Job 16 Cross References - Haitian

1 Jòb pran lapawòl ankò, li di konsa: 2 -Mwen bouke tande pawòl sa yo! Pase nou konsole moun, se plis lapenn n'ap ba yo. 3 Kilè n'a sispann tout pale anpil sa a? Sa k'ap pouse nou konsa? Nou toujou pare pou reponn moun! 4 Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou. 5 M' ta remoute kouraj nou ak konsèy, m' ta pale ak nou jouk nou ta soulaje. 6 Men, lè mwen pale, doulè a la pi rèd pou mwen. Lè mwen pa pale, se pa sa k'ap fè l' ban m' yon ti louga. 7 Koulye a, Bondye, se fini ou fini avè m'. Ou kite yo touye tout fanmi m'. 8 Ou mete men sou mwen, ou pa vle wè m' ankò. Mwen tounen zo ak po. Yo di se paske mwen antò ki fè sa rive m'. 9 Nan kòlè li, Bondye ap dechire m' moso pa moso. L'ap devore m' anba dan l'. L'ap louvri je l' sou mwen, li pa vle wè m'! 10 Moun prèt pou manje m'. Yo kouri sou mwen, y'ap joure m', y'ap touye m' anba souflèt. 11 Bondye lage m' nan men mechan yo. Li jete m' anba grif san manman yo. 12 Mwen t'ap viv tou dousman, li bouskile m'. Li pran m' dèyè nwa kou, li kraze m', li fè m' tounen jwèt li. 13 L'ap voye flèch li sou mwen kote m' vire. Li pèse tout kò m', li san pitye pou mwen, li mete san m' deyò. 14 Kote m' vire li blese m', li vare sou mwen tankou yon sòlda nan lagè. 15 Mwen fè rad sak mete sou mwen, mwen woule kò m' nan pousyè tèlman mwen te nan lapenn. 16 Je m' vin wouj afòs mwen kriye. Tout anba je m' gonfle vin tou nwa. 17 Men, mwen konnen mwen pa fè ankenn moun mechanste. Mwen lapriyè Bondye ak tout kè m'. 18 Ou menm latè, pa kache mizè mwen. Pa kite yo fèmen bouch mwen lè m'ap rele nan pye Bondye! 19 Paske mwen konnen gen yon moun nan syèl la k'ap kanpe pou mwen, gen yon moun anwo a k'ap pran defans mwen. 20 Zanmi m' yo ap pase m' nan betiz, men, m'ap kriye nan pye Bondye. 21 Mwen bezwen moun pou plede kòz mwen ak Bondye a, menm jan yon moun plede kòz zanmi l'. 22 M' pa lontan mouri. Mwen pral pran chemen kote moun pa janm tounen an.

Job 6:6

6 Moun pa manje manje ki san gou, manje ki san sèl. Blan ze pa gen bon gou nan bouch.

Job 6:25

25 Pawòl ki pale verite bon pou tande. Men, m' pa wè sa nou vle di m' la a.

Job 11:2-3

2 -Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon. 3 Pa konprann pale anpil ou a ka enpoze moun louvri bouch yo reponn ou. Paske w'ap pase moun nan betiz la, atò yo pa ka fè ou wont?

Job 13:4-5

4 Nou menm, kote nou pa konnen nou bay manti. Nou tankou dòktè ki pa janm geri pyès moun. 5 Pito nou pe bouch nou! Lè sa a, n'a pase pou moun ki gen bon konprann.

Job 19:2-3

2 -Manyè sispann vire lòlòj mwen non! Manyè sispann kraze kouraj mwen ak tout pawòl sa yo? 3 Tout tan n'ap plede joure m', n'ap trennen m' nan labou. Nou pa wont jan n'ap malmennen m' la a?

Job 26:2-3

2 -Ou gen tan konn konsole moun ki nan lafliksyon! Ou gen tan konn lonje men bay moun ki san fòs! 3 Ala bon konsèy ou bay moun ki san konprann lan! Ou gen tan gen anpil konesans nan ou!

Psalms 69:26

26 Se pou kay yo rete san moun. Se pou pa gen yon moun lakay yo ki rete vivan ankò.

Philippians 1:16

16 Se renmen Bondye a k'ap pouse yo fè l', paske yo konnen se Bondye menm ki ban m' travay sa a pou m' ka defann bon nouvèl la.

James 1:19

19 Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou chonje. Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè.

Job 6:26

26 Ou di mwen fin dekouraje. Se depale m'ap depale. Poukisa atò w'ap kritike pawòl mwen yo konsa?

Job 8:2

2 -Kilè w'a sispann pale jan w'ap pale a? Se bri ase w'ap fè tankou kalbas gran bouch!

Job 15:2

2 -Lè yon moun gen bon konprann, se pa avèk pawòl anlè pou li reponn. Li p'ap chita ap fè jazè.

Job 20:3

3 Tou sa ou di la a vekse m'. Men, mwen konnen jan pou m' reponn ou.

Job 32:3-6

3 Li te ankòlè sou twa zanmi Jòb yo tou. Yo pa t' jwenn anyen pou yo reponn Jòb. Konsa, yo menm tou, se Bondye yo te bay tout tò a. 4 Antan yo twa a t'ap pale, Eliyou te rete la san di anyen, paske yo te pi gran pase l'. 5 Lè li wè mesye yo pa t' jwenn anyen ankò pou reponn Jòb, li fè yon sèl kòlè. 6 Li pran lapawòl, li di konsa: -Mwen menm, se jenn gason mwen ye. Nou menm, se granmoun nou ye. Se poutèt sa mwen te yon ti jan wont. Mwen te pè antre nan koze a.

Matthew 22:46

46 Okenn moun pa t' kapab reponn li yon mo. Depi jou sa a pesonn pa t' gen odas poze l' keksyon ankò.

Titus 1:11

11 Se pou nou fèmen bouch moun sa yo, paske yo boulvèse anpil fanmi deja ak move bagay y'ap moutre moun pou yo fè lajan nan move kondisyon.

Titus 2:8

8 Pale pawòl ki dakò ak verite a pou yo pa kritike ou. Konsa, lènmi nou yo va wont. Yo p'ap jwenn anyen pou yo di sou nou.

2 Kings 19:21

21 Men pawòl Seyè a di sou Senakerib: Lavil Jerizalèm ki sou mòn Siyon an ap ri ou, l'ap pase ou nan rizib. Moun lavil Jerizalèm yo ap rele chalbari dèyè ou.

Job 6:2-5

2 -Si yo te ka pran pèz lapenn mwen, si yo te ka peze tout malè mwen yo nan balans, 3 yo ta jwenn yo pi lou pase tout sab ki bò lanmè. Lè sa a, nou pa ta sezi tande m' pale jan m'ap pale a. 4 Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase. 5 Bourik mawon pa ranni lè li gen zèb pou l' manje. Ni bèf pa rele lè li gen manje devan l'.

Job 6:14

14 Nan tray m'ap pase koulye a, mwen bezwen bon zanmi ki pou soutni m', menm si mwen ta vire do bay Bondye.

Job 11:2

2 -Atò pesonn p'ap reponn gwo paladò sa a? Pale anpil pa ka bay moun rezon.

