Psalms 84:6 Cross References - Haitian

6 Ala bon sa bon pou moun ki mete konfyans yo nan ou, pou moun ki fè lide ale sou Mòn Siyon an!

2 Samuel 5:22-24

22 Moun Filisti yo tounen nan fon Refayim lan, yo pran tout plenn lan pou yo ankò. 23 David mande Seyè a sa pou l' fè. Seyè a di l': -Pa atake yo pa devan. Pase pa dèyè yo. Pare kò ou pou ou atake yo bò pye gayak yo. 24 Lè w'a tande yon bri tankou bri pye yon moun k'ap mache sou tèt pyebwa yo, w'a fonse sou yo. Paske sa vle di m'ap pran devan ou pou m' bat lame moun Filisti yo.

2 Kings 3:9-20

9 Se konsa Joram, wa peyi Izrayèl la, ansanm ak wa peyi Jida a ak wa peyi Edon an pati. Yo pase sèt jou ap mache. Lè sa a dlo yo fini, pa t' gen yon ti gout dlo ni pou sòlda yo ni pou bèt chay ki te avè yo. 10 Joram, wa peyi Izrayèl la, di: --Woy! Nou fini! Seyè a fè nou tou twa vin isit la ansanm pou l' lage nou nan men wa Moab la. 11 Jozafa mande: --Pa gen yon pwofèt bò isit la ki ta ka pale ak Seyè a pou nou? Yonn nan chèf wa peyi Izrayèl yo di: --Bò isit la gen Elize, pitit gason Chafa a. Se li ki t'ap sèvi ak Eli. 12 Jozafa di: --Sèten l'ap gen kichòy pou l' di nou nan non Seyè a! Se konsa wa peyi Izrayèl la ansanm ak Jozafa ak wa peyi Edon an pati, y' al wè Elize. 13 Elize di wa Izrayèl la konsa: --Ki rapò m' gen avè ou! Al wè pwofèt papa ou ak manman ou te konn al wè yo! Joram reponn: --Non! Se Seyè a ki voye chache nou pou l' lage nou twa wa sa yo nan men wa peyi Moab la. 14 Elize reponn: --Mwen pran Seyè vivan m'ap sèvi a pou temwen! Si mwen pa t' gen respè pou Jozafa, wa peyi Jida a, m' pa ta menm gade ou, m' pa ta okipe ou. 15 Koulye a, al chache yon mizisyen pou mwen. Pandan mizisyen an t'ap jwe mizik, pouvwa Seyè a desann sou Elize. 16 Elize di: --Men sa Seyè a di: Fouye anpil gwo twou nan fon ravin sa a. 17 Paske, men sa li di ankò: Nou p'ap wè van, nou p'ap wè lapli, men ravin sa a pral plen dlo. Konsa n'a jwenn kont dlo pou nou bwè ansanm ak bèf, kabrit nou yo ak bèt chay nou yo. 18 Men tou sa pa anyen bò kote sa Seyè a ka fè. Li pral lage moun peyi Moab yo nan men nou. 19 Nou pral pran tout bèl lavil ak ranpa yo, nou pral koupe tout bèl pyebwa yo, nou pral bouche tout sous dlo yo. Nou pral gate tout pi bèl jaden yo, nou pral kouvri yo ak wòch. 20 Nan denmen maten, lè lè pou yo fè ofrann lan rive, yon dlo soti nan direksyon Edon, li kouvri tout tè a.

Psalms 66:10-12

10 Bondye, ou te fè nou pase anba tray pou ou te wè kote nou ye. Wi, menm jan yo pase lò nan dife pou wè si li bon, se konsa ou te fè nou pase anba tray. 11 Ou te kite nou tonbe nan pèlen an. Ou te mete yon chay lou sou do nou. 12 Ou kite nenpòt moun ap pase nou lòd. Nou pase nan dife, nou pase nan gwo dlo. Men, ou wete nou nan tout move pa, ou delivre nou.

Psalms 68:9

9 tè a te pran tranble, lapli te pran tonbe soti nan syèl la devan Bondye. devan Bondye mòn Sinayi a, wi, devan Bondye pèp Izrayèl la.

Joel 2:23

23 Nou menm, moun Siyon yo, fè fèt! Fè kè nou kontan poutèt sa Seyè a, Bondye nou an, fè pou nou. Li ban nou kantite lapli nou te bezwen nan sezon lotòn. Li ban nou gwo lapli loraj ak lapli nan sezon prentan, jan l' te konn fè l' anvan an.

John 16:33

33 Mwen pale konsa pou nou kapab gen kè poze nan mwen. Nou gen pou n' soufri anpil sou latè. Men, pran kouraj, lemonn deja pèdi devan mwen.

Acts 14:22

22 Yo t'ap bay disip yo fòs, yo t'ap ankouraje yo pou yo rete fèm nan konfyans yo. Yo t'ap di yo: Nou gen pou nou soufri anpil anvan pou n' antre nan peyi kote Bondye wa a.

Romans 5:3-5

3 Nou pa manke kontan menm lè n'ap soufri. 4 Poukisa? Paske nou konnen lè n'ap soufri sa fè nou gen pasyans. Lè nou gen pasyans konsa, sa ban nou kouraj pou nou soufri. Plis nou gen kouraj, se plis nou gen espwa. 5 Espwa sa a p'ap janm twonpe nou, paske Bondye te fè nou wè jan l' renmen nou lè li ban nou Sentespri li.

Romans 8:37

37 Men, sou tout bagay sa yo, nou genyen batay la nèt ale, gremesi moun ki renmen nou an.

2 Corinthians 4:17

17 Sa m'ap sibi koulye a, se yon ti soufrans ki la pou pase. Men, soufrans sa a ap pare pou mwen yon bèl pouvwa k'ap la pou tout tan, pouvwa ki depase ti soufrans sa a anpil.

Revelation 7:14

14 Mwen reponn li: Se ou menm ki konnen wi, mèt mwen. Lè sa a, li di mwen: Se moun ki pase anba gwo pèsekisyon an. Yo lave rad yo, yo blanchi yo nan san ti Mouton an.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.