Bible verses about "creation" | Haitian

Genesis 1:26

26 Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a.

Job 12:7-9

7 Manyè fè ti koze ak zannimo yo, ak zwezo yo. Yo gen anpil bagay pou yo moutre nou. 8 Bèt k'ap trennen sou vant va ban nou leson, pwason nan lanmè va di nou sa yo konnen. 9 Pa gen yonn ladan yo ki pa konnen se Bondye ki fè tout bagay ak men li.

Psalms 33:6

6 Seyè a pale, epi syèl la fèt. Li soufle ak bouch li, tou sa ki nan syèl la fèt.

John 3:16-17

16 Paske, Bondye sitèlman renmen lèzòm li bay sèl Pitit li a pou yo. Tout moun ki va mete konfyans yo nan li p'ap pedi lavi yo. Okontrè y'a gen lavi ki p'ap janm fini an. 17 Bondye pa voye Pitit li a sou latè pou kondannen lèzòm, men pito pou l' te kapab delivre yo.

Romans 1:20

20 Se vre wi. Depi Bondye te fin kreye tout bagay, tout moun ki egzaminen travay li yo ka konprann ki kalite moun Bondye ye, bagay nou pa ka wè ak je nou: ki vle di, jan li gen yon pouvwa ki p'ap janm fini, jan li se Bondye tout bon. Se sak fè moun sa yo pa gen eskiz menm.

2 Peter 3:5

5 Men, moun sa yo, lè y'ap pale konsa, yo fè espre bliye sa ki te rive nan tan lontan: Bondye te pale epi li fè syèl la. Se li ki te fè tè a soti nan dlo a, se li ki te fè dlo a fè tè a.

Genesis 1:1

1 Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a.

Genesis 1:24-25

24 Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase. 25 Bondye fè tout kalite bèt, bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant. Li gade sa l' te fè a, li wè l' bon.

Exodus 20:11

11 Paske, Seyè a te pran sis jou pou l' fè syèl la, latè a ak lanmè a ansanm ak tou sa ki ladan yo. Apre sa, sou setyèm jou a, li pran repo. Se poutèt sa, Seyè a beni jou repo a, li mete l' apa pou li.

John 1:1-3

1 Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. 2 Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. 3 Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t' gen anyen ki te fèt san Pawòl la.

Genesis 2:7

7 Lè sa a, Seyè a, Bondye a, pran pousyè tè, li fè yon nonm. Li soufle nan twou nen nonm lan pou l' ba li lavi. Epi nonm lan vin vivan.

Revelation 4:11

11 O Bondye, Mèt nou, ou merite pou ou resevwa lwanj, respè ak pouvwa. Se ou menm ki fè tout bagay. Si yo la, si yo gen lavi, se paske ou vle l'.

Genesis 1:1-31

1 Nan konmansman, Bondye kreye syèl la ak latè a. 2 Men latè pa t' gen fòm, li pa t' gen anyen sou li. Fènwa te kouvri toupatou. Lespri Bondye t'ap plane sou dlo ki te kouvri tout latè. 3 Bondye di. Se pou limyè fèt. Epi limyè te fèt. 4 Bondye wè limyè a te bon. Bondye mete limyè a yon bò, li mete fènwa a yon lòt bò. 5 Bondye rele limyè a lajounen, li rele fènwa a lannwit. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te premye jou a. 6 Bondye di ankò. Se pou gen yon vout nan mitan dlo a pou separe dlo a an de. 7 Bondye fè vout la separe dlo a an de, yon pati anwo vout la, yon lòt pati anba l'. Se konsa sa te pase. 8 Bondye rele vout la syèl. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te dezyèm jou a. 9 Bondye di ankò. Se pou dlo ki anba syèl la sanble yon sèl kote pou kote ki sèk la ka parèt. Se konsa sa te pase. 10 Bondye rele kote ki sèk la tè. Li rele pil dlo a lanmè. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. 11 Bondye di. Se pou tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Se konsa sa te pase. 12 Tè a pouse tout kalite plant: zèb, plant ki bay grenn, pyebwa ki bay fwi ak tout grenn yo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. 13 Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te twazyèm jou a. 14 Bondye di ankò. Se pou limyè parèt nan syèl la pou separe lajounen ak lannwit. Y'a sèvi pou make jou yo, lanne yo ak sezon yo. 15 Y'a sèvi limyè nan syèl la pou klere tout latè a. Se konsa sa te pase. 16 Bondye fè de gwo limyè, pi gwo a pou kòmande sou lajounen, pi piti a pou kòmande sou lannwit. Li fè zetwal yo tou. 17 Li mete yo nan syèl la pou klere latè a, 18 pou kòmande sou lajounen ak sou lannwit, pou separe limyè ak fènwa. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. 19 Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te katriyèm jou a. 20 Bondye di ankò. Se pou dlo yo kale anpil anpil bèt vivan. Se pou zwazo vole nan syèl la anwo tè a. Se konsa sa te pase. 21 Bondye kreye gwo bèt lanmè yo, tout kalite bèt vivan k'ap naje nan dlo ansanm ak tout kalite zwazo. Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon. 22 Bondye beni yo, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit, plen dlo lanmè a. Se pou zwazo yo fè anpil anpil pitit tout sou tè a. 23 Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te senkyèm jou a. 24 Bondye di ankò. Se pou tè a kale tout kalite bèt vivan, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant, bèt nan bwa. Se konsa sa te pase. 25 Bondye fè tout kalite bèt, bèt nan bwa, bèt yo gade, bèt ki trennen sou vant. Li gade sa l' te fè a, li wè l' bon. 26 Bondye di ankò. Ann fè moun. N'ap fè l' pòtre ak nou, pou li sanble ak nou. La gen pouvwa sou pwason ki nan lanmè yo, sou zwazo ki nan syèl la, sou tout bèt yo gade, sou tout latè, sou tout bèt nan bwa, sou tout bèt ki trennen sou vant sou tè a. 27 Bondye kreye moun. Li fè l' pòtre ak li. Li kreye yo gason ak fi. 28 Li ba yo benediksyon, li di. Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a. Donte tè a. Mwen ban nou pouvwa sou pwason ki nan lanmè, sou zwazo ki nan syèl la, ak sou tout bèt vivan k'ap mache sou tè a. 29 Bondye di. Gade. Mwen ban nou tout kalite plant ki bay grenn ak tout kalite pyebwa ki bay fwi ak grenn pou nou manje. 30 Men, tout bèt ki sou tè a, tout zwazo ki nan syèl la, tout bèt ki trennen sou vant, wi tout bèt vivan, m'ap ba yo zèb vèt pou yo manje. Se konsa sa te pase. 31 Bondye gade sa l' te fè a, li wè l' bon nèt. Yon lannwit pase, yon maten rive. Se te sizyèm jou a.

Colossians 1:16

16 Se ak li Bondye te kreye tou sa ki nan syèl la ak sou latè, sa nou wè ak sa nou pa wè. Se ak li li kreye tout lespri yo ki chita ap donminen, ki gen otorite, ki chèf epi ki gen pouvwa. Se ak Kris la Bondye te kreye yo tout, epi se pou li li te kreye yo.

Hebrews 11:3

3 Se paske nou gen konfyans nan Bondye kifè nou ka konprann se Pawòl Bondye a ki kreye tout bagay. Li sèvi ak sa nou pa ka wè pou li te fè tou sa nou ka wè.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.