwa mwen fè lide geri moun Izrayèl yo, sa ki parèt devan je mwen se move ajisman pitit Efrayim yo, se mechanste moun Samari yo. Yonn ap bay lòt manti, se kase kay moun pou vòlò. Nan lari, yo fè bann pou yo piye moun.

Amos 5:21

21 Seyè a di konsa: Mwen pa vle wè gwo fèt n'ap fè pou mwen yo. Mwen pa ka santi yo. Mwen pa ka sipòte lè nou reyini pou fè sèvis pou mwen.

Amos 6:8

8 Seyè a, Bondye sèl Mèt la, te fè sèman sou tèt li. Men avètisman Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, bay: Mwen pa ka sipòte lògèy pèp Izrayèl la gen nan kè li. Mwen pa ka wè gwo kay y'ap plede bati yo. M'ap lage kapital la nan men lènmi ak tout moun ladan l'.

Zechariah 11:8

8 Gadò yo ban m' degoutans. Nan yon mwa, mwen te chanje twa gadò yonn apre lòt. Yo menm tou, yo pa t' vle wè m'.

Ezekiel 16:25

25 Nan chak kalfou granchemen, ou bati yon tanp kote ou trennen bèlte ou la nan labou. W'ap ofri tèt ou bay dènye moun k'ap pase. Chak jou ou te vin pi mal.

Ezekiel 16:51

51 Lavil Samari menm pa t' fè mwatye nan sa ou fè. Ou fè plis bagay derespektan pase l'. Ou fè sè ou yo pase pou inonsan bò kote ou.

Ezekiel 23:14

14 Men, Oliba al pi lwen toujou nan metye jennès la. Li wè pòtre gason yo te fè sou yon miray ak bèl penti wouj. Se te pòtre chèf peyi Babilòn yo.

Amos 4:4

4 Seyè a di konsa: Nou menm, pèp Izrayèl, se sa! Moute nan tanp lavil Betèl yo, al fè peche! Ale lavil Gilgal, peche kont kò nou! Chak maten, mennen bèt pou yo touye tankou ofrann bay Bondye! Chak twa jou, pote ladim nou!

Jeremiah 5:8

8 Yo tankou poulen chwal byen gra ki cho dèyè jiman. Y'ap plede kouri dèyè madanm frè parèy yo.

Ezekiel 16:26

26 W' al kouche ak moun peyi Lejip yo, vwazen ou yo ki gwonèg anpil. Ou fè, ou fè jouk ou fè m' fache.

Ezekiel 17:15

15 Men, wa peyi Jida a revòlte. Li voye mesaje nan peyi Lejip al chache chwal ak anpil sòlda. Eske l'ap rive fè sa li vle fè a? Eske li ka soti nan sitiyasyon kote l' ye a? Depi li kase kontra a, fòk li peye l'.

Isaiah 10:5-6

5 Seyè a di: -Madichon pou peyi Lasiri a! Paske, l'ap tankou yon baton nan men m' pou m' pini pèp la. M'ap sèvi avèk pouvwa ki nan men l' lan pou m' fè pèp la wè jan m' ankòlè. 6 Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.

Isaiah 39:3-4

3 Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': -Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: -Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn. 4 Ezayi di l' konsa: -Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn li: -Yo wè tou sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.

Jeremiah 6:22-23

22 Men sa Seyè a di ankò: -Moun ap soti nan yon peyi bò nan nò. Yon gwo pèp byen lwen ap pare pou fè lagè. 23 Yo pran banza yo ak frenn yo. Yo mechan anpil. Se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont lavil Jerizalèm, sou mòn Siyon an.

Jeremiah 12:9-12

9 Pèp ki te rele m' pa m' lan tankou yon zwazo tout koulè, malfini sènen l' toupatou. Ale non! Sanble tout bèt nan bwa. Fè yo vini pran pa yo nan manje a! 10 Yon bann chèf lòt nasyon ap sakaje jaden rezen mwen an. Yo kraze jaden m' lan anba pye yo. Yo fè bèl peyi mwen an tounen yon dezè kote moun pa rete. 11 Yo fè l' tounen yon savann. Men, li la devan je m'. Li fini, san anyen ladan l'. Tout peyi a tounen yon dezè, san pesonn pa di anyen. 12 Moun soti lòt bò mòn ki nan dezè a vin piye. Paske Seyè a voye lagè pou detwi tout peyi a nèt. Pesonn pa ka viv ak kè poze.

Habakkuk 1:6-10

6 M'ap fè moun peyi Kalde yo kanpe. Se yon pèp ki san pitye, ki san manman. Y'ap mache toupatou sou latè, y'ap pran peyi lòt pèp nan men yo. 7 Kote yo pase, yo fè moun pè yo. Yo pa nan jwèt ak pesonn. Yo pa pran lòd nan men pesonn. Yo fè sa yo pi pito. 8 Chwal yo kouri pi rèd pase chat mawon. Yo pi move pase chen mawon ki grangou. Kavalye yo soti byen lwen, y'ap kouri vini. Yo tankou malfini k'ap plonje sou poul. 9 Sòlda yo ap vini pou fè piyay. Tout moun pè lè yo wè yo ap pwoche, paske yo ranmase prizonye an kantite, san gad dèyè. 10 Y'ap pase wa yo nan betiz. Y'ap pase chèf yo nan rizib. Pa gen fò ki ka rete yo. Yo annik anpile tè bò miray yo, lèfini yo moute pran yo.

Genesis 2:14

14 Twazyèm larivyè a rele Tig. Se li ki pase nan peyi Lasiri, sou bò solèy leve a. Katriyèm larivyè a se Lefrat.

Genesis 25:18

18 Pitit pitit Izmayèl yo te rete sou teritwa ki konmanse depi Avila rive jouk Chou, anfas peyi Lejip sou bò solèy leve a, anvan ou pran peyi Lasiri. Yo t'ap viv pou kont yo. Yo pa t' mele ak rès fanmi yo.

2 Kings 20:14-17

14 Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': --Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: --Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn. 15 Ezayi di l' konsa: --Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn: --Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo. 16 Ezayi di wa Ezekyas konsa: --Koute mesaj Seyè ki gen pouvwa a voye ba ou: 17 Yon lè gen pou rive. Lè sa a, y'ap pran dènye bagay ki nan palè ou la, tou sa zansèt ou yo te anpile depi nan tan lontan jouk jòdi a, y'ap pote yo ale nan peyi Babilòn. Yo p'ap kite anyen. Se Seyè a menm ki di sa.

2 Kings 24:2

2 Lè sa a, Seyè a voye ansasen soti nan peyi Babilòn, nan peyi Siri, nan peyi Moab ak nan peyi Amon vin dèyè Jojakim. Li lage yo nan peyi Jida a pou yo fini avè l' dapre sa Seyè a te di nan bouch pwofèt yo, sèvitè l' yo.

2 Kings 25:1-3

1 Se konsa sou dizyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan tout pye miray yo. 2 Yo sènen l' nèt. Yo fèmen lavil la depi lè sa a rive sou onzyèm lanne reny Sedesyas la. 3 Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.

Ezra 6:22

22 Pandan sèt jou, yo fete Fèt Pen san ledven an ak kè kontan. Yo te kontan anpil dèske Seyè a te manyen kè wa peyi Lasiri a, ki te ankouraje yo anpil nan tout gwo travay yo t'ap fè a pou rebati tanp Bondye pèp Izrayèl la.

Job 1:17

17 Msye pa t' ankò fin pale lè yon lòt moun rive, li di konsa: -Twa bann moun Kalde tonbe sou chamo ou yo, yo pran yo, y' ale ak yo. Yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.

Isaiah 23:13

13 Gade peyi Tir la! Se pa moun Lasiri yo ki te lage l' nan men bèt nan bwa yo. Se moun Babilòn yo ki te fè sa. Se yo ki te bati fò won byen wo pou sènen peyi a. Yo kraze tout fò lavil Tir yo. Yo fè yo tounen mazi.

Jeremiah 50:21

21 Seyè a di ankò: -Mache pran peyi moun Mira-Tayim yo! Atake moun peyi Pekòd yo! Touye yo tout, fini ak yo nèt! Se pou nou fè tou sa mwen menm mwen ban nou lòd fè a!

Ezekiel 21:19-27

19 -Nonm o! Trase de chemen kote pou wa Babilòn lan ka pase ak nepe l'. De chemen yo ap soti nan menm peyi a. Mete de mak nan kalfou kote yo separe a, 20 yonn pou moutre wa a chemen ki mennen lavil Raba nan peyi Amon, yonn pou moutre l' chemen ki ale peyi Jida rive lavil Jerizalèm ki byen pwoteje ak ranpa a. 21 Wa Babilòn lan kanpe nan kalfou a bò mak yo, l'ap souke flèch yo voye atè pou li ka konnen ki wout pou li pran. L'ap mande zidòl yo sa pou l' fè, l'ap egzaminen fresi bèt yo touye pou bondye yo. 22 Bon! Men li kenbe flèch ki bay direksyon lavil Jerizalèm lan! Sa vle di se pou l' atake lavil Jerizalèm ak machin lagè yo, bay lòd pou yo touye tout moun, bay siyal pou yo mache sou lavil la ak gwo poto bwa pou defonse pòtay li yo, pou yo anpile ranblè nan pye miray li yo, pou yo fouye gwo kannal sènen l' toupatou. 23 Moun lavil Jerizalèm yo p'ap kwè sa w'ap di a se vre paske yo te pase kontra avè l'. Men, mesaj w'ap bay la se pou fè yo chonje tou sa yo fè ki mal, pou fè konnen y'ap fè yo prizonye. 24 Se poutèt sa, men sa mwen menm Seyè sèl Mèt la, m'ap di yo: Tout moun konnen jan nou pa bon. Nou fè tout peche nou yo aklè. Nan tou sa n'ap fè nou moutre jan nou mechan. Se poutèt sa, y'ap kondannen nou. N'ap tonbe anba men lènmi nou yo. 25 Kanta pou ou menm, chèf peyi Izrayèl la, krimenèl san respè pou Bondye, jou pa ou la, jou dènye chatiman ou lan ap rive. 26 Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki pale. Wete kouwòn lan ak gwo bèl mouchwa madras la nan tèt ou. Tout bagay pral chanje. Sa ki anba yo pral moute chèf, sa ki te chèf yo pral tonbe. 27 Kraze, kraze, brize! Wi, m'ap fè lavil la tounen mazi. Men, pou sa rive, fòk moun mwen te chwazi pou pini lavil la vini anvan. Se nan men l' m'ap lage l'.

Ezekiel 23:6

6 Mesye sa yo te sòlda avèk bèl inifòm violèt, gwo zotobre, ak grannèg. Yo tout te bèl jenn gason, bon kavalye moute sou chwal yo.

Acts 7:4

4 Se konsa, Abraram kite peyi kaldeyen yo, li al rete Karan. Lè papa Abraram mouri, Bondye fè l' kite Karan vin nan peyi kote n'ap viv koulye a.

2 Samuel 24:14

14 David reponn: -Mwen nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a menm ki pini m', paske li gen bon kè.

Jeremiah 39:5-6

5 Men, sòlda lame Babilòn yo rapouswiv yo. Yo mete men sou Sedesyas nan plenn toupre lavil Jeriko a. Yo pran l', yo mennen l' bay Nèbikadneza, wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla, nan peyi Amat. Rive la, wa Babilòn lan bay lòd sa pou yo fè Sedesyas. 6 Li fè yo touye pitit gason Sedesyas yo la devan je msye. Li fè touye tout chèf peyi Jida yo tou.

Jeremiah 47:3

3 Lè y'a tande bri zago chwal yo ap frape tè a, bri cha lagè yo k'ap kouri vini ak bri wou yo k'ap woule atè a, papa p'ap ka fè anyen pou pitit yo, tèlman y'a dekouraje.

Ezekiel 16:38

38 M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou.

Ezekiel 21:23

23 Moun lavil Jerizalèm yo p'ap kwè sa w'ap di a se vre paske yo te pase kontra avè l'. Men, mesaj w'ap bay la se pou fè yo chonje tou sa yo fè ki mal, pou fè konnen y'ap fè yo prizonye.

Ezekiel 23:45

45 Men, gason ki mache dwat yo pral jije yo tankou yo jije fanm k'ap fè adiltè epi k'ap touye moun, paske yo fè adiltè, yo touye moun.

Ezekiel 26:10

10 Tèlman pral gen chwal, chwal yo pral leve yon gwo nwaj pousyè dèyè yo ki pral kouvri lavil la. Lè kavalye l' yo ap pase sou chwal yo, lè cha lagè yo ak kabwa pwovizyon yo ap pase antre nan pòtay ou yo, miray yo pral tranble. Yo pral antre nan lavil la tankou si miray yo te tonbe.

Nahum 2:3-4

3 Vanyan sòlda l' yo gen plak pwotèj pentire tou wouj sou bra yo. Yo abiye ak rad wouj violèt. Cha lagè yo klere kou dife! Y'ap vin pou atake nou! Y'ap souke zam yo nan men yo. 4 Cha lagè yo ap vini ak gwo vitès nan plenn yo. Yo kouri ale sou plas piblik yo. Yo klere tankou bwa chandèl tou limen. Y'ap pase kouri tankou zèklè.