Job 35:16

16 Jòb monchè, w'ap louvri bouch ou pou ou pa di anyen. W'ap fè tout pale anpil sa a paske ou pa konn sa w'ap di.

Psalms 22:7

7 Men, se pa moun mwen ye ankò, se yon vètè mwen tounen. Tout moun ap meprize m', tout moun ap pase m' nan betiz.

Psalms 44:14

14 Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.

Psalms 109:25

25 Lè moun wè m', y'ap fè siy sou mwen, y'ap pase m' nan rizib.

Proverbs 10:19

19 Plis ou pale anpil, plis ou ka rive fè peche. Lè ou gen bonjan konprann ou kenbe bouch ou fèmen.

Ecclesiastes 10:14

14 Moun sòt renmen pale anpil. Pesonn pa konnen sa k'ap rive denmen. Pesonn pa ka di nou sa k'ap rive apre nou mouri.

Jeremiah 18:16

16 Yo fè peyi a tounen yon savann dezole, tout moun se mete men nan tèt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi wè sa. Yo pral souke tèt yo.

Lamentations 2:15

15 Tout moun sou granchemen an ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje dwèt sou ou, y'ap pase lavil Jerizalèm nan rizib. Y'ap ri, y'ap di: -Men lavil yo t'ap di pa gen pi bèl pase l' la wi! Se lavil sa a wi ki te fè kè tout moun bat pou li a!

Zephaniah 2:15

15 Men sa ki pral rive lavil kote moun t'ap pran plezi yo, lavil kote moun te mete nan tèt yo anyen pa ka rive yo, lavil kote moun yo t'ap di nan kè yo: Se mwen menm sèl chèf! Pa gen lòt! Tout moun k'ap pase bò la pral sezi, y'ap mete men nan tèt lè yo wè sa ki rive.

Matthew 7:12

12 Tou sa nou vle lòt moun fè pou nou, nou menm tou fè l' pou yo. Se sa lalwa Moyiz la ak liv pwofèt yo mande nou fè.

Matthew 27:39-40

39 Moun ki t'ap pase bò la a t'ap plede joure li. Yo t'ap fè siy sou li. 40 Yo t'ap di: Ou menm ki te vle kraze tanp lan pou ou te rebati l' nan twa jou, sove tèt ou non! Si ou se pitit Bondye a, desann sou kwa a!

Romans 12:15

15 Fè kè n' kontan ak moun ki kontan, kriye ak moun k'ap kriye.

1 Corinthians 12:26

26 Si yon manm nan kò a ap soufri, tout lòt yo ap soufri avè l' tou. Si yon manm resevwa lwanj, tout lòt yo kontan avèk li.

Job 4:3-4

3 Yon lè, se ou ki te konn moutre moun anpil bagay, se ou ki te konn bay moun fòs lè yo fèb. 4 Pawòl nan bouch ou te yon ankourajman pou moun ki te dekouraje. Ou te ede yo kanpe sou de pye yo ankò.

Job 29:25

25 Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.

Psalms 27:14

14 Mete espwa ou nan Seyè a! Gen konfyans, pa dekouraje! Wi, mete espwa ou nan Seyè a!

Proverbs 27:9

9 Losyon ak lwil santi bon bay kè kontan. Konsèy yon bon zanmi remoute kouraj.

Proverbs 27:17

17 Menm jan fè file fè, konsa tou pou moun, yonn aprann nan men lòt.

Isaiah 35:3-4

3 Ankouraje moun ki febli yo! Soutni moun ki gen jenou yo ap tranble! 4 Pale ak moun ki dekouraje yo. Di yo konsa: Pran kouraj! Pa pè! Men Bondye nou an ap vini! Li pral tire revanj sou lènmi nou yo, li pral fè yo peye sa yo fè. Se limenm menm ki pral fè sa pou l' ka delivre nou.

Galatians 6:1

1 Frè m' yo, si nou bare yon moun ap fè yon bagay ki mal, nou menm ki gen Lespri Bondye a nan kè nou, se pou nou mete l' nan bon chemen. Men, fè sa avèk dousè. Epi nou menm bò pa nou, veye kò nou pou nou pa tonbe nan tantasyon tou.

Job 10:1

1 M' degoute ak lavi a. M' pa ka kenbe ankò. Kite m' plenn sò mwen! Kite m' di tout lapenn ki nan kè mwen!

Psalms 77:1-9

1 Pou chèf sanba yo. Pou Jedoutoun. Se yon sòm Asaf. 2 Mwen rele byen fò nan pye Bondye. Wi, mwen rele nan pye Bondye, li koute mwen. 3 Lè mwen nan tray, mwen lapriyè nan pye Seyè a. Tout lannwit m'ap lapriyè san rete, mwen pa ka jwenn konsolasyon. 4 Mwen chonje Bondye, m'ap plenn! M'ap kalkile, mwen santi m' dekouraje! 5 Ou fè m' rete je klè, mwen sitèlman boulvèse, mwen pa ka pale. 6 M'ap chonje tan lontan, wi, m'ap chonje lanne pase anwo yo. 7 Mwen pase nwit ap repase chante yo, m'ap kalkile anpil nan kè m', m'ap egzaminen, m'ap di: 8 Eske Seyè a voye m' jete nèt? Eske li p'ap janm kontan avè m' ankò? 9 Eske Bondye pa gen bon kè ankò? Eske li p'ap kenbe pawòl li ankò?

Psalms 88:15-18

15 Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen? 16 Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò. 17 Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'. 18 Tout lajounen ou sènen m' tankou dlo inondasyon, ou fèmen m' toupatou. Ou te fè tout kanmarad mwen yo ak zanmi m' yo vire do ban mwen. Moun mwen te konn rakonte ti koze m' yo disparèt.

Job 1:15-19

15 lè yon bann moun Seba tonbe sou nou, yo pran tout bèt yo, yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. 16 Msye pa t' ankò fin pale lè yon lòt moun kouri vini. Li di konsa: -Loraj tonbe sou mouton yo, li boule ni bèt yo ni gadò yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin fè ou konn sa. 17 Msye pa t' ankò fin pale lè yon lòt moun rive, li di konsa: -Twa bann moun Kalde tonbe sou chamo ou yo, yo pran yo, y' ale ak yo. Yo touye tout moun ou yo. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa. 18 Msye t'ap pale toujou lè yon lòt moun vin rive, li di konsa: -Pitit gason ak pitit fi ou yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven lakay premye pitit gason ou lan, 19 lè yon sèl gwo van tanpèt leve soti nan dezè a. Li kraze kay la, li touye tout moun. Se renk mwen menm ki resi chape vin di ou sa.

