Psalms 90:7 Cross References - Haitian

7 Lè ou ankòlè, se fini ou fini ak nou. Lè ou move, ou fè kè nou kase.

Exodus 14:24

24 Lè devanjou rive, Seyè a rete nan dife a ak nan nwaj la, li voye je l' sou lame peyi Lejip la, li lage yon sèl dezòd nan mitan yo.

Numbers 17:12-13

12 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pale ak Moyiz, yo di l' konsa: -Gade jan n'ap mouri, n'ap deperi, nou tout ap fini. 13 Depi yon moun pwoche bò Tant Randevou a, li mouri. Si se konsa, nou tout ap mouri!

Deuteronomy 2:14-16

14 Nou pran trantwitan pou nou mache soti Kadès Banea jouk nou rive janbe lòt bò ravin Zerèd la. Pandan tout tan sa a, mezi gason ki te gen laj pou fè lagè lè sa a te gen tan mouri, jan Seyè a te di li t'ap fè a. 15 Seyè a te leve dèyè yo nan kan an jouk yo tout te mouri. 16 Lè tout gason ki te gen laj pou fè lagè lè sa a te fin mouri,

Psalms 39:11

11 Tanpri, pa bat mwen ankò, sispann kale m'. Mwen prèt pou m' mouri anba kout fwèt ou yo.

Psalms 59:13

13 Chak pawòl ki soti nan bouch yo se yon peche. Se pwòp lògèy yo k'ap fini ak yo. Se madichon ak manti ase k'ap soti nan bouch yo.

Psalms 90:9

9 Ou koupe sou lavi nou paske ou ankòlè. Anvan nou bat je nou, lavi nou fini.

Psalms 90:11

11 Kilès ki konnen jan ou ka ankòlè? Kilès ki konnen jan pou yo pè ou lè ou move?

Romans 2:8-9

8 Men, moun k'ap kenbe tèt ak Bondye, k'ap refize asepte verite a pou fè sa ki pa bon, moun sa yo, yo fè Bondye fache. Kòlè l' va tonbe sou yo. 9 Anpil soufrans ak anpil lapenn pou tout moun ki lage kò yo nan fè sa ki mal, pou jwif yo an premye, apre yo pou moun lòt nasyon yo.

Hebrews 3:10-11

10 Se sak fè, mwen te fache sou moun sa yo. Mwen te di: Moun sa yo toujou ap fè move lide nan tèt yo. Yo derefize obeyi kòmandman m' yo. 11 Mwen te fè kòlè, mwen te fè sèman: Yo pa janm mete pye yo kote pou yo poze kò yo ansanm ak mwen an.

Hebrews 3:17-4:2

17 Sou ki moun Bondye te fè kòlè pandan karantan an? Se sou moun ki te fè peche yo. Tout moun sa yo tonbe, yo mouri nan dezè a.

Cross Reference data is from OpenBible.info, retrieved June 28, 2010, and licensed under a Creative Commons Attribution License.