13 Apre sa, li pase lavil Louz, sou bò sid bit Louz la kote yo rele jouk jòdi a Betèl. Li desann Atawòt ada, sou mòn ki sou bò sid lavil Bètowon an.
Joshua 18:13 Cross References - Haitian
Genesis 28:19
19 Li rele kote sa a Betèl. (Anvan sa, lavil la te rele Louz.)
Joshua 10:11
11 Pandan yo t'ap kouri devan lame Izrayèl la, depi nan desann pant Bètowon an jouk yo rive Azeka, Seyè a rete nan syèl la, li voye gwo boul lagrèl sou yo pou touye yo. Lagrèl la te touye plis moun pase lame Izrayèl la avèk nepe yo.
Joshua 16:2-3
Joshua 16:5
5 Men tè yo te bay branch moun Efrayim yo pou yo separe bay chak fanmi yon pòsyon. Sou bò solèy leve, Atawòt, Adak te sèvi yo fwontyè jouk Bètowon.
Joshua 21:22
22 lavil Kibsayim, lavil Bètowon ansanm ak tout savann pou bèt yo. Sa te fè kat lavil sou tè moun branch fanmi Efrayim yo.
Judges 1:22-26
22 Moun de branch fanmi Jozèf yo moute al atake lavil Betèl ki te rele Louz anvan sa. Seyè a te kanpe avèk yo tou.
23 Yo voye kèk moun an kachèt al wè jan sa ye nan lavil la.
24 Moun yo te voye yo kontre yon nonm ki t'ap soti lavil la. Yo di l' konsa: -Moutre nou ki jan moun ka antre nan lavil la. Nou pwomèt ou nou p'ap fè ou anyen.
25 Se konsa nonm lan moutre yo ki jan pou yo antre nan lavil la. Yo touye tout moun ki te nan lavil la, esepte nonm lan ansanm ak tout fanmi l'.
26 Apre sa, nonm lan pati ale nan peyi moun Et yo. Li bati yon lavil laba a, li rele l' Louz. Se konsa yo rele lavil la jouk jòdi a.