Bible verses about "cooperation" | Haitian

Genesis 11:1-4

1 Nan konmansman, tout moun sou latè te pale yon sèl lang, yonn te konprann lòt. 2 Apre yo pati soti kote solèy leve a, yo rive nan yon plenn nan peyi Chenea. Yo moute kay yo la, yo rete. 3 Lè sa a, yonn di lòt. Mezanmi, vini non! Ann fè brik. Ann kwit yo nan dife. Se konsa, yo pran brik sèvi wòch pou bati kay, yo pran asfat sèvi mòtye. 4 Apre sa, yo di. Annou wè! Ann bati yon gwo lavil pou nou rete ak yon gwo gwo kay tout won byen wo ki rive jouk nan syèl la. Konsa tout moun va respekte nou, yo p'ap ka gaye nou toupatou sou latè.

Exodus 17:12

12 Rive yon lè Moyiz te bouke, de bra l' t'ap fè l' mal. Arawon ak Our pran yon ròch, yo mete l' deyè Moyiz, yo fè Moyiz chita sou li. Yo chak pran yon bra Moyiz, yo kenbe yo anlè. Yo kenbe yo konsa jouk solèy kouche.

Mark 2:3

3 Se lè sa a, yon kolonn moun vin rive, kat ladan yo t'ap pote yon nonm paralize. Yo t'ap mennen l' bay Jezi.

Mark 6:7

7 Lè sa a, Jezi rele douz disip li yo, li voye yo de pa de. Li ba yo pouvwa chase move lespri.

Acts 1:12-14

12 Apre sa, apòt yo desann mòn Oliv, yo tounen Jerizalèm. Mòn lan te toupre lavil la, distans yon kilomèt konsa. 13 Lè yo rive Jerizalèm, yo moute nan chanm anwo kay kote yo konn ye a. Lè sa a te gen Pyè, Jan, Jak ak Andre, Filip ak Toma, Batèlmi ak Matye, Jak, pitit Alfe a, Simon, nonm patriyòt la, epi Jid, pitit Jak la. 14 Yo tout mete tèt yo ansanm, yo t'ap lapriye san rete. Medam yo te la tou ansanm ak Mari, manman Jezi, ak frè l' yo tou.

