Leviticus 19:18 Cross References - Haitian

18 Piga nou tire revanj sou pesonn. Piga nou kenbe moun menm ras ak nou nan kè, men se pou nou renmen yo tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Se mwen menm ki Seyè a!

Exodus 23:4-5

4 Si nou pa byen ak yon moun, epi nou jwenn bèf li osinon bourik li ki kase kòd, se pou nou mennen l' ba li. 5 Si nou pa byen ak yon moun, epi nou wè bourik li kouche anba yon chay, pa vire do nou kite l' pou kont li. Se pou nou ede l' fè bourik la kanpe.

Deuteronomy 32:25

25 Nan lari, y'a touye pitit pitit gason yo nan goumen. Moun ki anndan kay va sitèlman pè, kè yo va rete. Jenn gason ak jenn fi va mouri menm jan an tou. Depi timoun nan tete jouk granmoun cheve blan, pesonn p'ap chape.

2 Samuel 13:22

22 Absalon vin rayi Amnon pou kadejak li te fè sou Tama, sè li a. Li koupe l' bonjou.

2 Samuel 13:28

28 Epi li bay domestik li yo lòd sa a, li di yo: -Gade byen, lè n'a wè Anmon ak bon gwòg nan tèt li, m'a di nou: Desann Amnon. n'a touye l'. Nou pa bezwen pè, mwen pran tout reskonsablite a sou mwen. Mete gason sou nou. Frape san tranble.

Psalms 103:9

9 Li p'ap pase tout tan l' ap pini nou, li pa ankòlè pou lontan.

Proverbs 20:22

22 Pa janm di se ou ki pou vanje tèt ou. Mete konfyans ou nan Seyè a, l'a delivre ou.

Matthew 5:43-44

43 Nou tande ki jan nan tan lontan yo te di: Se pou nou renmen frè parèy nou, men se pou nou rayi lènmi nou yo. 44 Men mwen menm, men sa m'ap di nou: renmen tout lènmi nou yo, lapriyè pou moun k'ap pèsekite nou.

Matthew 19:16

16 Yon nonm pwoche bò kot Jezi, li di l' konsa: Mèt, ki bon bagay mwen dwe fè pou m' ka resevwa lavi ki p'ap janm fini an?

Matthew 19:19

19 Respekte papa ou ak manman ou. Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen tèt pa ou.

Matthew 22:39-40

39 Men dezyèm kòmandman an ki gen menm enpòtans ak premye a: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. 40 De kòmandman sa yo, se yo ki fondasyon tou sa ki nan lalwa Moyiz la ak tou sa pwofèt yo te moutre.

Mark 12:31-34

31 Men dezyèm kòmandman an: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Pa gen lòt kòmandman ki pi konsekan pase sa yo. 32 Lè sa a, dirèktè lalwa a di li: -Se sa menm, Mèt. Sa ou di a se vre. Met nou an se sèl Bondye ki genyen. Pa gen lòt pase li. 33 Jan ou di a, se pou nou renmen l' ak tout kè nou, tout lespri nou, tout fòs nou, epi se pou nou renmen frè parèy nou tankou nou renmen pwòp tèt pa nou. Sa pi bon lontan pase tout ofrann n'ap boule pou Bondye ansanm ak tout lòt bèt n'ap ofri pou touye pou li. 34 Jezi wè nonm lan te fè l' yon repons moun ki gen konprann, lè sa a li di li: -Ou menm, ou pa lwen peyi kote Bondye Wa a non. Apre sa, pesonn pa t' gen odas poze l' keksyon ankò.