Job 3:17

17 Kote yo ye anba tè a, mechan yo sispann bay kò yo mouvman. Anba tè a, sa ki bouke travay ap poze kò yo.

Job 7:3

3 Depi kèk mwa, m' pa wè poukisa m'ap viv. Tout lannwit se soufri m'ap soufri.

Job 7:16

16 Se fini m'ap fini. Fòk mwen mouri yon jou! Kite m' pou kont mwen. Lavi m' prèt pou bout!

Job 29:5-25

5 Bondye ki gen tout pouvwa a te toujou la avèk mwen. Mwen t'ap viv nan mitan tout pitit gason m' yo. 6 Bèf ak kabrit mwen yo te konn bay anpil lèt. Pye oliv mwen yo te donnen menm nan tè wòch. 7 Lè mwen parèt pòtay lavil la, lè mwen pran plas mwen nan mitan chèf fanmi yo, 8 wè yo wè m', jenn gason yo mete kò yo sou kote, granmoun yo leve kanpe pa respè pou mwen. 9 Notab yo sispann pale, yo fèmen bouch yo. 10 Ata chèf yo pa ka pale ankò! Lang yo vin lou nan bouch yo. 11 Tout moun ki te wè m' t'ap mache fè lwanj mwen, tout moun ki te tande m' te kontan avè m'. 12 Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou. 13 Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan. 14 Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri. 15 Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo. 16 Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo. 17 Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo. 18 Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze. 19 Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze. 20 Moun pa ta janm sispann fè lwanj mwen. Mwen t'ap toujou gen tout fòs mwen sou mwen. 21 Lè m'ap pale, tout moun fèmen bouch yo. Yo louvri zòrèy yo, y'ap tann konsa konsèy m'ap bay. 22 Pawòl mwen tonbe nan kè yo tankou grenn lapli. Lè m' fin pale, pesonn pa gen anyen pou di ankò. 23 Yo t'ap tann mwen pale tankou tè sèk k'ap tann lapli. Yo rete bouch louvri pou ranmase sa m'ap di. 24 Lè yo dekouraje, mwen fè yon ti ri ak yo. Sa te kont pou remoute kouraj yo. 25 Mwen te kanpe alatèt yo. Mwen mennen yo tankou yon wa k'ap mennen sòlda li yo. Mwen di yo sa pou yo fè. Mwen te ba yo kouraj lè yo nan lafliksyon.

Psalms 6:6-7

6 Paske, lè yon moun mouri li pa chonje ou ankò. Pesonn pa fè lwanj ou kote mò yo ye a. 7 Se fini m'ap fini afòs m'ap kriye. Lannwit, kabann mwen mouye nèt afòs jè m' kouri dlo.

Proverbs 3:11-12

11 Pitit mwen, lè Seyè a ap pini ou, pa betize ak sa. Lè l'ap korije ou, pa dekouraje. 12 Paske Seyè a korije moun li renmen, menm jan yon papa korije pitit li renmen anpil la.

Isaiah 50:4

4 Seyè a moutre m' sa pou m' di, pou m' ka ankouraje moun ki pa kapab ankò. Chak maten li louvri zòrèy mwen, pou m' ka tande sa li pral moutre m', jan yon bon patizan fèt pou fè.

Micah 6:13

13 Se poutèt sa m'ap manyen ak nou. Akòz peche nou yo, m'ap fini ak nou nèt.

Ruth 1:21

21 Lè m' te pati isit la, mwen te gen tou sa m' te bezwen. Men jòdi a, Seyè a mennen m' tounen de men m' de pye m'. Poukisa pou n'ap rele m' Naomi toujou lè Seyè a fin vire do ban mwen, lè se malè ase Bondye ki gen tout pouvwa a voye sou mwen?

Job 10:17

17 Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt.

Job 19:20

20 Mwen tounen zo ak po. Sa ki rete pou m' mouri a pa anyen.

Psalms 106:15

15 Se konsa, Bondye ba yo sa yo te mande l' la. Men, li voye yon move maladi sou yo pou touye yo.

Psalms 109:24

24 Jenou m' fèb sitèlman mwen pa manje. Mwen tounen zo ak po. Mwen fèb anpil!

Isaiah 10:16

16 Se poutèt sa, Seyè ki gen tout pouvwa a pral voye yon sèl maladi deperi sou bann moun gra sa yo, yon sèl chalè ki pral leve nan tout kò yo, tankou yon gwo dife ki pran sou yo.

Isaiah 24:16

16 Byen lwen nan dènye bout latè, nou tande y'ap chante, y'ap fè lwanj pou moun ki mache dwat yo. Men mwen menm, mwen di: Pa gen rechap pou mwen! Pa gen chape pou mwen! Gade nan kisa m' ye! Trèt yo ap trayi moun toujou! Chak jou y'ap trayi moun pi rèd!

Ephesians 5:27

27 Paske, li te vle pou legliz la parèt devan l' nan tout bèl pouvwa li, byen pwòp, san okenn defo, ni okenn tach, ni okenn pli, ni okenn mank.

Job 10:16-17

16 Si m' leve tèt mwen, ou fann dèyè m' tankou yon lyon dèyè bèt pou l' manje. Ou rive fè mirak pou ou ka fè m' lapenn. 17 Ou toujou pare pou fè yon atak sou mwen. Chak jou w'ap vin pi ankòlè. Se san pran souf w'ap voye lafliksyon sou mwen yonn apre lòt.

Job 13:24

24 Poukisa w'ap kache pou mwen konsa? Poukisa ou fè tankou si se lènmi ou mwen ye?

Job 13:27

27 Ou mete pye m' nan sèp. Ou veye tout vire tounen m'. Ou gade tout kote m'ap mete pye m'.

Job 18:4

4 Si ou ankòlè, se pwòp tèt ou ase w'ap fè mal. Atò, poutèt ou, se pou tout moun sou latè te mouri? Se pou Bondye te deplase mòn yo pou fè ou plezi?

Job 19:11

11 Bondye ankòlè nèt sou mwen. Li konsidere m' tankou yon lènmi.

Psalms 35:16

16 Yo atake m', yo pase m' nan betiz. Y'ap gade m', y'ap griyen dan sou mwen.

Psalms 37:12

12 Mechan yo ap fè konplo sou moun k'ap mache dwat yo. Y'ap gade yo konsa, yo anvi devore yo.

Psalms 50:22

22 Koute sa byen, nou menm ki bliye si gen Bondye. Si se pa sa, m'ap dechire nou. Lè sa a, p'ap gen moun ki ka delivre nou.

Lamentations 2:16

16 Tout lènmi ou yo ap pale ou mal byen fò. Y'ap rele chalbari dèyè ou. Y'ap lonje bouch yo sou ou. Y'ap di: -Nou fini avè l'! Men jou nou t'ap tann lan! Nou jwenn li jòdi a!

Lamentations 3:10

10 Tankou yon lous, li biske kò l', l'ap veye m'. Tankou yon lyon, li kache, l'ap tann mwen.

Hosea 5:14

14 M'ap atake moun Efrayim yo tankou yon lyon. M'ap tonbe sou moun Jida yo tankou yon jenn ti lyon. Wi, se mwen k'ap dechire yo an miyèt moso. Apre sa, m'ap kite yo, m'ap depòte yo byen lwen peyi yo. Pesonn p'ap ka sove yo anba men m'.

Hosea 6:1

1 Pèp la di: -Annou wè non! Ann tounen al jwenn Seyè a! Se li menm ki blese nou, se li menm ankò ki ka geri nou! Se li ki mete san nou deyò, se li ki ka mete renmèd sou malenng nou yo.

Micah 7:8

8 Nou menm ki pa vle wè lavil Jerizalèm, nou pa bezwen kontan wè malè rive nou, nou menm moun lavil Jerizalèm. Nou tonbe, n'a leve ankò! Nou te mèt chita nan fènwa koulye a, Seyè a va yon limyè pou nou.

