Isaiah 47 Cross References - Haitian

1 Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fotèy ou a! Al chita atè nan pousyè! Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi. Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat, yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè. 2 Pran wòl moulen yo, al moulen farin! Wete vwal ki sou tèt ou a! Moute ke rad ou wotè jenou ou. Dekouvri janm ou pou ou janbe dlo. 3 Rete toutouni pou moun ka wè jan ou tonbe ba! Mwen pral tire revanj. Pesonn p'ap ka rete m'. 4 Moun k'ap delivre nou an rele Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. 5 Men sa li di lavil Babilòn: Chita la! Pa di yon mo! Rete nan fènwa a! Yo p'ap janm rele ou ankò larenn tout peyi yo. 6 Wi, mwen te move sou pèp mwen an. Mwen pa t' aji ak yo tankou moun pa m'. Mwen te lage yo nan men ou. Men, ou te san pitye pou yo. Ou te aji mal anpil, ata ak vye granmoun yo. 7 Ou te mete nan tèt ou ou t'ap toujou larenn. Ou pa t' rete kalkile bagay sa yo byen nan tèt ou. Ou pa t' kalkile ki jan sa tapral fini. 8 Koulye a, louvri zòrèy ou, ou menm ki renmen pran plezi ou, ou menm ki chita kè pòpòz epi k'ap di nan kè ou: Se mwen menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt! Mwen p'ap janm pèdi mari m'. Mwen p'ap janm konnen sa ki rele pèdi pitit! 9 Enben! De malè sa yo pral tonbe sou ou anmenmtan, yon sèl jou. Ou pral pèdi pitit ou yo ansanm ak mari ou! Wi, malè sa yo pral tonbe ansanm sou ou, malgre tout maji ou pral fè yo, malgre pakèt wanga ou genyen yo! 10 Ou te konte sou mechanste ou t'ap fè yo. Ou t'ap di nan kè ou pesonn pa wè ou. Bon konprann ak konesans vire tèt ou. Ou t'ap di nan kè ou se ou menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt. 11 Yon malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka detounen l' ak maji ou yo. Yon sèl malè pral tonbe sou ou, ou p'ap ka fè anyen pou ou anpeche l' rive ou. W'a rete konsa, yon boulvès pral tonbe sou ou, yon boulvès ou pa t' janm mete nan tèt ou te ka rive ou. 12 Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout wanga ou yo! Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo. Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou! Ou ka fè moun pè ou ak yo! 13 Ou chaje ak moun k'ap ba ou konsèy jouk ou pa konn sa pou ou fè. Se pou moun ki te ba ou tout konsèy sa yo vini koulye a, se pou yo sove ou, yo menm k'ap etidye zetwal, yo menm k'ap separe syèl la an divès zòn, yo menm k'ap di ou chak lalin nouvèl tou sa ki gen pou rive. 14 Yo tankou ti moso pay. Yon sèl dife pral boule yo. Yo p'ap menm ka sove pwòp tèt pa yo. Se p'ap yon ti dife tankou dife yo fè pou kwit manje ni tankou boukan yo limen pou moun chofe dife. 15 Men kote konsèy moun sa yo ap mennen ou. Ou te touye tèt ou ap sèvi yo depi ou te jenn tifi. Y'ap kouri kite ou, yo chak bò pa yo. Yo yonn p'ap rete pou delivre ou!

Deuteronomy 28:56-57

56 Menm fanm nou konnen ki pi bon moun nan mitan nou an, fanm ki pa ta janm ap mache nan lari tèlman li gen bon jan ak bon levasyon an, li va fèmen kè l', li p'ap konn ni mari li renmen anpil la, ni pitit fi, ni pitit gason. 57 Pou li pa separe ak yo, l'a kache kò l' pou yo pa wè l' lè l'ap manje pitit li fenk fè a, ansanm ak tout manman vant lan. Paske, avèk lènmi k'ap sènen nou nan lavil nou yo, ap gen yon sèl mizè ak kè sere, p'ap gen anyen pou manje. Lè sa a, l'a kache kò l' pou l' pa bay yo anyen nan sa l'ap manje a.

Job 2:8

8 Lè sa a, Jòb soti, li al chita nan pil sann kote yo boule fatra. Li pran yon moso krich kraze pou grate kò l'.

Job 2:13

13 Apre sa, yo chita atè a bò kot Jòb pandan sèt jou sèt nwit san di yon mo, paske yo te wè jan l'ap soufri.

Psalms 18:27

27 Ou pa fè ipokrit ak moun ki pa fè ipokrit avè ou, men ou malen ak moun ki malen.

Psalms 89:44

44 Ou kase dan tout zam li yo, ou kite yo kraze l' nan lagè.

Psalms 137:8

8 Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.

Isaiah 3:26

26 Moun pral plenn nan pòtay lavil yo, y'ap nan lapenn. Lavil la ap tankou yon fanm ki chita atè, san rad sou li.

Isaiah 14:13-14

13 Ou t'ap di nan kè ou: M'ap moute rive jouk nan syèl la. Mwen pral mete fotèy mwen pi wo pase zetwal Bondye yo. Mwen pral chita tankou yon wa nan nò sou tèt mòn Randevou a. 14 Mwen pral moute sou tèt nwaj yo. M'ap tankou Bondye ki gen tout pouvwa a.

Isaiah 23:12

12 Li di: -Nou menm, moun lavil Siyon, nou pa nan fè fèt ankò! Nou tankou yon jenn fi yo ta fè kadejak sou li. Nou mèt leve, travèse lòt bò lanmè. Al nan peyi Kitim. Menm la, yo p'ap kite nou an repo.

Isaiah 26:5

5 Li fè moun ki te gen gwo lide nan kè yo bese tèt yo byen ba. L'a kraze gwo lavil yo te bati pou pwoteje yo a, li demoli l' nèt ratè.

Isaiah 32:9-11

9 Nou menm medam k'ap viv alèz yo, leve non. Koute sa m'ap di! Nou menm medam ki san pwoblèm yo, louvri zòrèy nou tande sa m'ap di: 10 Bann paresèz, nan ennan ankò, nou pral nan kont traka nou, paske p'ap gen rezen pou nou keyi, p'ap gen rekòt rezen k'ap fèt. 11 Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon,

Isaiah 37:22

22 Men pawòl Seyè a di sou li: Senakerib, lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.

Isaiah 47:7-9

7 Ou te mete nan tèt ou ou t'ap toujou larenn. Ou pa t' rete kalkile bagay sa yo byen nan tèt ou. Ou pa t' kalkile ki jan sa tapral fini. 8 Koulye a, louvri zòrèy ou, ou menm ki renmen pran plezi ou, ou menm ki chita kè pòpòz epi k'ap di nan kè ou: Se mwen menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt! Mwen p'ap janm pèdi mari m'. Mwen p'ap janm konnen sa ki rele pèdi pitit! 9 Enben! De malè sa yo pral tonbe sou ou anmenmtan, yon sèl jou. Ou pral pèdi pitit ou yo ansanm ak mari ou! Wi, malè sa yo pral tonbe ansanm sou ou, malgre tout maji ou pral fè yo, malgre pakèt wanga ou genyen yo!

Isaiah 52:2

2 Ou menm lavil Jerizalèm ki nan prizon, souke pousyè ki sou ou, leve atè a, chita sou fòtèy ou! Wete chenn yo te pase nan kou ou yo, ou menm mòn Siyon ki te nan prizon!

Jeremiah 13:18

18 Seyè a di m' konsa: -Pale ak wa a ansanm ak manman l'. Di yo desann soti sou fotèy yo, paske bèl kouwòn ki te sou tèt yo a tonbe atè.

Jeremiah 46:11

11 Nou menm moun peyi Lejip, moute nan peyi Galarad, al chache renmèd! Tout renmèd nou yo p'ap fè anyen pou nou. Pa gen geri pou nou.

Jeremiah 48:18

18 Nou menm k'ap viv lavil Dibon, desann sou bèl fotèy premye klas nou an. Mete dèyè nou atè nan pousyè a. Paske moun ki te fini ak Moab la ap vin pou nou. L'ap kraze tout gwo fò nou yo.

Jeremiah 50:42

42 Yo pran banza ak frenn yo. Yo mechan anpil, se yon bann san manman. Lè yo sou chwal yo, y'ap fè bri tankou lanmè lè l' move. Yo pare lame yo pou yo vin fè lagè kont Babilòn.

Jeremiah 51:33

33 Wi, men mesaj Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye pèp Izrayèl la, bay: Lavil Babilòn tankou yon glasi y'ap pare. Talè konsa yo pral kouche sòlda yo tankou grenn danre sou glasi.

Lamentations 2:10

10 Chèf fanmi lavil Jerizalèm yo chita atè, men nan machwè! Yo nan gwo lapenn, yo voye pousyè sou tèt yo, yo mete rad sak sou yo. Jenn fi yo menm rete tèt bese.

Lamentations 2:21

21 Jenn gason kou granmoun mouri atè nan mitan lari. Jenn tifi yo ak jenn tigason yo mouri nan lagè! Jou ou fè kòlè a, ou touye moun, ou kraze moun san gad dèyè.

Lamentations 4:5

5 Moun ki te konn manje bon manje gou ap tonbe faya nan lari. Moun ki te elve nan gran kay ap chache manje nan fatra.

Ezekiel 26:16

16 Tout wa peyi k'ap fè kòmès sou lanmè a ap desann soti sou fotèy yo, y'ap wete gwo manto ak bèl rad bwode ki te sou yo. Yo pral chita atè sitèlman y'ap pè. Yo pral sitèlman sezi wè sa ki rive nou, y'ap tranble san rete.

Ezekiel 28:17

17 Ou te wè jan ou te bèl, sa fè ou pèdi tèt ou. Paske ou te rive nan yon bèl pozisyon, ou tanmen aji tankou moun fou. Se poutèt sa mwen voye ou jete atè. Mwen kite ou la devan lòt wa yo pou yo wè sa ki rive ou.

Obadiah 1:3-4

3 Se awogans nou ki fè nou pèdi tèt nou. Nou bati kapital nou sou tèt gwo wòch yo. Nou moute kay nou byen wo nan mòn yo. Epi n'ap di nan kè nou: Ki moun ki ka fè nou desann la a! 4 Nou te mèt bati kay nou byen wo tankou nich malfini, nou te mèt mete nich nou byen wo tankou si li te nan mitan zetwal yo, m'ap voye nou jete anba, m'ap fè nou desann. Se Seyè a menm ki di sa.

Jonah 3:6

6 Nouvèl la rive nan zòrèy wa lavil Niniv la. Li leve sou fotèy li a, li wete bèl rad ki te sou li a, li mete rad sak sou li. Lèfini, li chita atè nan sann dife.

Haggai 2:22

22 Mwen pral jete wa k'ap gouvènen yo, mwen pral detwi pouvwa nasyon yo. Mwen pral chavire cha lagè yo ansanm ak moun ki sou yo. Tout chwal yo pral mouri. Pou moun ki te sou chwal yo menm, yonn pral touye lòt ak nepe yo.

Zechariah 2:7

7 Ey! Nou menm moun Siyon ki rete lavil Babilòn yo, sove kò nou!

Revelation 18:7

7 Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fè l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn.

Genesis 24:65

65 Li mande domestik la: -Ki msye sa a k'ap mache vin jwenn nou nan jaden an? Domestik la reponn li: -Se mèt mwen an wi. Rebeka pran yon vwal, li bouche figi l'.

