Matthew 12:3 Cross References - Haitian

3 Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa David te fè yon jou li te grangou, li menm ak moun pa l' yo?

1 Samuel 21:3-6

3 Bon, koulye a, kisa ou gen la a pou moun manje? Ban m' senk pen ou nenpòt lòt sa ou genyen. 4 Prèt la di l': -Mwen pa gen pen òdinè la a non. Sèl sa mwen genyen se pen yo mete apa pou Bondye. Mwen ka ba ou li, si ou konnen mesye ou yo pa nan anyen ak fanm depi kèk jou. 5 David reponn li: -Se toujou konsa, lè nou nan misyon, nou pa nan anyen ak fanm menm. Sou pwen sa a, depi m'ap soti ak mesye m' yo, li te mèt pou yon misyon òdinè, mesye m' yo fèt pou toujou nan kondisyon pou yo fè sèvis Bondye, ale wè fwa sa a se pou yon misyon espesyal. 6 Se konsa prèt la pran nan pen yo te mete apa pou Bondye yo, li ba li paske sèl sa li te genyen se pen yo te ofri bay Bondye chak jou a. Yo te fèk wete yo sou tab la devan Seyè a pou yo te mete lòt pen fre.

Matthew 12:5

5 Osinon, èske nou pa li sa ki ekri nan lalwa Moyiz la: Jou repo, prèt yo ki desèvis nan tanp lan pa respekte lalwa repo a, men yo pa koupab pou sa?

Matthew 19:4

4 Jezi reponn yo: Eske nou pa li sa ki ekri nan Liv la? Nan konmansman, lè Bondye t'ap fè moun, li te fè yo gason ak fi.

Matthew 21:16

16 Yo di Jezi konsa: Eske ou pa tande sa y'ap di? Jezi reponn yo: M' tande wi. Eske nou pa janm li pawòl sa a nan Liv la: Ou fè timoun piti ak tibebe nan tete fè gwo lwanj pou ou?

Matthew 22:31

31 Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò, èske nou pa li sa Bondye te di nou:

Mark 2:25-26

25 Jezi reponn yo: -Eske nou pa janm li sa David te fè yon lè li te bezwen manje pou li menm ak pou moun pa l' yo ki te grangou? 26 Sa te pase sou tan Abyata te granprèt. Nou chonje? Li antre nan kay Bondye a, li manje nan pen yo te ofri bay Bondye a. Dapre lalwa nou an, se prèt yo sèlman ki gen dwa manje pen sa yo. Malgre sa, David te pran ladan yo, li te bay moun pa l' yo manje tou.

Mark 12:10

10 Eske nou pa li pawòl ki ekri a? Mwen sèten nou li l' deja: Wòch moun ki t'ap bati yo te voye jete a, se li menm ki tounen wòch ki kenbe kay la.

Mark 12:26

26 Pou keksyon mò yo k'ap leve vivan ankò a, èske nou pa li nan Liv Moyiz la sa Bondye te di l' bò touf bwa a: Mwen se Bondye Abraram, Bondye Izarak, Bondye Jakòb?

Luke 6:3

3 Jezi pran lapawòl, li di farizyen yo konsa: Eske nou pa li sa David te fè li menm ak moun pa l' yo, yon jou yo te grangou?

Luke 10:26

26 Jezi di li: Kisa ki ekri nan lalwa? Ki jan ou konprann li?

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.