Acts 7:54

54 Lè manm Gran Konsèy yo tande pawòl sa yo, yo fin pran chenn, yo manje dan yo sou Etyèn sitèlman yo te an kolè.

1 Kings 22:24

24 Lè sa a, Sedesyas, pitit Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a?

2 Chronicles 18:23

23 Lè sa a, Sedesyas, pitit gason Kenana a, mache sou Miche, li flanke li yon souflèt. Epi li di l': -Depi kilè lespri Bondye a kite m' pou se nan bouch ou l'ap pale a?

Psalms 22:13

13 Lènmi m' yo anpil, yo sènen m' toupatou. Yo tankou gwo towo bèf peyi Bazan. Kote m' vire yo la.

Psalms 22:16-17

16 Fòs mwen ap cheche, tankou labou nan solèy. Lang mwen kole nan fon bouch mwen. Mwen santi m' prèt pou mouri. 17 Tankou yon bann chen, mechan yo sènen m'. Bann mechan yo fèmen m' toupatou. Yo kraze de men m' ak de pye m' yo.

Psalms 35:15

15 Men, lè mwen menm mwen nan tray, yo tout yo kontan, yo mete tèt yo ansanm. Y'ap fè pil dèyè do m' pou bay manti sou mwen. Y'ap kale do m' san pran souf.

Psalms 35:21

21 Yo louvri bouch yo byen laj pou bay manti sou mwen. Y'ap di: -Wi! Nou te wè ou!

Psalms 94:21

21 Y'ap fè konplo sou moun ki mache dwat yo, y'ap kondannen inonsan yo amò.

Isaiah 50:6

6 Mwen pare do m' bay moun k'ap bat mwen yo. Mwen lonje figi m' bay moun k'ap rache bab mwen yo. Mwen pa kache figi m' lè y'ap joure m', lè y'ap krache sou mwen.

Lamentations 3:30

30 Se pou n' pare figi n' pou n' pran souflèt. Se pou n' asepte tou sa yo fè nou.

Micah 5:1

1 Nou menm, moun lavil Jerizalèm, sanble moun nou yo! Mete yon lame sou pye! Men yo sènen lavil la toupatou. Y'ap leve men yo sou chèf pèp Izrayèl la. Y'ap ba li baton, y'ap souflete l'.

Matthew 26:67

67 Lè sa a, yo pran krache nan figi l', yo tonbe ba l' kout pwen. Gen ladan yo ki ba l' souflèt.

Luke 23:35-36

35 Pèp la te kanpe la ap gade. Chèf yo t'ap pase Jezi nan rizib, yo t'ap di: Gade! Li sove lòt moun; si se Kris la li ye, moun Bondye chwazi a, se pou l' sove tèt pa l' tou. 36 Sòlda yo t'ap pase l' nan betiz tou. Yo pwoche bò kote l', yo ba l' venèg pou l' bwè,

John 18:22

22 Antan Jezi t'ap di pawòl sa yo, yon gad ki te kanpe la bò kote l' ba l' yon souflèt. Li di li: Se konsa w'ap reponn granprèt la?

Acts 4:27

27 Se sa menm ki rive nan lavil sa a lè Ewòd ak Pons Pilat mete tèt yo ansanm ak moun lòt nasyon yo ak tout moun pèp Izrayèl la sou do Jezi, sèvitè ki t'ap viv pou ou a, moun ou te chwazi a.

Acts 23:2

2 Ananyas, granprèt la, bay moun ki toupre Pòl yo lòd pou yo ba l' yon souflèt.

2 Corinthians 11:20

20 Nou kite yo fè nou tounen esklav, nou kite yo devore nou, nou kite yo pran nou nan pèlen, nou kite yo fè awogans sou nou, nou kite yo ban nou souflèt.

1 Samuel 24:18

18 Jòdi a ankò, ou fè m' wè se byen ou vle fè pou mwen paske, atout Seyè a lage m' nan men ou, ou pa touye m'.

Job 1:13-19

13 Yon jou, pitit gason ak pitit fi Jòb yo te nan gwo resepsyon kay pi gran frè a. Yo t'ap manje, yo t'ap bwè diven. 14 Yon mesaje kouri vin jwenn Jòb, li di l' konsa: -Nou t'ap raboure tè ak bèf yo, fenmèl bourik yo t'ap manje toupre,

Job 2:7

7 Lamenm, Satan vire do l', li ale. Li fè gwo bouton pete sou tout kò Jòb, depi anba pla pye l' jouk nan po tèt li.

Psalms 7:14

14 Bondye ap pare zam sa yo pou touye li. L'ap sèvi ak flèch li yo pou simen dife.

Psalms 27:12

12 Pa lage m' nan men lènmi m' yo. Yo soti pou yo touye m'. Se yon bann moun k'ap bay manti.

Psalms 31:8

8 M'ap kontan, m'ap fè fèt, paske ou renmen m'. Ou wè jan m'ap soufri, ou konnen nan ki pwoblèm mwen ye.

John 19:16

16 Lè sa a, Pilat renmèt yo Jezi pou y' al kloure l' sou yon kwa. Se konsa, yo pran Jezi, yo mennen l' ale.

Romans 11:32

32 Bondye mete tout moun anba menm chenn dezobeyisans lan pou l' ka gen pitye pou tout moun ansanm.

2 Corinthians 12:7

7 Malgre sa, pou lògèy pa fè m' gonfle avèk kalite bèl revelasyon sa yo mwen resevwa, yo ban m' yon kalite maladi nan kò m' k'ap fè m' soufri, ou ta di yon zanj Satan voye maltrete m' pou anpeche m' gen lògèy.

Job 1:2-3

2 Li te gen sèt pitit gason ak twa pitit fi. 3 Li te gen sètmil (7.000) mouton, twamil (3.000) chamo, mil (1.000) tèt bèf, senksan (500) fenmèl bourik. Li te gen anpil anpil moun ap sèvi avè l'. Nonm sa a, se li ki te pi grannèg nan peyi bò solèy leve a.

Job 3:26

26 Kè m' pa poze. Tèt mwen pa la. Mwen pa ka dòmi. Se soti nan ka tonbe nan ka.

Job 4:10

10 Mechan yo rele kou lyon, yo gwonde kou bèt sovaj. Men, Bondye fèmen bouch yo, li kase dan nan bouch yo.

Job 7:12

12 Poukisa ou mete moun veye m' konsa? M' pa lanmè. M' pa gwo bèt lanmè.

Job 7:20

20 Si m' fè peche, kisa m' fè ou? Di m' non, ou menm k'ap veye tou sa moun ap fè? Poukisa w'ap plante tout flèch ou yo nan kò m' konsa? Poukisa ou fè m' tounen yon chay pou ou?

Job 9:17

17 Li rete konsa li kraze m' pou anyen. Li blese m' nan tout kò m', san m' pa fè anyen.

Job 15:26

26 Yo kache dèyè pwotèj anfe yo epi yo fonse sou Bondye.

Job 29:3

3 Lè sa a, Bondye te toujou la avèk mwen. Limyè li te klere anwo tèt mwen, li t'ap moutre m' kote pou m' mete pye m' nan fènwa a.

