Psalms 18:5 Cross References - Haitian

5 Lanmò te fin vlope m'. Mwen te pè lè m' wè tout malè sa yo tonbe sou mwen.

Psalms 86:13

13 Ala renmen ou renmen mwen! Ou wete m' nan bouch twou a.

Psalms 88:3-8

3 Se pou lapriyè m' rive nan zòrèy ou. Koute byen sa m'ap mande ou. 4 Anpil malè tonbe sou mwen, mwen pa kapab ankò. Mwen prèt pou mouri. 5 Mwen tankou moun ki sou dènye souf li, tankou moun ki pa gen fòs ankò. 6 Mwen tonbe atè tankou yon moun mouri, tankou yon moun yo touye ki kouche nan simityè. Wi, tankou yon moun ou bliye nèt, tankou yon moun ou pa ka fè anyen ankò pou li. 7 Ou voye m' jete nan yon gwo twou byen fon, kote ki fè nwa anpil, nan yon twou san fon. 8 Mwen santi ou ankòlè anpil sou mwen. Se kraze w'ap kraze m' anba men ou.

Psalms 88:15-17

15 Seyè, poukisa ou voye m' jete lwen ou konsa? Poukisa ou kache figi ou pou mwen? 16 Depi mwen jenn gason se soufri m'ap soufri, m'ap pase ra lanmò. Ou sitèlman pini mwen, mwen pa konn sa pou m' fè ankò. 17 Nan kòlè ou, ou fè m' pase kont tray mwen. Se fini ou fini avè m' tèlman ou pini m'.

Psalms 116:3

3 Lanmò te fin vlope m'. Privye lanmò te tonbe sou mwen yon sèl kou. Kè m' te kase, mwen te nan gwo lapenn.

Ecclesiastes 9:12

12 Moun pa konnen lè lè yo ap rive. Tankou pwason ki pran nan senn, tankou zwezo ki pran nan pèlen, se konsa moun pran tou lè yon malè sèk tonbe sou yo.

Acts 2:24

24 Men, Bondye fè l' leve vivan ankò, li delivre l' anba doulè lanmò a paske se pa t' posib pou lanmò te kenbe l' anba pouvwa li.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.