Exodus 11:5

5 Tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo pral mouri, depi premye pitit farawon an, ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason dènye klas sèvant k'ap travay nan moulen. Premye pitit tout bèt pral mouri tou.

Judges 16:21

21 Moun Filisti yo mete men sou li, epi yo pete de grenn je l' yo. Yo mennen l' lavil Gaza, yo mare l' avèk de gwo chenn an asye. Se li menm yo te fè vire gwo wòl moulen prizon an.

Job 31:10

10 se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'.

Isaiah 3:17

17 Men, mwen menm Bondye, m'ap pini yo. M'ap kale tèt yo tou blanch, m'ap kite yo san cheve.

Isaiah 20:4

4 Wa peyi Lasiri a pral depòte tout prizonye li pral fè nan peyi Lejip ak nan peyi Letiopi. Granmoun kou timoun pral mache toutouni, pye atè ak tout dèyè yo deyò. Sa pral yon wont pou peyi Lejip.

Isaiah 32:11

11 Bann byennerèz, nou pral nan ka! Bann paresèz, nou pral tranble! Wete rad sou nou, rete toutouni, mare ren nou ak ranyon,

Jeremiah 13:22

22 W'a mande tèt ou: Poukisa tout bagay sa yo ap rive ou? Se paske sa ou te fè a te grav anpil kifè yo mete ou toutouni, yo fè kadejak sou ou.

Jeremiah 13:26

26 Se mwen menm menm ki pral leve rad nou jouk sou tèt nou, pou yo wè nou toutouni.

Jeremiah 27:7

7 Tout nasyon yo va sèvi l'. Y'a sèvi pitit li ak pitit pitit li jouk lè a va rive pou lòt nasyon ki pi fò pase l' yo, lòt wa ki pi gran pase l' yo va fè peyi pa l' la sèvi yo tou.

Lamentations 5:13

13 Yo fòse jenn gason nou yo rale moulen. Ti gason nou yo ap titibe anba gwo chay bwa.

Ezekiel 16:37-39

37 Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo. 38 M'ap pini ou menm jan yo pini fanm k'ap fè adiltè, ak fanm ki touye moun. M'ap fache, m'ap move, m'ap bay lòd pou yo touye ou. 39 M'ap lage ou nan men yo, yo pral demoli dènye lotèl repozwa ou fè pou zidòl ou yo, kote w'ap fè jennès la. Y'ap wete tout rad sou ou, y'ap pran tout bijou ou yo, y'ap kite ou toutouni.

Hosea 2:3

3 Si li pa fè sa, m'ap dezabiye l' nèt, pou l' rete toutouni jan manman l' te fè l'. M'ap fè l' tounen tankou tè sèk ki pa jwenn lapli. M'ap fè l' mouri swaf dlo.

Micah 1:11

11 Pase pase nou, toutouni, tèt bese, nou menm moun lavil Safi. Moun ki rete nan ti bouk Zaanan an pa ka mete tèt yo deyò. Lè w'a tande jan moun Betaezèl yo ap plenn, w'a konnen ou p'ap jwenn pwoteksyon bò la ankò.

Nahum 3:5-6

5 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Se mwen menm k'ap regle ak ou! Mwen pral leve rad ou anlè jouk nan tèt. Mwen pral mete ou toutouni pou tout nasyon yo ka wè ou, pou tout peyi ka wè jan ou san wont. 6 Mwen pral kouvri ou ak salte. Mwen pral avili ou, pou tout moun ka wè jan ou pa bon.

Matthew 24:41

41 Va gen de fanm k'ap moulen mayi, y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.

Luke 17:35

35 Va gen de fanm k'ap pile grenn ansanm: y'ap pran yonn, y'ap kite lòt la.

Deuteronomy 32:35

35 Se Seyè a k'ap tire revanj sou yo, se li k'ap fè yo peye sa yo fè a, lè lè a va rive pou yo tonbe. Jou pou yo detwi yo a pa lwen. Sa ki pare pou yo a fin rive.

Deuteronomy 32:41-43

41 lè m'a file bèl nepe klere mwen an, lè m'a soti pou m' rann jistis, m'a tire revanj mwen sou lènmi m' yo, m'a bay moun ki pa vle wè m' yo sa yo merite. 42 Flèch mwen yo pral tranpe nan san, nan san moun blese yo ak san prizonye yo. Nepe mwen ap koupe moun san gad dèyè, l'ap koupe tèt tout chèf lènmi yo. 43 Nou menm nasyon ki sou latè, fè kè nou kontan ak pèp Bondye chwazi a! Paske Seyè a pral tire revanj pou lanmò sèvitè l' yo. L'a bay moun ki pa vle wè l' yo sa yo merite. L'a wete tout vye bagay ki t'ap fèt nan peyi pèp li a.

Psalms 94:1-2

1 Seyè, ou menm Bondye ki gen dwa tire revanj lan, parèt non pou fè yo wè ki moun ou ye. 2 Ou menm k'ap jije tout moun sou latè, leve non! Bay moun k'ap pran pòz gwokolèt yo sa yo merite!

Psalms 137:8-9

8 Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a. 9 Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!

Isaiah 34:1-8

1 Nou menm moun tout nasyon yo, pwoche pou n' koute! Tout pèp sou latè, louvri zòrèy nou! Se pou tout moun ansanm ak tout bagay ki sou latè yo koute! 2 Seyè a fache sou tout nasyon yo nèt, ansanm ak lame sòlda yo. Li kondannen yo tout pou yo mouri, pou yo touye yo tankou bèt y'ap ofri pou touye pou li. 3 Yo p'ap antere kadav moun mouri yo. Y'ap kite yo pouri santi. Tout mòn yo pral wouj ak san. 4 Tou sa ki nan syèl la, solèy, lalin ak zetwal yo, pral disparèt. Yo pral woule syèl la tankou yon woulo papye pote ale. Tou sa ki nan syèl la pral tonbe tankou fèy pye rezen ak fèy pye fig frans lè y'ap jete fèy. 5 Nan syèl la, nepe Seyè a mande san. Men l'ap desann sou peyi Edon an pou l' pini moun mwen menm, Seyè a, mwen te kondannen pou mouri. 6 Nepe Seyè a pral benyen ak san yo tankou san mouton ak san bouk yo touye pou li. Li pral kouvri ak grès tankou grès wonyon belye yo touye pou li. Yo pral fè yon ofrann bèt pou Seyè a lavil Bozra. Yo pral fè yon gwo masak nan peyi Edon. 7 Moun pral mouri tankou gwo towo bèf mawon ak jenn ti towo. Tè a pral plen san, li pral kouvri ak grès. 8 Paske, se jou Seyè a pral pran revanj li sou lènmi peyi Siyon yo. Se jou li pral fè yo peye sa yo te fè a, pou l' ka delivre moun Siyon yo.

Isaiah 59:17-18

17 Li mete jistis anwo li tankou yon plak pwotèj pou lestonmak li. Li mete pouvwa pou sove a tankou yon kas nan tèt li. Li mete pouvwa revanj li sou li tankou yon palto, li vlope kò l' ak fòs pou l' pran defans moun li renmen yo. 18 L'ap pini chak moun dapre sa yo fè: li pral move sou moun ki pa vle wè l' yo, li pral tire revanj sou lènmi l' yo, menm sou moun ki rete nan zile byen lwen yo.

Isaiah 63:4-6

4 Mwen te chwazi nan kè m' jou pou m' te tire revanj pou pèp mwen an. Lè pou m' te pini lènmi l' yo te rive. 5 Lè m' gade, mwen te sezi. Pa t' gen yon moun pou ban m' yon koutmen. Pa t' gen pesonn pou ban m' konkou. Men, mwen te sitèlman an kòlè, mwen jwenn kont fòs nan ponyèt mwen, mwen kenbe jouk mwen fin delivre yo. 6 Mwen fè yon sèl kòlè, mwen kraze yon bann pèp. Mwen dechèpiye yo sitèlman mwen te fache. Mwen fè dlo kò yo benyen kò yo.

Jeremiah 50:27-28

27 Touye tout sòlda li yo tankou bèf nan labatwa! Madichon pou moun Babilòn yo! Jòdi a, lè chatiman yo a rive! 28 Koute! Moun k'ap kouri chape kò yo, moun k'ap kouri kite lavil Babilòn lan, ap moute sou mòn Siyon, y'ap fè konnen jan Seyè a, Bondye nou an, ap tire revanj li pou sa moun Babilòn yo fè tanp li a.

Jeremiah 51:4

4 Nan tout peyi Babilòn lan moun ap tonbe mouri. Nan tout lari flèch ap pèse yo pak an pak.

Jeremiah 51:11

11 Bondye moute tèt tout wa peyi Medi yo, li fè yon plan pou l' detwi Babilòn. Se konsa l'ap tire revanj li pou detwi yo menm jan yo te detwi tanp li an. Fè pwent flèch yo byen pwenti! Plen sak yo flèch!

Jeremiah 51:20-24

20 Seyè a di ankò: -Babilòn, ou te yon gwo mato nan men mwen, yon zam pou m' fè lagè. Se avè ou mwen te kraze nasyon yo. Se avè ou mwen te kraze peyi wa yo. 21 Se avè ou mwen te kraze chwal yo ak tout kavalye yo. Se avè ou mwen te kraze cha lagè yo ak tout moun ki t'ap mennen yo. 22 Se avè ou mwen te kraze fanm kou gason, granmoun kou timoun, jenn gason kou jenn fi. 23 Se avè ou mwen te touye bann mouton yo ak tout gadò yo. Se avè ou mwen te kraze kiltivatè yo ansanm ak tout chwal pou raboure latè. Se avè ou mwen te kraze tout chèf yo ak tout majistra yo. 24 Seyè a di ankò: -Devan je nou tout, m'ap fè lavil Babilòn ansanm ak tout pèp li a peye tout mechanste li te fè lavil Jerizalèm yo.

Jeremiah 51:34-36

34 Nèbikadneza, wa peyi Babilòn lan, te devore lavil Jerizalèm, li manje l' nèt ale. Li kite peyi a vid tankou yon plat yo niche. Tankou yon gwo bèt lanmè, li vale m'. Li souse tout mwèl mwen. Lèfini, li voye rès la jete. 35 Moun ki rete sou mòn Siyon yo di: Se pou lavil Babilòn peye tout lapenn ak mechanste li fè nou. Moun lavil Jerizalèm yo te mèt di: Se pou moun peyi Kalde yo peye pou tout san nou yo fè koule a. 36 Se konsa Seyè a pale ak moun Jerizalèm yo, li di yo: Se mwen menm k'ap pran kòz nou nan men. Mwen pran sou kont mwen pou m' fè yo peye sa yo fè nou. M'ap fè sous dlo lavil Babilòn yo cheche. P'ap gen yon tak dlo nan rivyè l' yo.

Jeremiah 51:56

56 Wi, lènmi ap vin detwi lavil Babilòn. Y'ap mete men sou sòlda li yo. L'ap kraze tout banza yo. Mwen menm, Seyè a, mwen se yon Bondye k'ap pini moun ki fè sa ki mal. M'ap fè yo peye pou sa yo fè.

Ezekiel 16:37

37 Poutèt tou sa, mwen pral reyini tout ansyen nonm ou yo ki te konn pran plezi yo avè ou, ni sa ou te renmen yo, ni sa ou te rayi yo. M'ap fè yo vin fè wonn bò kote ou. Mwen pral wete dènye rad ki sou ou. Mwen pral kite ou toutouni devan je yo.