Nahum 3:2-3

2 Koute bri fwèt kach yo, bri wou cha yo k'ap woule vini. Koute bri chwal yo k'ap galope, bri cha lagè yo k'ap kouri vini. 3 Kavalye yo ap zeponnen chwal yo. Nepe yo klere kou fèman nan solèy. Lans yo, ou ta di zèklè. Moun tonbe kou mouch. Kadav yo fè pil sou pil. Ou pa ka konte yo. Moun ap bite sou moun mouri.

Exodus 34:14

14 Nou pa fèt pou nou sèvi lòt bondye paske mwen menm, Seyè a, yo rele m' Bondye ki fè jalouzi. Mwen se yon Bondye ki fè jalouzi anpil.

Deuteronomy 29:20

20 Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.

Deuteronomy 32:21-22

21 Yo fè m' fè jalouzi, y' al adore yon bondye ki pa bondye tout bon. Yo fè m' fè kòlè, y' al fè sèvis pou zidòl ki pa vo anyen. Enben, mwen menm, mwen pral fè yo fè jalouzi pou yon pèp ki pa menm yon pèp. M'ap fè yo fè kòlè pou yon nasyon moun ki san konprann. 22 Lè m' an kòlè, se tankou yon gwo dife k'ap flanbe. Mwen boule tou sa ki sou latè. Mwen desann byen fon kote mò yo ye anba tè a. M'ap mete dife jouk nan rasin mòn yo.

Proverbs 6:34

34 Lè yon mari ap fè jalouzi pou madanm li, nanpwen move tankou l'. Jou li mete men sou nèg la, pa gen anyen li p'ap fè l'.

Song of Songs 8:6

6 Pa renmen lòt moun pase mwen ase! Kenbe m' fò nan bra ou! renmen tankou lanmò. Lè ou renmen yon moun tout bon, se mouri w'ap mouri pou li. renmen met dife nan tout kò ou. Dife sa a se nan Bondye li soti.

Ezekiel 5:13

13 M'a tire revanj mwen, m'ap krase yo dèske yo fè m' fè kòlè, m'ap move sou yo jouk mwen pa kapab ankò. Lè sa a, y'a rekonèt se mwen menm Seyè a ki te pale konsa ak yo, paske yo te pouse m' fè jalouzi, mwen te fache sou yo jouk mwen pa kapab ankò.

Ezekiel 8:1-18

1 Nan senkyèm jou sizyèm mwa nan sizyèm lanne depi yo te depòte pèp la, mwen te chita lakay mwen ansanm ak chèf pèp Jida yo ki te reyini lakay mwen. Mwen rete konsa mwen santi pouvwa Seyè a, Bondye Sèl Mèt la, desann sou mwen. 2 Mwen leve je m' gade, mwen wè yon fòm ki te sanble ak yon moun. Depi nan ren l' desann, kò l' te tankou yon flanm dife. Depi nan ren l' moute, li te klere tankou kwiv byen poli. 3 Mwen wè l' lonje men l' tankou men yon moun, li pran m' nan cheve. Nan vizyon an, li leve m' byen wo nan syèl la, li mennen m' lavil Jerizalèm, devan pòtay anndan ki bay sou bò nò a, kote yo te mete yon estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè. 4 La, mwen wè yon gwo bèl limyè ki te fè m' konprann se Bondye pèp Izrayèl la ki te la, menm jan mwen te wè l' nan fon an. 5 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Vire je ou gade bò nan nò! Mwen vire je m' gade bò nan nò. Mwen wè toupre lotèl ki bò pòtay kote moun pase pou antre a, estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè a. 6 Bondye di m' ankò: -Nonm o! Eske ou wè sa y'ap fè? Gade tout bagay derespektan moun pèp Izrayèl yo ap plede fè pou yo fè m' kite tanp mwen an. Ou gen pou wè bagay ki pi mal pase sa toujou. 7 Li pran m', li mennen m' nan pòtay ki bay sou lakou anndan an, li moutre m' yon twou nan miray la. 8 Li di m' konsa: -Nonm o! Fè yon gwo twou nan miray la. Mwen fè gwo twou a. Lèfini, mwen jwenn yon pòt. 9 Li di m' konsa: -Louvri pòt la antre! Gade tout kalite vye bagay derespektan moun sa yo ap fè la a! 10 Mwen antre, mwen gade. Tout miray la nèt te kouvri ak pòtre koulèv, pòtre tout kalite bèt yo pa gen dwa manje ak pòtre lòt vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. 11 Swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo te kanpe la devan zidòl yo. Yonn ladan yo te Jazanya, pitit Chafan an. Yo chak te kenbe yon lansanswa nan men yo. Gwo lafimen lansan t'ap moute. 12 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa chèf fanmi pèp Izrayèl yo ap plede fè an kachèt? Yo rete ap fè sèvis nan yon chanm kay plen zidòl. Men eskiz yo bay: O wi! Bondye pa wè nou! Bondye vire do l' bay peyi a! 13 Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Ou gen pou wè yo ap fè bagay ki pi derespektan toujou. 14 Lè sa a, li mennen m' bò pòtay nò tanp lan, li moutre m' yon bann fanm ki chita ap kenbe yon rèl lanmò pou zidòl yo rele Tamouz la. 15 Li di m' konsa: -Nonm o! Ou wè sa, pa vre? Ou gen pou ou wè gwo bagay pi derespektan ankò y'ap fè. 16 Li mennen m' nan lakou anndan tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve. 17 Seyè a di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa? Moun peyi Jida sa yo ap fè tout vye bagay derespektan y'ap plede fè yo. Y'ap mache fè mechanste nan tout peyi a. Men sa pa kont yo toujou, se pou yo vini jouk isit la nan tanp lan pou fè yo, pou yo fè m' pi move toujou. Men y'ap fè move jès pou derespekte m', yo mete yon ti branch bwa anba nen yo. 18 Mwen menm tou mwen pral fè yo santi jan mwen move sou yo. Yo mèt rele byen fò nan zòrèy mwen. Mwen p'ap tande yo. Mwen p'ap gen pitye pou yo. Yo mèt rele jan yo vle nan zòrèy mwen, mwen p'ap pran priyè.

Ezekiel 15:6-7

6 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di: Menm jan yo pran yon bwa pye rezen nan mitan yon rakbwa, yo jete l' nan dife pou boule l', se sa menm mwen pral fè ak moun lavil Jerizalèm yo. 7 M'ap kenbe tèt ak yo. Yo te chape anba dife a yon fwa, men se dife k'ap boule yo. Lè m'a kenbe tèt ak yo, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ezekiel 16:38-42

38 M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou. 39 M'ap lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni. 40 Yo pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo. 41 Y'ap boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado. 42 Apre sa, mwen p'ap move sou ou ankò. M'a sispann fè jalouzi. Mwen p'ap fache ankò.

Ezekiel 20:47-48

47 W'a di rakbwa Negèv la: Koute sa Seyè a di. Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Gade rakbwa! Mwen pral limen yon sèl dife ki pral boule dènye pyebwa ou genyen, kit yo vèt, kit yo chèch. Anyen p'ap ka touye dife sa a. L'ap gaye depi nan sid rive nan nò. Tout moun pral santi chalè dife a. 48 Tout moun pral wè se mwen menm, Seyè a, ki limen dife a. Anyen p'ap ka touye l'.

Ezekiel 22:18-22

18 -Nonm o! Pou mwen moun pèp Izrayèl yo pa vo anyen. Yo tankou kras ki rete nan fon chodyè lè y'ap fonn ajan, kwiv, asye, fè ak plon. Yo tankou kras nan fon chodyè, yo pa vo anyen. 19 Se poutèt sa, men mesaj Seyè sèl Mèt la voye di yo: Koulye a nou tounen kras nan fon chodyè fèblantye, mwen pral mete nou tout fè pil nan mitan lavil Jerizalèm. 20 Menm jan yo mete vye moso ajan, kwiv, fè, plon ak eten nan yon chodyè sou gwo dife pou fonn yo wete kras, m'ap move sou nou, m'ap fè kòlè, m'ap tankou dife y'ap soufle anba chodyè fèblantye pou fonn metal yo, m'ap fè nou fonn. 21 Wi, m'ap mete nou ansanm nan mitan lavil Jerizalèm, m'ap limen dife anba nou, m'ap fache sou nou, m'ap fonn nou. 22 Nou pral fonn nan mitan lavil Jerizalèm tankou ajan k'ap fonn nan chodyè fèblantye. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm, Seyè a, ki move sou nou konsa.

Ezekiel 23:47

47 Se pou foul moun yo kalonnen yo wòch jouk yo touye yo. Se pou yo depatcha yo ak nepe, touye pitit gason ak pitit fi yo, lèfini pou yo mete dife nan kay yo.

Hosea 2:4-5

4 Mwen p'ap gen pitye pou pitit li yo non plis. Paske yo se pitit yon fanm ki nan jennès. 5 Manman yo lage kò l' nan fè jennès. Wi, li menm ki te pote yo nan vant li, li avili tèt li, paske l'ap di: mwen pral jwenn nonm mwen yo. Yo ban m' tou sa m' bezwen. Yo ban m' manje, yo ban m' bwè. Yo ban m' twal lenn ak twal fen. Yo ban m' lwil oliv, yo ban m' diven pou m' bwè.

Zephaniah 1:18

18 Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.

Revelation 18:8

8 Se poutèt sa, tout kalamite l' yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l' la se yon Mèt ki gen pouvwa.

Isaiah 3:17-24

17 Men, mwen menm Bondye, m'ap pini yo. M'ap kale tèt yo tou blanch, m'ap kite yo san cheve. 18 Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: braslè yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo, 19 zanno, braslè yo mete nan bra yo, ak vwal yo mete sou tèt yo, 20 mouchwa yo mare tèt yo, ti chenn yo mete nan pye yo, bèl senti yo, poban odè yo, bwòch yo, 21 bag yo, zanno pou nen yo, 22 bèl rad swa yo, foula yo, chal yo, bous yo, 23 glas yo, rad twal fin yo, madras yo ak vwal dantèl yo mete sou tèt yo. 24 Yo p'ap sèvi ak odè ankò, y'ap santi move. Yo p'ap sèvi ak bèl senti ankò. Y'a mare ren yo ak kòd. Yo p'ap gen cheve pou yo fè bèl kwafi, tèt yo va kale tou blanch. Yo p'ap gen bèl rad pou mete sou yo, y'a vlope kò yo nan sak. Yo p'ap fè figi yo bèl ankò. Y'ap tanpe yo nan figi ak fè wouj tankou esklav.

Jeremiah 13:22

22 W'a mande tèt ou: Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou? Se paske sa ou te fè a te grav anpil kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou.

Ezekiel 16:16

16 Ou pran bèl rad koulè ou yo, ou dekore kote w'ap fè sèvis pou lòt bondye sou tèt mòn yo. Tankou yon fanm k'ap fè jennès, ou kouche la ak dènye moun ki vini.

Ezekiel 16:39

39 M'ap lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni.

Hosea 2:9-10

9 Se poutèt sa, lè sezon rekòt la rive, m'ap reprann farin ak diven mwen te ba li a. M'ap reprann twal lenn ak twal fin mwen te ba li pou fè rad met sou li. 10 M'ap kite l' toutouni devan tout nonm li yo. Pesonn p'ap ka vin sove l' anba men mwen.

1 Peter 3:3-4

3 Nou pa bezwen fè kò nou bèl ak bagay moun ka wè, tankou lè n'ap fè anpil kwafi estraòdenè, lè n'ap mete kantite bijou an lò ak kantite rad ki koute chè sou nou. 4 Okontrè, se sa ki nan kè nou ki tout bèlte nou, yon bèlte ki p'ap janm pase. Se pou nou gen yon karaktè dou, yon karaktè poze. Se sa ki gen valè devan Bondye.

Revelation 18:14-17

14 Kòmèsan yo t'ap di lavil la: Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò! 15 Kòmèsan ki te fin rich nan fè kòmès nan lavil la va rete byen lwen, tèlman yo pral pè jan li pral soufri a. Y'a plenn sò li, y'a kriye, 16 y'a di: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulè violèt, twal fin koulè wouj! Pou jan l' te chaje ak bijou an lò, ak bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl! 17 Yon sèl moman kont pou l' te pèdi tout richès sa yo! Tout kaptenn bato ak pasaje yo, marin yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen.

Isaiah 27:9

9 Men, pou l' padonnen peche pèp Izrayèl la, se pou tout wòch lotèl zidòl yo tounen pousyè lacho, se pou yo kraze tout estati zidòl yo ansanm ak lotèl kote yo boule lansan pou yo. Se konsa li p'ap fè yo peye pou sa yo fè a.

Ezekiel 16:41

41 Y'ap boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado.

Ezekiel 22:15

15 M'ap gaye tout pèp ou a nan mitan lòt nasyon yo. M'ap mache simaye nou nan peyi etranje yo. M'ap fè nou sispann fè malpwòpte nou t'ap fè nan mitan nou an.

