Genesis 10:6 Cross References - Haitian

6 Men pitit gason Kam yo. Se te Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran.

Genesis 9:22

22 Lè Kam, papa Kanaran, wè papa l' toutouni, li ale di de frè l' yo sa.

1 Chronicles 1:8-16

8 Men non pitit Kam yo: Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo. 9 Men non pitit Kouch yo: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Men non pitit Rama yo: Seba ak Dedan. 10 Kouch te papa Nimwòd ki te premye gwo chèf sou latè. 11 Mizrayim fè pitit. Se yo ki te zansèt moun peyi Lidi yo, moun Anam yo, moun Leyab yo, moun Naftou yo, 12 moun Patwous yo, moun Kaslou yo ak moun lil Kaftò yo. Se nan ras sa a moun Filisti yo soti. 13 Men non pitit Kanaran yo: Sidon, premye pitit li ak Et. Se yo menm ki zansèt moun ki pote non yo. 14 Kanaran te zansèt moun Jebis yo, moun Amori yo, moun Gigach yo, 15 moun Evi yo, moun Aka yo, moun Sini yo, 16 moun Avad yo, moun Zema yo ak moun Amat yo.

1 Chronicles 4:40

40 La, yo jwenn yon bon patiraj ki te fre nan yon plenn kote ki pa t' gen bri ni dezòd. Se la moun branch fanmi Kam yo te rete nan tan lontan.

Psalms 78:51

51 Li touye tout premye pitit gason ki nan peyi Lejip la, tout premye pitit gason nan laras Kam lan.

Psalms 105:23

23 Apre sa, Jakòb te desann nan peyi Lejip ansanm ak tout pitit li yo. Li pase kèk tan nan peyi pitit Kam yo.

Psalms 105:27

27 Avèk pouvwa li, yo te fè mèvèy nan peyi pitit Kam yo. Yo te fè anpil mirak nan peyi Lejip.

Psalms 106:22

22 mirak li te fè nan peyi Kam lan, mèvèy li tè fè bò Lanmè Wouj la.

Isaiah 11:11

11 Jou sa a, Seyè a va fè wè fòs ponyèt li yon dezyèm fwa ankò. L'a delivre ti rès pèp li a, ponyen moun ki rete nan sa yo te depòte nan peyi Lasiri, nan peyi Lejip, ak nan tout peyi sa yo: Patwòs, Letiopi, Elam, Babilòn ak Amat, nan tout peyi lakòt yo ak nan tout zile yo.

Jeremiah 46:9

9 Bay chwal yo lòd pou yo ale. Bay cha lagè yo lòd pou yo woule. Voye sòlda yo al goumen: moun peyi Soudan ak moun peyi Liban yo ak plak pwotèj yo sou bra yo, ansanm ak moun peyi Lidi yo ki gen ladrès pou sèvi ak banza.

Ezekiel 27:10

10 Nan lame ou la se renk moun peyi Pès, moun peyi Loud ak moun peyi Pout ki t'ap sèvi. Yo konn fè lagè. Se nan kazèn ou yo yo te konn mete gwo plak fè pwotèj yo ak kas an fè yo. Se moun sa yo ki te fè ou rive nan tout bèl pozisyon sa a.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.