Nahum 3:5

5 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di: Se mwen menm k'ap regle ak ou! Mwen pral leve rad ou anlè jouk nan tèt. Mwen pral mete ou toutouni pou tout nasyon yo ka wè ou, pou tout peyi ka wè jan ou san wont.

Romans 12:19

19 Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.

Hebrews 10:30-31

30 Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a. 31 Aaa! Se yon bagay terib wi, pou yon moun tonbe anba men Bondye vivan an!

Revelation 6:9-10

9 Apre sa, ti Mouton an kase senkièm sele a. Lè sa a, mwen wè anba lotèl la nanm tout moun yo te touye paske yo t'ap fè konnen Pawòl Bondye a, paske yo t'ap di verite a jan l' ye a. 10 Yo t'ap rele byen fò: O Mèt, ou menm ki sen, ou menm ki verite a, konbe tan ou gen pou tann ankò anvan pou ou vini jije moun ki rete sou latè a, pou ou vin peni yo paske yo te touye nou?

Revelation 16:19

19 Gwo lavil la fè twa moso. Lavil nan tout lòt peyi yo tonbe kraze. Bondye te chonje gwo lavil Babilòn lan, li fè l' bwè diven ki nan gode l' la, diven gwo kòlè l' la.

Revelation 18:5-8

5 Paske, peche l' yo fè pil sou pil rive jouk nan sièl la. Bondye chonje tou sa li fè ki mal. 6 Se pou n' aji avè l' menm jan li te aji avèk nou. Pou tou sa li fè yo, n'a peye l' de fwa lavalè. Plen gode l' ak yon gwòg de fwa pi fò pase sa l' te pare pou nou an. 7 Jan li fè lwanj tèt li, jan li pran plezi l', se konsa tou pou n' fè l' soufri, pou nou ba l' anpil lapenn. Li t'ap di nan kè l': Kote m' chita a, se larenn mwen ye. Mwen pa pèdi mari m', mwen p'ap janm gen lapenn. 8 Se poutèt sa, tout kalamite l' yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l' la se yon Mèt ki gen pouvwa.

Revelation 18:20

20 Ou menm, sièl la, ou mèt kontan pou sa ki rive lavil la! Nou menm pèp Bondye a, apòt yo, pwofèt yo, nou mèt kontan tou! Paske, Bondye peni li pou sa l' te fè nou.

Isaiah 41:14

14 Nou menm fanmi Jakòb yo, moun Izrayèl yo, nou te mèt piti tankou yon vètè, fèb tankou yon cheni, nou pa bezwen pè. Se mwen menm k'ap ede nou, mwen menm, Bondye pèp Izrayèl la, ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou. Se Seyè a menm ki di sa!

Isaiah 43:3

3 Paske mwen menm, mwen se Seyè a, Bondye nou an. Se Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa. Se mwen menm k'ap delivre nou! Pou m' te ka delivre nou mwen te bay peyi Lejip, peyi Letiopi ansanm ak peyi Seba a nan plas nou.

Isaiah 43:14

14 Men sa Seyè k'ap delivre nou an di: Men sa Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa a di: -Pou m' ka sove nou, m'ap voye yon lame mache sou lavil Babilòn. M'ap fè yo tout kouri met deyò. Wi, moun Kalde yo pral desann soti sou batiman ki te tout lògèy yo a.

Isaiah 44:6

6 Seyè ki wa pèp Izrayèl la, Seyè ki gen tout pouvwa a, li menm k'ap delivre pèp la, men sa li di: -Se mwen menm ki te la anvan tout bagay, Se mwen menm k'ap la apre tout bagay. Pa gen lòt bondye pase mwen menm sèl.

Isaiah 49:26

26 Moun k'ap fè nou pase tray yo, m'ap fè yo yonn manje lòt. Y'ap bwè pwòp san yo jouk y'a sou tankou moun ki bwè diven. Lè sa a, tout moun va konnen se mwen menm, Seyè a, k'ap sove nou. Se mwen menm, Bondye fanmi Jakòb la, Bondye ki gen pouvwa a, k'ap delivre nou.

Isaiah 54:5

5 Bondye ki te kreye ou la pral tankou yon mari pou ou. Seyè ki gen tout pouvwa a, se konsa yo rele l'. Se Bondye pèp Izrayèl la, Bondye ki apa a, ki pral delivre ou. Se Bondye tout latè a yo rele l'.

Jeremiah 31:11

11 Mwen libere moun fanmi Jakòb yo. Mwen delivre yo anba men yon nasyon ki te pi fò pase yo.

Jeremiah 50:33-34

33 Wi, men sa Seyè a di ankò: Y'ap peze moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo. Moun ki te depòte yo kenbe yo kout, yo pa vle lage yo. 34 Men, moun k'ap vin delivre yo a fò tou! Se Seyè ki gen tout pouvwa a. Se konsa li rele. L'ap pran defans yo, l'ap fè tout lòt nasyon yo viv ak kè poze, men l'ap bay moun lavil Babilòn yo kè sote.

1 Samuel 2:9

9 L'ap pwoteje lavi moun k'ap sèvi l' ak tout kè yo. Men, mechan yo pral mouri nan fènwa. Paske se pa fòs kouraj yon nonm k'ap fè l' genyen.

Psalms 31:17

17 Se sèvi m'ap sèvi ou, tanpri, fè m' santi ou la avèk mwen. Delivre m', paske ou renmen m'.

Psalms 46:10

10 Se li menm ki fè yo sispann fè lagè toupatou sou latè. Li kase banza yo, li kase frenn yo de bout, li boule tout cha yo nèt.

Isaiah 13:10

10 Tout grenn zetwal nan syèl la, tout zetwal Oryon yo p'ap klere ankò. Solèy la ap tou nwa lè li leve, lalin lan menm p'ap klere ankò.

Isaiah 13:19-20

19 Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò. 20 Moun p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la.

Isaiah 14:4

4 Lè sa a, n'a chante pou nou pase wa lavil Babilòn lan nan betiz, n'a di: Gade ki jan moun ki t'ap maltrete nou an disparèt! Gade ki jan yo desann kòlèt li non!

Isaiah 14:23

23 M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekay. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M' p'ap kite anyen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.

Isaiah 47:1

1 Ou menm, lavil Babilòn, desann sou fotèy ou a! Al chita atè nan pousyè! Yon lè, ou te tankou yon jenn tifi. Wi, kapital moun peyi Kalde yo pral chita atè plat, yo p'ap janm konsidere ou ankò tankou yon bèl tifi ki renmen plezi, ki pa nan leve ni lou ni lejè.

Isaiah 47:7

7 Ou te mete nan tèt ou ou t'ap toujou larenn. Ou pa t' rete kalkile bagay sa yo byen nan tèt ou. Ou pa t' kalkile ki jan sa tapral fini.

Jeremiah 8:14

14 Pèp la menm ap di: -Poukisa nou rete bra kwaze konsa? Annou sanble! Ann kouri ale nan lavil ki gen ranpa yo! Se la pou nou mouri. Paske Seyè a, Bondye nou an, kondannen nou pou n' mouri. Li ban nou pwazon pou n' bwè, paske nou antò devan li.

Jeremiah 25:10

10 M'ap fè yo p'ap tande moun ap pran plezi yo la. Yo p'ap tande vwa moun ki gen kè kontan. Yo p'ap tande yo fè fèt pou moun k'ap marye. M'ap fè p'ap gen grenn pou moulen, p'ap gen lwil pou mete nan lanp.

Lamentations 1:1

1 Jan lavil Jerizalèm te plen moun yon lè! Gade, jounen jòdi a li chita pou kont li! Li tankou yon fanm ki pèdi mari l'. Tout nasyon sou latè te respekte pouvwa li. Li te devan tout lòt lavil yo. Koulye a, men li tounen esklav!

Daniel 2:37-38

37 Monwa, se ou ki pi gran pase tout wa. Se Bondye nan syèl la ki mete ou wa, li ba ou pouvwa, li ba ou fòs, li fè moun fè lwanj ou. 38 Li mete ou chèf pou ou gouvènen tout moun ki rete sou latè, pou ou gouvènen ata zannimo ak zwazo. Se ou menm ki tèt an lò a.

Habakkuk 2:20

20 Seyè a kanpe nan kay ki apa pou li a. Se pou tout moun sou latè pe bouch devan li.

Zechariah 2:13

13 Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a, paske l'ap soti kote ki apa pou li a, l'ap vin delivre nou!

Matthew 22:12-13

12 Wa a di li: Zanmi, kouman ou fè antre isit la san ou pa mete rad nòs la sou ou? Nonm lan pa di yon mo. 13 Wa a di domestik li yo: Mare de pye l' ak de men l', voye l' jete deyò nan fènwa a. Se la la gen pou l' kriye, pou l' manje dan li.

Jude 1:13

13 Yo tankou lanm lanmè lè lanmè a move. Y'ap pouse kim salte yo met deyò. Yo tankou zetwal ki pèdi rout yo. Bondye sere yon plas pou yo kote ki fè pi nwa a pou tout tan.

Revelation 17:3-5

3 Nan vizyon an, mwen wè zanj lan pote m' ale nan yon dezè. La, mwen wè yon fanm ki te chita sou yon bèt tou wouj. Bèt la te gen sèt tèt ak dis kòn. Tout kò l' te kouvri ak mo ki te jouman pou Bondye. 4 Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a. 5 Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè.

Revelation 17:18

18 Pou fini, fanm ou te wè a, sè gwo lavil k'ap donminen sou tout wa ki sou latè yo.

Revelation 18:16-19

16 y'a di: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Pou jan li te abiye ak twal koulè violèt, twal fin koulè wouj! Pou jan l' te chaje ak bijou an lò, ak bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl! 17 Yon sèl moman kont pou l' te pèdi tout richès sa yo! Tout kaptenn bato ak pasaje yo, marin yo ansanm ak tout moun k'ap chache lavi yo sou lanmè, yo tout te rete byen lwen. 18 Lè yo wè lafimen dife ki t'ap boule lavil la, yo pran rele: pa t' gen okenn lòt lavil ki te tankou gwo lavil sa a! 19 Yo pran tè jete sou tèt yo, yo t'ap kriye, yo t'ap plenn, yo t'ap rele: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Tout moun ki gen bato sou lanmè te fin rich ak richès li yo. Nan yon sèl moman li pèdi tout sa l' te genyen!

Revelation 18:21-24

21 Lè sa a, yon zanj ki te gwonèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l' nan lanmè a. Li di: Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pesonn p'ap janm wè l' ankò. 22 Yo p'ap janm tande mizik mizisyen ki konn jwe gita, fif ak klewon lakay ou. Yo p'ap jwenn okenn ouvriye pou fè okenn metie. Yo p'ap tande bri moulen mayi yo ankò. 23 Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo. 24 Yo peni Babilòn, paske se la yo te jwenn san pwofèt yo ak san pèp Bondye a, ansanm ak san tout moun yo te touye sou latè.

Deuteronomy 28:50

50 Se moun ki gen kè di. Yo p'ap respekte vye granmoun, ni yo p'ap gen pitye pou timoun.

2 Samuel 24:14

14 David reponn: -Mwen nan gwo tèt chaje! Men, m' pa vle tonbe anba men lèzòm menm! Pito se Seyè a menm ki pini m', paske li gen bon kè.