Micah 5:10-14

10 Seyè a di ankò: Jou sa a, m'ap touye tout chwal batay nou yo. M'a detwi tout cha nou yo. 11 M'ap detwi tout lavil nou bati nan peyi a, m'ap kraze tout fò ak tout ranpa nou yo. 12 M'a wete tout wanga nan peyi a. Nou p'ap jwenn moun ki pou bat kat pou nou ankò. 13 M'ap detwi tout estati ak tout moniman nou te moute pou zidòl yo. Nou p'ap gen lide adore bagay nou fè ak men nou ankò. 14 M'ap derasinen tout pyebwa repozwa nan peyi a. M'ap detwi tout lavil nou yo.

Zechariah 13:2

2 Seyè a pale, li di ankò: -Lè sa a, m'a disparèt ata non zidòl yo nan peyi a. Pesonn p'ap chonje yo ankò. M'a wete pwofèt yo nan peyi a, m'a wete nan kè tout moun lide pou yo sèvi zidòl.

Jeremiah 21:7-10

7 Apre sa, -se mwen menm Seyè a ki di sa-m'ap pran nou tout, ni Sedesyas, wa peyi Jida a, ni chèf li yo, ni rès moun ki pa mouri nan lagè, nan grangou ak anba maladi yo, m'ap lage nou nan men Nèbikadneza, wa Babilòn lan, nan men lènmi ki soti pou touye nou yo. Y'ap touye nou anba kout nepe. Yo p'ap kite yonn nan nou chape. Yo p'ap gen pitye pou pesonn, yo p'ap pran priyè. 8 Lèfini, w'a di pèp la men sa mwen menm, Seyè a, mwen di: Mwen pral mande nou pou nou chwazi ant lavi ak lanmò. 9 Tout moun ki va rete nan lavil la pral mouri nan lagè, osinon anba grangou, ou ankò maladi pral fini ak yo. Men, tout moun ki va soti al pote tèt yo bay moun Kalde k'ap sènen nou yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo nan batay la. 10 Wi, mwen pral fè kichòy pou lavil sa a, men se va pou malè yo, pa pou byen yo. Se mwen menm Seyè a k'ap pale. Mwen pral lage l' nan men wa Babilòn lan. Li pral boule l' ratè.

Jeremiah 24:8

8 Menm sa yo fè ak vye fig ki pa bon yo, fig moun pa ka manje tèlman yo pa bon yo, se sa mwen pral fè ak Sedesyas, wa peyi Jida a, ansanm ak tout gwo chèf li yo, ak tout rès pèp lavil Jerizalèm yo ki te rete nan peyi a osinon ki te desann peyi Lejip.

Jeremiah 34:20

20 M'ap lage nou nan men lènmi nou yo, nan men moun ki soti pou touye nou yo. Kadav nou va sèvi manje pou zwezo nan syèl ak bèt nan bwa.

Ezekiel 23:17

17 Mesye yo vini, yo fè lamou, yo kouche avè l'. Yo pran kont plezi yo avè l', yo fin avili li nèt. Bout pou bout, li vin rayi yo.

Deuteronomy 28:47-51

47 Bondye te ban nou tou sa nou te bezwen. Men malgre sa, nou pa t' sèvi l' tout bon ak kè kontan. 48 Se poutèt sa, nou pral sèvi lènmi Seyè a pral voye sou nou. Nou pral soufri grangou, swaf dlo, toutouni, dizèt ak tout kalite mizè. Seyè a pral fè lènmi yo kraze nou anba men yo, jouk y'a fini nèt ak nou. 49 Seyè a pral mennen yon nasyon soti byen lwen nan dènye bout latè, yon nasyon ki pale yon lang nou p'ap konprann, yo pral vare sou nou tankou malfini sou poul. 50 Se moun ki gen kè di. Yo p'ap respekte vye granmoun, ni yo p'ap gen pitye pou timoun. 51 Y'a manje pwofi bèt nou yo, ak rekòt jaden nou yo jouk y'a kite nou mouri grangou. Yo p'ap kite anyen pou nou, ni farin, ni diven, ni lwil, ni pòte bèf nou yo ni pòte mouton nou yo, jouk y'a fini nèt ak nou.

Ezekiel 16:36-37

36 Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Ou wete tout rad sou ou. Ou rete toutouni nèt pou ou te kouche ak nonm ou yo, ansanm ak tout vye zidòl mwen pa vle wè yo. Lèfini, ou touye pitit ou yo, ou ofri yo bay zidòl. 37 Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo.

Ezekiel 23:18

18 Se li menm ankò ki mete tout zafè l' deyò. Li fè tout moun konnen se jennès li ye. Li mete l' toutouni, li fè m' degoute l' tankou lòt sè a.

Ezekiel 23:25-26

25 Ou te pouse m' fè jalouzi, yo pral move sou ou jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral koupe bwa nen ou ak fèy zòrèy ou yo. Yo pral touye pitit ou yo. Wi, yo pral pran pitit gason ak pitit fi ou yo nan men ou, y'ap boule yo tou vivan. 26 Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou te konn mete sou ou.

Ezekiel 23:45-47

45 Men, gason ki mache dwat yo pral jije yo tankou yo jije fanm k'ap fè adiltè epi k'ap touye moun, paske yo fè adiltè, yo touye moun. 46 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Sanble yon foul moun pou mache sou yo, pou fè yo pè, pou piye tou sa yo genyen! 47 Se pou foul moun yo kalonnen yo wòch jouk yo touye yo. Se pou yo depatcha yo ak nepe, touye pitit gason ak pitit fi yo, lèfini pou yo mete dife nan kay yo.

Psalms 106:35-38

35 Men, okontrè, yo te marye ak yo, yo pran tout vye mès yo. 36 Yo pran adore zidòl yo. Sa tounen yon pèlen pou yo. 37 Yo ofri pwòp pitit gason ak pwòp pitit fi yo pou touye bay zidòl yo. 38 Yo touye ti inonsan sa yo, pwòp pitit gason ak pitit fi yo. Yo ofri yo bay zidòl moun peyi Kanaran yo. Se konsa yo fin derespekte tout peyi a ak san moun yo te touye.

Jeremiah 2:18-20

18 Koulye a, kisa nou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lejip pou n al bwè dlo nan larivyè Nil? Kisa ou kwè n'a jwenn lè nou pran chemen Lasiri pou n al bwè dlo nan larivyè Lefrat? 19 Se mal nou fè a k'ap tounen yon fwèt pou nou! Se vire nou vire do ban mwen an k'ap kondannen nou! Se pou nou konnen jan sa pa dous, jan sa pa bon pou nou vire do ban mwen, Seyè a, Bondye nou an, pou nou sispann gen krentif pou mwen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki di sa. 20 Izrayèl, gen lontan depi ou pa rekonèt otorite m' ankò! W'ap manje kòd, w'ap di: Mwen p'ap sèvi Seyè a. Lèfini, sou tout ti mòn anba tout gwo pyebwa ou nan dezòd, w'ap fè sèvis pou lòt bondye.

Jeremiah 16:11-12

11 Lè sa a, w'a reponn yo: -Men sa Seyè a di: Se paske zansèt nou yo te vire do ban mwen, y' al dèyè lòt Bondye. Yo fè sèvis pou yo, yo adore yo, yo vire do ban mwen. Yo pa kenbe lòd mwen te ba yo. 12 Lèfini, nou menm nou fè pi mal pase yo. Nou tout ap fè tèt di, n'ap swiv tout vye lide ki pase nan tèt nou, nou pa vle koute m'.

Ezekiel 6:9

9 Moun ki va chape yo va chonje m' nan peyi kote y'ap depòte yo a. Y'a chonje mwen te pini yo paske, nan fon kè yo, yo te vire do ban mwen, mwen te fè yo wont paske yo te kole je yo sou yon vye zidòl. Y'ap gen pwòp tèt yo degoutans akòz bagay mal yo te fè pandan toutan yo te lage kò yo nan sèvi zidòl.

Ezekiel 23:12-21

12 Li menm tou li te cho dèyè mesye peyi Lasiri yo, grannèg, gwo zotobre, sòlda ak bèl inifòm, bon kavalye ki moute sou chwal, yon bann bèl jenn gason. 13 Mwen wè li te fin avili tèt li nèt: dezyèm sè a pa t' pi bon pase premye a. 14 Men, Oliba al pi lwen toujou nan metye jennès la. Li wè pòtre gason yo te fè sou yon miray ak bèl penti wouj. Se te pòtre chèf peyi Babilòn yo. 15 Avèk bèl sentiwon pase nan ren yo, tèt yo mare ak bèl mouchwa madras, mesye yo te abiye tankou gwo chèf. Se te pòtre moun peyi Babilòn. Se la yo te fèt. 16 Wè li wè pòtre mesye yo, li anvi yo. Li voye mesaje bò kote yo nan peyi Babilòn. 17 Mesye yo vini, yo fè lamou, yo kouche avè l'. Yo pran kont plezi yo avè l', yo fin avili li nèt. Bout pou bout, li vin rayi yo. 18 Se li menm ankò ki mete tout zafè l' deyò. Li fè tout moun konnen se jennès li ye. Li mete l' toutouni, li fè m' degoute l' tankou lòt sè a. 19 Se atò li lage kò l' nan fè jennès. Li vin chonje lè l' te jenn ti nègès ap fè jennès nan peyi Lejip. 20 Li t'ap kouri dèyè gason ki cho tankou ou ta di mal bourik ak poulen chwal ki pran sant fenmèl. 21 Oliba, ou te dèyè pou ou te fè tout dezòd ou te konn fè yo lè ou te jenn ti nègès nan peyi Lejip kote pou premye fwa mesye yo te woule tete ou, kote yo te mete ou nan lavi gason.

2 Kings 21:13

13 M'ap peni lavil Jerizalèm menm jan mwen te peni lavil Samari ak fanmi wa Akaz la. Mwen pral netwaye lavil Jerizalèm tankou yo netwaye yon asyèt lèfini yo vire l' bouch anba.

Jeremiah 7:14-15

14 Enben! Sa m' te fè Silo a, se sa mwen pral fè kay yo mete apa pou mwen an, kay nou kwè ki ka sove nou an, ak peyi mwen te bay zansèt nou yo ansanm ak nou an. 15 M'ap wete nou devan je m', menm jan mwen te voye tout frè nou yo, tout moun branch fanmi Efrayim yo, jete byen lwen.

Jeremiah 25:15

15 Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m': -Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m'. Pran li, pote l' bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè.

Ezekiel 23:13

13 Mwen wè li te fin avili tèt li nèt: dezyèm sè a pa t' pi bon pase premye a.

Daniel 9:12

12 Ou te fè tou sa ou te di w'ap fè nou ansanm ak chèf ki t'ap gouvènen nou yo. Ou voye yon sèl malè sou lavil Jerizalèm, malè ki patko janm rive sou latè.

Deuteronomy 28:37

37 Nan tout peyi kote Seyè a pral gaye nou yo, moun pral sezi wè sa ki rive nou, y'a pase nou anba kont betiz, y'a fè chante sou nou.

1 Kings 9:7

7 lè sa a, m'ap wete pèp Izrayèl la nan peyi mwen ba yo a. M'ap vire do bay tanp mwen te mete apa tankou kote pou yo fè sèvis pou mwen an. Moun toupatou va pase pèp Izrayèl la nan betiz, y'a fè chante sou li.

Psalms 60:3

3 Bondye, ou vire do ban nou. Ou gaye nou toupatou. Ou te fache ak nou. Tanpri, fè nou kanpe ankò!

Psalms 79:3

3 Yo fè san pèp ou a koule tankou dlo larivyè. San an koule tankou dlo nan tout lavil Jerizalèm. pa t' gen pesonn pou antere kadav yo!

Isaiah 51:17

17 Leve non, lavil Jerizalèm! Leve non! Souke kò ou. Leve non! Ou fin bwè gode chatiman Bondye te ba ou bwè nan kòlè li a. Ou bwè dènye degout ki te nan gode a jouk li fè tèt ou vire!

Jeremiah 25:9

9 mwen pral voye chache tout moun ki bò nò yo ansanm ak sèvitè m' lan, Nèbikadneza, wa Babilòn lan. Se mwen menm Seyè a ki di sa. Mwen pral fè yo vin kraze peyi Jida a ak tout moun ki rete ladan l' yo ansanm ak tout peyi nan vwazinaj yo. Mwen pral detwi yo tout. M'ap fè yo tounen yon dezè ki va fè moun sezi, yon pil mazi pou tout tan.