Job 29:18-19

18 Mwen t'ap di nan kè m': M'a viv kont viv mwen. M'a mouri sou kabann mwen ak kè poze. 19 Mwen te tankou yon pyebwa plante bò larivyè. Sou tout branch li yo se lawouze.

Psalms 44:19

19 Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an.

Lamentations 3:4

4 Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'.

Lamentations 3:11-12

11 Li fè m' tonbe nan bwa. Li filange tout kò m'. Lèfini, li lage m'. 12 Li mete flèch nan banza li, li vize. Se sou mwen l'ap voye yo.

Ezekiel 29:7

7 Lè yo apiye sou ou, ou kase nan men yo, ou dechire tout po men yo. Wi, lè yo apiye sou ou, yo tonbe, ren yo kase.

Matthew 21:44

44 Moun ki bite sou wòch sa a gen pou kase ren li. Men, si se wòch la menm ki tonbe sou li, li gen pou l' kraze l' an miyèt moso.

Romans 16:4

4 Yo te riske tèt yo pou sove lavi mwen. Se pa mwen sèlman k'ap di yo mesi, se tout legliz ki nan moun lòt nasyon yo k'ap di yo mèsi tou.

Genesis 49:23

23 Y'ap chache l' kont, y'ap voye wòch sou li. Moun k'ap voye flèch yo tounen yon pèsekisyon pou li.

Deuteronomy 29:20

20 Bondye p'ap janm padonnen yon moun konsa. Okontre, Bondye, ki yon Bondye ki fè jalouzi anpil pou moun pa li yo, ap fache yon sèl fache sou nonm sa a, tout madichon ki ekri nan liv sa a pral tonbe sou li. Bondye ap fè non l' disparèt nèt sou latè.

Job 6:4

4 Bondye ki gen tout pouvwa a plante flèch li yo sou mwen. Pwazon yo a anvayi tout kò m'. Bondye voye sou mwen tout kalite malè pou fè kè m' kase.

Job 6:10

10 Se ta va yon gwo konsolasyon pou mwen. Malgre tout soufrans mwen yo, mwen ta danse, mwen ta fè fèt, paske mwen konnen mwen pa janm dezobeyi lòd Bondye ki apa a bay.

Job 19:27

27 Se mwen menm menm k'ap wè l'. Se p'ap yon lòt moun! Kè m' ap fann,

Job 20:25

25 Yon flèch ap pèse kò l'. San li ap degoute konsa nan pwent flèch la. Kè l' sere, li wè lanmò anfas.

Psalms 7:12-13

12 Bondye se yon jij ki san patipri: Li toujou kondannen mechan yo. 13 Si yon moun pa chanje lavi li, Bondye ap file nepe li, l'ap pare banza li pou l' vize li.

Lamentations 2:11

11 Je m' wouj afòs mwen kriye. Kè m' sere. M' pèdi kouraj lè m' wè jan pèp mwen an ap fini, jan timoun yo ak ti bebe yo ap tonbe endispoze nan mitan lari kapital la.

Lamentations 3:13

13 Li fè flèch li yo antre fon nan kò m'.

Ezekiel 5:11

11 Se poutèt sa, jan nou konnen mwen vivan vre a, se mwen menm Seyè, Sèl Mèt la, k'ap pale: Paske nou derespekte tanp mwen an ak tout vye bagay degoutan ansanm ak bann bagay mwen pa vle wè menm nou te fè ladan l' yo, mwen fè sèman, mwen menm tou m'ap san pitye pou nou. M'ap voye nou jete, mwen p'ap kite nou yonn chape.

Romans 8:32

32 Li pa t' menm refize nou pwòp Pitit li a, men li bay li pou nou tout. Ki jan pou l' pa ta ban nou tout bagay avèk Pitit la tou pou gremesi?

2 Peter 2:5

5 Bondye pa t' fè pa moun nan tan lontan yo. Men, li te delivre Noe, yon nonm ki te mache dwat devan li, ansanm ak sèt lòt moun lè li te voye gwo inondasyon an sou mechan yo.

Judges 15:8

8 Se konsa, li atake yo avèk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l' ale rete nan yon twou wòch bò lavil Etam.

Psalms 42:7

7 Wi, mwen kagou. Se poutèt sa, kote m' ye a, bò larivyè Jouden an, sou mòn Emon osinon sou mòn Miza, tout tan lide m' sou ou.

Lamentations 3:3-5

3 Tout lajounen, l'ap plede bat mwen san rete. 4 Po kò m' fin chire, vyann mwen parèt deyò konsa. Li kraze tout zo nan kò m'. 5 Li fèmen m' nan yon koridò mizè ak lafliksyon.

Joel 2:7

7 Yo atake tankou vanyan sòlda. Yo moute sou miray yo tankou sòlda k'ap fè lagè. Yo mache dwat devan yo, yo pa vire ni adwat ni agoch.

Genesis 37:34

34 Sa ou tande a, yon sèl lapenn pran Jakòb, li chire rad ki te sou li, li mare yon tanga sak nan ren li. Li pase kèk tan ap kriye pou pitit gason l' lan.

1 Samuel 2:10

10 Seyè a ap kraze tout lènmi l' yo. L'ap rete nan syèl la, l'ap voye loraj tonbe sou yo. Seyè a gen pou jije dènye moun ki sou latè. L'a bay wa li a pouvwa, l'ap chita pouvwa moun li te chwazi pou wa a.

1 Kings 21:27

27 Lè Eli fin pale, Akab pran lapenn, li chire rad sou li, li mete yon rad sak, li rete san manje. Ata dòmi li dòmi ak rad sak la sou li. Li t'ap mache kagou.

Job 30:19

19 Li voye m' jete nan labou. Mwen pa pi bon pase pousyè tè ak sann dife.

Psalms 7:5

5 si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon,

Psalms 75:5

5 M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans!

Psalms 75:10

10 Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li. L'a kraze fòs kouraj mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouraj ankò!

Isaiah 22:12

12 Jou sa a, Seyè ki gen tout pouvwa a te rele nou, li te mande nou pou nou kriye, pou nou plenn, pou nou koupe tout cheve nan tèt nou, pou nou mete rad sak sou nou.

Job 17:7

7 Mwen sitèlman nan lapenn, m' pa ka louvri je m'. Mwen fin tounen zo ak po. Ata lonbraj mwen pa fè!

Psalms 31:9

9 Ou pa kite lènmi m' yo mete men sou mwen, ou mete m' yon kote pou anyen pa rive m'.

Psalms 32:3

3 Tank mwen pa t' ankò vle rekonèt peche m' yo, mwen t'ap cheche sou pye. Tout lajounen, mwen t'ap plenn.

Psalms 69:3

3 M'ap desann nan fon yon ma labou. Mwen pa ka pran pye. Mwen nan yon gwo basen byen fon. Dlo prèt pou kouvri tèt mwen.

Psalms 102:3-5

3 Pa vire do ban mwen lè mwen nan traka. Panche zòrèy ou bò kote m'. Prese vin reponn mwen lè m'ap rele ou. 4 Lavi m' ap disparèt tankou lafimen. Mwen gen yon lafyèb nan zo. 5 Mwen anba gwo kou. Mwen tankou zèb koupe k'ap cheche. Mwen sitèlman boulvèse, mwen pa menm chonje manje.