2 Chronicles 28:9

9 Nan lavil Samari te gen yon moun yo te rele Odèd ki te pwofèt Bondye. Li soti al kontre lame moun peyi Izrayèl yo ki t'ap rive lavil Samari. Li di yo: -Seyè a, Bondye zansèt nou yo, te fache sou moun peyi Jida yo. Se poutèt sa li lage yo nan men nou. Men koulye a, Bondye tande ki jan nou menm nou ansasinen yo ak raj.

Psalms 69:26

26 Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.

Isaiah 10:6

6 Mwen te voye l' kouri al atake yon nasyon ki derespekte m'. Mwen te ba li manda pou l' regle yon pèp ki te fè m' fache anpil, pou l' pase men pran tou sa yo genyen, pou l' piye yo, pou l' pilonnen yo anba pye l' tankou pousyè nan lari.

Isaiah 13:16

16 Y'ap krabinen ti pitit yo la devan je yo, y'ap piye kay yo, y'ap fè kadejak sou madanm yo.

Isaiah 14:17

17 Se pa li ki te kraze tout lavil yo, ki te fè latè tounen yon dezè a sa? Se pa li ki pa t' janm kite moun li fè prizonye tounen lakay yo a sa?

Isaiah 42:24-25

24 Ki moun ki te lage moun Jakòb yo nan men vòlò yo? Ki moun ki te lage moun Izrayèl yo nan men piyajè yo? Se te Seyè a menm ki te fè sa. Nou te fè peche kont li. Nou pa t' vle viv jan l' te mande nou viv la. Nou pa t' vle swiv lòd li. 25 Se konsa, li fè pèp la santi jan l' te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pa t' vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pa t' pran sa pou anyen!

Isaiah 43:28

28 Se poutèt sa mwen avili moun ki reskonsab kay yo mete apa pou mwen an. Se poutèt sa mwen lage fanmi Jakòb la pou yo detwi yo nèt. Mwen kite yo pase moun pèp Izrayèl yo nan betiz.

Lamentations 2:2

2 Bondye sèl Mèt la te san pitye, li devaste dènye jaden moun fanmi Jakòb yo. Li fè yon sèl kòlè, li kraze tout fò ki te pwoteje peyi Jida a. Li trennen gouvènman an ansanm ak tout chèf yo nan labou. Li fè yo wont.

Ezekiel 24:21

21 pou m' di moun pèp Izrayèl yo men mesaj Seyè sèl Mèt la voye pou yo: Nou kontan gwo kay solid nou mete apa pou mwen an. Nou renmen l' tankou de grenn je nan tèt nou, nou fèb anpil pou li. Enben, mwen pral fè yo derespekte kay mwen an. Pitit gason ak pitit fi nou te kite lavil Jerizalèm yo pral mouri nan lagè.

Ezekiel 28:16

16 Pou fè kòmès ou mache, ou lage kò ou nan mechanste. Ou fè peche. Se konsa mwen mete ou deyò sou mòn ki apa pou mwen an. Ou pa t' bon pou sèvis mwen ankò. Zanj mwen te chwazi pou pwoteje ou la mete ou deyò nan mitan boul dife yo.

Obadiah 1:10

10 Paske nou te masakre pitit pitit Jakòb yo, kouzen nou yo, paske nou te fè yo anpil mechanste, yo pral fè nou wont, yo pral disparèt nou nèt.

Obadiah 1:16

16 Pèp mwen an pase pa l' anba men mwen sou mòn ki apa pou mwen an. Konsa tou, tout nasyon yo pral pran pa yo san rete. Yo pral pran jouk yo p'ap kapab ankò. Yo pral disparèt tankou si yo pa t' janm la.

Zechariah 1:15

15 Men, mwen move anpil sou nasyon k'ap mennen lavi dous yo. Mwen te fache sou pèp mwen an, se vre. Men, mwen pa t' twò fache pase sa. Men, nasyon yo pwofite, yo fè gwo malè sou li.

Matthew 7:2

2 paske Bondye va jije nou menm jan nou jije lòt yo. Mezi nou sèvi pou mezire lòt yo, se li menm menm Bondye va sèvi pou mezire nou tou.

James 2:13

13 Paske, lè Bondye ap jije, l'ap san pitye pou moun ki te san pitye. Men, moun ki gen pitye pou lòt va soti tèt dwat lè jou jijman an.

Deuteronomy 32:29

29 Si yo te gen konprann, yo ta louvri je yo, yo ta wè sa ki pral rive yo.

Isaiah 42:25

25 Se konsa, li fè pèp la santi jan l' te move, li fè yo konnen soufrans lagè. Tankou dife, kòlè Bondye tonbe sou tout peyi a. Men yo yonn pa t' vle rekonèt sa. Kòlè Bondye boule peyi a nèt. Men, yo yonn pa t' pran sa pou anyen!

Isaiah 46:8-9

8 Pa janm bliye sa! Mete gason sou nou! Nou menm k'ap fè peche, kalkile tou sa nou fè! 9 Chonje tou sa ki te rive nan tan lontan. Rekonèt se mwen menm sèl ki Bondye. Pa gen lòt! Se mwen sèl ki Bondye. Nanpwen tankou m'!

Isaiah 47:5

5 Men sa li di lavil Babilòn: Chita la! Pa di yon mo! Rete nan fènwa a! Yo p'ap janm rele ou ankò larenn tout peyi yo.

Jeremiah 5:31

31 Annik manti ase pwofèt yo ap bay. Prèt yo menm, se pòch yo ase yo konnen. Pèp la menm renmen l' konsa. Men, kisa y'a fè lè tou sa va fini?

Ezekiel 7:3-9

3 Koulye a, sa fini nèt pou nou! Mwen pral move sou nou, paske mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. Mwen pral fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je mwen. 4 Mwen p'ap gen pitye pou nou. Mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Konsa n'a konnen se mwen menm ki Seyè a. 5 Men sa Seyè a, Bondye sèl Mèt la, di ankò: -Malè sou malè pral tonbe sou nou. 6 Lè a fin rive! Nou pa lwen fini nèt! Dènye jou nou yo pa lwen rive. 7 Sa pral fini nèt pou nou tout ki rete nan peyi a. Lè a ap pwoche, jou a pa lwen ankò lè p'ap gen kè kontan sou mòn yo. Se pral yon gwo kouri. 8 Koulye a, talè konsa, mwen pral fè nou santi jan m' ka move. Mwen pral move sou nou jouk mwen p'ap kapab ankò. Mwen pral pini nou pou tou sa nou fè. M'ap fè nou peye pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. 9 Mwen p'ap gen pitye pou nou, mwen p'ap fè pa nou. Mwen pral fè nou peye pou tou sa nou fè. Mwen pral regle nou pou tout vye bagay derespektan n'ap plede fè devan je m' yo. Lè sa a, n'a konnen se mwen menm Seyè a k'ap pini nou.

Ezekiel 28:2

2 -Nonm o! Pale ak chèf peyi Tir la, di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Lògèy vire lòlòj ou! Ou pretann di se yon bondye ou ye. Ou chita tankou Bondye sou fotèy ou, nan mitan lanmè. Ou mèt pran pòz bondye ou jan ou vle, se moun ou ye, ou pa Bondye.

Ezekiel 28:12-14

12 -Nonm o! Ou pral plenn sò k'ap tann wa peyi Tir la. Di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba ou: Te gen yon lè se ou ki te pi bon. Tout moun t'ap gade sou ou. Ou te gen bon konprann. Ou te yon bèl bagay nan je tout moun. 13 Ou t'ap viv nan jaden Edenn lan, jaden Bondye a. Ou te mete tout kalite bèl pyè koute chè sou ou: ribi, topaz, dyaman, krizolit, oniks, jasp, safi, malachi, emwòd. Tout bèl bijou ki te sou ou te fèt an lò. Se jou Bondye t'ap kreye ou la li te fè pare yo pou ou. 14 Mwen mete yon zanj cheriben avè ou pou pwoteje ou. Se sou mòn ki apa pou mwen an ou te rete. Ou mache nan mitan gwo dife.

Ezekiel 29:3

3 Pale avè l'. Di li men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li. -Ou menm farawon an, wa peyi Lejip, mwen pral leve dèyè ou tou. Ou tankou yon gwo kayiman ki kouche nan larivyè Nil la. Ou di se pou ou larivyè Nil la ye, se ou ki fè l'.

Daniel 4:29

29 Douz mwa apre sa, wa a t'ap pwonmennen sou teras palè li a lavil Babilòn,

Daniel 5:18-23

18 Monwa, Bondye ki anwo nan syèl la te fè papa ou, Nèbikadneza, wa. Li te ba li pouvwa, otorite ak anpil bèl bagay. 19 Bondye te sitèlman ba li pouvwa, tout pèp, moun tout ras, moun ki pale tout kalite lang te pè l'. Yo te tranble devan l'. Li te touye moun li vle, li te kite moun li vle viv. Li moute moun grad, li desann moun grad jan li vle. 20 Men, li kite lògèy vire tèt li, li vin mechan anpil, li santi li pa kanmarad pesonn. Se konsa yo wete l' sou fotèy wa a, li pèdi bèl plas sa a. 21 Yo mete l' deyò, yo voye l' byen lwen, yo pa kite l' mache sou moun. Lespri li tounen tankou lespri yon bèt. Li rete menm kote avèk bourik mawon, li manje zèb tankou bèf, lawouze bat li kou bèt seren. Lèfini, li rekonèt se Bondye ki anwo nan syèl la ki kontwole tout chèf sou latè, se li menm ki bay moun li vle dwa pou yo gouvènen. 22 Men, ou menm Bèlchaza, pitit li, ou pa t' soumèt devan l', atout ou te konnen tout bagay sa yo. 23 Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Seyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l' lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li.

Judges 18:7

7 Senk mesye yo ale, yo rive lavil layis. Yo wè ki jan moun ki te rete Layis yo te san pwoblèm, tankou moun peyi Sidon yo. Se te yon bann moun ki t'ap viv byen yonn ak lòt, ki pa t' nan kont ak pesonn nan peyi a. Yo te gen tou sa yo te bezwen. Yo t'ap viv byen lwen moun peyi Sidon yo, yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo.

Judges 18:27

27 Moun Dann yo te pran bagay Mika te fè yo ansanm ak prèt ki t'ap sèvi li a pou yo. Yo rive lavil layis, kote moun yo t'ap viv byen yonn ak lòt san bri san kont, yo atake lavil la. Yo bat moun yo, yo touye yo tout epi yo met dife nan lavil la.

Psalms 10:5-6

5 Tou sa li fè toujou mache byen. Li pa konprann jijman Bondye yo. L'ap meprize lènmi l' yo. 6 L'ap di nan kè l': Anyen pa ka brannen m'. Mwen p'ap janm nan pwoblèm.

Isaiah 21:4-5

4 Tèt mwen ap vire. M'ap tranble tèlman mwen pè. Mwen t'ap tann solèy la kouche. Men, lè aswè rive, se te pi mal. 5 Nan vizyon an, mwen wè yon tab byen ranje, yo louvri tapi atè pou envite yo chita. Y'ap manje, y'ap bwè. Yon moman, yo bay yon lòd: Kanpe, chèf lame yo! Pare zam nou pou defann nou!

Isaiah 22:12-13

12 Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou. 13 Men, gade! Nou pito rete ap ri, n'ap fè fèt, n'ap touye bèf, n'ap touye kabrit ak mouton pou n' manje, n'ap bwè diven. N'ap plede di: Annou manje, annou bwè, paske denmen nou pral mouri.

