Numbers 1:5 Cross References - Haitian

5 Men non moun ki va ede nou nan resansman an: Nan branch fanmi Woubenn lan, se va Elizou, pitit gason Chedeyou.

Genesis 29:32-35

32 Leya vin ansent, li fè yon pitit gason, li di: -Seyè a wè jan m'ap soufri. Koulye a, mari m' va renmen m'. Se konsa li rele l' Woubenn. 33 Leya vin ansent ankò, li fè yon lòt gason. Li di: -Seyè a ban m' yon lòt gason ankò, paske li wè jan mari m' pa renmen m' menm. Se konsa li rele l' Simeyon. 34 Li vin ansent yon twazyèm fwa, li fè yon lòt pitit gason ankò. Li di: -Fwa sa a, mari m' pral rete avè m' nèt paske mwen fè twa pitit gason pou li. Se konsa li rele l' Levi. 35 Apre sa, li vin ansent ankò, li fè yon lòt pitit gason. Li di: -Fwa sa a, m'ap fè lwanj Seyè a. Se konsa li rele l' Jida. Apre sa, Leya sispann fè pitit.

Genesis 30:5-20

5 Bila vin ansent, li fè yon ti gason pou Jakòb. 6 Lè sa a, Rachèl di: -Seyè a rann mwen jistis. Li tande vwa mwen. Li ban m' yon gason. Se poutèt sa Rachèl te rele pitit la Dann. 7 Apre sa, Bila, sèvant Rachèl la, vin ansent ankò, li fè yon dezyèm gason pou Jakòb. 8 Rachèl di: -Mwen t'ap mennen yon gwo batay kont sè m' lan devan Bondye. Men se mwen ki genyen. Se konsa li rele pitit la Nèftali. 9 Lè Leya wè li te sispann fè pitit, li pran Zilpa, sèvant li a, bay Jakòb pou madanm tou. 10 Zilpa, sèvant Leya a, fè yon ti gason pou Jakòb. 11 Leya di: -Ala fanm gen chans se mwen menm! Se konsa li rele pitit la Gad. 12 Zilpa, sèvant Lea a, fè yon dezyèm pitit gason pou Jakòb. 13 Leya di konsa: -Ala benediksyon mwen jwenn! Koulye a medam yo pral di jan mwen se yon fanm ki beni. Se konsa li rele pitit la Asè. 14 Pandan rekòt ble a, Woubenn soti al nan jaden, li jwenn kèk mandragò. Li pote rasen yo bay Leya, manman li. Rachèl di Leya konsa: -Tanpri, ban m' kèk moso rasen mandragò pitit ou pote pou ou a. 15 Leya reponn li: -Atò ou pa fè m' ase? Ou fin pran mari m', koulye a ou vle pran mandragò pitit gason m' lan tou? Rachèl di l': -Enben, Jakòb va kouche avè ou aswè a pou mandragò pitit gason ou lan. 16 Nan aswè, lè Jakòb parèt sot nan jaden, Leya soti al kontre l', li di l' konsa: -Se pou ou vin kouche avè m' aswè a, paske mwen bay mandragò pitit gason m' lan pou sa. Se konsa, jou swa sa a, Jakòb kouche avèk Leya. 17 Bondye reponn lapriyè Leya a. Li vin ansent, epi li fè yon senkyèm pitit gason pou Jakòb. 18 Leya di: -Bondye ban m' sa m' merite a, paske mwen te bay mari m' sèvant mwen an pou madanm. Se konsa, Leya rele pitit gason an Isaka. 19 Leya vin ansent ankò, li fè yon sizyèm pitit gason pou Jakòb. 20 Leya di: -Bondye fè m' yon bèl kado. Fwa sa a, mari m' pral pou mwen nèt, paske mwen fè sis pitit gason pou li. Se konsa li rele pitit la Zabilon.

