Genesis 23:19 Cross References - Haitian

19 Apre sa, Abraram antere Sara, madanm li, nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre yo rele Ebwon an, nan peyi Kanaran.

Genesis 3:19

19 Se swe kouraj ou ki pou fè ou mete yon moso pen nan bouch ou jouk lè wa tounen nan tè kote ou soti a. Paske, se pousyè ou ye, ou gen pou tounen pousyè ankò.

Genesis 25:9-10

9 Izarak ak Izmayèl, pitit li yo, antere l' nan twou wòch Makpela a, nan jaden Efwon, pitit Zoka, yon moun Et, anfas Manmre. 10 Se jaden sa a Abraram te achte nan men mesye Et yo. Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li.

Genesis 35:27-29

27 Jakòb al wè papa l' Izarak, nan Manmre (yo rele kote sa a Kija aba tou, ou ankò Ebwon). Se la Abraram ak Izarak te pase tout lavi yo. 28 Izarak te gen sankatreven lanne sou tèt li 29 lè li mouri. Li te fin granmoun, li te wè kont jou li lè l' al jwenn moun li yo ki te mouri deja. Ezaou ak Jakòb, pitit gason l' yo, antere li.

Genesis 47:30

30 Mwen vle pou yo antere m' menm kote ak zansèt mwen yo, lè m aval jwenn fanmi mwen yo ki mouri deja a. Se pou ou pran kadav mwen, pote l' soti peyi Lejip, al antere l' nan kavo fanmi m' yo. Jozèf reponn li: -m'a fè jan ou mande m' lan.

Genesis 49:29-32

29 Apre sa, Jakòb ba yo lòd sa a: -Mwen menm, mwen pral jwenn fanmi m' yo ki mouri deja. Antere m' menm kote ak zansèt mwen yo nan twou wòch ki nan jaden Efwon, moun Et la, 30 nan twou wòch ki nan jaden Makpela a, anfas Manmre, nan peyi Kanaran. Se Abraram ki te achte twou wòch sa a ak tout jaden an nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l' simityè. 31 Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. Se la yo te antere Izarak ak Rebeka, madanm li. Se la tout mwen te antere Leya. 32 Se nan men mesye Et yo nou te achte jaden an ak tout twou wòch ki sou li a.

Genesis 50:13

13 Yo pote kadav li nan peyi Kanaran, yo antere l' nan twou wòch ki te nan jaden Makpela a, anfas Manmre. Se jaden sa a Abraram te achte nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l' simityè.

Genesis 50:25

25 Apre sa, Jozèf fè pitit Izrayèl yo sèmante ba li, li di yo: -Wi, Bondye gen pou vin ede nou. Lè sa a, tanpri, pote zosman m' yo moute ak nou.

Job 30:23

23 Wi, mwen konnen byen pwòp w'ap mennen m' pou m' al mouri, pou m' al sibi sò k'ap tann tout moun lan.

Ecclesiastes 6:3

3 Yon nonm te mèt gen san (100) pitit, li te mèt viv lontan, wi li te mèt rive vye granmoun, si li pa jwi anyen nan lavi, si yo pa ka fè bèl lantèman pou li, enben, mwen di nou: Yon timoun ki fèt tou mouri miyò pase l'.

Ecclesiastes 12:5

5 W'ap pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l' tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari.

Ecclesiastes 12:7

7 Lè sa a, kò nou pral tounen pousyè latè jan l' te ye anvan an. Souf nou menm ap tounen jwenn Bondye ki te ban nou l' lan.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.