Isaiah 32:9

9 Nou menm medam k'ap viv alèz yo, leve non. Koute sa m'ap di! Nou menm medam ki san pwoblèm yo, louvri zòrèy nou tande sa m'ap di:

Isaiah 45:6

6 Mwen fè sa pou tout moun sou latè, depi kote solèy leve jouk kote solèy kouche, ka konnen pa gen lòt bondye pase mwen menm! Se mwen menm ki Seyè a. Pa gen lòt!

Isaiah 45:18

18 Se Seyè a ki kreye syèl la. Se li menm sèlman ki Bondye. Se li menm ki fè latè, ki ba li fòm li. Se li menm ki fè l' chita fèm. Li pa t' fè l' pou l' te tounen yon dezè, men pou l' te yon kote pou moun rete. Men sa li di: Se mwen menm ki Seyè a. Nanpwen lòt.

Isaiah 47:10

10 Ou te konte sou mechanste ou t'ap fè yo. Ou t'ap di nan kè ou pesonn pa wè ou. Bon konprann ak konesans vire tèt ou. Ou t'ap di nan kè ou se ou menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt.

Jeremiah 50:11

11 Seyè a di ankò: -Nou menm moun lavil Babilòn ki t' al piye pèp ki rele m' pa m' lan, nou te kontan, nou t'ap fè fèt, nou t'ap sote ponpe tankou ti gazèl lage nan savann, nou t'ap ranni tankou jenn poulen.

Jeremiah 50:31-32

31 Moun Babilòn, nou awogan twòp! Mwen leve dèyè nou! Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, Bondye sèl Mèt la, ki di sa. Jou pa ou la rive, lè pou m' pini ou lan rive sou ou. 32 Peyi moun awogan sa yo pral tonbe. Pesonn p'ap ka fè l' kanpe ankò. M'ap mete dife nan tout lavil yo. Tout bagay alawonn pral boule.

Jeremiah 51:53

53 Menm si Babilòn ta rive moute nan syèl pou l' ta bati yon gwo fò moun pa ka rive pran, moun m'ap voye dèyè l' yo ap jwenn li, y'ap kraze l'. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Daniel 4:22

22 pyebwa sa a se ou menm, monwa, ki grandi, ki vin fò. Ou sitèlman grandi ou rive jouk nan syèl la. Ou chèf sou tout latè.

Daniel 4:30

30 li di konsa: -Gade jan lavil Babilòn lan vin gran non! Se mwen menm ki bati l' ak fòs kouraj mwen pou l' sèvi m' kapital peyi a, pou fè wè jan mwen gen pouvwa, jan mwen grannèg.

Daniel 5:1-4

1 Yon jou, wa Bèlchaza bay yon gwo resepsyon pou mil moun nan gwo zotobre peyi a. Yo t'ap bwè diven ansanm. 2 Antan yo t'ap bwè konsa, Bèlchaza bay lòd pou y' al pran gwo gode fèt an lò ak gode fèt an ajan papa l', Nèbikadneza, te pran nan tanp lavil Jerizalèm lan. Li te fè chache yo pou l' te bwè ladan yo ansanm ak chèf li yo, madanm li yo ak fanm kay li yo. 3 Lamenm, yo pote gode an lò ak gode an ajan yo, epi yo tout yo tanmen bwè ladan yo. 4 Yo t'ap bwè diven, yo t'ap fè lwanj bondye pa yo ki fèt an lò, an ajan, an kwiv, an bwa, an fè ak an wòch.

Daniel 5:23

23 Ou menm tou, ou kenbe tèt ak Seyè ki nan syèl la, ou fè yo pote veso yo te pran nan tanp li a ba ou. Epi ou menm, chèf ou yo, madanm ou yo ak fanm kay ou yo, nou bwè diven ladan yo. Nou fè lwanj pou bondye fèt an lò, an ajan, an kwiv, an fè, an bwa, an wòch, bondye ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa konn anyen. Men, monwa, Bondye ki kenbe lavi ou nan men l' lan, li menm ki kontwole tou sa w'ap fè yo, ou pa fè lwanj li.

Daniel 5:30

30 Menm jou lannwit sa a, yo touye Bèlchaza, wa lavil Babilòn lan.

Daniel 11:36

36 Wa peyi Siri a va fè sa li vle. Li pral gonfle lestonmak li, li pral mache di jan li pi gran pase tout bondye. L'ap di yon bann vye koze sou Bondye ki anwo tout bondye yo. L'ap fè sa konsa jouk lè pou Bondye pini l' lan va rive. Paske, tou sa Bondye te di ki pou fèt la gen pou fèt.

Nahum 1:10

10 Yo tankou yon gwo raje pikan. Atout yo vèt la, yo pral boule nèt tankou yon pil zèb chèch.

Habakkuk 2:5-8

5 Richès fè moun pèdi tèt yo pi mal pase bweson. Moun ki gen lògèy pa ka rete trankil. Tankou simityè, yo pa janm gen ase. Tankou kote mò yo ye a, yo pa janm gen kont yo. Yo mache pran tout nasyon yo pou yo. Yo mete tout pèp yo anba ponyèt yo. 6 Men, tout pèp sa yo pral pase yo nan betiz, yo pral rele chalbari dèyè yo, yo pral bay istwa sou yo. Yo pral di: Madichon pou moun k'ap plede pran sa ki pa pou yo! Kilè y'a sispann fè sa? Madichon pou moun k'ap bay ponya epi k'ap fè moun peye gwo enterè mete sou li! 7 Talè konsa, se nou ki pral nan pran ponya. Moun nou dwe yo pral leve dèyè nou. Yo pral piye tou sa nou genyen. 8 Nou te piye anpil nasyon. Koulye a rès moun ki te chape yo pral piye tou sa nou genyen paske nou te touye anpil moun, nou te fè peyi yo, lavil yo ansanm ak moun ki te rete ladan yo pase anpil mati anba men nou.

Zephaniah 2:15

15 Men sa ki pral rive lavil kote moun t'ap pran plezi yo, lavil kote moun te mete nan tèt yo anyen pa ka rive yo, lavil kote moun yo t'ap di nan kè yo: Se mwen menm sèl chèf! Pa gen lòt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè yo wè sa ki rive.

Luke 12:18-20

18 Apre sa li di: Bon. Men sa m'ap fè; m'ap kraze depo m' yo, m'ap bati lòt pi gwo pou m' mete tout rekòt mwen yo ak tout lòt byen mwen yo. 19 Apre sa, m'a di tèt mwen: Monchè, ou gen anpil byen an depò pou plizyè lanne. Pa fatige kò ou ankò. Manje, bwè, pran plezi ou. 20 Men, Bondye di li: Egare! Aswè a menm yo pral mande ou nanm ou. Tou sa ou te sere yo, pou ki moun y'a ye?

Luke 17:27-29

27 Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, moun t'ap marye, yo t'ap marye pitit fi yo; se konsa tout bagay te ye, jouk jou Noe te antre nan gwo batiman an. Lè inondasyon an fèt, li touye yo tout. 28 Sa ki te rive nan tan Lòt la va rive menm jan an tou. Moun t'ap manje, yo t'ap bwè, yo t'ap achte, yo t'ap plante, yo t'ap bati. 29 Men, jou Lòt soti kite lavil Sodòm lan, dife souf grennen sot nan syèl la tankou lapli, tonbe sou yo; yo tout peri.

2 Thessalonians 2:4

4 Mechan sa a ap kanpe, l'ap pran pozisyon kont tout bagay lèzòm ap sèvi, kont tout bagay lèzòm konsidere pou Bondye. La fè, la fè, jouk la antre nan tanp Bondye a, la chita, la fè tèt li pase pou Bondye.

Revelation 18:3-8

3 Paske, li fè tout nasyon yo bwè nan diven l' lan, diven gwo imoralite l' la. Wa latè yo lage kò yo nan dezòd ansanm avè li. Tout kòmèsan latè yo rich sou tèt li, pou kantite lajan li depanse nan banbòch. 4 Apre sa, mwen tande yon lòt vwa ki t'ap soti nan sièl la, li t'ap di: Nou menm pèp mwen, wete kò nou nan mitan lavil sa a, pou nou pa patisipe nan peche l' yo, pou nou pa tonbe ansanm avè l' anba kalamite ki pral frape li yo.

Ruth 1:5

5 lè Maklon ak Kiljon tonbe, yo mouri tou. Se konsa Naomi twouve vin pou kont li: li te pèdi ni mari l' ni pitit gason l' yo.

Ruth 1:20

20 reponn yo: -Tanpri, pa rele m' Naomi. Pito nou rele m' Mara, paske Bondye ki gen tout pouvwa a fè m' soufri anpil.

Psalms 73:19

19 Kisa ou konprann? Anvan ou bat je ou yo fini, yo disparèt sitèlman yo pè.

Isaiah 13:18-22

18 Avèk banza yo, yo pral touye jenn gason. Y'ap san pitye pou timoun fenk fèt. Kè yo p'ap fè yo mal pou timoun piti. 19 Lavil Babilòn, se yon bijou. Se li ki pi bèl pase tout peyi. Moun peyi Kalde yo plen lògèy, y'ap fè grandizè poutèt li. Men, mwen menm Seyè a, m'ap kraze l' tankou mwen te kraze lavil Sodòm ak lavil Gomò. 20 Moun p'ap janm al rete la ankò. L'ap rete san moun pou tout tan. Moun peyi Arabi k'ap mache nan dezè yo p'ap janm moute tant yo bò la, ni ankenn gadò mouton p'ap janm mennen mouton yo vin manje bò la. 21 Se la tout bèt nan bwa pral rete. Koukou pral fè nich nan tout kay yo. Se la otrich pral fè kay yo. Se la kabrit mawon pral danse kalenda. 22 Chen mawon pral wouke nan gwo kay yo. Chat mawon pral pran plezi yo nan bèl palè yo. Lè a prèt pou sonnen pou lavil Babilòn, jou l' prèt pou bout.

Isaiah 14:22-23

22 Bondye ki gen tout pouvwa a pale, li di konsa: -Mwen pral leve dèyè yo. Mwen pral disparèt lavil Babilòn. Mwen p'ap kite anyen, ni non l', ni moun li yo, tout ras yo, tout pitit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 23 M'ap fè lavil Babilòn tounen yon marekay. Se zagoudi ase k'ap rete la. Mwen pral bale sa byen bale. M' p'ap kite anyen. Se mwen menm, Seyè ki gen tout pouvwa a, ki pale.

Isaiah 47:12-13

12 Ou mèt rete ak maji ou yo, ak tout wanga ou yo! Depi ou jenn w'ap fatige kò ou sèvi ak yo. Ou pa janm konnen, yo ka fè kichòy pou ou! Ou ka fè moun pè ou ak yo! 13 Ou chaje ak moun k'ap ba ou konsèy jouk ou pa konn sa pou ou fè. Se pou moun ki te ba ou tout konsèy sa yo vini koulye a, se pou yo sove ou, yo menm k'ap etidye zetwal, yo menm k'ap separe syèl la an divès zòn, yo menm k'ap di ou chak lalin nouvèl tou sa ki gen pou rive.

Isaiah 51:18-19

18 Nanpwen yonn nan tout pitit li fè yo ki la pou moutre l' chemen pou l' pran. Pa gen yonn nan tout pitit li elve yo ki la pou ba l' men. 19 De malè tonbe sou ou yonn apre lòt. Ki moun ki ka plenn sò ou? Yo ravaje peyi a, yo fini avè l'. Grangou ak lagè fin touye moun ou yo. Pa gen moun ankò ki pou ba ou kouraj.