Psalms 102:9

9 Tout lajounen lènmi m' yo ap joure m'. Moun k'ap pase m' nan rizib yo pran non m' sèvi jouman.

Psalms 116:3

3 Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn.

Isaiah 52:14

14 Menm jan anpil moun te pran sezisman lè yo te wè l', sitèlman li te defigire, sitèlman figi l' pa t' sanble menm ak figi moun,

Lamentations 1:16

16 Se poutèt sa m'ap kriye konsa! Dlo ap ponpe nan je m' san rete. Pa gen pesonn pou konsole m', pesonn pou ban m' kouraj. Lènmi m' yo gen pye yo sou kou mwen. Moun mwen yo pa gen anyen ankò.

Jonah 2:1-10

1 Antan li te nan vant pwason an, Jonas lapriyè Seyè a, Bondye li a, li di: 2 Nan mizè mwen te ye a, Seyè, mwen te rele nan pye ou, ou te reponn mwen. Byen fon nan peyi kote mò yo ye a, mwen te mande ou sekou, ou te tande vwa mwen. 3 Ou te voye m' jete byen fon, nan fon lanmè. Dlo te sènen m' toupatou. Tout kouran dlo ak tout lanm lanmè yo te pase sou mwen. 4 Mwen t'ap di nan kè m': Gen lè ou voye m' jete byen lwen ou. Mwen p'ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò! 5 Dlo yo kouvri m', yo te prèt pou neye m'. Lanmè a te fin vale m', zèb lanmè te mare nan tout tèt mwen. 6 Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa soti. Men, Seyè, Bondye mwen, ou rale m' soti nan twou a. Ou ban m' lavi ankò. 7 Lè m' santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Seyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan tanp ki apa ou a, ou tande m'. 8 Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a. 9 Men, m'ap chante pou m' fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Seyè a ki delivrans nou. 10 Lè sa a, Seyè a bay pwason an lòd pou li vonmi Jonas sou rivaj lanmè a.

Mark 14:34

34 Li di yo: -Mwen gen lapenn anpil. Mwen santi se mouri mwen vle mouri. Rete la a, pa kite dòmi pran nou.

Job 8:5-6

5 Ou menm menm, rele Bondye. Lapriyè nan pye Bondye ki gen tout pouvwa a. 6 Si li pa gen anyen pou l' repwoche ou, si ou toujou mache dwat devan li, lè sa a, ou mèt sèten, l'a fè kichòy pou ou, l'ap renmèt ou tou sa ou te genyen.

Job 11:14

14 Sispann fè vye bagay k'ap sal men ou yo. Pa kite mechanste chita lakay ou.

Job 15:20

20 Mechan yo pase tout lavi yo nan tèt chaje. Moun k'ap plede maltrete parèy yo p'ap viv lontan.

Job 15:34

34 Wi, mechan yo p'ap gen pitit. Dife ap boule tout kay yo bati ak lajan yo volè.

Job 21:27-28

27 Men wi, mwen konnen sa ki nan tèt nou. Mwen konnen ki move lide n'ap fè sou mwen koulye a. 28 N'ap mande kote kay gwo zotobre a. Sa ki rive kay nèg ki te konn fè sa ki mal la.

Job 22:5-9

5 Non. Se paske ou fè anpil peche. Se paske ou te san limit nan fè mechanste. 6 Ou fè frè ou ba ou garanti pou lajan li pa t' dwe ou. Ou pran ata rad ki sou li, ou kite l' toutouni. 7 Ou refize bay moun ki te swaf yo ti gout dlo. Ou refize bay moun ki te grangou yo moso pen. 8 Ou pwofite fòs ou ak pozisyon ou pou pran tout peyi a pou ou. 9 Ou refize lonje men ou bay vèv yo. Ou maltrete timoun ki san papa yo.

Job 27:6-7

6 Mwen soti pou m' defann kòz mwen. Mwen p'ap fè bak. Konsyans mwen pa repwoche m' anyen. M' pa gen anyen ki pou fè m' wont. 7 Se pou tout moun ki pa vle wè m' yo sibi menm sò ak mechan yo. Se pou lènmi m' yo gen menm sò ak moun ki pa mache dwat yo.

Job 29:12-17

12 Mwen lonje men bay pòv malere ki nan ka ansanm ak timoun san papa ki san sekou. 13 Moun ki te nan pi gwo mizè t'ap fè lwanj mwen. Mwen te fè kè vèv yo kontan. 14 Mwen te toujou fè sa ki dwat. Mwen pa t' janm nan patipri. 15 Se mwen ki te wè pou avèg yo. Se mwen ki te mache pou kokobe yo. 16 Mwen te yon papa pou pòv malere yo. Mwen te kanpe pou defann kòz etranje yo. 17 Mwen te kraze pouvwa malveyan yo. Mwen sove moun ki te anba men yo.

Job 31:1-40

1 Mwen te fè sèman pou m' pa janm gade yon jenn fi avèk move lide. 2 Kisa Bondye ki anwo a ap fè nou konsa? Kisa Bondye ki gen tout pouvwa a sere pou nou? 3 Li voye malè pou moun ki pa mache dwat. Li voye tribilasyon pou moun k'ap fè mechanste. 4 Eske Bondye pa konnen tou sa n'ap fè? Eske li pa wè tout vire tounen m'? 5 Eske mwen janm nan bay manti? Eske mwen janm chache twonpe moun? 6 Se pou Bondye peze m' nan bon balans li a. Se pou Bondye wè jan m' toujou mache dwat. 7 Si mwen janm pran chemen kwochi pou mwen, si mwen te kite lanvi anvayi kè m', si mwen janm mete men m' nan sa ki mal, 8 se pou lòt moun rekòlte sa mwen plante. Se pou yo rache tout ti plant k'ap pouse nan jaden m'. 9 Si mwen te kite yon lòt fanm pran tèt mwen, pou m' al kache devan pòt yon frè mwen ap veye, 10 se pou madanm mwen fè manje pou yon lòt gason. Se pou lòt gason kouche avè l'. 11 Se yon gwo bagay sal mwen ta fè la a. Se bagay pou yo ta touye m'. 12 Se ta tankou yon gwo dife mwen limen pou fini avè m' nèt. Li ta boule dènye sa m' genyen. 13 Lè domestik mwen osinon sèvant mwen gen kont avè m', si mwen ta refize mete rezon an kote l' ye a, 14 kisa mwen ta fè, lè Bondye parèt devan m'? Lè l'a mande m' kont, kisa m'a reponn li? 15 Menm Bondye ki fè m' nan vant manman m' lan, se li menm tou ki fè yo nan vant manman pa yo. Se li menm ki kreye nou tout. 16 Mwen pa janm refize ede yon pòv. Ni mwen pa janm kite vèv yo nan nesesite. 17 Mwen pa janm kite timoun san papa yo rete grangou pou m'ap manje manje m' pou kont mwen. 18 Okontrè, depi m' fèt, m' sèvi ak timoun sa yo tankou papa ak pitit. Depi m' soti nan vant manman m', m'ap pran swen vèv yo. 19 Lè m' jwenn yon malere toutouni osinon yon pòv endijan san yon bout dra, 20 mwen ba yo rad pou mete sou yo, mwen pran lenn sou do mouton m' pou m' ba yo chofe. 21 Si m' te janm aji mal ak yon timoun san papa paske mwen konnen y'a toujou ban m' rezon nan tribinal, 22 enben, se pou zepòl mwen dejwente, se pou de bra m' kase. 23 Paske, mwen pè jijman Bondye. Mwen pa ka kanpe devan l'. 24 Mwen pa janm mete konfyans mwen nan lò pou m' ta di se sa k'ap pwoteje m'. 25 Mwen pa janm vante tèt mwen dèske mwen gen anpil byen, dèske mwen fè anpil lajan ak men mwen. 26 Mwen pa janm adore solèy ak lalin lè yo klere byen bèl nan syèl la. 27 Mwen pa janm pèdi tèt mwen pou m' sèvi yo an kachèt. 28 Sa a tou, yo ta mèt touye m' si m' ta fè l', paske mwen ta nye Bondye ki gen tout pouvwa a. 29 Mwen pa janm kontan lè lènmi m' ap soufri. Mwen pa janm fè fèt lè malè tonbe sou yo. 30 Mwen pa janm kite bouch mwen chape pou m' ta ba yo madichon, pou m' ta rive mande lanmò pou yo. 31 Tout moun k'ap viv nan kay avè m' konnen mwen toujou byen resevwa tout moun lakay mwen. 32 Vwayajè pa janm dòmi deyò nan lari. Pòt kay mwen toujou louvri pou yo. 33 Mwen pa janm kache peche m' pou pesonn. Ni mwen pa janm fè sa ki mal an kachèt. 34 Mwen pa janm pè sa moun ap di. Mwen pa janm pè louvri bouch mwen ni pè mete pwent tèt mwen deyò, paske mwen ta pè pou moun pa lonje dwèt sou mwen. 35 Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen, 36 mwen ta pote papye sa a sou zepòl mwen san ankenn wont. Mwen ta mare l' sou tèt mwen, tankou yon kouwòn. 37 Mwen ta di Bondye dènye sa mwen fè. Mwen ta kenbe tèt mwen dwat devan l'. 38 Si se vòlò mwen te vòlò tè m'ap travay la kifè koulye a tè a ap mande m' kont, 39 si mwen te manje rekòt jaden an san peye travayè yo kifè koulye a y'ap pote plent pou mwen, 40 enben, se pikan ak chadwon ki pou leve nan jaden m' kote ble ak lòj te konn pouse. Se konsa Jòb te fin pale.