Acts 15:1-41

1 Kèk mesye soti nan peyi Jide rive lavil Antiòch. Yo t'ap moutre frè yo yon bann bagay, yo t'ap di: Bondye p'ap kapab delivre nou si yo pa sikonsi nou, jan lalwa Moyiz mande l' la. 2 Pòl ak Banabas pa t' dakò menm ak moun sa yo. Sa te fè yon gwo diskisyon. Se konsa, frè yo deside voye Pòl, Banabas ansanm ak kèk lòt moun Antiòch moute Jerizalèm pou regle keksyon sa a ak apòt yo ansanm ak chèf fanmi yo. 3 Se legliz la ki te voye yo fè vwayaj sa a. Yo pase nan Finisi ak nan Samari. Sou tout wout la, yo t'ap rakonte ki jan moun ki pa jwif yo te tounen vin jwenn Bondye. Tout frè yo te kontan anpil lè yo tande sa. 4 Lè yo rive Jerizalèm, tout legliz la, apòt yo ak chèf fanmi yo te byen resevwa yo. Pòl ak Banabas rakonte moun Jerizalèm yo tou sa Bondye te ba yo pouvwa fè pou li. 5 Se lè sa a kèk disip, ansyen patizan farizyen yo, kanpe, yo di: Se pou n' sikonsi moun lòt nasyon yo tou. Se pou n' mande yo pou yo obeyi lalwa Moyiz la tou. 6 Apòt yo ak chèf fanmi yo sanble pou egzaminen keksyon an. 7 Lè yo fin diskite kont yo, Pyè kanpe, li di yo: Frè m' yo, nou konnen ki jan, depi lontan, Bondye te chwazi m' nan nou tout pou m' anonse bon nouvèl la bay moun lòt nasyon yo, pou yo menm tou, yo ka tande l' pou yo rive kwè nan Bondye. 8 Enben, Bondye ki konnen sa ki nan kè moun, li moutre nou ki jan li menm li asepte yo: li ba yo Sentespri menm jan li te fè l' pou nou an. 9 Li pa t' fè okenn diferans ant yo menm ak nou menm: nou wè li lave kè yo paske yo te kwè nan li. 10 Koulye a, poukisa pou n'ap seye fè plan ak Bondye konsa, lè nou vle fè disip yo pote yon chay ni zansèt nou ni nou menm nou pa t' ka pote? 11 Okontrè, nou kwè se yon favè Jezikri fè nou lè l' delivre nou, menm jan li fè l' pou yo tou. 12 Apre sa, tout moun pe bouch yo, yo t'ap koute Banabas ak Pòl ki t'ap rakonte tout bèl bagay ak tout mirak Bondye te ba yo pouvwa fè pou li nan mitan moun lòt nasyon yo. 13 Lè yo fin pale, Jak pran lapawòl, li di: Frè m' yo, koute mwen. 14 Simon fèk esplike nou ki jan, depi nan konmansman, Bondye te pran swen moun lòt nasyon yo pou l' te ka chwazi nan mitan yo yon pèp ki pou pote non li. 15 Sou pwen sa a, pawòl pwofèt yo dakò nèt. Men sa ki ekri nan Liv la: 16 Apre sa, m'a retounen. Se Bondye k'ap pale. M'a rebati kay David la ki te fin tonbe, m'a repare mazi li yo, m'a kanpe kay li a ankò. 17 Konsa, tout lòt moun yo va chache Bondye, ansanm ak tout nasyon mwen chwazi pou pote non mwen. 18 Men sa Bondye di. Se li menm ki fè nou konnen bagay sa yo depi lontan. 19 Se poutèt sa, mwen menm, Jak, mwen kwè nou pa dwe antrave moun lòt nasyon yo ki vin jwenn Bondye. 