Jeremiah 51:29

29 Tout latè ap tranble, l'ap souke, paske lè plan travay Seyè a rive pou l' fèt. Li pral fè Babilòn tounen yon dezè kote p'ap gen pesonn ankò.

Jeremiah 51:62-64

62 Apre sa w'a di: Seyè! Ou te di ou gen pou detwi peyi sa a pou pa gen yon sèl moun ni yon sèl bèt rete ladan l' ankò. Ou te di peyi a gen pou tounen yon dezè pou tout tan! 63 Lè w'a fin li liv sa a, w'a mare l' sou yon wòch, w'a voye l' jete nan mitan larivyè Lefrat. 64 Apre sa, w'a di: Se konsa lavil Babilòn lan pral koule, li p'ap janm ka leve ankò apre malè mwen menm Seyè a, mwen pral voye sou li a. Se isit la pawòl pwofèt Jeremi yo fini.

Daniel 2:2

2 Li fè chache divinò, moun ki li zetwal, moun ki fè cham ak nèg save pou yo vin esplike wa a rèv li fè yo. Lè yo rive, yo kanpe devan wa a.

Daniel 4:7

7 Dènye majisyen, dènye moun ki li zetwal, dènye divinò ak dènye nèg save vini. Mwen rakonte yo rèv la, men yo pa t' ka esplike m' sa li vle di.

Daniel 5:7

7 Li rele byen fò, li mande pou fè chache tout divinò, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save ki rete lavil Babilòn yo. Lè yo vini, wa a di yo konsa: -Nenpòt moun ki ka li sa ki ekri la a, lèfini ki ka fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou li, m'ap pase yon chenn an lò nan kou l'. Apre sa, m'ap ba li twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan.

Nahum 3:4

4 Y'ap pini lavil Niniv, manman jennès la. Y'ap pini l' pou tout dezòd li fè yo. Li te bèl, li te fò nan pawòl dous! Li fè yo pran plezi kont kò yo ak li. Li fè nasyon yo pèdi tèt yo. Lèfini, li pran yo, li fè trafik ak yo!

Luke 7:12-13

12 Li rive bò pòtay lavil la. Lè sa a yo t'ap pote yon mò al antere: se te sèl pitit gason yon madanm vèv. Te gen anpil moun lavil la avèk li. 13 Lè Jezi wè vèv la, kè l' fè l' mal pou li, li di li: Pa kriye, tande!

1 Thessalonians 5:3

3 Lè n'ap tande moun ap di: Gen lapè toupatou, tout bagay byen sou kontwòl, se lè sa a, san nou pa atann, n'ap wè kòlè Bondye a tonbe sou yo pou detwi yo. Se tankou lè doulè tranche sezi yon fanm ansent. p'ap gen chape pou yo.

2 Thessalonians 2:9-10

9 Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti. 10 Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li.

Revelation 9:20-21

20 Malgre sa, rès moun sou latè yo, sa ki pa t' mouri anba kalamite sa yo, pa t' sispann adore Satan ak zidòl fèt an lò, an ajan, an bwonz, an wòch oswa an bwa, zidòl ki pa ka wè, ki pa ka tande, ki pa ka mache. 21 Wi, atousa, moun sa yo pa t' chanje jan yo t'ap viv la, yo pa t' sispann touye moun, fè maji, lage kò yo nan imoralite ak vòlò zafè moun.

Revelation 18:8-10

8 Se poutèt sa, tout kalamite l' yo ap tonbe sou li yon sèl jou: gwo maladi, lapenn ak grangou. Dife ap boule li nèt. Paske, Bondye k'ap jije l' la se yon Mèt ki gen pouvwa. 9 Tout wa latè ki te lage kò yo nan fè imoralite ak nan pran plezi avè l' yo pral rele, yo pral kriye, yo pral plenn sò lavil la, lè y'a wè lafimen dife k'ap boule l' la. 10 Y'a rete byen lwen tèlman yo pral pè l' y'a wè jan li pral soufri a. Y'a di konsa: Gade yon malè! Ala malè pou gwo lavil la! Ou menm Babilòn, lavil ki fò a, yon sèl moman kont pou peni ou!

Revelation 18:21-23

21 Lè sa a, yon zanj ki te gwonèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l' nan lanmè a. Li di: Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pesonn p'ap janm wè l' ankò. 22 Yo p'ap janm tande mizik mizisyen ki konn jwe gita, fif ak klewon lakay ou. Yo p'ap jwenn okenn ouvriye pou fè okenn metie. Yo p'ap tande bri moulen mayi yo ankò. 23 Okenn lanp p'ap janm klere lakay ou ankò. Yo p'ap janm tande vwa lemarie ak lamarye ankò. Kòmèsan ou yo, se yo ki te pi grannèg sou latè. Avèk maji ou yo, ou te twonpe tout nasyon yo.

Revelation 21:8

8 Men, pou moun ki lach yo, moun ki pa kenbe pawòl yo, ansasen yo, bann moun deprave yo, moun k'ap fè maji yo, moun k'ap adore zidòl ansanm ak moun k'ap bay manti, plas yo se nan letan dife ak souf k'ap boule a yo ye. Se sa yo rele dezyèm lanmò a.

Revelation 22:15

15 Men, mete nou deyò, bann chen, nou menm moun k'ap fè maji, moun k'ap fè imoralite, ansasen, moun k'ap sèvi zidòl, ansanm ak tout moun ki pa renmen verite a men ki pito bay manti.

Job 22:13-14

13 Ou konn sa, epi w'ap di: Sa Bondye ka konnen? Li kache dèyè nwaj yo, ki jan pou l' jije sa k'ap pase sou latè? 14 Nwaj yo twò pwès, li pa ka wè. Se sou fetay syèl la l'ap mache.

Psalms 10:11

11 Mechan an di nan kè l': -Bondye p'ap okipe bagay konsa. Li fèmen je l', li p'ap janm wè m'.

Psalms 52:7

7 Se poutèt sa, Bondye gen pou fini nèt avè ou, l'ap mete men sou ou, l'ap rale ou soti anndan kay ou. L'ap wete ou nan mitan moun ki vivan yo.

Psalms 62:9-10

9 Nou menm, pèp mwen, toujou mete konfyans nou nan li! Louvri kè nou ba li, paske se li menm ki tout nou. 10 Wi, moun pa anyen. Grannèg? Se pawòl nan bouch. Mete yo ansanm nan balans, yo pa gen pèz. Yo pi lejè pase van k'ap soufle a.

Psalms 64:5

5 Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.

Psalms 94:7-9

7 Lè konsa yo di: Seyè a pa wè nou! Bondye pèp Izrayèl la pa okipe bagay konsa! 8 Nou menm, bann san konprann, manyè fè atansyon non! Bann moun fou, kilè n'a konprann? 9 Bondye ki bay zòrèy, ki jan pou l' pa ta ka tande? Bondye ki fè je, ki jan pou l' pa ta ka wè?

Ecclesiastes 8:8

8 Pesonn pa mèt lavi l'. Lè jou a rive pou l' mouri, fòk li mouri. Pesonn pa ka ranvwaye jou lanmò li. Nou pa ka kouri pou batay sa a. Ata mechanste mechan yo pa ka sove yo.

Isaiah 5:21

21 Madichon pou moun ki konprann yo gen konesans, pou moun ki mete nan tèt yo yo gen lespri!

Isaiah 28:15

15 -N'ap fè grandizè deske nou te pase kontra avèk lanmò, nou te siyen papye ak chèf peyi kote mò yo ye a. N'ap plede di lè malè a va rive li p'ap tonbe sou nou, paske avèk fòs manti nou jwenn kote pou n' kache, avèk fòs plan nou maske kò nou.

Isaiah 29:15

15 Madichon pou moun k'ap kache Seyè a sa yo gen lide fè! Y'ap fè plan yo an kachèt. Y'ap di pa gen moun ki wè yo. Pa gen moun k'ap konnen sa y'ap fè.

Isaiah 44:20

20 Se tankou si yo te mete konfyans yo nan sann dife. Se tèt yo y'ap twonpe. Yo pèdi wout yo. Yo p'ap ka sove lavi yo, yo pa konprann zidòl yo gen nan men yo a se pa bondye li ye.

Isaiah 59:4

4 Lè n' al nan tribinal se pou defann move kòz. Lè n'ap plede, nou bay manti. N'ap di yon bann bagay ki pa laverite. Se move lide ase ki nan tèt nou. Se mechanste ase n'ap fè.

Jeremiah 23:24

24 Pa gen kote yon moun ka al kache pou m' pa wè l'. Nou pa konnen mwen toupatou nan syèl la ak sou latè a? Se Seyè a menm ki di sa.

Ezekiel 8:12

12 Bondye di m' konsa: -Nonm o! Eske ou wè sa chèf fanmi pèp Izrayèl yo ap plede fè an kachèt? Yo rete ap fè sèvis nan yon chanm kay plen zidòl. Men eskiz yo bay: O wi! Bondye pa wè nou! Bondye vire do l' bay peyi a!

Ezekiel 9:9

9 Li reponn mwen: -Moun peyi Izrayèl yo ansanm ak moun peyi Jida yo fè anpil wi! Se san k'ap koule toupatou nan peyi a. Lavil Jerizalèm plen moun k'ap fè lenjistis. Y'ap plede di mwen menm, Seyè a, mwen vire do bay peyi a, mwen pa wè yo.

Ezekiel 28:2-6

2 -Nonm o! Pale ak chèf peyi Tir la, di li: Men mesaj Seyè sèl Mèt la voye ba li: Lògèy vire lòlòj ou! Ou pretann di se yon bondye ou ye. Ou chita tankou Bondye sou fotèy ou, nan mitan lanmè. Ou mèt pran pòz bondye ou jan ou vle, se moun ou ye, ou pa Bondye. 3 Ou met nan tèt ou ou gen plis konprann pase Danèl. Pa gen sekrè ki kache pou ou. 4 Se bon konprann ou ak lespri ou genyen ki fè ou rich konsa. Ou ranmase bonkou lò ak ajan mete lakay ou. 5 Ou gen anpil ladrès nan fè kòmès, ou fè anpil lajan. Ou kite richès ou yo vire tèt ou. 6 Se poutèt sa, men sa Seyè sèl Mèt la voye di ou: Ou met nan tèt ou ou gen konprann tankou Bondye.

Romans 1:22

22 Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou.

1 Corinthians 1:19-21

19 Se sa menm ki te ekri nan Liv la: M'ap detwi bon konprann moun lespri yo. M'ap voye konesans save yo jete. 20 Bon, lè sa a, moun ki gen bon konprann yo, moun ki fò yo, moun ki renmen diskite dapre prensip lèzòm yo, kisa yo gen pou di ankò? Eske Bondye pa fè wè se bon konprann lèzòm lan ki pawòl moun fou? 21 Se sak fè, moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn lan, avèk tout bon konprann yo, yo pa kapab rekonèt Bondye kote Bondye ap fè wè bon konprann li. Se poutèt sa, Bondye deside delivre tout moun ki kwè nan pawòl moun fou n'ap anonse a.

1 Corinthians 3:19

19 Paske, bon konprann moun k'ap viv dapre lide ki nan lemonn yo se bagay moun fou li ye devan Bondye. Men sa n' jwenn ekri nan Liv la: Bondye pran moun lespri yo nan pwòp pèlen yo te tann lan.

