Joshua 8:5 Cross References - Haitian

5 Mwen menm, mwen pral pwoche bò lavil la avèk tout sòlda ki avè m' yo pa devan pòtay la. Lè n'a wè moun lavil yo soti vin fè fas kare ak nou, nou menm ki sou devan yo, n'a pran kouri devan yo ankò, jan nou te fè l' anvan an.

Joshua 7:5

5 Yo kouri dèyè sòlda pèp Izrayèl yo depi devan pòtay lavil la jouk nan men wòch yo. Nan ladesant lan yo touye trannsis moun konsa nan sòlda pèp Izrayèl yo. Lè sa a, pèp Izrayèl la soti pè. Yo pèdi kouraj.

Judges 20:31-33

31 Moun Benjamen yo soti vin kontre ak lame a. Yo kite lavil la byen lwen dèyè yo. Tankou lòt fwa yo, yo konmanse desann gason nan lame a, yo touye trant sòlda konsa, ni sou wout ki moute lavil Betèl la, ni sou wout ki mennen lavil Gibeya a pa mòn. 32 Moun Benjamen yo t'ap di: -Nou bat yo ankò, tankou lòt fwa yo. Men, moun pèp Izrayèl yo t'ap di: -Ann kouri devan yo sou wout andeyò yo pou yo ka kite lavil la byen lwen dèyè yo. 33 Lè sa a, lame pèp Izrayèl la kouri kite tout kote yo te gaye yo, yo sanble bò Baal-Tama. Men mesye ki te kache yo kouri soti kote yo te ye a, dèyè gwo wòch ki te bò lavil Gibeya a.

Matthew 10:16

16 Gade, mesye! M'ap voye nou tankou mouton nan mitan chen mawon. Se sak fè, se pou nou sou prigad nou tankou pentad, se pou nou inonsan tankou pijon.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.