Luke 10:27-37

27 Nonm lan reponn: Se pou ou renmen Mèt la, Bondye ou, ak tout kè ou, ak tout nanm ou, ak tout fòs kouraj ou, ak tout lide ou. Se pou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. 28 Jezi di li: Ou byen reponn. Si ou fè sa, wa gen lavi. 29 Men, dirèktè lalwa a te vle bay tèt li rezon, kifè li mande Jezi: Ki moun ki frè parèy mwen? 30 Jezi reponn li konsa: Vwala, yon nonm t'ap desann soti Jerizalèm, li tapral Jeriko. Kèk ansasen atake l', yo vòlò ata rad ki te sou li, yo bat li byen bat, yo kite li twaka (3/4) mò. 31 Lè sa a, yon prèt vin ap desann sou menm wout la, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. 32 Konsa tou, yon moun Levi vin ap pase menm kote a, li rive toupre, li wè nonm lan, men li janbe lòt bò wout la, li al fè wout li. 33 Men, yon moun peyi Samari ki t'ap vwayaje sou menm wout la rive bò kote nonm lan; kè l' fè l' mal lè li wè nonm lan. 34 Li pwoche kote l', li vide lwil ak diven sou blese l' yo, li panse yo. Apre sa, li mete nonm lan sou bèt li te moute a. Li mennen l' nan yon lotèl kote li pran swen li. 35 Nan denmen, li rale kòb nan pòch li, li bay mèt lotèl la, epi li di li: Okipe nonm sa a pou mwen. Lè m' tounen isit la ankò m'a renmèt ou tout depans ou va fè anplis pou li. 36 Apre sa, Jezi di nonm lan: Dapre ou, nan twa moun sa yo, kilès ki te moutre li se frè parèy nonm ki te tonbe nan men ansasen yo? 37 Dirèktè lalwa a reponn: Nonm ki te gen pitye pou li a. Jezi di li: Ale, fè menm bagay la tou.

Romans 12:17

17 Si yon moun fè nou mal, pa chache fè l' mal tou. Chache fè sa ki byen nan je tout moun.

Romans 12:19

19 Mezanmi, pa tire revanj. Men, kite kòlè Bondye fè travay li; paske men sa ki ekri nan Liv la: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire rèvanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se Bondye menm ki di sa.

Romans 13:4

4 Paske chèf yo se nan sèvis Bondye yo ye pou byen nou. Men, si w'ap fè sa ki mal, ou mèt tranble, paske se pa pou gremesi yo gen pouvwa peni moun. Lè sa a, se sèvis Bondye y'ap fè tou. Y'ap fè nou wè kòlè Bondye lè y'ap peni moun ki fè sa ki mal.

Romans 13:9

9 Se konsa, ou wè kòmandman sa yo: piga ou janm fè adiltè; piga ou janm touye moun; piga ou janm vòlò; piga ou janm pote lanvi sou sak pa pou ou; kòmandman sa yo ansanm ak tout lòt yo, gen yon sèl pawòl ki ranmase yo tout: se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou.

Galatians 5:14

14 Paske tou sa lalwa mande nou, nou jwenn yo nan kòmandman sa a: Se pou ou renmen frè parèy ou, menm jan ou renmen tèt pa ou.

Galatians 5:20

20 Se sèvi zidòl, se fè maji, se yonn fè lòt lènmi, se fè kont, fè jalouzi, fè kòlè, se yonn pa vle wè lòt, se fè ti pil gwo pil.

Ephesians 4:31

31 Piga yo jwenn nan mitan nou moun ki kenbe lòt nan kè yo, moun ki gen san wo, moun ki renmen fè kòlè. Piga yo tande woywoy ak joure nan mitan nou. Nou pa fèt pou gen okenn lòt kalite mechanste k'ap fèt nan mitan nou.

Colossians 3:8

8 Men koulye a, pa fè kòlè, pa fè move san ni okenn mechanste. Se pou nou voye tout bagay sa yo jete. Pa kite okenn jouman ni okenn gwomo soti nan bouch nou.

Hebrews 10:30

30 Nou menm, nou konnen moun ki te di: Se mwen menm sèl ki gen dwa tire revanj, se mwen menm sèl ki va bay moun sa yo merite. Se li menm tou ki te di: Bondye gen pou l' jije pèp li a.

James 2:8

8 Jan sa ekri nan Liv la, lalwa gran Wa a di: Se pou ou renmen frè parèy ou tankou ou renmen pwòp tèt pa ou. Si nou fè sa, nou fè byen.

1 Peter 2:1

1 Se poutèt sa, derasinen tout mechanste ki te nan lavi nou. Sispann bay manti, sispann fè ipokrizi, sispann fè jalouzi ak tripotaj.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.