Exodus 12:29-30

29 Nan mitan lannwit, Seyè a touye tout premye pitit gason moun peyi Lejip yo, depi premye pitit gason farawon an ki chita sou fotèy la, jouk premye pitit gason prizonye ki te nan kacho. Tout premye pitit bèt yo tou te mouri. 30 Jou lannwit sa a, farawon an leve, li menm, tout chèf li yo ansanm ak tout pèp peyi Lejip la. Yon gwo rèl pete toupatou nan peyi Lejip, paske pa t' gen yon kay ki pa t' gen lanmò.

Nehemiah 4:11

11 Lènmi nou yo menm, bò pa yo, t'ap di: -San yo pa konnen, san yo pa wè anyen, n'ap gen tan nan mitan yo. N'ap masakre yo, n'ap fè travay la sispann.

Psalms 50:22

22 Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.

Isaiah 37:36

36 Zanj Seyè a al nan kan moun Lasiri yo, li touye sankatrevensenk mil sòlda. Nan maten, lè moun leve, se kadav yo ase yo jwenn. Yo tout te mouri.

Jeremiah 51:39-42

39 Lè y'a fin chofe kont yo, mwen menm m'ap pare yon fèt pou yo. M'ap fè yo sou, m'ap fè kè yo kontan. Lèfini, yo pral dòmi yon dòmi ki p'ap janm fini, yo p'ap janm leve ankò. 40 M'ap fè mennen yo labatwa tankou yo mennen mouton, belye mouton ak bouk kabrit yo. Se mwen menm Seyè a ki di sa. 41 Seyè a di konsa: -Gade! Yo pran lavil Babilòn. Yo mete men sou li, lavil ki te yon lwanj nan bouch tout moun lan. Yo fè l' tounen yon dezè nan mitan nasyon yo. 42 Lanmè moute anvayi lavil Babilòn. Lanm lanmè yo move, yo kouvri lavil la.

Daniel 5:25-30

25 Men sa ki ekri: Konte. Konte. Peze. Separe. 26 Men sa sa vle di: Konte: Bondye konte konbe jou depi ou wa, li pral mete yon bout nan sa. 27 Peze: Li mete ou nan balans, li jwenn ou manke pèz. 28 Separe: yo pral separe peyi ki sou lòd ou a bay moun Medi yo ak moun Pès yo. 29 Lamenm, wa Bèlchaza bay lòd pou yo mete gwo manto wouj la sou Danyèl, pou yo pase yon chenn an lò nan kou li, lèfini pou yo fè tout moun konnen Danyèl se twazyèm chèf apre li nan gouvènman peyi kote l' wa a. 30 Menm jou lannwit sa a, yo touye Bèlchaza, wa lavil Babilòn lan.

Matthew 18:34

34 Mèt la fè gwo kòlè, li fè mete msye nan prizon pou yo bat li jouk lè li fin peye tou sa l' te dwe a.

Luke 12:59

59 M'ap di ou sa: ou p'ap soti nan prizon an tout tan ou pa peye dènye lajan ou dwe a.

Revelation 3:3

3 Chonje sa yo te moutre ou la. Chonje jan ou te resevwa li. Obeyi l', tounen vin jwenn Bondye. Si ou pa sispann dòmi, m'ap vini sou ou tankou yon vòlè, san ou pa atann.

Exodus 7:11

11 Men farawon an rele nèg save l' yo ak divinò l' yo. Yo menm tou, avèk maji yo, yo te rive fè menm bagay la tou.

Exodus 8:7

7 Men majisyen peyi Lejip yo, avèk maji yo, te rive fè menm bagay la tou. Yo fè krapo moute vin sou peyi Lejip la.

Exodus 8:18-19

18 Majisyen yo vin ankò ak maji yo pou yo te fè menm bagay la tou. Men, fwa sa a, yo pa t' kapab. vèmin yo te sou tout moun ak sou tout bèt. 19 Majisyen yo di farawon an: -Sa se travay Bondye. Men farawon an t'ap fè tèt di toujou. Li pa t' vle koute Moyiz ak Arawon, tankou Seyè a te di a.

Exodus 9:11

11 Ata majisyen yo pa t' kapab parèt devan Moyiz, paske yo te kouvri ak malenng tou tankou tout moun peyi Lejip yo.

Isaiah 8:19

19 Si pèp la mande nou pou n' al kay divinò ak moun k'ap rele mò, yon bann moun k'ap pale chwichwi pou moun pa ka konprann, si yo di nou: Eske moun pa gen dwa mande bondye yo sa pou yo fè? Eske yo pa gen dwa al rele mò yo pou vivan yo?

Isaiah 19:3

3 Nou pral fè yo pèdi tèt yo, yo p'ap konn sa pou yo fè. Yo pral rele nan pye zidòl yo, yo pral kay majisyen, kay divinò ak kay moun k'ap rele mò.

Isaiah 44:25

25 Se mwen menm ki fè siy yo te predi yo pèdi sans yo. Se mwen menm ki fè divinò yo depale. Mwen demanti pawòl moun save yo. Mwen fè yo wè tout konesans yo se bagay moun fou.

Isaiah 47:9-10

9 Enben! De malè sa yo pral tonbe sou ou anmenmtan, yon sèl jou. Ou pral pèdi pitit ou yo ansanm ak mari ou! Wi, malè sa yo pral tonbe ansanm sou ou, malgre tout maji ou pral fè yo, malgre pakèt wanga ou genyen yo! 10 Ou te konte sou mechanste ou t'ap fè yo. Ou t'ap di nan kè ou pesonn pa wè ou. Bon konprann ak konesans vire tèt ou. Ou t'ap di nan kè ou se ou menm ki sèl chèf. Nanpwen lòt.

Jeremiah 2:28

28 Men, nou menm moun Jida yo, kote bondye nou te fè pou nou yo? Lè nou nan traka, se yo ki pou leve vin delivre nou, si yo kapab! Moun Jida, nou gen yon bondye nan chak lavil nou yo!

Daniel 5:7-9

7 Li rele byen fò, li mande pou fè chache tout divinò, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save ki rete lavil Babilòn yo. Lè yo vini, wa a di yo konsa: -Nenpòt moun ki ka li sa ki ekri la a, lèfini ki ka fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou li, m'ap pase yon chenn an lò nan kou l'. Apre sa, m'ap ba li twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan. 8 Tout nèg save wa yo vanse. Men, pa t' gen yonn ladan yo ki te ka li sa ki ekri a, ale wè pou yo ta fè l' konnen sa li vle di. 9 Wa a vin pi pè toujou, figi l' pèdi koulè. Tout chèf yo menm pa t' konn sa pou yo fè.

Acts 13:8-12

8 Men, Elimas (se te non majisyen an nan lang grèk) t'ap kenbe tèt ak yo. Li t'ap chache detounen gouvènè a pou l' pa t' kwè. 9 Men, Sòl (yo te rele Pòl tou), anba pouvwa Sentespri, fikse je l' sou majisyen an, 10 li di li: Ou menm, ou se pitit Satan. Ou plen riz ak mechanste nan kè ou, ou pa vle wè anyen ki bon. Eske ou p'ap sispann vire travay Bondye a lanvè? 11 Koulye a, koute: Bondye pral mete men sou ou: ou pral vin avèg, ou p'ap wè limyè solèy pou kèk tan. Menm lè a, je Elimas vin bouche, li wè tou nwa. Li t'ap vire adwat agoch, li t'ap chache yon moun pou pran men l' pou kondi li. 12 Lè gouvènè a wè sak te rive a, li kwè. Sa te frape l' anpil lè l' tande tou sa yo t'ap moutre li sou Seyè a.

2 Thessalonians 2:9-12

9 Mechan an va vini ak tout pouvwa Satan an. Li va fè anpil mirak, anpil mèvèy ak anpil gwo siy pou bay manti. 10 Li va fè tout kalite bagay mal pou twonpe moun k'ap pèdi tèt yo. Y'ap pèdi tèt yo paske yo pa asepte verite ki pou ta sove yo a, yo pa renmen li. 11 Se poutèt sa, Bondye ap voye yon pouvwa k'ap travay pou egare yo pi rèd, pou yo sa kwè nan manti. 12 Konsa, tout moun ki p'ap kwè nan verite a, ki te pran plezi yo nan fè lenjistis, yo tout pral kondannen.

Revelation 17:4-6

4 Fanm lan te gen yon rad swa mòv ak wouj san sou li. Li te chaje ak bijou fèt an lò, ak piè tout koulè ansanm ak bèl grenn pèl. Li te kenbe nan men l' yon gode fèt an lò ki te plen ak madichon ansanm ak vie bagay sal lavi jennès li a. 5 Te gen yon non ekri sou fwon li ki te gen yon sans kache: Gwo Babilòn, manman jennès yo ansanm ak tout bagay sal k'ap fèt sou latè. 6 Mwen wè fanm lan te sou tèlman li te bwè san moun k'ap sèvi Bondye yo ak san tout moun yo te touye paske yo te pran pozisyon pou Jezi. Lè m' wè l', mwen te sezi anpil.

Isaiah 47:15

15 Men kote konsèy moun sa yo ap mennen ou. Ou te touye tèt ou ap sèvi yo depi ou te jenn tifi. Y'ap kouri kite ou, yo chak bò pa yo. Yo yonn p'ap rete pou delivre ou!

Isaiah 57:10

10 Nou fatige kò nou ap vwayaje, men nou pa janm kite! Nou mete nan tèt nou zidòl yo ap ban nou fòs pou nou pa janm bouke.

Jeremiah 51:58

58 Men sa Seyè ki gen tout pouvwa a di ankò: -Yo kraze gwo miray lavil Babilòn lan ratè. Yo boule gwo pòtay byen wo li yo. Pèp yo te travay pou gremesi. Tou sa yo te bat kò yo fè a tounen sann dife.

Ezekiel 24:12

12 Ala traka pou wete lawouj la! Atousa, lawouj la p'ap fin soti nèt nan dife a.

Daniel 2:2-10

2 Li fè chache divinò, moun ki li zetwal, moun ki fè cham ak nèg save pou yo vin esplike wa a rèv li fè yo. Lè yo rive, yo kanpe devan wa a. 3 Wa a di yo konsa: -Mwen fè yon rèv k'ap boulvèse m' anpil. Mwen ta renmen nou fè m' konnen sa li vle di. 4 Mesye yo reponn wa a nan lang arameyen. Yo di l' konsa: -Se pou wa a viv pou tout tan! Se sèvitè ou nou ye. Rakonte nou rèv la, n'a esplike ou sa l' vle di. 5 Wa a reponn, li di mesye yo: -Mwen deside se nou ki pou rakonte m' rèv mwen te fè a, lèfini, pou nou fè m' konnen sa li vle di. Si nou pa kapab, m'ap fè yo depatcha nou, m'ap fè yo kraze kay nou ra pye tè. 6 Men, si nou rakonte m' rèv mwen te fè a, si nou fè m' konnen sa li vle di, m'ap fè nou kado anpil bagay. M'ap fè bèl bagay pou nou. Annou wè. Rakonte m' rèv la. Di m' sa li vle di. 7 Mesye yo reponn wa a yon dezyèm fwa: -Si monwa ta vle rakonte nou rèv la, n'a fè l' konnen sa li vle di. 8 Wa a di: -Mwen sèten nou soti pou n' fè lè, paske nou konnen mwen fin deside 9 si nou pa rakonte m' rèv la, m'ap fè nou tout pase menm jan an. Nou mete tèt ansanm pou nou ban m' manti, paske nou kwè yon lè sa va chanje. Se nou ki pou rakonte m' rèv mwen te fè a. Lè sa a, m'a konnen nou ka di m' sa rèv la vle di. 10 Nèg save yo reponn wa a, yo di l' konsa: -Pa gen pesonn sou tout latè ki ka fè wa a konnen sa l'ap mande la a. Se poutèt sa, pa janm gen wa, li te mèt gran kou l' gran, li te mèt gen pouvwa pase sa n' pa konnen, ki ka mande yon majisyen, yon moun ki li zetwal osinon yon nèg save bagay konsa.