20 Men, ann ekri yo, ann mande yo pou yo pa manje vyann bèt yo te ofri pou touye pou zidòl, pou yo egzante tout dezòd lachè, pou yo pa manje ni vyann bèt ki mouri toufe, ni san. 21 Paske, depi lontan lontan, y'ap fè konnen lalwa Moyiz la nan tout lavil yo. Se chak jou repo y'ap li l' pou yo nan sinagòg yo. 22 Lè sa a, apòt yo, chèf fanmi yo ansanm ak tout legliz la deside pou yo chwazi kèk moun pami yo ki pou vwayaje al Antiòch ansanm ak Pòl ak Banabas. Yo chwazi Jid, ki te rele Basabas, ak Silas, de moun frè yo te respekte anpil. 23 Yo te ba yo lèt sa a pote ale: Apòt yo ak chèf fanmi yo, ki frè nou, voye bonjou pou tout frè nan moun lòt nasyon yo k'ap viv nan lavil Antiòch, nan peyi Siri ak nan peyi Silisi. 24 Nou te vin konnen te gen moun ki soti bò isit la al lakay nou. Yo pa t' manke boulvèse nou, yo pa t' manke fatige nou ak pawòl yo t'ap di. Men, nou menm nou pa t' ba yo okenn lòd konsa. 25 Se poutèt sa, nou tout ki isit la, nou tonbe dakò pou nou chwazi kèk delege n'ap voye bò kote nou. Y'ap vwayaje ansanm ak Pòl ak Banabas, de frè nou renmen anpil, 26 ki te riske lavi yo pou non Jezikri, Seyè nou an. 27 Se konsa, nou voye Jid ak Silas ki va ban nou menm mesaj la ak pwòp bouch yo. 28 Pou Sentespri a ak pou nou menm, men sa nou jwenn ki bon pou di nan keksyon sa a: Nou p'ap mete lòt chay sou zepòl nou pase sa n' dwe mete. 29 Pa manje vyann bèt ki te ofri pou zidòl, pa manje san, pa manje vyann bèt ki mouri toufe, egzante tout dezòd lachè. N'a fè byen si nou pa fè bagay sa yo. Bondye ak nou! 30 Apre sa, moun legliz Jerizalèm yo kite delege yo ale. Delege yo pati pou Antiòch. Lè yo rive, yo sanble tout moun ki te kwè yo, yo renmèt yo lèt la. 31 Lè yo fin li lèt la pou yo, tout moun te kontan pou bèl ankourajman lèt la te pote ba yo. 32 Jid ak Silas te de pwofèt. Yo pale lontan avèk frè yo, yo ba yo kont ankourajman ak fòs. 33 Yo pase kèk tan nan lavil Antiòch. Apre sa, frè yo swate yo bòn vwayaj ak kè poze. Yo menm, yo tounen ale jwenn moun ki te voye yo. 34 Men, Silas te pran desizyon pou l' te rete. 35 Pòl ak Banabas pase kèk tan nan Antiòch. Ansanm ak anpil lòt frè, yo t'ap moutre moun yo anpil bagay, yo t'ap fè yo konnen pawòl Seyè a. 36 Kèk tan apre, Pòl di Banabas konsa: Ann al vizite frè yo ki nan tout lavil kote nou te anonse Pawòl Seyè a. Ann al wè ki jan yo ye. 37 Banabas te vle mennen Jan ki te gen ti non Mak la avèk yo. 38 Men, Pòl pa t' kwè se te yon bon lide pou yo te mennen l', paske, dènye fwa a, li te pati kite yo nan Panfili, li pa t' rete nèt ak yo jouk vwayaj la te fini. 39 Lè sa a, yon diskisyon byen cho leve ant Pòl ak Banabas, tèlman yo separe yonn ak lòt. Banabas pran Mak avèk li, yo pran yon batiman, y' ale lil Chip. 40 Pòl menm chwazi Silas. Apre frè yo fin renmèt li nan men Bondye k'ap ba l' favè l', li pati. 41 Li pase nan peyi Siri ak peyi Silisi; sou tout wout la li t'ap fòtifye legliz yo nan konfyans yo nan Bondye.