Genesis 35:17-26

17 Lè doulè a te pi rèd, fanmchay la di l': -Ou pa bezwen pè. Ou fè yon pitit gason ankò. 18 Rachèl tapral mouri, li t'ap rann dènye souf li lè li rele pitit la Bennoni. Men papa a rele l' Benjamen. 19 Rachèl mouri, yo antere l' sou wout lavil Efrata. Se lavil sa a yo rele Betleyèm lan tou. 20 Jakòb make tonm lan ak yon gwo wòch: yo rele l' Moniman tonm Rachèl la. Wòch la la jouk jòdi a. 21 Apre sa, Izrayèl pati, li al moute tant li lòt bò Migdaledè. 22 Antan Jakòb t'ap viv nan peyi sa a, Woubenn al kouche ak Bila, yonn nan fanm papa l' yo. Izrayèl vin konn sa, li te fache anpil. Jakòb te gen douz pitit gason. 23 Men non pitit Leya te fè pou li yo: Woubenn, premye pitit gason l' lan, Simeyon, Levi, Jida, Isaka ak Zabilon. 24 Men non pitit Rachèl te fè pou li yo: Jozèf ak Benjamen. 25 Men non pitit Bila, sèvant Rachèl la, te fè pou li yo: Dann ak Nèftali. 26 Men non pitit Zilpa, sèvant Leya a, te fè pou li yo: Gad ak Asè. Se tout pitit gason sa yo Jakòb te genyen antan li te nan peyi Mezopotami.

Genesis 46:8-24

8 Men non pitit Izrayèl yo ansanm ak pitit pitit yo ki te desann nan peyi Lejip: Jakòb ak pitit gason l' yo. Premye gason an te rele Woubenn. 9 Men non pitit Woubenn yo: Enòk, Palou, Ezwon ak Kami. 10 Men non pitit Simeyon yo: Jemouyèl, Jamen, Orad, Jaken, Zoka ak Sayil. Li te fè dènye sa a ak yon fanm peyi Kanaran. 11 Men non pitit gason Levi yo: Gèchon, Keyat ak Merari. 12 Men non pitit gason Jida yo: Er, Onan, Chela, Perèz ak Zerak. Men Er ak Onan te mouri nan peyi Kanaran. Perèz te gen de pitit gason: Ezwon ak Amoul. 13 Men non pitit Isaka yo: Tola, Pouva, Jòb ak Chimwon. 14 Men non pitit Zabilon yo: Serèd, Elon ak Jaleyèl. 15 Se pitit sa yo Leya te fè pou Jakòb lè yo te Mezopotami. Leya te fè yon fi tout yo te rele Dena. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou tranntwa gason ak yon fi. 16 Men non pitit gason Gad yo: Zifjon, Agi, Chouni, Ezbon, Eri, Awodi ak Areyèli. 17 Men non pitit gason Asè yo: Jimna, Jichva, Jichvi epi Beria. Yo te gen yon sè ki te rele Serak. Beria te gen de pitit gason: Ebè ak Malkyèl. 18 Se pitit gason sa yo Zilpa te fè pou Jakòb. Zilpa sa a, se te sèvant Laban te bay Leya, pitit fi li a. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou sèz moun. 19 Men non pitit gason Rachèl, madan Jakòb: Jozèf ak Benjamen. 20 Pandan Jozèf te nan peyi Lejip, Asnat, pitit fi Potifera, prèt lavil On an, te fè Manase ak Efrayim pou li. 21 Men non pitit Benjamen yo: Bela, Bekè, Achbèl, Gera, Naaman, Ei, Wòch, Moupen, Oupim epi Ad. 22 Se pitit gason sa yo Rachèl te fè pou Jakòb. Avèk pitit pitit yo, sa te fè antou katòz moun. 23 Men non pitit gason Dann lan: Ouchim. 24 Men non pitit gason Neftali yo: Jazeyèl, Gouni, Jezè epi Chilèm.