Jeremiah 25:15-28

15 Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m': -Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m'. Pran li, pote l' bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè. 16 Y'a bwè, pye yo ap trese, y'a pèdi tèt yo lè y'a wè lagè m'ap voye nan mitan yo. 17 Se konsa, mwen pran gode a nan men Seyè a, mwen pote l' bay tout moun nan tout peyi kote Seyè a te voye m' lan, mwen fè yo bwè ladan l'. 18 Mwen fè moun lavil Jerizalèm ak moun lavil Jida yo bwè ladan l' ansanm ak wa yo, chèf yo, pou lavil yo ka tounen mazi, yon dezè pou moun mete men nan tèt lè yo wè sa, pou moun sèvi ak non yo pou bay madichon, jan y'ap fè l' jouk koulye a. 19 Men moun mwen fè bwè nan gode a tou: Farawon an, wa peyi Lejip la, ansanm ak sòlda li yo, chèf li yo ak tout pèp li a, 20 tout ras moun ki rete bò solèy kouche yo ansanm ak tout wa peyi Ouz yo, tout wa nan peyi Filisti yo: wa lavil Askalon, wa lavil Gaza, wa lavil Ekwon, wa ki rete nan lavil Asdòd, 21 moun peyi Edon, moun peyi Moab ak moun Amon yo, 22 tout wa peyi Tir yo, wa peyi Sidon ak wa tout peyi ki lòt bò lanmè Mediterane a, 23 moun lavil Dedan, moun lavil Teman ak moun lavil Bouz, ansanm ak tout moun ki koupe cheve nan tèt yo kout, 24 tout wa peyi Arabi yo, tout wa ki rete nan dezè bò solèy kouche a, 25 tout wa Zimri yo, tout wa Elam yo ak tout wa Medi yo, 26 tout wa ki sou bò nò yo, sa ki lwen yo ak sa ki pre yo, yonn apre lòt. Tout nasyon ki sou latè gen pou bwè ladan l'. Apre yo tout, se va tou pa wa lavil Babilòn lan pou l' bwè ladan l' tou. 27 Apre sa, Seyè a di m' konsa: W'a di yo men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay. Se pou yo bwè pou yo sou, jouk yo vonmi. Y'a tonbe, yo p'ap ka leve lè y'a wè lagè m'ap voye sou yo a. 28 Si yo ta rive refize pran gode a nan men ou pou yo pa bwè ladan l', w'a di yo: Seyè ki gen tout pouvwa a di wè pa wè se pou yo bwè l'.

Jeremiah 48:26

26 Seyè a di ankò: -Fè lavil Moab sou, paske li te kenbe tèt avè m'. Se pou Moab woule nan vonmi l'. Li menm tou, se pou yo pase l' nan rizib.

Lamentations 2:15-16

15 Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a! 16 Tout lènmi ou yo ap pale ou mal byen fò. Y'ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje bouch yo sou ou. Y'ap di: -Nou fini avè l'! Men jou nou t'ap tann lan! Nou jwenn li jòdi a!

Ezekiel 22:4-5

4 Poutèt tout krim ou fè yo, ou antò. Avèk tout zidòl w'ap sèvi yo, ou pa nan kondisyon sèvi Bondye. Ou fè jou pa ou la pwoche, ou fè lè ou la rive! Se poutèt sa mwen kite nasyon yo pase ou nan betiz, tout moun ap lonje dwèt sou ou. 5 Nan peyi pre ak nan peyi lwen, y'ap pase ou nan rizib. Ou se yon lavil ki gen move non, yon lavil plen dezòd.

Ezekiel 25:6

6 Men sa Seyè sèl Mèt la di: Nou te bat men, nou te danse tèlman nou te kontan, paske, nan kè nou, nou pa vle wè peyi Izrayèl la.

Ezekiel 26:2

2 -Nonm o! Lavil Tir pa t' manke kontan. Men sa li t'ap di sou lavil Jerizalèm: Li fini! Li pa ka fè gwo kòmès li te konn fè anvan an. Koulye a, wout kòmès la louvri gran louvri pou mwen. Pa gen anyen lavil Jerizalèm ankò.

Ezekiel 35:15

15 menm jan nou te kontan wè peyi moun Izrayèl yo, peyi moun ki rele m' pa m' yo, tounen yon dezè. Tout mòn Seyi yo, wi, tout peyi Edon an, pral tounen dezè. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ezekiel 36:3

3 Se poutèt sa, bay mesaj sa a. Fè yo konnen sa mwen menm, Seyè sèl Mèt la, voye di yo: Lè nasyon ki sou fwontyè nou yo te anvayi peyi Izrayèl la pou yo te piye l', pou yo pran l' pou yo, tout moun t'ap pale sou nou, yo t'ap pase nou nan betiz.

Micah 7:8

8 Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa koulye a, Seyè a va yon limyè pou nou.

Matthew 20:22-23

22 Jezi reponn li? Nou pa konnen sa n'ap mande la a. Eske nou kapab bwè nan menm gode doulè mwen gen pou m' bwè a? Yo di li: Nou kapab. 23 Jezi reponn yo: Se vre. n'a bwè nan gode m' lan. Men, kanta pou chita sou bò dwat osinon sou bò gòch mwen an, se pa mwen ki bay sa. Plas sa yo, Papa m' rezève yo pou moun li vle.

Revelation 16:19

19 Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l' bwè diven ki nan gode l' la, diven gwo kòlè l' la.

Revelation 18:6

6 Se pou n' aji avè l' menm jan li te aji avèk nou. Pou tou sa li fè yo, n'a peye l' de fwa lavalè. Plen gode l' ak yon gwòg de fwa pi fò pase sa l' te pare pou nou an.

Isaiah 51:22

22 Seyè a, Bondye nou an, pale. Men sa Bondye k'ap pran defans pèp li a di: -Mwen pral wete nan men nou gode mwen te ban nou bwè nan kòlè mwen an. Nou p'ap gen pou nou bwè ankò nan gode k'ap fè nou sou a.

Jeremiah 25:15-16

15 Men sa Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, di m': -Men yon gode plen diven kòlè Bondye nan men m'. Pran li, pote l' bay tout moun nan peyi kote m'ap voye ou yo pou yo bwè. 16 Y'a bwè, pye yo ap trese, y'a pèdi tèt yo lè y'a wè lagè m'ap voye nan mitan yo.

Jeremiah 25:27

27 Apre sa, Seyè a di m' konsa: W'a di yo men lòd Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la bay. Se pou yo bwè pou yo sou, jouk yo vonmi. Y'a tonbe, yo p'ap ka leve lè y'a wè lagè m'ap voye sou yo a.

Habakkuk 2:16

16 Moun p'ap fè lwanj pou yo. Okontrè, yo pral trennen yo nan labou. Se yo menm ki pral bwè pou yo sou jouk y'a mete yo toutouni devan tout moun tou. Seyè a nan kòlè li pral fè yo bwè gode chatiman li pare pou yo a. Yo t'ap chache lwanj? Se wont y'a wont pito.

Psalms 75:8

8 Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt.

Revelation 18:7

7 Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fè l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn.

Leviticus 24:15

15 Apre sa, w'a pale ak moun pèp Izrayèl yo, w'a di yo: Lè yon moun derespekte Bondye, se pou l' peye pou sa l' fè a.

Numbers 14:34

34 Nou menm, n'a peye konsekans peche nou an pandan karant lanne, yon lanne pou chak jou nan karant jou nou te pase ap vizite peyi a. Lè sa a, n'a konnen sa sa vle di lè m' vire do bay moun.

Numbers 18:22

22 Moun pèp Izrayèl yo pa janm bezwen preche bò Tant Randevou a. Konsa, yo p'ap rive fè yon peche ki pou ta fè yo mouri.

Nehemiah 9:26

26 Men, yo rete konsa, yo vire do ba ou, yo fè wondonmon. Yo pran lalwa ou la, yo voye l' jete dèyè do yo. Yo touye pwofèt ou te voye ak mesaj pou ba yo avètisman pou yo te ka tounen vin jwenn ou. Se pa ti kras manke yo te manke ou dega!

Isaiah 17:10

10 Nou menm pèp Izrayèl, nou te bliye Bondye ki te delivre nou an. Nou pa t' chonje Bondye ki te pwoteje nou an. Se poutèt sa n'ap plante bèl ti jaden sou kote pou fè sèvis pou zidòl moun lòt nasyon yo.

Jeremiah 2:32

32 Eske yon jenn fi ka bliye bijou li yo? Eske yon lamarye ka bliye rad nòs li? Men, pèp mwen an bliye m', m' pa ka konte depi kilè.

Jeremiah 3:21

21 Yo tande yon sèl rèl sou tèt mòn yo: Se pèp Izrayèl la k'ap kriye, k'ap rele. Paske yo fin pèdi tèt yo, yo bliye Seyè a, Bondye yo a.

Jeremiah 13:25

25 Seyè a di: Men sa k'ap tann nou. Men sa mwen deside fè nou paske nou te bliye m', nou t' al mete konfyans nou nan fo bondye.

Jeremiah 23:27

27 Yo konprann yo ka fè pèp la bliye m' ak bann rèv y'ap plede rakonte yo, menm jan zansèt yo te bliye m' pou y' al dèyè Baal?

Jeremiah 32:33

33 Yo vire do ban mwen. Malgre mwen pa t' janm sispann montre yo sa pou yo fè, yo pa t' vle koute m', yo pa vle aprann.

Ezekiel 7:4

4 Mwen p'ap gen pitye pou nou. Mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Konsa n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ezekiel 22:12

12 Genyen k'ap touye moun pou lajan. Gen lòt ankò k'ap bay frè parèy yo ponya, y'ap mande yo enterè pou lajan yo prete yo. Y'ap pran tou sa frè parèy yo genyen pa fòs. Men mwen menm, yo bliye m'. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Ezekiel 23:45-49

45 Men, gason ki mache dwat yo pral jije yo tankou yo jije fanm k'ap fè adiltè epi k'ap touye moun, paske yo fè adiltè, yo touye moun. 46 Men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: Sanble yon foul moun pou mache sou yo, pou fè yo pè, pou piye tou sa yo genyen! 47 Se pou foul moun yo kalonnen yo wòch jouk yo touye yo. Se pou yo depatcha yo ak nepe, touye pitit gason ak pitit fi yo, lèfini pou yo mete dife nan kay yo. 48 Nan tout peyi a, m'ap fè moun sispann fè libètinaj. Sa va sèvi yon avètisman pou tout medam yo, pou yo pa fè tankou nou. 49 Pou nou menm, de sè sa yo, mwen pral pini nou pou libètinaj nou. M'ap fè nou peye peche nou fè lè nou t'ap sèvi zidòl yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a ki sèl Mèt.

Ezekiel 44:10

10 Seyè a di m' ankò: Lè moun pèp Izrayèl yo te vire do ban mwen pou y' al sèvi zidòl yo, moun Levi yo te mete tèt yo ansanm ak pèp la. Se poutèt sa mwen pral pini yo pou sa yo fè a.

Hosea 8:14

14 Moun Izrayèl yo bliye moun ki te fè yo a. Y'ap bati gwo palè. Moun Jida yo menm ap bati gwo lavil ak miray ranpa pou pwoteje yo. Men mwen menm, m'ap voye dife nan lavil yo. Dife a ap boule tout palè yo ak tout gwo kay yo.

Hosea 13:6

6 Men, lè yo rive nan peyi ki gen bon tè a, yo manje plen vant yo, lògèy vire tèt yo, se konsa yo bliye m'.

Romans 1:28

28 Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè.

Isaiah 58:1

1 Seyè a di m' konsa: -Rele ak tout fòs ou, rele mezi ou kapab! Fè vwa ou sonnen tankou klewon! Fè pèp mwen an konnen tout mechanste li fè yo! Fè moun fanmi Jakòb yo konnen tout peche yo te fè!

Jeremiah 1:10

10 Jòdi a, m'ap ba ou otorite sou pèp yo ak sou gouvènman yo, pou ou derasinen, pou ou koupe, pou ou kraze, pou ou demoli, pou ou bati, pou ou plante.

Jeremiah 11:14

14 Ou menm, Jeremi, ou pa bezwen vin plede pou moun sa yo. Ou pa bezwen plenyen pou yo, ni ou pa bezwen lapriyè pou yo. Paske y'a rele nan pye m' lè malè a va rive sou yo, mwen p'ap tande yo.

Jeremiah 14:11

11 Apre sa, Seyè a di m' konsa: -Pa vin mande m' pou m' fè anyen pou pèp sa a.

Ezekiel 16:2

2 -Nonm o! Fè moun lavil Jerizalèm yo rekonèt tout vye bagay derespektan yo te fè yo.

Ezekiel 20:4

4 Nonm o! Eske ou pare pou ba yo santans yo? Eske ou pare? Fè yo chonje tout vye krim zansèt yo te konn fè.

Ezekiel 22:2

2 -Nonm o! Eske ou vle jije lavil ki renmen fè san koule a? W'a fè l' konnen tout vye bagay derespektan li te fè yo.

Micah 3:8-11

8 Men, pou mwen menm, Miche, Seyè a voye lespri l' sou mwen, li ban mwen fòs, li ban mwen pouvwa pou m' konnen sa ki dwat. Li ban mwen kouraj pou m' kanpe denonse fòfè pitit Jakòb yo, pou m' di pèp Izrayèl la nan figi l' sa l'ap fè ki mal la. 9 Wi, koute m' non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l' di sa nou vle. 10 Se sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm. 11 Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou!

