Job 37:4 Cross References - Haitian

4 Apre sa, yo tande vwa li ap gwonde. Loraj la gwonde avèk fòs. Lè konsa, zèklè fè mikalaw.

Exodus 15:7-8

7 Jan ou gen anpil pouvwa sa a, Seyè! Ou kraze moun k'ap goumen avè ou yo. Ou fè yon sèl kòlè, ou boule yo tankou dife nan pay. 8 Nan kolè ou, ou soufle. Souf ou fè dlo a ranmase kò l'. Lanm yo kanpe dwat tankou yon miray. Dlo a vin di nan mitan lanmè a.

Deuteronomy 33:26

26 Pa gen tankou Bondye moun pèp Izrayèl la. Li kouri sou nwaj yo nan syèl la pou l' vin pote yo sekou avèk fòs ponyèt li.

Job 36:27-33

27 Se li menm ki rale dlo sou latè, ki fè l' tounen vapè nan nwaj yo pou bay lapli. 28 Lèfini, li kite lapli soti nan syèl la tonbe sou tout moun sou latè. 29 Pesonn pa konnen ki jan nwaj yo fè deplase, ki jan loraj fè gwonde nan syèl kote Bondye rete a. 30 Li kouvri syèl la ak nwaj yo. Li kouvri tout tèt mòn yo. 31 Se konsa li bay pèp la manje. Li ba yo manje an kantite. 32 Li kenbe zèklè yo nan pla men li. Li bay lòd pou loraj tonbe kote li menm li vize a. 33 Loraj la anonse move tan. Ata bèt yo santi move tan an ap vini.

Psalms 29:3-9

3 Seyè a fè tande vwa li sou lanmè. Bondye ki gen pouvwa a fè loraj yo gwonde. Seyè a ap mache sou tout lanmè a. 4 Vwa Seyè a se yon vwa ki gen pouvwa! Se yon vwa ki mande pou moun respekte l'! 5 Vwa Seyè a kase pye sèd yo, li kase pye sèd peyi Liban yo. 6 Li fè mòn nan peyi Liban yo sote ponpe tankou ti gazèl bèf. Li fè mòn Siryon yo sote ponpe tankou jenn ti towo bèf. 7 Vwa Seyè a fè zèklè. 8 Vwa Seyè a fè dezè a tranble. Wi, li fè dezè Kadès la tranble. 9 Vwa Seyè a tòde pye chenn yo. Li fè tout fèy nan rakbwa tonbe. Nan tanp li, tout moun ap fè lwanj pou li.

Psalms 68:33

33 Nou menm chèf peyi latè yo, chante pou Bondye! Chante pou fè lwanj Seyè a,

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.