Job 13:19 Cross References - Haitian

19 Bondye, èske se ou ki pral plede avè m'? M' tou pare pou m' pe bouch mwen, pou m' asepte lanmò m'.

Job 7:11

11 Se poutèt sa, m' pa ka pa pale. Kè m' sere. Kite m' pale pale m'. Lapenn kaye nan kè m'. Kite m' plenyen plenyen m'.

Job 10:8

8 Se ak men ou ou te fè m'. Se avè l' ou te ban m' fòm mwen. Epi se ak menm men sa yo ou vle detwi m' ankò?

Job 13:13

13 Koulye a, pe bouch nou! Ban m' yon chans pou m' pale. Sa ki pou rive a te mèt rive!

Job 19:5

5 Nou konprann nou pi bon pase m'. Nou di se paske mwen antò kifè m'ap pase tray sa a.

Job 33:5-7

5 Si ou kapab, w'a reponn mwen. Pare kò ou. Pran pozisyon batay ou avè m'. 6 Ou menm avè m', devan Bondye nou tout se menm. Nou tou de, se ak labou li fè nou. 7 Ou wè! Ou pa bezwen pè m'! Mwen pa ka fè ou anyen!

Job 33:32

32 Men, si ou gen kichòy ou vle di, pale; m'ap koute ou. Paske mwen ta vle ba ou rezon.

Isaiah 50:7-8

7 Seyè a, Bondye a, ap pote m' sekou. Se poutèt sa, jouman yo pa ka fè m' anyen. Mwen sere dan m', mwen mare kè m' pou m' soufri. Mwen sèten, Bondye p'ap fè m' wont. 8 Moun ki pral rann mwen jistis la pa lwen rive. Ki moun ki vle plede ak mwen? Ann konparèt ansanm devan tribinal la? Kilès ki vle rele m' lajistis? Se pou l' vin kanpe la devan m'!

Jeremiah 20:9

9 Men, lè m' di: Mwen p'ap nonmen non Seyè a, mwen p'ap pale nan non l' ankò, mesaj ou yo te tankou yon dife nan zo m' k'ap boule tout anndan m'. Mwen fè sa m' kapab pou enpoze l' soti. Malgre sa, li soti soti l'.

Romans 8:33

33 Ki moun ki va akize moun Bondye chwazi yo? Pesonn. Paske se Bondye menm ki fè yo gras!

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.