Matthew 23:13-35

13 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou fèmen pòt ki mennen nan Peyi Wa ki nan syèl la pou pesonn pa antre. Nou menm, nou pa antre ladan li. Lèfini, moun ki ta vle antre, nou enpoze yo antre. 14 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap piye pòv vèv yo nèt ale, an menm tan n'ap plede fè lapriyè byen long pou parèt pi bon. Se poutèt sa, kondannasyon nou pral pi rèd toujou. 15 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! N'ap vwayaje toupatou sou lanmè ak sou latè pou nou ka konvèti yon moun lòt nasyon nan relijyon nou an. Lè nou resi jwenn yonn, nou fè l' tounen yon pitit Satan de fwa pi mechan pase nou. 16 Malè pou nou, avèg k'ap kondi moun! Nou di konsa: Yon moun te mèt sèmante sou tanp lan, li pa bezwen kenbe pawòl li pou sa. Men, si l' sèmante sou lò ki nan tanp la, se pou l' kenbe pawòl li. 17 Bann egare, bann moun je pete! Kisa ki pi konsekan: lò a osinon tanp lan kote yo fè lò a sèvi pou Bondye? 18 Nou di ankò: O wi, si yon moun sèmante sou lòtèl la, se pa anyen sa. Li pa bezwen kenbe pawòl li. Men, si l' sèmante sou ofrann ki sou lòtèl la, se pou l' kenbe pawòl li. 19 Bann je pete! Kisa ki pi konsekan: ofrann lan osinon lòtèl la kote yo mete ofrann lan apa pou Bondye? 20 Se sa ki fè, moun ki sèmante sou lòtèl la, li sèmante sou lòtèl la ansanm ak tou sa ki sou li. 21 Moun ki sèmante sou tanp lan, li sèmante sou tanp lan ansanm ak sou Bondye ki rete nan tanp lan. 22 Moun ki sèmante sou syèl la, li sèmante sou fotèy kote Bondye chita a ansanm ak sou Bondye li menm ki chita sou fotèy la. 23 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou bay Bondye ladim nan rekòt pye mant, pye ani etwale ak pye pèsi, men, nou neglije bagay ki pi konsekan nan lalwa a: n'ap fè lenjistis, nou pa gen kè sansib, nou pa kenbe pawòl nou. Men sa pou n' te fè san nou pa neglije lòt bagay yo. 24 Nou menm k'ap kondi pèp la, nou se yon bann avèg pou tèt pa nou. Nou pase lèt la nan paswa pou nou wete ti mouch ki tonbe ladan li. Men, nou vale yon chwal! 25 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la byen netwaye. Men, anndan yo plen ak bagay nou pran nan vòlò, nan fè visye. 26 Farizyen avèg! Pwòpte anndan gode a ak anndan plat la anvan. Se lè sa a deyò yo va pwòp tou. 27 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Nou sanble tonm yo blanchi nan simityè. Deyò yo parèt byen bèl, anndan yo plen ak zosman mò ak tout kalite vye bagay pouri. 28 Konsa tou, sou deyò nan je moun, nou sanble moun k'ap mache dwat devan Bondye. Men anndan kè nou, nou plen ipokrizi ak mechanste. 29 Malè pou nou, nou menm dirèktè lalwa ak farizyen, bann ipokrit! Gade, n'ap bati bèl tonm pou pwofèt yo, nou mete flè sou kavo moun ki te mache dwat devan Bondye yo. 30 Epi n'ap di: Si nou te viv nan tan zansèt nou yo, nou pa ta dakò ak yo lè yo t'ap touye pwofèt yo. 31 Lè nou di sa, nou admèt nou menm tou se pitit pitit moun ki te ansasinen pwofèt yo nou ye. 32 Konsa, nou mèt fin fè sa zansèt nou yo te kòmanse fè a. 33 Bann rize, bann vèmen! Kouman n'a fè chape anba chatiman lanfè a? 34 Se poutèt sa, men sa ki genyen: mwen pral voye pwofèt, moun ki gen bon konprann ak dirèktè lalwa ban nou. Nou pral touye kèk, gen ladan yo n'ap kloure sou kwa, gen ladan yo n'ap bat ak fwèt nan sinagòg nou yo, n'ap pousib yo soti yon lavil al nan yon lòt. 35 Konsa, n'ap reskonsab san tout inonsan ki koule sou latè, depi san Abèl, nonm ki te fè sa ki byen devan Bondye a, jouk san Zakari, pitit Barachi, moun nou te ansasinen ant lòtèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan.

Luke 11:39-52

39 Men, Jezi di li: Nou menm farizyen, se konsa nou ye. Nou netwaye tout deyò gode a ak deyò plat la, men anndan kè nou se lide vòlò ak mechanste ase ki genyen. 40 Bann egare! Bondye ki fè deyò a, se li menm ki fè anndan an tou. 41 Pito nou bay pòv tou sa ki nan gode nou yo ak nan plat nou yo. Lè sa a, anyen nan tou sa nou genyen p'ap mete nou nan kondisyon pou nou pa ka sèvi Bondye. 42 Malè pou nou, farizyen! Nou bay Bondye ladim nan donn ti pye mant, pye sitwon ak pye legim. Men, nou pa fè sa ki dwat devan Bondye, nou pa renmen Bondye. Okontrè, se sa pou n' te fè san nou pa bliye fè lòt bagay yo tou. 43 Malè pou nou, farizyen! Nan sinagòg yo, nou renmen chita kote pou tout moun wè nou, nou renmen pou moun bese jouk atè pou di nou bonjou sou plas piblik. 44 Malè pou nou! Paske, nou tankou tonm ki ra tè: moun ap mache sou yo san yo pa konnen. 45 Yonn nan dirèktè lalwa yo pran lapawòl, li di Jezi konsa: Mèt, lè ou pale konsa, ou joure nou tou wi. 46 Epi Jezi reponn li: Malè pou nou tou, nou menm dirèktè lalwa yo! N'ap chaje moun ak chay ki twò lou pou pote. Men nou menm, nou pa menm manyen l' ak ti dwèt nou. 47 Malè pou nou! N'ap bati bèl tonm pou pwofèt zansèt nou yo te touye. 48 Lè nou fè sa, nou admèt zansèt nou yo te byen fèt; nou dakò ak yo: yo menm yo te touye pwofèt yo, nou menm n'ap bati tonm pou yo. 49 Se poutèt sa Bondye te di nan bon konprann li: M'ap voye pwofèt avèk apòt ba yo; y'a touye kèk ladan yo, y'a pèsekite lòt yo. 50 Se konsa moun alèkile yo ap reskonsab pou san tout pwofèt ki te koule depi lè Bondye te fin kreye latè; 51 wi, depi san Abèl jouk san Zakari yo te touye ant lotèl la ak kote ki rezève apa pou Bondye nan tanp lan. Wi. Se mwen k'ap di nou sa: Y'a mande moun alèkile yo kont pou tout krim sa yo. 52 Malè pou nou, nou menm direktè lalwa yo! Nou pran kle ki pou louvri pòt kay konesans la: nou menm nou pa antre ladann, epi moun ki ta vle antre, nou anpeche yo antre.

Acts 7:51-53

51 Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo. 52 Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t' pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Koulye a, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye. 53 Se nou menm ki te resevwa lalwa Moyiz nan men zanj Bondye yo, epi se nou menm ankò ki pa obeyi li.

1 Corinthians 6:2-3

2 Kouman? Se konnen nou pa konnen moun ki fè pati pèp Bondye a gen pou jije moun ki nan lemonn yo? Si nou gen pou nou jije moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo, ki jan nou fè pa kapab jije bagay ki pi piti pase sa? 3 Se konnen nou pa konnen nou gen pou n' jije ata zanj Bondye yo tou? Se pa ti bagay k'ap pase sou latè sa a pou n' pa ta kapab jije.

Leviticus 18:21

21 Piga ou janm bay yonn nan pitit fi ou yo tankou ofrann pou yo boule bay zidòl yo rele Molòk la, paske lè sa a w'a fè yo derespekte non Bondye. Se mwen menm ki Seyè a.

Leviticus 20:2-5

2 -Men sa pou ou di moun pèp Izrayèl yo: Depi yon moun bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis zidòl Molòk, li te mèt moun peyi a osinon moun lòt nasyon k'ap viv nan peyi a, se pou yo touye l'. Wi, tout moun nan peyi a va kalonnen l' wòch jouk li mouri. 3 Mwen menm bò pa m', mwen p'ap okipe l' ankò, m'ap wete l' nan mitan pèp mwen an. Paske li te bay yonn nan pitit li yo pou sèvi nan sèvis Molòk, li mete kay ki apa pou mwen an nan kondisyon yo pa ka fè sèvis ladan l' pou mwen, li derespekte non mwen. 4 Men, si moun ki nan peyi a fèmen je yo sou sa nonm lan fè a, lè li te bay pitit li pou fè sèvis pou Molòk la, si yo pa touye l', 5 se mwen menm ki p'ap okipe l' ankò, li menm ak tout fanmi l'. M'ap wete yo nan mitan pèp mwen an, ni li, ni nenpòt lòt moun k'ap vire do ban mwen tankou l' pou y al sèvi Molòk.

Deuteronomy 12:31

31 Se pa konsa pou n' aji ak Seyè a, Bondye nou an. Paske, Seyè a pa ka sipòte tout vye sèvis y'ap fè pou bondye sa yo. Yo menm rive pran pwòp pitit gason ak pitit fi yo pou yo boule nan dife pou bondye yo!

2 Kings 17:17

17 Yo bay pitit fi ak pitit gason yo pou boule pou bondye lòt nasyon yo, y' al dèyè divinò ak chòche. Yo vann tèt yo, yo lage kò yo nan fè sa ki mal nan je Seyè a, pou yo te ka fè l' move jouk li pa kapab ankò.

2 Kings 21:6

6 Li bay pitit gason l' pou yo boule sou lotèl pou zidòl yo. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive, li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal nan je Seyè a pou l' te fè l' move jouk li pa kapab ankò.

2 Kings 24:4

4 ak pou kantite moun inonsan li te touye jouk tout lari Jerizalèm te plen san. Seyè a pa t' vle padonnen ankò.

Isaiah 1:15

15 Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!

Jeremiah 7:6

6 Pa pwofite sou moun lòt nasyon yo, sou timoun ki san papa yo, sou fanm ki pèdi mari yo. Sispann fè san moun inonsan koule nan peyi a. Pa kouri dèyè lòt bondye yo. Se va pou malè nou.

Jeremiah 7:9

9 Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan.

Jeremiah 7:31

31 Nan Fon Benninon an, yo bati yon lotèl yo rele Tofèt pou yo ka boule pitit gason ak pitit fi yo nan dife sou li. Sa se bagay mwen p'ap mande yo fè, bagay ki pa janm vin nan lide m' pou m' mande yo fè.

Jeremiah 32:35

35 Yo bati lotèl pou Baal nan Fon Benninon an, yo ofri pitit gason yo ak pitit fi yo pou yo touye pou Molòk, bagay mwen pa t' janm ba yo lòd fè, bagay ki pa t' janm vin nan lide m'. Lè yo fè bagay degoutan sa a, yo fè pèp Jida a tonbe nan peche.

Ezekiel 16:20-21

20 Apre sa, ou pran pitit gason ak pitit fi ou te fè pou mwen yo, ou al ofri yo bay zidòl yo pou zidòl yo te manje yo. Sa pa t' ase pou ou te lage kò ou nan tout dezòd sa yo 21 kifè ou te bezwen koupe kou pitit mwen yo, lèfini pou ou te boule yo nan dife pou zidòl ou yo?

Ezekiel 16:32

32 Ou te tankou yon madan marye ki nan dezòd, ki pito fè bèl ak lòt gason pase pou li renmen mari l'.

Ezekiel 16:45

45 Wi, ou se pitit manman ou vre. Li pa t' vle wè ni mari l' ni pitit li yo. Ou menm moun ak sè ou yo. Yo menm tou, yo pa t' vle wè ni mari yo, ni pitit yo. Se yon fanm peyi Et ki te manman nou tout. Se yon moun peyi Amori ki te papa nou.

Ezekiel 20:26

26 Mwen kite yo avili tèt yo ak ofrann y'ap fè yo, mwen kite yo boule premye pitit gason yo pou zidòl yo. Se pou m' te ka fè yo pè, pou m' te ka fè yo konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ezekiel 20:31

31 Jouk jòdi a, n'ap fè ofrann bay yo, n'ap bay pitit nou pou yo boule pou zidòl yo. N'ap plede avili tèt nou ak tout vye zidòl sa yo. Lèfini, pou m' ta kite nou vin mande mwen kisa mwen vle nou fè ankò? Jan nou konnen mwen vivan vre a, mwen p'ap penmèt nou mande m' anyen! Se mwen menm, Seyè ki sèl Mèt la, ki di sa!

Ezekiel 22:2-4

2 -Nonm o! Eske ou vle jije lavil ki renmen fè san koule a? W'a fè l' konnen tout vye bagay derespektan li te fè yo.

Ezekiel 23:4-5

4 Pi gran an te rele Ola, pi piti a Oliba. Ola se peyi Samari, Oliba se peyi Jerizalèm. Mwen marye ak tou de, yo fè pitit gason ak pitit fi pou mwen. 5 Men, atout Ola te madanm mwen, li lage kò l' nan dezòd. Li t'ap mouri pou moun peyi Lasiri, vwazen l' yo. Li fè zafè ak yo.

Ezekiel 23:39

39 Menm jou yo touye pitit yo pou zidòl yo, yo vin nan tanp mwen an pou yo derespekte l'. Men sa yo fè anndan kò kay mwen an.