Daniel 5:7-8

7 Li rele byen fò, li mande pou fè chache tout divinò, tout moun ki li zetwal ak tout nèg save ki rete lavil Babilòn yo. Lè yo vini, wa a di yo konsa: -Nenpòt moun ki ka li sa ki ekri la a, lèfini ki ka fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou li, m'ap pase yon chenn an lò nan kou l'. Apre sa, m'ap ba li twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan. 8 Tout nèg save wa yo vanse. Men, pa t' gen yonn ladan yo ki te ka li sa ki ekri a, ale wè pou yo ta fè l' konnen sa li vle di.

Daniel 5:15-16

15 Yo mennen nèg save ak moun ki li zetwal pou yo li sa ki ekri la a, lèfini pou yo fè m' konnen sa li vle di. Men yo pa t' kapab. 16 Koulye a, mwen tande ou ka bay esplikasyon pou tout bagay moun pa konprann, ou jwenn solisyon pou tout pwoblèm. Si ou ka li sa ki ekri la a, si ou fè m' konnen sa li vle di, m'ap mete gwo manto wouj la sou ou, m'ap pase yon chenn an lò nan kou ou. Lèfini, m'ap ba ou twazyèm plas apre m' nan gouvènman m' lan.

Habakkuk 2:13

13 Travay pèp yo ap fè a pral boule nan dife. Se pou gremesi nasyon yo ap fatige kò yo travay di. Se Seyè a menm k'ap fè sa rive konsa.

Psalms 83:13-15

13 paske yo te di: -Ann pran peyi Bondye a pou nou. 14 Bondye mwen, gaye yo tankou pousyè nan toubouyon, tankou pay van ap pote ale. 15 Tankou dife k'ap boule nan rakbwa, tankou flanm dife k'ap mache boule mòn yo,

Isaiah 5:24

24 Se sa ki fè y'ap disparèt nou sou tè a tankou pay ak zèb chèch ki boule nan dife. Rasin yo ap pouri anba tè. Van ap pran flè yo, l'ap bwote yo ale tankou pousyè, paske yo pa t' koute lòd Seyè a, Bondye ki gen tout pouvwa a, te ba yo. Yo te meprize kòmandman Bondye pèp Izrayèl la te bay.

Isaiah 10:17

17 Bondye ki limyè pèp Izrayèl la pral tounen yon dife. Bondye pèp Izrayèl la ki yon Bondye apa pral tounen yon flanm dife. Nan yon sèl jou l'ap boule tout pikan ak tout raje, fè yo tounen sann.

Isaiah 30:14

14 N'ap tonbe an miyèt moso tankou kannari kraze. P'ap menm gen yon moso ki ka sèvi pou ranmase chabon dife osinon pou al chache dlo nan sous.

Isaiah 40:24

24 Yo tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy, ki fenk ap fè rasin anba tè. Seyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche. Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay.

Isaiah 41:2

2 Kilès ki te fè chèf la soti bò solèy leve, ki te fè l' genyen nan tout batay kote l' pase? Kilès ki te lage tout nasyon yo nan men l', ki soumèt tout wa yo devan l'? Avèk nepe li, li kraze yo fè yo tounen pousyè. Avèk flèch li yo, li fè yo kouri tankou pay van ap gaye.

Jeremiah 51:25-26

25 Babilòn, ou tankou yon gwo mòn kote moun k'ap ravaje tout latè a soti. Koulye a, mwen pral regle avè ou. Mwen pral mete men sou ou. M'ap fè ou degrengole desann soti nan tèt wòch yo. M'ap fè mòn lan tounen yon gwo boukan dife. 26 Yo p'ap pran yon wòch nan ou ni pou fè fondasyon, ni pou fè kwen kay. Ou pral tounen yon dezè pou tout tan. Se mwen menm Seyè a ki di sa.

Jeremiah 51:30

30 Sòlda lavil Babilòn yo derefize goumen. Yo rete kache nan fò yo. Yo pèdi tout kouraj yo, yo tankou fanm. Lènmi defonse pòtay lavil yo, yo mete dife nan kay yo.

Jeremiah 51:32

32 Yo bloke tout chemen yo, yo mete dife nan tout avanpòs yo, sòlda yo gaye.

Ezekiel 15:7

7 M'ap kenbe tèt ak yo. Yo te chape anba dife a yon fwa, men se dife k'ap boule yo. Lè m'a kenbe tèt ak yo, n'a konnen se mwen menm ki Seyè a.

Joel 2:5

5 Lè y'ap soti sou tèt mòn yo, yo fè yon bri tankou cha lagè k'ap pase, tankou dife nan pay chèch. Yo mache an ran tankou yon gwo lame tou pare pou goumen.

Obadiah 1:18

18 Moun fanmi Jakòb yo pral tankou dife. Pitit pitit Jozèf yo pral tankou yon flanm dife. Yo pral detwi pitit Ezaou yo nèt tankou dife nan zèb chèch. Pesonn nan fanmi Ezaou a p'ap chape. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.

Malachi 4:1

1 Gade! Jou a ap vini: Pral fè cho anpil tankou nan yon fou. Tout awogan yo ansanm ak tout mechan yo pral boule tankou pay chèch. Se Seyè a menm ki di sa. Wi, jou sa a, y'ap boule nèt san kite tras.

Matthew 10:28

28 Nou pa bezwen pè moun ki kapab touye kò nou, men ki pa kapab touye nanm nou. Se Bondye pou nou pè pito, paske li menm li kapab detwi nanm nou ansanm ak tout kò nou nan lanfè.

Matthew 16:26

26 Kisa sa ta sèvi yon moun pou l' ta genyen lemonn antye si l' pèdi lavi li? Kisa yon moun kapab bay pou l' gen lavi?

Revelation 18:21

21 Lè sa a, yon zanj ki te gwonèg anpil pran yon wòch gwosè yon wòl moulen, li jete l' nan lanmè a. Li di: Se konsa yo pral jete gwo lavil Babilòn lan atè ak fòs. Pesonn p'ap janm wè l' ankò.

Isaiah 56:11

11 Yo tankou chen aloufa, anyen pa janm kont yo. Se yon bann chèf san konprann. Yo tout fè sa yo pito. Se avantaj yo ase y'ap defann.

Jeremiah 51:6-9

6 Kouri kite lavil Babilòn! Kouri chape kò nou. Pa kite yo touye nou pou mechanste moun pa li yo. Lè a rive pou m' tire revanj mwen. M'ap pini l' pou sa li fè m' lan. 7 Babilòn te tankou yon gode fèt an lò nan men mwen. Li t'ap fè tout nasyon sou latè sou. Yo bwè nan diven l' lan, y'ap depale. 8 Men Babilòn rete konsa li tonbe, li kraze. Plenn sò li! Chache renmèd pou doulè l' yo. Nou pa janm konnen, li ka geri. 9 Etranje k'ap viv nan peyi a di konsa: Nou fè sa nou kapab pou n' geri Babilòn. Pa gen gerizon pou li. Annou kite peyi a. Ann ale, chak moun nan peyi pa yo, paske peche l' yo fè pil rive jouk nan syèl, yo pi wo pase nwaj yo.

Ezekiel 27:12-25

12 Moun lavil Tasis nan peyi Lespay vin fè kòmès ak ou, paske ou te gen tout kalite bèl bagay an kantite. Yo vann ou ajan, fè, fèblan ak plon pou yo te ka achte machandiz ou yo. 13 Ou fè kòmès ak peyi Lagrès, ak lavil Toubal, ak lavi Mechèk. Yo vann ou esklav ak tout kalite bagay fèt an kwiv pou machandiz pa ou yo. 14 Ou fè trafik ak moun Togama. Ou vann yo machandiz pa ou. Pou peye ou, yo ba ou chwal pou travay, chwal pou fè lagè ak milèt. 15 Moun lavil Wòd yo fè kòmès avèk ou tou. Moun anpil lòt peyi ki bò gwo lanmè a te fè pratik ak ou. Ou ba yo machandiz ou yo, yo peye ak gwo kòn ivwa ak bwa nwa. 16 Moun peyi Siri yo fè komès avèk ou paske ou te gen anpil machandiz. Yo vann ou bèl pyè ki koute chè, bèl twal wouj, twal bwode, grenn koray, twal fin blan, ak pyè woubi. Ou menm, ou vann yo machandiz pa ou. 17 Moun peyi Jida ak moun peyi Izrayèl yo te fè kòmès avè ou tou. Pou peye ou, yo ba ou ble, pitimi, siwo myèl, lwil oliv ak zepis. 18 Moun Damas yo achte machandiz ou yo ak tout kalite bèl bagay ou te gen an kantite. Yo te vann ou diven ki soti Elbon ak lenn ki soti Saar. 19 Moun soti depi lavil Wazal, yo ba ou diven, fè fòje, kannèl ak zepis pou machandiz ou yo. 20 Moun lavil Dadan yo ba ou sèl ak chabrak pou machandiz ou yo. 21 Moun peyi Arabi yo ak chèf peyi Keda yo te pratik ou tou. Yo te vann ou ti mouton, belye mouton ak bouk kabrit. 22 Machann ki soti Seba ak Rema vin vann ou bon kalite zepis, bèl pyè ki koute chè ak lò. 23 Moun lavil Aran, moun lavil Kane, moun lavil Edenn, machann ki soti lavil Seba, lavil Asou ak lavil Chilman, yo tout t'ap fè kòmès avè ou. 24 Yo vann ou bèl twal ki koute chè, twal wouj, twal bwode, bèl tapi tout koulè, bon kòd trese byen solid. 25 Gwo batiman Tasis yo t'ap vwayaje toupatou al vann machandiz ou yo. Ou te tankou yon batiman chaje kouleba, nan mitan lanmè.

Revelation 18:11-19

11 Kòmèsan latè yo tou t'ap rele, yo t'ap kriye pou li, paske pa t' gen pesonn ankò pou achte machandiz yo: 12 lò, ajan, bèl piè ki koute chè ak bèl grenn pèl, bèl twal fen, twal koulè violèt, twal koulè wouj, bèl swa, tout kalite bèl bwa ki santi bon, tout kalite bagay ki fèt an ivwa, an bwa ki koute chè, an asie, an fè ak an mab, 13 kannèl, epis, odè, mir ak lansan, diven ak lwil, farin frans ak diri, bèf ak mouton, chwal ak bèl cha pou moun woule, esklav ak nanm moun. 14 Kòmèsan yo t'ap di lavil la: Tout bèl machandiz ou te vle genyen yo disparèt lakay ou. Ou pèdi tout richès ou yo ak tout bèl bagay ou te gen an kantite. Ou p'ap janm jwenn yo ankò! 15 Kòmèsan ki te fin rich nan fè kòmès nan lavil la va rete byen lwen, tèlman yo pral pè jan li pral soufri a. Y'a plenn sò li, y'a kriye,

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.