Psalms 7:3-5

3 Si se pa sa, tankou lyon yo fè, y'ap pote m' ale, y'ap devore m' san pesonn p'ap ka pote m' sekou. 4 Seyè, Bondye mwen, si m' te fè bagay sa yo vre, si m' te fè yon moun mal, 5 si m' te aji mal ak moun ki te fè m' byen, si m' te pèsekite lènmi m' san rezon,

Psalms 44:17-21

17 Lè m' tande moun k'ap joure m' yo, moun k'ap vekse m' yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m' devan lènmi ak moun ki pa vle wè m' yo, lawont fè m' bouche figi m'. 18 Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pa t' manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an. 19 Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an. 20 Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la. 21 Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye,

Psalms 66:18-19

18 Si mwen te gen move lide nan tèt mwen, Seyè a pa ta koute sa m' t'ap di l' la. 19 Men Bondye te koute sa m' t'ap di l' la, li te tande m' lè m' t'ap lapriyè.

Proverbs 15:8

8 Seyè a pa ka sipòte lè mechan yo ap ofri bèt pou touye pou li. Men, sa fè l' plezi anpil lè moun k'ap mache dwat yo ap lapriyè nan pye l'.

Isaiah 59:6

6 Menm jan ou pa ka fè rad ak fil zariyen, konsa tou sa y'ap fè a p'ap rapòte yo anyen ki bon. Se mechanste ase yo soti pou yo fè. Se nan san ase yo mete men yo.

Jonah 3:8

8 Tout moun va gen rad sak sou yo. Tout bèt va nan lapenn. Tout moun va lapriyè Bondye ak tout kè yo. Y'a kite tout move zak ak tout mechanste yo te konn fè nan lavi yo.

1 Timothy 2:8

8 Wi, mwen vle pou moun k'ap viv pou Bondye toupatou yo ka leve men yo anlè devan l' pou yo lapriyè san yo pa nan fè kòlè ni nan chache kont ak pesonn.

Genesis 4:11

11 Koulye a, tè ki te louvri bouch li pou l' te bwè san frè ou ou te fè koule a, menm tè sa a ap tounen yon madichon pou ou.

Nehemiah 4:5

5 Pa padonnen sa yo fè ki mal. Pa janm bliye peche yo fè a, paske yo t'ap pale moun ki t'ap rebati lavil ou a mal.

Job 27:9

9 Lè malè ap tonbe sou mechan an, èske Bondye ap tande rèl li yo?

Isaiah 1:15

15 Lè n'ap leve bra nou anlè pou nou lapriyè nan pye m', m'ap bouche je m' pou m' pa wè nou. Nou mèt fè lapriyè sou lapriyè, mwen p'ap tande nou! Men nou plen san!

Isaiah 26:21

21 Seyè a ap met deyò, li pral pini mezi moun sou latè ki fè krim. Yo pral devwale tout krim yo te fè an kachèt. Yo pral dekouvri kadav tout moun yo te touye.

Isaiah 58:9-10

9 Lè sa a, si nou lapriyè nan pye m', m'a reponn nou. Si nou rele m', m'a di men mwen! Si nou rache tout mechanste nan kè nou voye jete, si nou sispann kraponnen moun, si nou sispann pale moun mal, 10 si nou manje ak moun ki grangou, si nou plen vant moun ki nan nesesite, limyè va klere pou nou nan mitan fènwa. Lannwit va fè klè pou nou tankou gwo midi.

Jeremiah 22:29

29 O latè, latè, latè! Koute sa Seyè a di:

Ezekiel 24:7

7 Li fè anpil san koule nan mitan li. Men, san an pa koule atè pou pousyè te kouvri l'. San an koule sou wòch.

James 4:3-4

3 Menm lè nou mande, nou pa resevwa anyen, paske nou mande mal. Nou mande bagay ki pou satisfè pwòp dezi pa nou sèlman. 4 Ala moun pa gen konfyans nan Bondye! Eske nou pa konnen lè nou zanmi lemonn, se lènmi Bondye nou ye! Moun ki vle zanmi lemonn, li vin lènmi Bondye.

Genesis 31:50

50 Laban pale ankò, li di: -Si ou maltrete pitit fi mwen yo, si ou pran lòt fanm ankò sou yo, konnen ou p'ap annafè ak yon moun tankou nou tande. Atansyon, men se ak Bondye menm, ki temwen sa nou sot fè a, w'ap annafè.

1 Samuel 12:5

5 Samyèl di yo: -Jòdi a, Seyè a ansanm ak wa li chwazi a temwen nou pa jwenn anyen pou nou repwoche m'. Pèp la reponn: -Seyè a temwen!

Job 25:2

2 -Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l'. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze.

