Psalms 138:5 Cross References - Haitian

5 Y'a chante pou sa Seyè a te fè, y'a di: Ala gwo pouvwa Seyè a genyen!

Exodus 15:11

11 Seyè, nan tout bondye yo, kilès ki tankou ou! Pouvwa ou fè yo respekte ou! Ou se Bondye ki apa nèt! Kilès ki tankou ou? Ou menm ki fè mirak, ou menm ki fè mèvèy pou fè moun pè! Kilès ki tankou ou?

Exodus 33:18-19

18 Moyiz di l': -Tanpri, fè m' wè pouvwa ou! 19 Lè sa a Seyè a reponn li: -M'ap fè ou wè jan m' gen bon kè, m'ap nonmen non m' devan ou. M'ap fè moun mwen vle gras, m'ap gen pitye pou moun mwen vle gen pitye.

Psalms 21:5

5 Li mande ou lavi, ou ba li l'. Ou ba l' yon lavi ki long, yon lavi ki p'ap janm fini.

Isaiah 6:1-3

1 Lanne wa Ozyas mouri a, mwen wè Seyè a. Li te chita sou yon gwo fotèy byen wo. Ke rad li te plen tout tanp lan. 2 Yon bann bèt vivan te kanpe fè wonn li. Yo te klere kou flanm dife. Yo chak te gen sis zèl, de zèl pou kouvri figi yo, de zèl pou kouvri pye yo, de zèl pou yo vole. 3 Yo t'ap pale yonn ak lòt byen fò. Yo t'ap di: -Seyè ki gen tout pouvwa a, li apa! Wi, li apa! Se yon Bondye ki apa vre! Pouvwa li kouvri tout latè.

Isaiah 52:7-10

7 Ala bèl sa bèl lè ou wè sou mòn yo mesaje a k'ap kouri pote bon nouvèl k'ap bay kè poze a! L'ap fè konnen delivrans Bondye a. L'ap di moun Siyon yo: Se Bondye ou la k'ap gouvènen! 8 Faksyonnè ou yo ap rele. Y'ap rele ansanm tèlman yo kontan. Y'ap wè, se ak pwòp je yo y'a wè Seyè a k'ap tounen sou mòn Siyon an! 9 Pete rele, fè fèt ansanm, nou menm vye miray mazi lavil Jerizalèm yo! Paske Seyè a bay pèp li a kouraj ankò, li delivre lavil Jerizalèm. 10 Seyè a fè tout nasyon yo wè fòs kouraj li ki apa nèt la. Toupatou sou latè yo wè jan Bondye nou an ap delivre pèp li a.

Isaiah 65:14

14 Sèvitè m' yo va fè fèt tèlman y'a kontan, men nou menm n'a plenn, n'a gen kè sere, n'a rele, kè nou va kase.

Isaiah 66:10-14

10 Fè kè nou kontan ansanm ak lavil Jerizalèm. Fè fèt pou li, nou tout ki renmen l'! Se pou nou kontan ansanm avè l' koulye a, nou menm ki te nan lapenn pou li! 11 Tankou yon ti bebe k'ap tete manman l' jouk vant li plen, tankou yon ti bebe k'ap kontan souse lèt manman l', nou pral jwenn pa nou nan bèl bagay m'ap fè pou lavil Jerizalèm. 12 Paske, men sa Seyè a di: -Mwen pral ba li kè poze san rete. Richès nasyon yo pral kouvri l' tankou lè inondasyon dlo kouvri latè. Nou pral tankou ti bebe pou li: l'ap ban nou tete, l'a pote nou nan bra li, l'a mete nou sou jenou l' pou li jwe ak nou. 13 Menm jan yon manman konsole pitit li, se konsa m'ap konsole nou nan lavil Jerizalèm. 14 Lè n'a wè sa, kè nou va kontan: sa va ban nou fòs ak kouraj ankò. Lè sa a, n'a konnen mwen menm, Seyè a, m'ap pwoteje sèvitè m' yo, men lènmi m' yo va konnen jan m' konn fache.

Jeremiah 31:11-12

11 Mwen libere moun fanmi Jakòb yo. Mwen delivre yo anba men yon nasyon ki te pi fò pase yo. 12 Y'ap vini sou mòn Siyon an, y'ap chante tèlman y'ap kontan. Y'a kontan anpil pou tou sa Seyè a pral ba yo. L'ap ba yo ble, diven, lwil fre, mouton, kabrit, bèf. Y'ap tankou yon jaden byen wouze. Y'ap gen tou sa yo bezwen.