John 17:20-21

20 Se pa pou yo sèlman m'ap lapriyè, men pou tout moun ki va mete konfyans yo nan mwen lè y'a tande mesaj la. 21 M'ap lapriyè pou yo tout fè yon sèl. Papa, se pou yo tout fè yonn ansanm ak nou, menm jan ou menm ou nan mwen, mwen menm mwen nan ou. Se pou yo tout fè yon sèl pou moun ki nan lemonn yo ka kwè se ou ki te voye mwen.

Romans 1:1-32

1 Se mwen menm Pòl, sèvitè Jezikri, yon nonm Bondye rele pou sèvi li apòt, yon nonm li mete apa pou anonse bon nouvèl li a, k'ap ekri nou tout kretyen ki nan lavil Wòm. 2 Depi lontan Bondye te pwomèt bon nouvèl sa a pa bouch pwofèt li yo, nan Liv Sentespri te fè yo ekri a. 3 Bon Nouvèl sa a pale nou sou Pitit li a, Jezikri, Seyè nou an. Lè pou l' te fèt tankou yon moun, Jezi soti nan fanmi wa David. 4 Men, dapre Sentespri ki fè nou viv pou Bondye, li te fè nou wè avèk pouvwa se Pitit Bondye a li ye, lè l' te leve soti vivan nan lanmò. 5 Gremesi Jezikri sa a, Bondye fè m' favè pou m' travay tankou apòt, pou m' mennen moun tout nasyon, nan non menm Kris la, pou yo vin kwè nan li, pou yo obeyi li. 6 Nou menm kretyen ki nan lavil Wòm, nou fè pati nasyon sa yo tou: Bondye rele nou pou n' antre nan fanmi Jezikri a. 7 Se sak fè m'ap ekri nou, nou menm Bondye renmen anpil, nou menm Bondye rele pou viv apa pou li. Mwen mande Bondye, Papa nou, ansanm ak Jezikri, Seyè a, pou yo ban nou benediksyon ak kè poze. 8 Anvan m' di nou lòt bagay, kite m' di Bondye mèsi pou nou gremesi Jezikri. Paske, toupatou sou latè y'ap pale jan nou gen konfyans nan Bondye. 9 Mwen pran Bondye pou temwen, Bondye m'ap sèvi ak tout kè mwen lè m'ap anonse bon nouvèl Pitit li a. Se toutan m'ap nonmen non nou; 10 se san rete m'ap lapriyè pou nou; m'ap mande Bondye pou l' kite mwen vin vizite nou yon lè konsa, si se volonte li. 11 Se pa ti anvi mwen pa anvi wè nou pou m' separe ak nou kèk benediksyon Bondye ban mwen, pou n' kapab vin pi fèm. 12 Mwen vle di pito, pou m' ta la nan mitan nou, pou yonn kapab ankouraje lòt ak konfyans nou gen ansanm nan menm Bondye a. 13 Frè m' yo, mwen vle nou konn sa: plizyè fwa menm, mwen fè lide al vizite nou, pou jan mwen te anvi wè travay mwen bay bon rezilta nan mitan nou menm jan li bay bon rezilta nan mitan lòt nasyon yo. Men, chak fwa mwen jwenn anpechman, jouk koulye a. 14 Se yon devwa pou mwen pou m' anonse bon nouvèl la bay tout moun: kit yo eklere, kit yo pa eklere, kit yo konn li, kit yo pa konn li. 15 Se poutèt sa, m' anvi vin anonse bon nouvèl la ban nou, nou menm ki rete lavil Wòm. 16 Mwen pa wont anonse bon nouvèl la: se pouvwa Bondye ki la pou delivre tout moun ki kwè, jwif yo an premye, apre yo moun lòt nasyon yo tou. 17 Bon nouvèl sa a fè nou wè ki jan Bondye fè moun gras. Travay sa a, li kòmanse ak konfyans moun gen nan Bondye, li fini nan menm konfyans la tou, jan sa te ekri a: Moun Bondye fè gras paske li gen konfyans nan Bondye, se li menm ki va gen lavi. 18 Se poutèt sa, n'ap wè kòlè Bondye soti nan syèl la, li tonbe sou tout mechanste ak tout lenjistis moun fè. Sitèlman kè yo pa bon, y'ap chache anpeche verite a fè travay li. 19 Bondye ap peni yo tou paske tou sa yo ka konnen sou Bondye parèt byen klè devan je yo. Se Bondye menm ki fè sa konsa pou yo. 20 Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm. 21 Yo te konn Bondye byen pwòp, men yo pa bay Bondye lwanj ki pou li, yo pa di l' mèsi jan l' merite l' la. Lekontrè, y'ap mete yon bann lide ki pa gen sans nan tèt yo, yo san konprann, fènwa fin plen kè yo. 22 Y'ap mache di se moun lespri yo ye. Men, se fou yo fin fou. 23 Pase pou yo adore Bondye ki p'ap janm mouri a ak tout bèl bagay li yo, yo pito sèvi pòtre moun ki gen pou mouri, pòtre zwazo, pòtre bèt kat pa t' ak bèt ki trennen sou vant. 24 Lèzòm vin sitèlman fou, Bondye kite yo tonbe nan fè tout kalite bagay ki pa dakò ak volonte li dapre vye lanvi ki nan kè yo. Se yon wont pou wè sa yo fè ak pwòp kò yo. 25 Yo mete manti nan plas verite Bondye a. Yo pito adore kreyati Bondye, yo pito sèvi yo pase pou yo adore Bondye ki kreye yo a, li menm ki merite pou n' fè lwanj li tout tan. Amèn. 26 Se poutèt sa, Bondye kite yo fè sa yo pito. Men, se sa k'ap avili yo tou: fanm pa vle sèvi ak kò yo jan yo dwe; yo pito fè sa ki pa bon. 27 Se konsa tou, gason derefize sèvi ak fanm jan sa te dwe fèt. Yo pran dife yonn pou lòt: gason fè malpwòpte ak gason parèy yo. Yo pèdi tèt yo nèt. Men tou, yo resevwa nan kò yo penisyon yo merite a. 28 Yo refize bay Bondye premye plas nan kè yo. Bondye tou kite yo tonbe anba pouvwa lespri yo ki fin deraye pou yo fè bagay yo pa t' dwe fè. 29 Men sèl lide ki nan tèt yo: se fè tout kalite lenjistis, tout kalite mechanste, se anvi sò moun, se fè rayisab. Se sa sèlman ki nan kè yo: fè jalouzi, touye moun, chache moun kont, fè riz, fè koken. Yo tripòt konsa. 30 Yonn pale lòt mal. Yo pa vle wè Bondye, yo ensolan, yo awogan, yo grandizè. Yo toujou ap chache lòt jan pou fè sa ki mal, yo fwonte ak paran yo. 31 Yo san konsyans, yo pa kenbe pawòl yo. Kè yo di konsa, yo san pitye pou lòt moun. 32 Yo konn jijman Bondye a byen pwòp: yo konnen moun ki fè bagay sa yo merite lanmò. Atousa, y'ap plede fè yo toujou. Sa ki pi rèd, yo dakò ak moun k'ap fè yo tou.

