Psalms 89:11 Cross References - Haitian

11 Ou kraze moun peyi Lejip yo, ou fè yo tounen kadav. Avèk fòs ponyèt ou, ou gaye lènmi ou yo.

Genesis 1:1

1 Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.

Genesis 2:1

1 Konsa, Bondye te fin fè syèl la, latè a ansanm ak tout sa ki ladan yo.

1 Chronicles 29:11

11 Seyè, ou gen pouvwa, ou gen kouraj! Se pou ou tout lwanj. W'ap donminen sou tout bagay pou tout tan. Tou sa ki nan syèl la ak sou latè a se pou ou yo ye. Se ou menm Seyè ki sel wa, paske ou sèl chèf sou tout bagay.

Job 41:11

11 Ki moun ki ka atake l' san anyen pa rive l'? Pa gen moun sou latè ki ka fè sa.

Psalms 24:1-2

1 Se yon sòm David. Se pou Seyè a tè a ye ansanm ak tou sa ki sou li. Se pou Seyè a lemonn antye ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l'. 2 Li mete fondasyon tè a nan fon lanmè, li fè l' chita sou gwo larivyè yo.

Psalms 50:12

12 Si m' te grangou, mwen pa ta janm bezwen di ou sa, paske tout tè a ansanm ak tou sa ki ladan l', se pou mwen yo ye.

Psalms 115:16

16 Syèl la se pou Seyè a li ye. Li bay moun latè pou yo.

1 Corinthians 10:26

26 Paske, jan sa ekri nan Liv la: Se pou Mèt la tè a ye ansanm ak tou sa ki ladan l'.

1 Corinthians 10:28

28 Men, si yon moun di nou vyann sa a se vyann bèt yo te ofri bay zidòl, lè sa a, pa goute l' poutèt moun ki fè ou remak la, pou konsyans pesonn pa boulvèse.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.