Genesis 49:1-33

1 Jakòb fè rele pitit gason l' yo, li di yo: -Sanble non. M'ap fè nou konnen sa ki pral rive nou nan jou k'ap vini yo. 2 Sanble, vin koute non, pitit Jakòb yo! vin koute sa Izrayèl, papa nou, pral di nou. 3 Ou menm, Woubenn, premye pitit gason mwen, ou se fòs mwen, premye pitit mwen fè. Nan tout pitit mwen yo, se ou ki gen plis fòs, se ou ki pi gwonèg. 4 Ou tankou yon larivyè k'ap desann. Men, se pa ou k'ap alatèt, paske ou kouche ak yon madanm papa ou. Ou moute sou kabann mwen, ou fè sa ou pa t' dwe fè. 5 Simeyon ak Levi se menm moun, se pwason kraze nan bouyon! Yo sèvi ak zam yo pou fè mechanste. 6 Mwen p'ap patisipe nan konplo yo. Mwen p'ap la avèk yo nan reyinyon yo. Paske lè yo ankòlè, yo touye moun. Yo koupe jarèt towo bèf pou dan ri. 7 Madichon pou yo lè yo move paske yo san manman! M'ap fè yo rete toupatou nan peyi Jakòb la. M'ap gaye yo nan tout peyi Izrayèl la. 8 Ou menm, Jida, frè ou yo ap fè lwanj ou. W'ap kenbe lènmi ou yo dèyè kou. Pitit papa ou yo ap bese tèt devan ou. 9 Jida, se yon jenn ti lyon. Lè ou fin fè ravaj, pitit mwen, ou tounen tounen ou. Ou kwoupi, ou kache kò ou tankou yon jenn ti lyon, tankou yon fenmèl lyon. Ki moun ki ka deranje ou? 10 Yo p'ap ka wete kòmandman an nan men Jida. Non. Baton kòmandman an p'ap soti nan mitan janm li, jouk tan moun tout pèp sou latè pral obeyi a va vini. 11 L'ap mare ti bourik li a nan yon pye rezen, l'ap mare pitit manman bourik li a nan pi bon pye rezen an. L'ap lave rad li nan diven, l'ap lave varèz li nan diven wouj kou san. 12 Je l' wouj ak diven. Dan l' blan ak lèt. 13 Zabilon pral rete bò lanmè. Batiman yo va jwenn bon pò sou rivaj li yo. Limit peyi l' la ap rive jouk Sidon. 14 Isaka, se yon bon bourik chay. Li kouche nan mitan de bò sakpay. 15 Li wè jan kote li poze kò l' la nan gou li, li wè jan peyi a bèl. Li pare do l' pou l' pote chay li. Li tounen esklav pou l' travay di. 16 Dann ap yon chèf pou pèp li, tankou yon branch nan fanmi Izrayèl. 17 Dann ap tankou yon sèpan bò gran chemen an, yon sèpan mechan sou bò wout la. L'ap mòde chwal yo nan talon pou l' fè kavalye yo tonbe sou tèt. 18 O Seyè, m'ap tann ou vin sove mwen! 19 Ou menm, Gad, yon bann vòlò ap vin tonbe sou ou. Men, w'ap kouri dèyè yo, se ou k'ap mete men sou yo. 20 Peyi Asè a ap bay bon manje k'ap bay fòs. L'ap donnen manje ki gou nan bouch wa yo. 21 Neftali, se yon fenmèl kabrit ki lage. L'ap fè bèl ti pitit. 22 Jozèf se boujon yon pye rezen ki konn donnen, li soti nan yon pye rezen bò sous dlo ki donnen byen. Branch li yo moute sou tout miray la. 23 Y'ap chache l' kont, y'ap voye wòch sou li. Moun k'ap voye flèch yo tounen yon pèsekisyon pou li. 24 Men, banza pa li a rete fèm, ponyèt li pa febli, gremesi pouvwa Bondye Jakòb la, Bondye ki gadò pèp Izrayèl la. Se li ki tout pwoteksyon yo. 25 Sa soti nan Bondye papa ou la k'ap ede ou, nan Bondye ki gen tout pouvwa a k'ap beni ou avèk benediksyon lapli ki soti anwo nan syèl la, avèk benediksyon sous dlo k'ap soti anba tè a, avèk benediksyon ki soti nan tete ak nan vant manman. 26 Benediksyon papa ou yo pi plis pase benediksyon mòn ki la pou tout tan yo. Se pou benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, sou tèt moun Bondye te chwazi nan mitan tout frè l' yo. 27 Benjamen, se yon bèt nan bwa devoran. Nan maten, li manje bèt li kenbe a. Nan aswè, l'ap separe toujou sa l' te pran yo. 28 Men douz branch fanmi Izrayèl yo. Men sa papa yo te di yo. Li beni yo, li bay chak moun benediksyon pa yo. 29 Apre sa, Jakòb ba yo lòd sa a: -Mwen menm, mwen pral jwenn fanmi m' yo ki mouri deja. Antere m' menm kote ak zansèt mwen yo nan twou wòch ki nan jaden Efwon, moun Et la, 30 nan twou wòch ki nan jaden Makpela a, anfas Manmre, nan peyi Kanaran. Se Abraram ki te achte twou wòch sa a ak tout jaden an nan men Efwon, moun Et la, pou sèvi l' simityè. 31 Se la yo te antere Abraram ak Sara, madanm li. Se la yo te antere Izarak ak Rebeka, madanm li. Se la tout mwen te antere Leya. 32 Se nan men mesye Et yo nou te achte jaden an ak tout twou wòch ki sou li a. 33 Lè Jakòb fin pale konsa ak pitit gason l' yo, li lonje kò l' sou kabann lan, li mouri, li al jwenn fanmi li yo ki te mouri deja.