Psalms 113:5

5 Pa gen tankou Seyè a, Bondye nou an. Li chita anwo nèt.

Romans 1:9

9 Mwen pran Bondye pou temwen, Bondye m'ap sèvi ak tout kè mwen lè m'ap anonse bon nouvèl Pitit li a. Se toutan m'ap nonmen non nou;

Romans 9:1

1 Se vre wi, sa m'ap di nou la a. Mwen se moun Kris la, mwen p'ap bay manti. Epi, konsyans mwen ki anba pouvwa Sentespri a ta repwoche m' anpil si m' t'ap bay manti.

2 Corinthians 1:23

23 Mwen pran Bondye pou temwen sou lavi m': se pou m' te ka menaje nou kifè mwen chanje lide, mwen pa rive Korent.

2 Corinthians 11:31

31 Bondye ki Papa Seyè Jezi a (li menm k'ap resevwa lwanj tout tan an), li konnen mwen p'ap bay manti.

1 Thessalonians 2:5

5 Nou menm, nou konn sa byen: mwen pa janm sèvi ak pawòl ki pou flate moun, ni mwen pa janm pran ankenn pretès pou chache fè lajan. Mwen pran Bondye pou temwen.

1 Thessalonians 2:10

10 Mwen pran nou sèvi m' temwen ansanm ak Bondye: Nou menm ki gen konfyans nan Bondye, nou ka di mwen te aji byen ak nou, yon jan ki dakò ak volonte Bondye, yon jan ki dwat, ki san repwòch.

Job 12:4-5

4 Koulye a, menm zanmi m' ap pase m' nan rizib. Y'ap ri m', mwen menm yon moun Bondye pa gen anyen pou l' repwoche, yon moun Bondye te konn reponn lè m' rele l'. 5 Se konsa, moun ki pa nan pwoblèm meprize moun ki nan lafliksyon. Yo wè yon moun k'ap tonbe, yo ba l' bourad fè l' tonbe pi vit.

Job 16:4

4 Si m' te nan plas nou, epi nou menm nan plas mwen, m' ta ka pale jan nou pale a tou, m' ta pase nou nan yon wonn tenten, m' ta vide bèl diskou sou nou.

Job 17:2

2 Kote m' vire, se moun k'ap pase m' nan betiz. Vye pawòl jouman yo enpoze m' dòmi.

Psalms 109:4

4 Mwen renmen yo, men yo menm yo pa vle wè m'. Pou mwen menm, m'ap lapriyè nan pye ou.

Psalms 142:2

2 M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a.

Hosea 12:4-5

4 Li mare batay ak yon zanj Bondye, epi li genyen. Lè sa a, Jakòb kriye, li mande pou zanj lan beni l'. Li kontre ak Bondye Betèl, Bondye pale avè l'. 5 Se te Seyè ki gen tout pouvwa a. Seyè, se konsa yo rele li.

Luke 6:11-12

11 Men, lòt moun yo pa t' manke ankòlè; yo t'ap diskite yonn ak lòt sou sa yo ta kapab fè Jezi. 12 Lè sa a, Jezi moute sou yon ti mòn pou l' lapriyè. Li pase tout nwit lan ap lapriyè.

Hebrews 5:7

7 Pandan Jezi t'ap viv sou latè, li te lapriyè Bondye, li te fè demann li avèk gwo rèl ak dlo nan je bay Bondye, sèl moun ki te kapab sove l' anba lanmò. Bondye koute l', paske li te soumèt devan Bondye.

Job 9:34-35

34 Pa gen moun ki ka kenbe men l' pou li sispann fè m' pè. 35 Men, mwen pa pè l'. M'ap pale, paske se mwen ki konnen sa ki nan kè m'.

Job 13:3

3 Men, mwen menm, se ak Bondye ki gen tout pouvwa m' annafè. Se avè l' mwen vle pale pou m' defann kòz mwen.

Job 13:22

22 Ou mèt pale anvan, m'a reponn ou. Osinon, kite m' pale anvan, w'a reponn mwen.

Job 23:3-7

3 Si m' te ka konnen kote pou m' jwenn li, mwen ta rive kote l' ye a. 4 M' ta defann kòz mwen devan li. M' ta di l' dènye sa ki nan lide m' pou defann tèt mwen. 5 M' ta konnen jan l'ap reponn mwen, m' ta tande sa l'ap di m'. 6 Eske Bondye tapral sèvi ak tout fòs li pou diskite avè m'? Non. Li ta rete koute m' ase. 7 Li ta wè moun k'ap pale avè l' la se yon moun ki toujou mache dwat. Li menm k'ap jije m' lan, li ta rekonèt mwen inonsan.

Job 31:35

35 Pa gen pesonn pou koute sa m'ap di la a? Mwen fin di sa pou m' di a. Koulye a, se Bondye ki pou reponn mwen. Si moun ki pa vle wè m' lan ta voye papye nan tribinal pou mwen,

Job 40:1-5

1 Seyè a pale ak Jòb. Li di l' konsa: 2 -Jòb monchè, ou menm ki t'ap kenbe tèt ak Bondye ki gen tout pouvwa a, ou p'ap kite pou li? Ou menm ki t'ap kritike Bondye a, ou vle reponn li koulye a? 3 Jòb reponn Seyè a, li di l' konsa: 4 -Mwen pa t' konn sa m' t'ap di. Kisa pou m' reponn ou? Se fèmen pou m' fèmen bouch mwen. 5 Mwen pale twòp deja. Mwen pa gen anyen pou m' di ankò.

Ecclesiastes 6:10

10 Tou sa ki rive, depi lontan yo konnen li te la pou rive. Nou deja konnen sa yon moun ye. Li pa ka nan kenbe tèt ak moun ki pi fò pase l'.

Isaiah 45:9

9 Madichon pou moun k'ap diskite ak Bondye ki fè l' la! Li tankou yon krich nan mitan yon bann krich. Yon krich pa ka di moun k'ap ba li fòm lan: Sa w'ap fè la a? Travay ou fè a pa bon.

Romans 9:20

20 Monchè, pito ou mande: kisa m' ye pou m' ap diskite ak Bondye konsa? Pran yon krich: èske krich la ka pale ak moun ki fè l' la pou l' mande l': Poukisa se konsa ou fè m'?

Job 7:9-10

9 Tankou yon nwaj ki ale nèt, ki disparèt, lè yon moun mouri, pa gen leve pou li ankò. 10 Li p'ap janm tounen lakay li. Moun lakay li tou bliye l'.

Job 14:5

5 Tan chak moun gen pou l' viv la fikse deja depi lontan. Kantite mwa li gen pou l' viv la, se nan men ou sa rete. Anyen pa ka chanje.

Job 14:10

10 Men moun, depi yo mouri, yo tounen kadav. Lè yo kase kòd, ou pa wè kote yo fè.

Job 14:14

14 Men, sa m'ap di la a? Eske moun mouri ka leve? Sa pa fè anyen. Mwen ta tann move tan sa a fin pase, jouk sa ta bon pou mwen ankò.

Ecclesiastes 12:5

5 W'ap pè moute sou bagay ki twò wo pou ou pa gen tèt vire. Menm mache nan granchemen ap yon danje pou ou. Tout cheve nan tèt ou ap vin blan, w'ap pèdi fòs kouray ou. Pa gen anyen ki ka fè l' tounen ankò. W'ap desann nan dènye kay kote ou pral rete pou tou tan an. Lè sa a, moun ap mache rele nan tout lari.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.