Job 11:5 Cross References - Haitian

5 Pa pito Bondye ta pale pou l' reponn ou!

Job 23:3-7

3 Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a. 4 M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen. 5 M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'. 6 Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase. 7 Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan.

Job 31:35

35 Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen,

Job 33:6-18

6 Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou. 7 Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen! 8 Mwen te tande ou ak de zòrèy mwen. Ki jan ou fè ka di: 9 Mwen menm, mwen inonsan. M' pa fè ankenn peche! M' pa gen anyen sou konsyans mwen. 10 Men, se Bondye ki pretann mwen ba l' jwen pou l' atake m'. Se li menm k'ap aji avè m' tankou si mwen te lènmi l'. 11 Li mete de pye m' nan sèp. L'ap veye tou sa m'ap fè. 12 La, Jòb monchè, m'ap reponn ou: ou antò. Paske Bondye pa kanmarad moun. 13 Poukisa w'ap chache Bondye kont konsa? Se paske li pa reponn lè w'ap plenyen nan pye l'? 14 Bondye pale divès jan. Men, pesonn pa okipe sa l'ap di. 15 Lè moun kouche nan kabann yo, lè yo fon nan dòmi lannwit, Bondye pale ak yo nan rèv, nan vizyon. 16 Li fè yo konnen sa li gen pou l' di yo. Li ba yo avètisman pou yo mache sou piga yo. 17 Li vle pou yo kite move chemen y'ap swiv la, pou yo pa kite lògèy vire tèt yo. 18 Konsa, yo p'ap mouri. Y'a sove lavi yo.

Job 38:1-2

1 Lè sa a, nan yon gwo van tanpèt, Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: 2 -Kisa ou ye menm pou w'ap poze keksyon sou plan travay mwen ak yon bann diskou ki pa vle di anyen?

Job 40:1-5

1 Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: 2 -Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a? 3 Jòb reponn Seyè a, li di l' konsa: 4 -Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen. 5 Mwen pale twòp deja. Mwen pa gen anyen pou m' di ankò.

Job 40:8

8 Eske ou soti vre pou moutre se lenjistis m'ap fè ou? Se mwen menm ki antò, ou menm ou gen rezon?

Job 42:7

7 Lè Seyè a fin pale konsa ak Jòb, li pale ak Elifaz, moun lavil Teman an. Li di l' konsa: -Mwen te fache sou ou ak sou de zanmi ou yo, paske sa nou di sou mwen an pa vre menm. Nou pa t' pale tankou Jòb, sèvitè m' lan.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.