Ezekiel 40:14 Cross References - Haitian

14 Gwo chanm ki te nan bout koridò a te louvri sou yon lakou. Li mezire lajè chanm lan, li jwenn trannkat pye.

Exodus 27:9

9 W'a fè yon galeri wonn kay la. Sou bò sid la, w'a moute yon seri rido fèt ak lèz twal fen blan tise byen sere, sou senkant mèt longè pou bò sa a.

Exodus 35:17

17 rido pou galeri a ak poto l' yo ak tout sipò yo, rido pou fèmen kote pou yo antre nan galeri a,

Leviticus 6:16

16 Arawon ak pitit li yo va manje rès la. Y'a fè pen san ledven avè l', y'a manje pen an yon kote apa pou Seyè a nan lakou Tant Randevou a.

1 Chronicles 28:6

6 Seyè a te di m' tou: Se Salomon, pitit gason ou lan, ki va bati kay mwen an ak tout lakou yo. Se li menm mwen chwazi pou pitit mwen. M'a yon papa pou li.

Psalms 100:4

4 Antre nan tanp li, di l' mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l' mèsi!

Isaiah 62:9

9 Men, nou menm ki te ranmase rekòt grenn yo, se nou ki va manje yo, lèfini n'a fè lwanj Seyè a. Se nou menm ki va bwè diven nan lakou kay ki apa pou Bondye a.

Ezekiel 8:7

7 Li pran m', li mennen m' nan pòtay ki bay sou lakou anndan an, li moutre m' yon twou nan miray la.

Ezekiel 42:1

1 Apre sa, nonm lan mennen m' nan gwo lakou deyò a. Li fè m' antre nan yon gwo batisman ki sou bò nò tanp lan, pa twò lwen kay ki sou bò solèy kouche Tanp lan.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.