Ezekiel 24:6-9

6 Men sa Seyè sèl Mèt la di apre sa: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chodyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l'. 7 Li fè anpil san koule nan mitan li. Men, san an pa koule atè pou pousyè te kouvri l'. San an koule sou wòch. 8 Mwen kite san an la sou wòch yo, kote yo pa ka kouvri l', pou l' ka mande revanj paske sa fè m' fache anpil. 9 Men sa Seyè sèl Mèt la di: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a. Se mwen menm ki pral fè yon gwo pil bwa.

Hosea 1:2

2 Premye fwa Seyè a t'ap bay Oze mesaj pou pèp Izrayèl la, li di l' konsa: -Leve non! Al marye ak yon fanm jennès nan san ki pral twonpe ou. Kanta pou pitit w'ap gen avè l' yo, y'ap gen menm san jennès la tou. Se konsa pèp la vire do ban mwen. Yo pa kenbe pawòl yo te gen avè m'.

Hosea 3:1

1 Seyè a pale ak mwen ankò, li di m' konsa: -Ale non, Oze! Al renmen yon fanm k'ap fè adiltè sou mari l' ak yon lòt gason. Se pou ou renmen l' menm jan mwen menm, Seyè a, mwen renmen pèp Izrayèl la, atout l'ap vire do ban mwen al jwenn lòt bondye, atout li renmen ofri gato rezen ba yo.

Hosea 4:2

2 Se fè sèman pou gremesi, se bay manti. Se touye moun, se vòlò, se fè adiltè. Y'ap kraze gason, se krim sou krim.

Micah 3:10

10 Se sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm.

Luke 13:34

34 Jerizalèm, Jerizalèm, ou menm k'ap touye pwofèt yo, k'ap touye moun Bondye voye ba ou yo ak kout wòch, depi lontan mwen te vle sanble moun ou yo tankou yon manman poul sanble ti pitit li yo anba zèl li, men ou pa t' vle!

2 Kings 21:4

4 Li menm rive bati lotèl pou zidòl anndan Tanp Seyè a, kote Seyè a te di se la l'ap rete lavil Jerizalèm.

2 Kings 21:7

7 Li te fè yon estati Achera, zidòl fanm lan, li mete l' nan Tanp lan, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon sou Tanp lan. Li te di yo: Se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.

2 Kings 23:11-12

11 Li wete chwal wa Jida yo te mete apa pou sèvis bondye Solèy la. Li boule cha ki te konn sèvi nan sèvis pou solèy la. Se nan yon pyès nan lakou tanp lan yo te ye, toupre pòtay la, bò kay kote Netanmelèk, nèg konfyans wa a, te rete. 12 Wa Jozyas demoli lotèl wa Jida yo te fè bati sou teras anwo apatman wa Akaz la, ansanm ak lotèl wa Manase te bati nan de lakou Tanp lan. Li kraze lotèl yo an miyèt moso, li voye yo jete nan fon Sedwon.

Nehemiah 13:17-18

17 Mwen rale zòrèy chèf peyi Jida yo, mwen di yo: -Ki kalite bagay lèd n'ap fè la a konsa! Gade jan n'ap derespekte jou repo Bondye a non! 18 Se sa menm zansèt nou yo te konn fè, kifè Bondye nou an te pini nou, li te kite tout malè sa yo tonbe sou nou ak sou lavil la. Koulye a n'ap fè Bondye pi fache toujou lè nou pa respekte jou repo li a!

Jeremiah 17:27

27 Tansèlman, si nou pa koute m', si nou pa mete jou repo a apa pou Bondye, si jou sa a nou pote chay, si nou kite moun antre nan pòtay lavil Jerizalèm yo ak chay, m'ap mete dife nan pòtay li yo. Dife a va boule tout gwo kay lavil Jerizalèm yo. Pesonn p'ap ka touye dife sa a.

Ezekiel 5:11

11 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape.

Ezekiel 7:20

20 Bèl bijou yo te genyen yo vire lòlòj yo. Yo sèvi ak yo pou fè estati zidòl, bagay ki derespektan, bagay mwen pa vle wè menm. Se poutèt sa, m'ap fè yo p'ap ka santi richès yo.

Ezekiel 8:5-16

5 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Vire je ou gade bò nan nò! Mwen vire je m' gade bò nan nò. Mwen wè toupre lotèl ki bò pòtay kote moun pase pou antre a, estati zidòl ki te lakòz Bondye ankòlè a. 6 Bondye di m' ankò: -Nonm o! Eske ou wè sa y'ap fè? Gade tout bagay derespektan moun pèp Izrayèl yo ap plede fè pou yo fè m' kite tanp mwen an. Ou gen pou wè bagay ki pi mal pase sa toujou. 7 Li pran m', li mennen m' nan pòtay ki bay sou lakou anndan an, li moutre m' yon twou nan miray la. 8 Li di m' konsa: -Nonm o! Fè yon gwo twou nan miray la. Mwen fè gwo twou a. Lèfini, mwen jwenn yon pòt. 9 Li di m' konsa: -Louvri pòt la antre! Gade tout kalite vye bagay derespektan moun sa yo ap fè la a! 10 Mwen antre, mwen gade. Tout miray la nèt te kouvri ak pòtre koulèv, pòtre tout kalite bèt yo pa gen dwa manje ak pòtre lòt vye zidòl moun pèp Izrayèl yo ap sèvi. 11 Swasanndis nan chèf fanmi pèp Izrayèl yo te kanpe la devan zidòl yo. Yonn ladan yo te Jazanya, pitit Chafan an. Yo chak te kenbe yon lansanswa nan men yo. Gwo lafimen lansan t'ap moute. 12 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa chèf fanmi pèp Izrayèl yo ap plede fè an kachèt? Yo rete ap fè sèvis nan yon chanm kay plen zidòl. Men eskiz yo bay: O wi! Bondye pa wè nou! Bondye vire do l' bay peyi a! 13 Apre sa, Seyè a di m' ankò: -Ou gen pou wè yo ap fè bagay ki pi derespektan toujou. 14 Lè sa a, li mennen m' bò pòtay nò tanp lan, li moutre m' yon bann fanm ki chita ap kenbe yon rèl lanmò pou zidòl yo rele Tamouz la. 15 Li di m' konsa: -Nonm o! Ou wè sa, pa vre? Ou gen pou ou wè gwo bagay pi derespektan ankò y'ap fè. 16 Li mennen m' nan lakou anndan tanp lan. Mwen wè vennsenk nèg konsa kanpe bò pòt pou antre nan kote ki apa nèt pou Seyè a, nan mitan lotèl la ak galeri a. Yo te bay tanp lan do. Fas yo vire bò solèy leve. Yo bese tèt yo byen ba, y'ap fè sèvis pou solèy la k'ap leve.

Ezekiel 20:13

13 Men, depi nan dezè a menm, moun Izrayèl yo t'ap kenbe tèt avè m'. Yo pa mache dapre lòd mwen ba yo, yo voye prensip mwen yo jete, prensip ki bay lavi depi yon moun swiv yo. Yo pa respekte jou repo m' yo menm. Lè sa a, mwen te fè lide pou m' te fè yo santi sa m' ta ka fè yo lè m' move: m' te ka disparèt yo tout la nan dezè a.

Ezekiel 20:24

24 Mwen fè sa paske yo te voye prensip mwen te moutre yo jete, yo pa t' mache dapre lòd mwen ba yo. Yo pa t' respekte jou repo m' yo tèlman yo pa t' vle lage zidòl papa yo te konn sèvi yo.

Ezekiel 22:8

8 Nou pa respekte kay yo mete apa pou mwen yo, ni jou repo m' yo.

2 Chronicles 33:4-7

4 Li menm rive bati lotèl pou zidòl nan Tanp Seyè a menm, kote Seyè a te di se la l'ap rete nan lavil Jerizalèm pou toutan. 5 Li fè bati lotèl nan de lakou tanp Seyè a pou tout zetwal ki nan syèl la. 6 Li ofri pitit gason l' pou yo boule sou lotèl zidòl yo nan Fon Inon an. Li lage kò l' nan li nwaj nan syèl la ak nan fè maji pou konnen sa ki gen pou rive. Li ankouraje divinò yo ak moun ki konn rele mò pou pale ak yo. Li donnen nan fè sa ki mal devan Seyè a pou l' te fè Seyè a move jouk li pa kapab ankò. 7 Li fè fè yon estati zidòl mete nan Tanp Seyè a, atout Seyè a te pale ak David ansanm ak Salomon, pitit li. Li te pale ak yo sou Tanp lan, li te di yo se isit lavil Jerizalèm, nan Tanp kote mwen te chwazi nan tout peyi douz branch fanmi pèp Izrayèl la, pou yo fè sèvis pou mwen.

Jeremiah 7:8-11

8 Men, nou chita ap kwè yon bann pawòl manti ki p'ap sèvi nou anyen. 9 Kouman nou ta vle sa? N'ap vòlò, n'ap touye moun, n'ap fè adiltè, n'ap fè sèman pou bay manti, n'ap fè ofrann pou yo boule pou Baal, n'ap kouri fè sèvis pou yon bann lòt bondye nou pa t' janm konnen anvan. 10 Lèfini, n'ap vin kanpe devan m' nan kay yo mete apa pou mwen an, n'ap plede di: Nou sove! Epi nou donnen pi rèd nan fè bagay mwen pa vle wè? 11 Sanble nou pran kay yo mete apa pou mwen an fè yon kachèt pou vòlò? Se sa mwen wè n'ap fè. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Jeremiah 11:15

15 Seyè a di ankò: -Pèp mwen renmen anpil la gen move lide dèyè tèt yo. Ki dwa yo genyen pou yo vin nan Tanp mwen an? Yo gen lè konprann yo ka egzante malè k'ap vin sou yo a avèk bèl pwomès y'ap fè m' yo, yo ka chape anba l' avèk vyann anpil bèt y'ap ofri pou mwen yo, apre sa pou y' al pran plezi yo?

Jeremiah 23:11

11 Seyè a di ankò: -Pwofèt yo ansanm ak prèt yo, se yon bann moun ki pa konn Bondye. Mwen bare yo ap fè sa ki mal nan Tanp lan menm.

Ezekiel 23:38

38 Se pa sa ase yo fè m'. Menm lè sa a, yo derespekte tanp mwen an. Yo pa respekte regleman jou repo m' yo.

Ezekiel 44:7

7 Yo derespekte Tanp mwen an, yo kite moun lòt nasyon ki pa pote mak kontra mwen an nan kò yo, ni ki pa soti pou fè volonte m', antre nan Tanp lan lè y'ap ofri grès ak san bèt yo touye pou mwen yo. Se konsa yo kase kontra mwen te pase ak yo a. Yo fè yon bann vye bagay derespektan ki pa fè m' plezi.

Micah 3:11

11 Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou!

John 18:28

28 Apre sa, soti kay Kayif, yo mennen Jezi nan palè Gouvènè a. Se te granmtimaten. Men, jwif yo pa t' antre nan palè a. Yo pa t' vle mete tèt yo nan kondisyon pou yo pa ka fè sèvis Bondye yo. Sa ta ka anpeche yo manje manje Delivrans lan.

Ruth 3:3

3 Al benyen. Mete odè sou ou, mete pi bèl rad ou sou ou. Epi ale bò glasi a, kote y'ap vannen an. Men, pa kite Bòz konnen ou la. W'a tann li fin manje, li fin bwè diven anvan.

2 Kings 9:30

30 Jeou rive lavil Jizreyèl. Lè Jezabèl vin konn sa, li pase fa bò je li, li ranje tèt li, l' al kanpe bò yon fennèt ap gade.

2 Kings 20:13-15

13 Ezekyas te kontan jès la. Li moutre mesaje wa Babilòn te voye yo tout richès li yo: pyès an ajan, lò, epis, boutèy odè, zam ansanm ak tout lòt bagay li te gen nan depo l' yo. Li fè yo wè dènye bagay li te gen lakay li ak nan tout peyi a. 14 Lè sa a, pwofèt Ezayi al jwenn wa Ezekyas, li mande l': --Kote mesye sa yo soti? Kisa yo di ou? Ezekyas reponn: --Yo soti nan yon peyi byen lwen, yo soti nan peyi Babilòn. 15 Ezayi di l' konsa: --Kisa yo wè nan palè a? Ezekyas reponn: --Yo wè tout sa ki nan palè a. Mwen fè yo wè dènye bagay mwen gen nan depo m' yo.

Esther 2:12

12 Yo te pran yon lanne nèt pou pare jenn fi yo. Yo pase sis mwa ap pran masaj ak lwil fèt ak lami, sis mwa ak odè ansanm ak krèm fèt pou madan marye. Apre sa, yo mennen jenn fi yo yonn apre lòt al jwenn wa Asyeris.