Exodus 1:2-5

2 Se te Woubenn, Simeyon, Levi epi Jida, 3 Isaka, Zabilon epi Benjamen, 4 Dann ak Nèftali, Gad ak Asè. 5 Sa te fè antou swasanndis moun nan ras Jakòb la. Jozèf menm te deja nan peyi Lejip la.

Numbers 2:10

10 Tout moun k'ap mache anba làbanyè Woubenn yo va moute kan yo sou bò sid, chak divizyon apa. Se Elisou, pitit gason Chedeyou a, ki te chèf fanmi Woubenn lan.

Numbers 7:30

30 Katriyèm jou a, se te pou pa Elizou, pitit gason Chedeyou a, chèf branch fanmi Woubenn lan.

Numbers 10:18

18 Apre yo, moun k'ap mache dèyè làbanyè fanmi Woubenn lan vini, chak divizyon apa. Alatèt divizyon branch fanmi Woubenn lan, se te Elizou, pitit gason Chedeyou a.

Deuteronomy 33:1-29

1 Men benediksyon Moyiz, sèvitè Bondye a, te bay moun pèp Izrayèl yo anvan li mouri. 2 Li di: -Seyè a soti mòn Sinayi, li leve tankou solèy lòt bò peyi Seyi. L'ap klere depi sou tèt mòn Paran an. Li rive jouk Meriba nan peyi Kadès. Sou bò dwat li yon flanm dife. 3 Seyè a renmen tout pèp sou latè. Men, li pwoteje tout moun k'ap viv apa pou li. Yo bese nan pye l'. Yo resevwa lòd l'ap ba yo. 4 Moyiz ban nou lalwa. Se yon byen li kite pou tout fanmi Jakòb la. 5 Seyè a te wa nan mitan pèp Izrayèl la lè tout chèf pèp la te reyini, lè tout branch fanmi pèp Izrayèl la te sanble. 6 Men sa li di pou branch fanmi Woubenn lan: Se pou Woubenn viv lontan! Fanmi li p'ap janm disparèt, malgre li pa gen anpil moun. 7 Men sa li di pou branch fanmi Jida a: Seyè, koute vwa moun fanmi Jida yo! Fè yo mete tèt yo ansanm ankò ak rès pèp la. Goumen pou yo, Seyè! Se pou ou ede yo lè y'ap batay ak lènmi l' yo. 8 Men sa li di pou branch fanmi Levi a: Seyè! Se ou menm ki pou fè yo konnen volonte ou. Y'ap sèvi ou san lage. Ou te sonde yo bò Masa. Ou te kenbe tèt ak yo bò sous dlo Meriba yo. 9 Yo pa konn papa! Yo pa konn manman! Yo pa konn frè! Yo pa konn pitit! Se lòd ou yo y'ap swiv, se kontra ou la y'ap kenbe fèm. 10 Y'a moutre pitit Jakòb yo regleman ou yo. Y'a moutre pitit Izrayèl yo lalwa ou la. Y'a boule lansan devan ou, y'a ofri sou lòtèl bèt yo touye pou boule nèt pou ou. 11 Seyè, ba yo anpil kouraj! Se pou yo fè ou plezi nan tou sa y'ap fè! Kase ren moun ki pa vle wè yo. Se pou lènmi l' yo pa ka leve tèt ankò. 12 Men sa li di pou branch fanmi Benjamen an: Se moun Seyè a renmen anpil. Y'a viv ak kè poze bò kote l'. Bondye ki anwo nan syèl la va toujou pwoteje yo, l'a moute kay li nan mitan yo. 13 Men sa li di pou branch fanmi Jozèf la: Se pou Seyè a beni peyi ki pou yo a. L'a voye bonkou lapli sot nan syèl la, l'a fè sous dlo pete toupatou. 14 L'a fè pyebwa ki donnen chak lanne bay bon rekòt. L'a fè pyebwa ki donnen chak sezon bay bon fwi. 15 L'a fè vye mòn yo bay bèl rekòt. L'a fè vye tè mòn yo bay pi bon manje ki genyen. 16 L'a fè tè yo a bay tout kalite bon rekòt. Bondye ki te pale nan touf raje a va ba yo favè l'. Se pou tout benediksyon sa yo tonbe sou tèt Jozèf, paske nan tout pitit papa li yo, se li menm yo te chwazi. 