Hebrews 9:8 Cross References - Haitian

8 Avèk tout aranjman sa yo, Sentespri fè nou wè chemen ki pou mennen nou kote Bondye ye a poko louvri toutotan premye tant la kanpe toujou.

Isaiah 63:11

11 Men, yo chonje tan lontan, yo vin chonje Moyiz. Yo mande koulye a: Kote Bondye ki te rale yo sot nan lanmè a, Bondye ki te mete Moyiz mache devan yo tankou yon gadò pou bann mouton l' yo? Kote Bondye ki te bay Moyiz pouvwa lespri li a?

John 10:7

7 Jezi di yo ankò: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: Mwen se pòt pak mouton yo.

John 10:9

9 Se mwen menm ki pòt la. Moun ki pase nan mwen pou antre, la sove. La antre, la soti, la jwenn manje pou l' manje.

John 14:6

6 Jezi reponn li: Se mwen menm ki chemen an. Se mwen menm ki verite a, se mwen menm ki lavi a. Pesonn pa ka al jwenn Papa a si li pa pase nan mwen.

Acts 7:51-52

51 Ala moun gen tèt di! Tankou moun lòt nasyon yo, nou fèmen kè nou, nou fèmen zòrèy nou bay Bondye, n'ap kenbe tèt ak Sentespri toujou. Nou tankou zansèt nou yo. 52 Kilès nan pwofèt yo zansèt nou yo pa t' pèsekite? Yo te touye tout pwofèt ki te fè konnen davans ki jan Sèvitè Bondye a te gen pou vini. Koulye a, se Sèvitè Bondye a menm nou trayi, se li menm nou touye.

Acts 28:25

25 Yo vire do yo san yo pa t' tonbe dakò. Lè Pòl wè sa, li ajoute pawòl sa a pou yo: Sentespri te gen rezon pale konsa ak zansèt nou yo nan bouch pwofèt Ezayi, lè l' te di:

Galatians 3:8

8 Moun ki te ekri nan Liv la te wè davans Bondye t'ap fè moun ki pa jwif yo gras tou poutèt konfyans yo ta gen nan li. Se konsa li bay Abraram bon nouvèl sa a davans tou: Gremesi ou, tout nasyon sou latè va jwenn benediksyon.

Ephesians 2:18

18 Paske, gremesi Kris la, nou tout, kit nou jwif kit nou pa jwif, nou ka pwoche bò kot Papa a, nan pouvwa yon sèl ak menm Sentespri a.

Hebrews 3:7

7 Se poutèt sa, jan Sentespri te di l' la: Si nou tande vwa Bondye jòdi a,

Hebrews 4:15-16

15 Granprèt nou an, se pa yon moun ki pa kapab soufri ak nou nan feblès nou. Okontrè, nou gen yon granprèt ki te pase anba tout kalite tantasyon menm jan ak nou. Men, li pa t' janm fè okenn peche. 16 Se poutèt sa, ann pwoche avèk konfyans devan fotèy kote Bondye ki renmen nou an chita. Se la n'a jwenn padon pou peche nou yo, se la n'a jwenn pou gremesi sekou n'a bezwen lè nou nan nesesite.

Hebrews 9:3

3 Dèyè dezyèm rido a, te gen yon lòt ti tant pi piti. Se te kote yo te mete apa nèt pou Bondye menm lan.

Hebrews 10:15

15 Se sa Sentespri di nou tou. Paske, lè li fin di:

Hebrews 10:19-22

19 Konsa, frè m' yo, gremesi san Kris la ki koule lè li mouri pou nou an, nou gen antre lib kote yo mete apa pou Bondye a. 20 Kris la louvri yon chemen nèf pou nou, yon chemen k'ap ban nou lavi, yon chemen ki pase nan mitan vwal la, sa vle di: nan kò l' menm. 21 Nou gen yon granprèt ki reskonsab tout kay Bondye a. 22 Ann pwoche bò kot Bondye ak tout kè nou, ak yon konfyans byen chita, san nou pa gen anyen nan kè nou ki pou boulvèse konsyans nou, kò nou menm byen netwaye nan yon dlo byen pwòp.

2 Peter 1:21

21 Paske, pwofèt yo pa t' janm bay mesaj paske yo menm yo te vle. Okontrè, se Sentespri ki te pouse yo lè yo t'ap bay mesaj ki soti nan Bondye.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.