Proverbs 7:10

10 Madanm lan menm vin kontre li. Li te abiye tankou yon jennès, ak tout plan l' dèyè tèt li.

Isaiah 3:18-23

18 Jou sa a, Bondye va wete tout bijou yo gen sou yo: braslè yo mete nan pye yo, bando yo mare nan tèt yo, meday yo mare sou fwon yo, 19 zanno, braslè yo mete nan bra yo, ak vwal yo mete sou tèt yo, 20 mouchwa yo mare tèt yo, ti chenn yo mete nan pye yo, bèl senti yo, poban odè yo, bwòch yo, 21 bag yo, zanno pou nen yo, 22 bèl rad swa yo, foula yo, chal yo, bous yo, 23 glas yo, rad twal fin yo, madras yo ak vwal dantèl yo mete sou tèt yo.

Isaiah 57:9

9 Nou mete odè sou nou, nou pati al fè sèvis pou Molòk. Nou mete tout kalite odè sou nou. Nou voye mesaje byen lwen al chache zidòl pou nou. Nou voye yo jouk nan peyi kote mò yo ye a.

Jeremiah 4:30

30 Ou menm, lavil Jerizalèm, ou fini! Kisa ou ka fè? W'ap mete bèl rad wouj sou ou? W'ap mete tout bijou ou yo? W'ap pentire po je ou? Ou mèt fè ou bèl, sa p'ap sèvi ou anyen. Se meprize moun ki te renmen ou yo ap meprize ou! Yo soti pou yo touye ou.

Ezekiel 16:13-16

13 Ou te plen bijou lò ak bijou ajan. Ou te toujou mete bèl rad twal fin ak rad swa byen bwode sou ou. Ou manje pen ki fèt ak pi bon kalite farin ansanm ak siwo myèl ak lwil. Chak jou ou vin pi bèl, jouk ou rive larenn. 14 Nan tout lòt nasyon yo, yo t'ap nonmen non ou pou jan ou te bèl. Pou bèl ou pa t' ka pi bèl pase sa paske se mwen menm ki te fè ou bèl konsa. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa. 15 Men, ou kite bèlte ou la fè ou pèdi tèt ou. Ou pwofite dèske tout moun ap nonmen non ou lan pou ou lage kò ou nan dezòd, ou kouche ak dènye moun k'ap pase. Ou lage kò ou ba yo. 16 Ou pran bèl rad koulè ou yo, ou dekore kote w'ap fè sèvis pou lòt bondye sou tèt mòn yo. Tankou yon fanm k'ap fè jennès, ou kouche la ak dènye moun ki vini.

Esther 1:6

6 Lakou palè a te dekore ak bèl rido koulè blan ak ble. Yo te mare rido yo ak bèl ti kòdon koulè violèt nan bag fèt an ajan moute sou gwo poto fèt an mab. Yo te ranje bèl ti kabann fèt an lò ak an ajan nan tout lakou a. Lakou a te pave ak mab blan, mab wouj, mab nwa, gwo pèl klere, ak bèl pye ble.

Proverbs 7:16-17

16 Mwen ranje kabann mwen ak bon jan dra. Mwen mete bèl dra koulè ki soti peyi Lejip sou kabann mwen. 17 Mwen fè kabann mwen santi bon. Mwen vide odè flè jasmen, womaren ak kannèl sou li.

Isaiah 57:7

7 Nou moute sou yon gwo mòn byen wo pou n' al kouche ak fanm, pou n' al touye bèt nou ofri bay zidòl yo.

Isaiah 65:11

11 Men pou nou menm ki vire do bay Seyè a, nou menm ki bliye mòn ki apa pou mwen an, epi ki al fè sèvis manje pou Gad, ki al fè ofrann bwason pou Mini,

Jeremiah 44:17

17 N'ap toujou fè sa nou te pwomèt fè a. N'ap ofri lansan ak diven bay Astate, larenn syèl la, jan nou te toujou fè l' jouk jòdi a, menm jan zansèt nou yo, wa nou yo ak chèf nou yo te konn fè l' nan lavil peyi Jida yo ak nan tout lari Jerizalèm. Lè sa a, nou te gen kont manje pou n' manje, tout zafè nou te mache byen. Nou pa t' gen pwoblèm.

Ezekiel 16:18-19

18 Ou biye estati ou yo ak bèl rad bwode mwen te ba ou yo. Ou pran lwil ak lansan ki te pou mwen yo, ou ofri yo bay estati ou yo. 19 Mwen te ba ou pi bon kalite farin pou fè pen pou ou manje ansanm ak siwo myèl ak lwil. Ou pran yo, ou ofri yo bay zidòl ou yo, ou boule yo nan dife pou yo te ka ba ou chans. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di wi, se sa ou fè.

Ezekiel 44:16

16 Se yo menm ase ki pou antre nan Tanp mwen an, ki pou sèvi devan lotèl mwen an, ki pou fè sèvis pou mwen nan Tanp lan.

Hosea 2:8-9

8 Pèp Izrayèl la pa t' rekonèt se mwen menm ki te ba li farin, diven ak lwil. Ata lò ak ajan, se mwen ki te ba li yo an kantite. Men, li pran yo pou fè sèvis Baal. 9 Se poutèt sa, lè sezon rekòt la rive, m'ap reprann farin ak diven mwen te ba li a. M'ap reprann twal lenn ak twal fin mwen te ba li pou fè rad met sou li.

Amos 2:8

8 Yo kouche bò lotèl yo sou rad moun te mete nan plan lakay yo. Nan tanp bondye yo a y'ap bwè bweson yo te fè moun bay pou amann.

Amos 6:4

4 Sa pral rèd nèt pou moun ki kouche sou bèl kabann, k'ap layite kò yo sou bon matla dous, k'ap manje jenn ti mouton ak jenn ti bèf!

Malachi 1:7

7 Men ki jan: nou pran manje ki pa bon pou fè sèvis pou mwen, nou ofri l' sou lotèl la ban mwen. Epi n'ap di: nou pa wè ki jan nou derespekte ou la a? Mwen menm, mwen di nou se lè nou di lotèl Seyè a pa merite yo respekte l'.

Genesis 24:30

30 Li te wè zanno a nan nen sè li ak braslè yo nan bra l', li te tande l' ap rakonte sa nonm lan te di l'. Lamenm li al jwenn nonm lan ki te kanpe bò sous la ansanm ak chamo l' yo.

Exodus 32:6

6 Nan denmen maten yo leve byen bonè, yo touye bèt, yo boule yo nèt ofri bay Seyè a. Yo touye lòt bèt tou pou di l' mèsi. Apre sa, pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pou yo pran plezi yo.

Exodus 32:18-19

18 Men Moyiz reponn li: -Non! Non! Kalite chante sa a, se pa chante moun ki genyen yon batay ni chante moun ki pèdi batay. Se de gwoup moun k'ap chante: yonn ap reponn lòt. 19 Lè Moyiz rive toupre kan an, li wè estati ti towo bèf la ak moun yo ki t'ap danse. Moyiz fè yon sèl kòlè, li voye ròch plat ki te nan men l' yo jete. Yo tonbe, y al kraze an miyèt moso anba pye mòn lan.

Job 1:15

15 lè yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.

Ezekiel 16:11-12

11 Mwen kouvri ou ak bijou, mwen mete braslè nan ponyèt ou, m' pase bèl chenn nan kou ou. 12 Mwen mete yon grenn zanno nan nen ou, yon pè zanno nan zòrèy ou ak yon bèl kouwòn sou tèt ou.

Joel 3:8

8 Mwen pral vann pitit gason ak pitit fi nou yo. Mwen pral lage yo nan men moun Jida yo. Yo menm, yo pral vann yo bay sabeyen yo ki rete nan yon peyi byen lwen. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

Amos 6:1-6

1 Sa pral rèd nèt pou moun k'ap mennen lavi dous nan peyi Siyon an, pou moun sou mòn Samari ki kwè pa gen danje pou yo! Yo pase pou lelit nan peyi Izrayèl, premye peyi sou latè. Se bò kote yo pèp la ap kouri vini. Yo di: 2 Al gade sa k'ap pase lavil Kalne. Apre sa, ale pase bò gwo lavil Amat la. Lèfini, desann kay moun Filisti yo lavil Gat. Eske zafè yo pi bon pase zafè peyi Jida ak zafè peyi Izrayèl? Eske peyi yo a pi gran pase pa nou yo? 3 N'ap twonpe tèt nou, nou refize admèt jou malè a fin rive sou nou. Men, se nou menm ankò k'ap rale malè sou peyi a. 4 Sa pral rèd nèt pou moun ki kouche sou bèl kabann, k'ap layite kò yo sou bon matla dous, k'ap manje jenn ti mouton ak jenn ti bèf! 5 Y'ap plede ranse pandan gita ap jwe. Yo kwè yo jwe mizik tankou David. 6 Y'ap bwè diven san gad dèyè, y'ap pase pi bon kalite odè ki genyen sou yo. Men, yo pa gen lapenn pou malè k'ap tonbe sou pitit pitit Jozèf yo.

Revelation 12:3

3 Yon lòt siy te parèt nan sièl la tou: se te yon gwo dragon wouj. Li te gen sèt tèt ak dis kòn, ak yon kouwòn sou chak tèt li yo.

Ezra 9:7

7 Depi nan tan zansèt nou yo jouk jounen jòdi a, nou pa manke fè sa ki mal. Se poutèt tou sa nou te fè ki mal kifè ou te lage nou ansanm ak wa nou yo ak prèt nou yo nan men wa lòt peyi yo. Yo touye nou nan lagè, yo depòte nou, yo piye tout ajan nou, yo fè nou wont jan nou ye jouk koulye a.

Psalms 106:6

6 Tankou zansèt nou yo, nou te peche, nou te fè mechanste, nou te fè sa ki mal.

Jeremiah 13:23

23 Moun po nwa pa ka chanje koulè po yo. Leyopa pa ka wete takte nwa ki sou kò li yo. Konsa tou, nou menm ki fin gen labitid fè sa ki mal nou pa ka fè sa byen.

Daniel 9:16

16 Seyè, ou te toujou pran defans nou nan tan lontan. Tanpri, pa fache, pa move sou lavil Jerizalèm ankò. Se mòn pa ou la, se mòn ki apa pou ou a li ye. Tout moun k'ap viv nan peyi tou kole ak nou yo ap pase ni lavil Jerizalèm ni pèp ou a nan betiz, poutèt peche nou yo ak mechanste zansèt nou yo te fè.

Ezekiel 23:9-13

9 Se poutèt sa mwen lage l' nan men nonm li yo, moun peyi Lasiri yo. Se dèyè yo li te cho konsa! 10 Yo mete l' toutouni, yo pran pitit gason ak pitit fi li yo. Lèfini, yo touye l' anba kout nepe. Se te yon egzanp pou tout fanm. Yo te fè l' peye pou sa l' te fè a dapre lalwa. 11 Atout Oliba, sè l' la, te wè sa, li lage kò l' nan pi gwo dezòd toujou. Li tounen yon pi gwo jennès pase Ola. 12 Li menm tou li te cho dèyè mesye peyi Lasiri yo, grannèg, gwo zotobre, sòlda ak bèl inifòm, bon kavalye ki moute sou chwal, yon bann bèl jenn gason. 13 Mwen wè li te fin avili tèt li nèt: dezyèm sè a pa t' pi bon pase premye a.

Leviticus 20:10

10 Depi yon nonm fè adiltè ak madanm yon frè parèy li, se pou yo touye yo, ni li ni madanm lan.

Leviticus 21:9

9 Si pitit fi yon prèt tonbe nan fè jennès, l'ap avili papa l', y'a boule l' nan dife pou touye l'.

Deuteronomy 22:21-24

21 y'a pran ti madanm lan, y'a mennen l' deyò devan lakay papa l', epi tout gason ki rete nan lavil la va kalonnen l' wòch jouk li mouri, paske li te fè yon wont nan peyi Izrayèl la, li te lage kò l' nan dezòd antan li te lakay papa l'. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 22 Si nou bare yon nonm ap kouche ak yon madan marye, yo tou de fèt pou mouri, ni nèg ki te kouche ak fanm lan ni fanm lan tou. Se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou. 23 Si yon jenn fi tifi fiyanse ak yon nonm epi yon lòt nèg kontre avè l' nan yon lavil, li kouche avè l' epi moun bare yo, n'a kalonnen yo wòch jouk yo mouri. Jenn fi a va mouri paske se nan mitan yon lavil li ye, li ta ka rele mande sekou. 24 Nèg la va mouri tou paske li te avili yon fi ki te fiyanse ak yon moun pèp Izrayèl parèy li. Wi, se konsa n'a wete bagay mal k'ap fèt nan mitan nou.

Jeremiah 5:14

14 Se poutèt sa, men sa Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, di m': -Jeremi, poutèt sa yo di a, m'ap fè pawòl mwen mete nan bouch ou tounen yon dife. Yo menm, y'ap tankou fachin. Dife a pral boule yo nèt.

Ezekiel 16:38-43

38 M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou. 39 M'ap lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni. 40 Yo pral moute tèt yon foul moun pou yo touye ou ak kout wòch, y'ap filange ou ak nepe yo. 41 Y'ap boule tout kay ou yo, y'ap pini ou devan yon foul medam. M'ap fè ou sispann fè jennès, m'ap fè ou sispann bay nonm ou yo kado. 42 Apre sa, mwen p'ap move sou ou ankò. M'a sispann fè jalouzi. Mwen p'ap fache ankò. 43 Ou pa t' chonje jan m' te aji avè ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m' move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo?