Zephaniah 3:14-15

14 Nou menm, pèp Izrayèl, rele chante pou di jan nou kontan! Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele byen fò, fè fèt! Nou menm moun lavil Jerizalèm, fè kè nou kontan, danse ak tout nanm nou! 15 Seyè a wete tout moun ki t'ap fini avèk nou yo. Li bale tout lènmi nou yo ale. Seyè a, wa pèp Izrayèl la, l'a nan mitan nou. Pa gen malè ki pou rive nou ankò!

Malachi 1:11

11 Toupatou sou latè, depi sou solèy leve jouk sou solèy kouche, moun lòt nasyon yo ap di jan mwen gen pouvwa. Toupatou y'ap boule lansan pou mwen, y'ap ofri m' bagay ki bon pou sèvis mwen. Paske moun toupatou respekte m'. Se Seyè ki gen tout pouvwa a ki di sa.

Matthew 21:5-9

5 Ale di moun lavil Siyon yo: Gade, men wa nou an ap vin jwenn nou. Li san lògèy, li moute yon bourik, yon ti bourik dèyè manman. 6 Disip yo ale, yo fè tou sa Jezi te bay yo lòd fè a. 7 Yo mennen manman bourik la ak jenn ti bourik la, yo mete rad yo sou bèt yo, epi Jezi moute chita. 8 Yon foul moun te tann rad yo atè sou tout chemen an. Gen lòt menm ki te koupe branch bwa, yo mete yo atè nan chemen an. 9 Ni foul moun ki t'ap mache devan Jezi a, ni moun ki t'ap mache dèyè l' yo, yo tout t'ap rele: Lwanj pou Pitit David la! Benediksyon pou Moun ki vini nan non Mèt la. Lwanj pou Bondye jouk anwo nan syèl la!

Luke 19:37-38

37 Lè l' rive toupre Jerizalèm, nan ladesant mòn Oliv la, yon sèl kontantman pran tout foul moun ki t'ap swiv li yo; yo pran fè lwanj Bondye byen fò pou tout mirak yo te wè. 38 Yo t'ap di: benediksyon pou Wa ki vini nan non Mèt la! Kè poze pou tout moun nan syèl la! Lwanj pou Bondye!

John 13:31-32

31 Apre Jida fin ale, Jezi di konsa: Se koulye a nou pral wè pouvwa Moun Bondye voye nan lachè a. Se koulye a li pral fè nou wè pouvwa Bondye parèt nan li. 32 Si li fè nou wè pouvwa Bondye a, Bondye li menm va fè nou wè pouvwa Pitit la. Epi l'ap fè l' talè konsa.

John 17:1

1 Apre Jezi fin pale konsa, li leve je l' anlè nan syèl la, li di: O Papa, lè a rive. Fè yo wè bèl pouvwa Pitit la, pou Pitit la ka fè yo wè bèl pouvwa ou la tou.

2 Corinthians 4:6

6 Bondye ki te di: Mwen vle pou limyè a klere nan mitan fènwa a, se li menm tou ki fè limyè li a klere nan kè nou pou li fè nou konnen pouvwa li ki yon limyè ki klere byen bèl nan figi Kris la.

Ephesians 1:6

6 Se poutèt sa, ann toujou fè lwanj Bondye pou bèl favè sa a li fè nou kado, gremesi Pitit li renmen anpil la!

Ephesians 1:12

12 Se sak fè, nou menm ki premye moun ki t'ap tann Kris la, n'ap viv yon jan ki sèvi yon lwanj pou pouvwa Bondye a.

Revelation 4:11

11 O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.

Revelation 5:12-14

12 Zanj yo t'ap chante byen fò: Ti Mouton yo te touye a merite vre pou yo ba l' pouvwa, richès, bon konprann ak fòs, respè, onè ak lwanj. 13 Apre sa, mwen tande tout kreyati Bondye yo nan sièl la, sou latè, anba tè a, nan lanmè, yo tout yo t'ap chante: Lwanj, respè, pouvwa, otorite pou Moun ki chita sou fòtèy la, ak pou ti Mouton an pou tout tan. 14 Kat bèt vivan yo t'ap reponn: Wi, se vre. Granmoun yo menm tonbe ajenou, yo t'ap adore.

Revelation 7:12

12 yo t'ap di: Se vre wi. Lwanj, onè, bon konprann, rekonesans, respè, pouvwa ak fòs, tou sa pou Bondye nou an pou tout tan. Amèn.

Revelation 19:1

1 Apre sa, mwen tande yon bri tankou vwa yon gwo foul moun nan sièl la ki t'ap pale byen fò. Yo t'ap di: Lwanj pou Bondye nou an! Se li menm ki delivre nou. Tout onè, tout pouvwa se pou li.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.