Luke 7:31 Cross References - Haitian

31 Jezi di yo ankò: Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Ki moun yo sanble menm?

Lamentations 2:13

13 Aa! Jerizalèm, kisa pou m' di ou la a! Ak ki moun pou m' ta konpare sò ou? Ki jan pou m' ankouraje ou? Pesonn pa janm soufri konsa. Malè ki tonbe sou ou a pa gen limit, li gwosè lanmè a! Pesonn pa ka fè anyen pou ou ankò!

Matthew 11:16-19

16 Ak ki moun mwen ta konpare moun k'ap viv nan tan alèkile yo? Yo sanble timoun ki chita sou plas piblik, yonn ap rele lòt pou di l' konsa: 17 Nou jwe mizik cho pou nou ak fif nou, nou pa danse. Nou chante chante ki tris pou nou, nou pa kriye. 18 Jan Batis vini, li pa manje, li pa bwè, yo di li gen yon move lespri sou li. 19 Mwen menm, Moun Bondye voye nan lachè a, mwen vini, mwen manje, mwen bwè, yo di: Gade yon nonm! Se manje ak bwè ase li konnen! Se zanmi pèseptè kontribisyon ak moun k'ap fè sa ki mal li ye! Men tou, lè nou wè rezilta sa Bondye fè, nou rekonèt se li menm nan bon konprann li ki gen rezon.

Mark 4:30

30 Li di yo ankò: -Kisa m' ta di Peyi kote Bondye Wa a sanble ankò? Ki parabòl mwen ta ban nou pou fè nou konprann sa li ye?

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.