Ezekiel 23:36-39

36 Seyè a pale avè m' ankò, li di m' konsa: -Nonm o! Eske ou pare pou jije Ola ansanm ak Oliba? Ou pral mete devan yo tout vye bagay derespektan yo t'ap fè yo. 37 Yo fè adiltè, yo touye moun, yo fè adiltè ak zidòl, yo touye pitit yo te fè pou mwen. Yo ofri yo pou yo boule yo bay zidòl. 38 Se pa sa ase yo fè m'. Menm lè sa a, yo derespekte tanp mwen an. Yo pa respekte regleman jou repo m' yo. 39 Menm jou yo touye pitit yo pou zidòl yo, yo vin nan tanp mwen an pou yo derespekte l'. Men sa yo fè anndan kò kay mwen an.

Hosea 6:5

5 Se poutèt sa mwen voye pwofèt mwen yo pou manyè pini nou. Mwen mete pawòl nan bouch yo ki ta kont pou touye nou. Mwen fè nou konnen sa mwen vle nou fè, mwen mete l' aklè devan nou.

Zechariah 1:6

6 Men, sa m' te di nan pawòl ak lòd mwen te bay pwofèt yo, sèvitè m' yo, pou zansèt nou yo, èske sa pa rive yo vre? Lè sa a, yo vin règrèt sa yo te fè a. Yo rekonèt mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, mwen te pini yo pou jan yo t'ap viv la, pou tou sa yo te fè ki mal, jan mwen te soti pou m' fè l' la.

John 8:3-7

3 Dirèktè lalwa yo ak farizyen yo mennen yon fanm ba li. Yo te bare fanm lan nan adiltè. Yo mete l' kanpe devan tout foul moun yo, 4 epi yo di Jezi konsa: Mèt, yo kenbe fanm sa a nan men ap fè adiltè. 5 Moyiz te bay lòd nan lalwa a pou yo touye yo lè konsa ak kout wòch. Men, ou menm, kisa ou di nan sa? 6 Yo t'ap di sa, paske yo te vle pran l' nan pèlen pou yo te ka akize li. Men, Jezi bese atè. Epi, avèk dwèt li, li kòmanse ekri atè a. 7 Men, moun yo t'ap kouvri l' ak keksyon. Jezi leve atè a, li di yo: Se pou moun ki konnen li pa janm peche a ba l' premye kout wòch la.

Jeremiah 15:4

4 M'ap fè tout nasyon sou latè sezi lè y'a wè sa ki rive yo poutèt sa Manase, pitit gason Ezekyas la, te fè nan lavil Jerizalèm lè li te wa nan peyi Jida a.

Jeremiah 24:9

9 Mwen pral mennen yon sèl malè sou yo. Tout lòt nasyon ki sou latè a pral tranble lè y'a wè sa. Moun pral pase yo nan betiz, yo pral rakonte istwa sou yo. Yo pral mete yo nan chante. Y'ap pran non yo pou sèvi jouman, pou bay madichon nan tout peyi kote mwen pral gaye yo.

Jeremiah 34:17

17 Se poutèt sa, mwen menm Seyè a, mwen di nou pa koute m', nou pa bay moun pèp Izrayèl parèy nou yo libète yo. Enben, mwen menm Seyè a, m'ap ban nou libète pou nou mouri nan lagè, nan grangou, osinon anba move maladi.

Ezekiel 23:22-26

22 Se poutèt sa, Oliba, men mesaj mwen menm Seyè a voye ba ou: Ou te vin rayi nonm ou yo! Enben, mwen pral moute tèt yo sou ou, mwen pral fè yo soti toupatou pou yo vin sènen ou. 23 Tout moun Babilòn yo ak moun peyi Kalde yo, moun lavil Pekòd, moun lavil Choa, moun lavil Koa, ansanm ak tout moun peyi Lasiri yo, mwen pral sanble tout bèl jenn gason yo, grannèg, gwo zotobre, tout chèf, tou sa ki gen gwo grad, bon kavalye ki moute sou chwal yo. Mwen pral sanble yo tout. 24 Y'ap soti nan nò, y'ap mache sou ou avèk yon gwo lame, anpil cha lagè ak anpil kabwa pwovizyon. Avèk gwo plak fè pou pwoteje yo, kas yo nan tèt yo, yo pral sènen ou toupatou. M' pral lage ou nan men yo pou yo jije ou dapre lwa pa yo.

Deuteronomy 13:16

16 N'a ranmase tou sa moun yo te genyen nan lavil la, n'a anpile yo sou plas piblik la. N'a mete dife nan lavil la ak tou sa ki ladan l' pou yo sèvi yon ofrann pou Seyè a, Bondye nou an. Se pou lavil la toujou rete yon pil mazi pou li pa janm rebati ankò.

2 Chronicles 36:17-19

17 Se konsa Seyè a fè wa Babilòn lan moute vin atake yo. Wa a touye tout jenn gason peyi Jida a nan Tanp lan menm. Li pa t' gen pitye pou pesonn, granmoun kou timoun, fanm kou gason, malad ou pa malad. Bondye lage yo tout nan men wa a. 18 Wa a menm pran dènye sa ki te nan Tanp lan ak nan pyès trezò Tanp lan ansanm ak richès wa a ak richès lòt gwo chèf yo, li pote yo lavil Babilòn. 19 Lèfini, li mete dife nan Tanp lan. Li kraze miray lavil la. Li boule tout gwo kay yo ak tout bèl bagay koute chè ki te ladan yo.

Jeremiah 33:4-5

4 Wi, men sa mwen menm, Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, mwen di sou kay lavil Jerizalèm yo, sou kay wa peyi Jida yo, ki fin kraze paske moun Babilòn yo sènen lavil la, y'ap atake l'. 5 Gen moun ki soti pou kenbe tèt ak moun Babilòn yo. Moun sa yo lakòz kay yo pral plen kadav moun mwen pral touye tèlman mwen fache, tèlman mwen move. Mwen p'ap okipe lavil Jerizalèm ankò paske moun li yo fè twòp mechanste.

Jeremiah 39:8

8 Moun Babilòn yo menm, bò pa yo, mete dife nan kay wa a, nan kay tout grannèg yo epi yo kraze miray ranpa lavil Jerizalèm.

Jeremiah 52:13

13 Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.

Ezekiel 9:6

6 Touye ni granmoun, ni jenn gason, ni jenn fi, ni fanm, ni timoun. Men, pa manyen moun ki gen mak sou fwon yo. Konmanse depi nan tanp mwen an. Yo konmanse ak chèf fanmi ki te kanpe nan Tanp lan.

Ezekiel 23:25

25 Ou te pouse m' fè jalouzi, yo pral move sou ou jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral koupe bwa nen ou ak fèy zòrèy ou yo. Yo pral touye pitit ou yo. Wi, yo pral pran pitit gason ak pitit fi ou yo nan men ou, y'ap boule yo tou vivan.

Ezekiel 24:6

6 Men sa Seyè sèl Mèt la di apre sa: -Madichon pou lavil ki renmen fè san koule a! Li tankou yon chodyè wouye yo pa janm foubi. Wete tout moso vyann yo yonn apre lòt. Pa chwazi pou kite anyen ladan l'.

Ezekiel 24:21

21 pou m' di moun pèp Izrayèl yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l' tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè.

Deuteronomy 13:11

11 Lè sa a, tout moun pèp Izrayèl yo va konn sa, y'a pè. Konsa, yo yonn p'ap janm fè yon bagay mal konsa ankò nan mitan pèp la.

Isaiah 26:9

9 Lannwit, se ou menm m'ap chonje. Lide m' ap travay sou ou. Paske lè w'ap jije sa k'ap pase sou latè moun ki sou latè resi konnen sa ki rele jistis.

Ezekiel 5:15

15 Lè m'a fè kòlè a, lè m'a move anpil sou nou an, lè m'a pini nou rèd mare jan mwen te vle l' la, m'ap avili nou, m'ap fè nou tounen yon wont. N'a sèvi yon avètisman pou tout nasyon ki bò kote nou yo, y'a soti pè lè y'a wè sa ki rive nou. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Ezekiel 6:6

6 Y'ap detwi tout lavil ki nan peyi yo a. Y'ap kraze met atè tout kote yo fè sèvis pou zidòl yo ansanm ak tout lotèl yo. Y'ap kraze zidòl nou yo, y'ap disparèt yo. Y'ap kraze lotèl lansan nou yo an miyèt moso. Tou sa nou te fè ak men nou yo pral disparèt.

Ezekiel 23:27

27 M'ap mete yon fren nan dezòd ak metye jennès ou t'ap fè depi nan peyi Lejip la. Ou p'ap wè yo ankò devan je ou. Ou p'ap chonje peyi Lejip ankò.

Ezekiel 36:25

25 M'ap benyen nou nan bon dlo klè pou nou ka vin nan kondisyon pou fè sèvis pou mwen. M'ap mete nou nan kondisyon pou sèvi m', m'ap wete tout vye bagay derespektan nou t'ap fè yo ak tout zidòl nou yo.

Zephaniah 1:3

3 Mwen pral detwi tout moun, tout bèt, tout zwezo nan syèl la ak tout pwason nan lanmè, mechan yo ansanm ak tou sa k'ap fè yo tonbe nan peche. Mwen pral detwi tout moun, mwen p'ap kite yonn sou latè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

1 Corinthians 10:6-11

6 Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi nou leson pou nou pa kite move lanvi kaye nan kè nou tankou yo te genyen l' lan. 7 Piga nou sèvi zidòl tankou kèk ladan yo te fè l', jan sa ekri nan Liv la: Pèp la chita, yo manje, yo bwè. Lèfini, yo leve pran plezi yo. 8 Pa lage kò nou nan dezòd lachè tankou kèk ladan yo te fè li. Lè sa a, venntwamil (23.000) tonbe, yo mouri yon sèl jou. 9 Piga nou seye fè plan ak Bondye tankou kèk ladan yo te fè li. Sa lakòz sèpan te mòde yo, yo tout yo mouri. 10 Pa bougonnen tankou kèk ladan yo te bougonnen. Lè sa a, zanj lanmò a te touye yo tout. 11 Tout bagay sa yo rive pou sa sèvi lòt yo egzanp. Yo ekri yo nan Liv la pou sa sèvi nou avètisman. Paske, pou nou menm k'ap viv koulye a, pa rete lontan ankò anvan pou lafen an rive.

2 Peter 2:6

6 Li te kondannen lavil Sodòm ak lavil Gomò pou yo te disparèt, li fè yo tounen sann, pou sa te sèvi yon egzanp pou tout mechan ki gen pou vini apre yo.

Psalms 9:16

16 Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.

Isaiah 59:18

18 L'ap pini chak moun dapre sa yo fè: li pral move sou moun ki pa vle wè l' yo, li pral tire revanj sou lènmi l' yo, menm sou moun ki rete nan zile byen lwen yo.

Ezekiel 6:7

7 Anpil moun ap tonbe mouri nan mitan nou. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ezekiel 7:9

9 Mwen p'ap gen pitye pou nou, mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a k'ap pini nou.

Ezekiel 9:10

10 Enben, mwen p'ap gen pitye pou yo, mwen p'ap fè pa yo. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.

Ezekiel 11:21

21 Men, m'ap pini moun ki pa vle lage vye zidòl yo, ki toujou soti pou yo fè vye bagay derespektan yo. M'ap pini yo pou sa yo fè. Se mwen menm, Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki pale.

Ezekiel 16:43

43 Ou pa t' chonje jan m' te aji avè ou lè ou te jenn lan. Ou te fè m' move anpil pou tou sa ou te fè yo. Se poutèt sa mwen te fè ou peye pou tout. Se mwen menm Seyè a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Poukisa ou fè tout dezòd vakabonday sa yo mete sou tout lòt bagay derespektan ou fè yo?

Ezekiel 20:38

38 M'ap wete nan mitan nou tout moun k'ap fè wòklò, tout moun k'ap kenbe tèt avè m' pou fè peche. M'ap fè yo soti kite peyi kote y'ap viv koulye a, men yo p'ap mete pwent pye yo nan peyi Izrayèl la. Lè sa a n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ezekiel 20:42

42 Lè m'a mennen nou tounen nan peyi Izrayèl, peyi mwen te fè sèman m'ap bay zansèt nou yo, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Ezekiel 20:44

44 Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a, paske sa m'ap fè pou nou an se pou respè tèt mwen m'ap fè l'. Se pa sa lenkondite nou ak vye bagay derespektan nou fè yo merite. Se mwen menm, Seyè sèl Mèt la, ki di sa.

Ezekiel 22:31

31 Se konsa, mwen pral move sou yo. Tankou yon dife, mwen pral disparèt yo. Mwen pral fè yo peye pou sa yo fè. Se mwen menm Seyè sèl Mèt la ki pale.

Ezekiel 23:35

35 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la di ankò: -Paske ou te bliye m', ou te vire do ou ban mwen, ou pral soufri pou tout lenkondite ak dezòd ou te fè yo.

Ezekiel 25:5

5 M'ap fè lavil Raba tounen savann pou chamo. M'ap fè tout peyi Amon an tounen yon gwo pak mouton. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.