Numbers 31:8 Cross References - Haitian

8 Yo touye senk wa moun Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our ak Reba. Yo touye Balaram, pitit Beyò a, tou.

Numbers 22:4

4 Moun Moab yo pale ak chèf fanmi moun Madyan yo, yo di yo: -Bann moun sa yo pral manje tou sa ki alantou nou, tankou bèf k'ap manje zèb nan savann. Lè sa a, se Balak, pitit Zipò, ki te wa peyi Moab.

Numbers 22:10

10 Balaram reponn: -Se Balak, pitit Zipò a, wa peyi Moab, ki voye yo vin di m':

Numbers 24:25

25 Apre sa, Balaram leve, li tounen tounen l' lakay li. Epi Balak al fè wout li.

Numbers 25:15

15 Fanm peyi Madyan yo te touye a te rele Kozbi. Se te pitit fi Sou, ki li menm te chèf yon branch nan fanmi moun Madyan yo.

Numbers 25:18

18 Paske se yo menm ki te atake nou anvan ak malefis yo te voye sou nou nan zafè Peyò a, ak nan zafè Kozbi a, pitit fi chèf peyi Madyan an, moun menm ras ak yo a, fanm yo te touye lè epidemi te tonbe sou nou nan peyi Peyò a.

Joshua 13:21-22

21 tout lavil ki sou platon an, tout peyi wa Siyon ki t'ap gouvènen moun Amori yo nan lavil Esbon. Se Moyiz ki te kraze l' ansanm avèk chèf peyi Madyan yo: Evi, Rekèm, Zou, Our, Reba. Tout chèf sa yo t'ap viv nan peyi a sou lòd wa Siyon. 22 Pami moun moun pèp Izrayèl yo te touye yo, te gen pwofèt yo te rele Balaram, pitit Beyò a.

Psalms 9:16

16 Moun lòt nasyon yo fouye yon gwo twou: se yo menm ki tonbe ladan li. Yo tann yon pèlen: se pye yo ki pran ladan li.

Psalms 10:2

2 Mechan an ap gonfle lestonmak li, l'ap pèsekite malere yo. Se pou pye l' pran nan pèlen limenm li tann lan.

1 Timothy 6:9-10

9 Men, moun ki vle vin rich, yo tonbe nan tantasyon. Yo kite yon bann move lanvi san sans pran yo nan pèlen. Se lanvi sa yo k'ap fè moun pèdi tou sa yo genyen, k'ap fini nèt ak yo. 10 Paske, renmen lajan fè moun fè tout kalite bagay ki mal. Gen moun ki sitèlman anvi gen lajan, yo pèdi chemen lafwa a nèt: se pa de ti soufrans ki tonbe sou yo.

2 Peter 2:15

15 Yo kite chemen ki dwat la, yo pèdi wout yo nèt. Yo pran swiv chemen Balaram, pitit Bozò a, ki te fè sa ki mal poutèt lajan.

Jude 1:11

11 Malè pou yo! Y'ap fè menm rout ak Kayen. Pou yo ka fè kòb, yo lage kò yo nan menm move chemen Balaram lan. y'a mouri tankou Kore ki te peri nan fè rebèl ak Bondye.

Revelation 2:14

14 Men, men repwòch mwen gen pou m' fè ou: ou gen kèk moun lakay ou k'ap swiv konsèy Balaram te bay lè li te moutre Balak sa pou l' te fè pou fè pitit Izrayèl yo tonbe nan peche, pou l' te fè yo manje viann bèt yo te ofri pou touye bay zidòl, pou l' te fè yo lage kò yo nan imoralite.

Revelation 19:20

20 Yo fè bèt la prizonie ansanm ak fo pwofèt ki te fè anpil mirak devan l' lan. Se avèk mirak sa yo li te rive twonpe moun ki te resevwa mak bèt la, ki t'ap adore estati l' la. Yo jete bèt la ak fo pwofèt la tou vivan nan gwo letan dife kote y'ap boule souf la.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.