17 Li byen kanpe tankou premye pitit yon towo bèf. L'ap gen fòs kouraj yon bèf savann. L'ap bat tout pèp ki sou latè ak kout kòn, l'ap kouri dèyè yo jouk nan dènye bout latè. Wi, se sa tout milyon moun Efrayim yo ak tout kantite moun Manase yo pral fè. 18 Men sa li di pou branch fanmi Zabilon an ak branch fanmi Isaka a: Nou menm moun Zabilon yo, se pou trafik sou lanmè nou mache byen. Nou menm moun Isaka yo, se pou komès n'ap fè lakay nou mache byen tou. 19 Yo rele tout moun lòt nasyon yo vin sou mòn lan. Se la y'a fè ofrann Bondye mande yo, paske yo fè tout lajan yo sou lanmè, nan komès yo fè sou lanmè ak nan trafik lakòt y'ap fè toupatou. 20 Men sa li di pou branch fanmi Gad la: Lwanj pou Bondye ki bay Gad anpil tè pou l' rete. Gad kouche tankou yon lyon k'ap veye, pou l' dechire yon bra, yon tèt, yon figi. 21 Yo pran pi bon venn tè a pou yo. Se pòsyon tè ki toujou vin pou chèf. Se yo k'ap mache devan pèp la. Yo fè tou sa Seyè a te mande, yo swiv tout regleman Seyè a te bay pèp Izrayèl la. 22 Men sa li di pou branch fanmi Dann lan: Dann se yon jenn ti lyon k'ap kouri soti peyi Bazan. 23 Men sa li di pou branch fanmi Neftali a: Neftali resevwa kont benediksyon l'. Seyè a fè l' anpil anpil favè. Pòsyon tè yo ap soti bò letan an, l'ap desann jouk nan pwent sid peyi a. 24 Men sa li di pou branch fanmi Asè a: Nan tout pitit Jakòb yo, benediksyon pou Asè! Tout frè li yo ap renmen l'. Se pou tè li yo rich ak pye oliv. 25 Se pou pòtay lavil li yo fèt an fè ak an asye, pou li ka toujou viv ak kè poze. 26 Pa gen tankou Bondye moun pèp Izrayèl la. Li kouri sou nwaj yo nan syèl la pou l' vin pote yo sekou avèk fòs ponyèt li. 27 Bondye ki la pou tout tan an ap pwoteje nou. L'ap pran dèfans nou ak pouvwa li ki p'ap janm fini. L'ap fè lènmi nou yo kouri met deyò devan nou, l'ap ban nou lòd pou nou detwi yo nèt. 28 Pèp Izrayèl la ap viv ak kè poze. Moun pèp Izrayèl yo p'ap viv tankou lòt nasyon yo. Y'ap viv nan yon peyi k'ap bay anpil farin ak diven, nan yon peyi kote ki p'ap janm manke lapli. 29 Ala bon sa bon pou nou, moun pèp Izrayèl! Pa gen tankou nou! Se Seyè a menm ki delivrans nou! Se li ki pwoteksyon nou! Se li ki defans nou! L'ap mache devan nou pou l' fè nou genyen batay la. Lènmi nou yo va vin mande padon nan pye nou. Men nou menm, n'a kraze sa ki fè lògèy yo a anba pye nou.

Revelation 7:4-8

4 Apre sa, yo di m' kantite moun ki te make ak letanp Bondye a sou fwon yo. Te gen antou sankarannkatmil (144.000) nan tout branch ras pèp Izrayèl la. 5 Te gen douzmil (12.000) nan branch Jida a ki te make ak letanp lan, douzmil nan branch Woubenn lan, douzmil nan branch Gad la, 6 douzmil nan branch Asè a, douzmil nan branch Nèftali a, douzmil nan branch Manase a, 7 douzmil nan branch Simeyon an, douzmil nan branch Levi a, douzmil nan branch Isaka a, 8 douzmil nan branch Zabilon an, douzmil nan branch Jozèf la, douzmil nan branch Benjamen an.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.