Ecclesiastes 4:8-12

8 Se te yon nonm ki t'ap viv pou kont li, san zanmi. Li pa t' gen pitit gason, li pa t' gen frè. Li travay san pran souf. Li pa t' janm gen ase. Pou ki moun li t'ap travay di konsa, san bay tèt li yon ti plezi? Li pa t' janm gen tan pou mande tèt li sa. Sa a tou, sa pa vo anyen, se pa yon bon jan pou moun viv. 9 Lè ou gen yon lòt moun avèk ou, li pi bon pase lè ou pou kont ou, paske ansanm nou bay pi bon rannman nan travay nou. 10 Si yonn tonbe, lòt la va ba l' men pou l' leve. Men, malè pou moun k'ap viv pou kont li! Si l' tonbe, p'ap gen moun pou ba l' men. 11 Konsa tou, lè fè frèt, si yo kouche ansanm, yonn va chofe lòt. Men, si li pou kont li, ki jan pou l' fè chofe kò l'? 12 Kote dezòm ka kenbe tèt ak yon moun k'ap atake yo, yon sèl p'ap kapab. Yon kòd trese an twa pa fasil pou kase.

1 Corinthians 14:40

40 Men, tout bagay fèt pou fèt avèk respè, avèk disiplen.

Psalms 133:1

1 Se yon chante David pou yo chante lè y'ap moute lavil Jerizalèm. Ala bèl bagay, ala bon sa bon lè frè ak frè ap viv ansanm!

Ephesians 4:3

3 Sentespri a mete nou ansanm. Se pou nou fè tou sa nou kapab pou nou ka toujou fè yon sèl kò, pou nou viv ak kè poze ansanm yonn ak lòt.

Nehemiah 4:6

6 Se konsa, nou t'ap rebati ranpa a. Anvan lontan, ranpa a te gen tan rive nan mwatye wotè, paske pèp la te soti pou l' te fè travay la.

