20 Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun k'ap prese pale san kalkile.
Proverbs 29:20 Cross References - Haitian
Proverbs 14:29
29 Moun ki pa fè kòlè fasil, se moun ki gen bon konprann. Men, moun ki gen san wo fè wè jan li sòt.
Proverbs 21:5
5 Lè ou pran san ou pou ou travay, tou sa w'ap fè ap ba ou benefis. Men, lè ou twò prese, ou p'ap janm gen anyen.
Proverbs 26:12
12 Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.
Proverbs 29:11
11 Lè moun fou ankòlè, li di sa ki vin nan bouch li. Men, moun ki gen bon konprann kontwole bouch li.
Ecclesiastes 5:2
2 Fè tèt ou travay anvan ou louvri bouch ou pale. Pa prese fè ankenn pwomès bay Bondye. Bondye, se nan syèl li ye, ou menm ou sou latè. Pa di plis pase sa ou dwe di a.
James 1:19
19 Frè mwen renmen anpil yo, men yon bagay pou nou toujou chonje. Se pou tout moun prese louvri zòrèy yo pou yo ka tande. Men, pa kouri pale, pa prese fè kòlè.