Amos 3:3

3 Ou janm wè de moun pati ansanm al nan vwayaj san yo pa t' antann yo anvan?

Philippians 2:1-30

1 Konsa, si se nan Kris la nou jwenn fòs kouraj nou tout bon vre, si se renmen li renmen nou an ki ban nou ankourajman tout bon vre, si Sentespri l' rete nan kè nou tout bon vre, si tout bon vre nou yonn renmen lòt, si nou sansib yonn pou lòt, 2 enben, men sa m'ap mande nou: Fè kè m' kontan nèt. Se pou nou viv byen yonn ak lòt, se pou nou yonn renmen lòt menm jan an, pou nou tout gen yon sèl lide nan tèt nou ak yon sèl santiman nan kè nou. 3 Pa fè anyen nan lide pou fè tèt nou pase pou pi bon, ni pou fè lwanj tèt nou. Men, soumèt nou devan Bondye. Mete nan tèt nou lòt yo pi bon pase nou. 4 Piga pesonn chache enterè pa l' ase. Se pou l' chache sa ki bon pou lòt yo tou. 5 Se pou nou yonn gen pou lòt menm santiman ki te nan Jezi, Kris la. 6 Sa Bondye ye a, se sa l' te toujou ye. Men, li pa t' janm konsidere sa tankou yon avantaj pou l' te chache kenbe ak tout fòs. 7 Okontrè, se li menm pou tèt pa l' ki chwazi mete sa sou kote. Li te pito tounen yon domestik. Li pran fòm yon moun, li vin tankou tout moun. 8 Li rabese tèt li. Tankou yon moun, li soumèt devan Bondye. Li obeyi Bondye jouk li rive asepte mouri, wi jouk li asepte mouri sou kwa a. 9 Se poutèt sa, Bondye leve l' mete chita kote ki pi wo a. Li ba li yon non ki pi gran pase tout lòt non. 10 Konsa, tou sa ki nan syèl la, tou sa ki sou tè a ak anba tè a, yo tout va mete jenou yo atè devan Jezi pa respè pou non Bondye te ba li a. 11 Tout moun va rekonèt Jezikri se Seyè a. Sa va sèvi yon lwanj pou Bondye Papa a. 12 Se konsa, zanmi m' yo, nou tout nou te toujou obeysan lè m' te la avèk nou. Koulye a m' pa la ankò, se lè sa a pou n' pi obeyisan: toujou fè jefò pou nou ka fin sove nèt, avèk krentif pou Bondye, avèk soumisyon devan li. 13 Paske, se Bondye menm k'ap travay tout tan nan kè nou. Se li ki ban nou anvi fè sa ki pou fè l' plezi ansanm ak fòs pou nou ka fè l' vre. 14 Nan tou sa n'ap fè, pa plenyen, pa diskite, 15 pou yo pa jwenn anyen pou yo repwoche nou, pou nou ka fè sa ki byen tankou bon pitit Bondye, antan n'ap viv nan mitan bann moun malonèt ak bann mechan sa yo ki sou latè. Se pou nou klere nan mitan yo tankou zetwal nan syèl la, 16 lè n'ap ba yo mesaj ki bay lavi a. Konsa, n'a fè kè m' kontan lè jou Kris la va rive. Paske, m'a konnen mwen pa t' fatige kò m' pou gremesi, mwen pa t' travay mal. 17 Menm si mwen dwe ofri lavi m', menm si san m' ta gen pou l' koule pou wouze ofrann n'ap fè pou Bondye paske nou gen konfyans nan li a, m'ap kontan anpil, epi m'ap fè kè nou tout kontan ansanm avè mwen. 18 Konsa, nou menm tou, se pou nou kontan, se pou nou fè kè m' kontan ansanm avè nou tou. 19 Si se volonte Seyè Jezi, mwen fè lide voye Timote kote nou anvan lontan, pou lè m' pran nouvèl nou sa ka ban m' ankourajman. 20 Timote se sèl moun ki gen menm lide avè m', ki vle wè byen nou. Mwen pa gen lòt. 21 Tout lòt yo, se zafè pa yo ase y'ap regle, yo p'ap defann kòz Kris la. 22 Nou menm tou nou konnen jan Timote se yon nèg serye. Tankou papa ak pitit nou travay ansanm pou bon nouvèl la. 23 Mwen fè lide voye l' kote nou lè m'a fin wè ki jan sa ap pase pou mwen. 24 Men, mwen gen konfyans sa a nan Bondye: m'a ka vin wè nou anvan lontan. 25 Konsa tou, nou chonje Epafwodit, frè nou an, ki te travay ansanm avè m', ki te la avè m' nan tout batay. Se nou menm ki te voye l' vin ban m' konkou. Enben, mwen wè se nesesè pou m' voye l' tounen ban nou. 26 Se pa ti anvi li anvi wè nou. Sa te travay tèt li anpil dèske nou te vin konnen jan l' te malad. 27 Li te malad anpil, se vre. Li manke mouri. Men, Bondye te gen pitye pou li. Pa pou li sèlman, men pou mwen menm tou, pou sa pa t' ban mwen plis lapenn ankò. 28 Se poutèt sa mwen pi anvi voye li bò kote nou pou nou ka kontan lè n'a wè l' ankò, epi pou m' ka gen mwens lapenn. 29 Konsa, resevwa l' ak kè kontan tankou yon frè nan Seyè a. Se pou nou gen anpil respè pou moun ki tankou Epafwodit, 30 paske li te prèt pou mouri pou travay Kris la, li riske lavi l' pou l' te ka ban mwen konkou nou menm nou pa t' kapab ban mwen.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.