Bible verses about "loss" | Haitian

Romans 8:1

1 Koulye a, nanpwen okenn kondannasyon pou moun ki fè yon sèl kò ak Jezikri.

Isaiah 40:1-31

1 Ankouraje pèp mwen an, ankouraje l'! Se Bondye nou an ki di sa! 2 Souke kouraj moun lavil Jerizalèm yo! Fè yo konnen yo soufri kont yo atò. Yo fin peye pou sa yo te fè. Seyè a pini yo kont yo pou tout peche yo te fè yo. 3 Tande vwa yon moun k'ap rele byen fò: -Pare chemen Seyè a nan dezè a. Louvri yon wout nan savann lan pou Bondye nou an! 4 Se pou yo konble tout fon yo! Se pou yo kase tèt mòn yo ak tèt bit yo! Se pou ti mòn yo tounen platon, se pou tout mòn yo vin tè pla! 5 Seyè a pral fè wè pouvwa li a! Tout moun pral wè l' menm lè a. Se Seyè a menm ki di sa ak bouch li. 6 Yon vwa rete li di: Pale non! Yon lòt mande: Sa pou m' di? Di yo moun se tankou zèb yo ye. Tout bèlte yo, se tankou bèlte flè nan savann. 7 Zèb la cheche, flè a fennen, lè Seyè a voye van li soufle sou yo. Se vre wi! Se tankou zèb pèp la ye! 8 Wi, zèb la cheche, flè a fennen, Men, pawòl Bondye nou an la pou tout tan! 9 Nou menm moun lavil Jerizalèm, moute sou yon mòn byen wo, gaye bon nouvèl la! Nou menm moun mòn Siyon yo, pale byen fò, gaye bon nouvèl la! Nou mèt pale fò. Nou pa bezwen pè! Di moun lavil peyi Jida yo men Bondye nou an ap vini! 10 Men Seyè ki gen tout pouvwa a! L'ap vini avèk tout fòs kouraj li. Li pral pran pouvwa a nan men l'. L'ap mennen moun li te delivre yo avè l'. Y'ap mache devan l'! Se rekonpans li. Se rezilta travay li. 11 Tankou yon gadò, l'ap okipe mouton l' yo. Se li menm k'ap sanble yo. L'ap pote ti mouton yo sou bra l'. Tou dousman l'ap mennen manman mouton ki gen pitit dèyè yo. 12 Kilès ki ka mezire valè dlo ki nan lanmè a ak men l'? Kilès ki ka pran lajè syèl la ak dwèt li? Kilès ki ka mete tout tè a nan yon ti mezi? Kilès ki ka pran pèz mòn yo ak pèz ti bit yo nan balans? 13 Ki moun ki ka di Seyè a sa pou li fè? Ki moun ki te ba li konsèy? 14 Ki moun Seyè a te al jwenn pou l' te ka gen bon konprann? Ki moun ki te moutre l' jan pou l' mache dwat? Ki moun ki te ba li konesans? Ki moun ki te fè l' konnen jan tout bagay fèt? 15 Gade! Devan Seyè a, nasyon yo tankou yon gout dlo nan yon bokit. Yo pa peze plis pase ti pousyè nan yon balans. Moun zile yo menm, yo tankou pousyè van ap pote ale! 16 Tout rakbwa peyi Liban yo pa kont pou boule sou lotèl li. Tout bèt ki nan rakbwa peyi Liban yo pa kont ase pou yo fè ofrann bèt pou yo boule pou li yo! 17 Tout nasyon yo mete ansanm, yo pa anyen devan Seyè a. Li pa pran yo pou anyen. Yo pa vo anyen nan je l'. 18 Ki moun nou ka di ki tankou Bondye? Ki pòtre nou ta fè ki pou ta sanble avè l'? 19 Bòs atizan an pran yon moul pou fè yon estati. Efèv la kouvri estati a nèt ak lò. Li fonn ajan pou soude l' nan plas li. 20 Sa ki pa gen gwo mwayen fè yon estati an bwa. Li chwazi yon bon bwa ki p'ap pouri. Li chache yon bon bòs atizan pou travay li pou li, pou fè yon estati ki p'ap tonbe kraze. 21 Se konnen nou pa konnen sa? Ki jan fè yo pa t' janm di nou sa? Pesonn pa t' fè nou konn sa depi lontan? Nou pa janm chache konprann ki moun ki fè latè? 22 Moun ki fè l' la chita anwo nèt, anlè tè a, depase syèl la. Moun ki sou latè, se tankou foumi yo ye devan l'. Li deploye syèl la tankou yon rido. Li louvri syèl la tankou yon tant kote pou moun rete. 23 Li wete tout pouvwa wa yo te genyen. Li fè chèf k'ap dirije lèzòm sou latè yo pase pou anyen. 24 Yo tankou yon jenn ti plan ki fèrenk ap pouse fèy, ki fenk ap fè rasin anba tè. Seyè a fè van li soufle sou yo, yo cheche. Yon toubouyon van an pote yo ale tankou pay. 25 Ki moun nou ka di ki tankou m'? Ki moun ki pou ta sanble avè m'? Se Bondye apa a ki di sa. 26 Leve tèt nou gade syèl la. Ki moun ki kreye tout zetwal sa yo? Tankou nan yon lame, li bay yo chak plas yo. Li bay yo tout non, li konn non yo chak. Yonn pa janm manke nan syèl la! Li gen gwo pouvwa, li gen anpil fòs. 27 Nou menm, moun fanmi Jakòb yo, poukisa n'ap plenyen konsa? Nou menm, pèp Izrayèl la, poukisa n'ap plede di: Seyè a pa konn sa n'ap pase! Bondye nou an p'ap fè anyen pou defann kòz nou! 28 Se konnen nou pa konnen? Kouman? Se di yo pa janm di nou sa? Seyè a se Bondye ki la pou tout tan an! Se li menm ki kreye tout latè. Li pa janm bouke, li pa konn pèdi souf. Pesonn pa ka konprann lide li gen nan tèt li. 29 Lè yon moun pèdi souf, li ba li fòs. Lè yon moun febli, li ba l' kouraj ankò! 30 Jenn gason konn pèdi souf, yo konn bouke. Lè konsa, yo bite, yo tonbe. 31 Men, Seyè a ap bay moun ki mete konfyans yo nan li fòs ankò. Tankou malfini, y'ap pran zèl pou yo leve ale. Y'ap kouri san yo p'ap janm bouke. Y'ap mache, yo p'ap janm febli.

Jeremiah 17:10

10 Mwen menm Seyè a, mwen konnen tout lide ki nan tèt yo, mwen sonde santiman ki nan kè yo. M'ap bay chak moun sa yo merite dapre jan yo mennen bak yo.

Matthew 5:1-12

1 Lè Jezi wè foul moun yo, li moute sou yon mòn. Li chita. Disip li yo pwoche bò kote l'. 2 Li tanmen moutre moun yo anpil bagay. Li di yo: 3 Benediksyon pou moun ki konnen se pòv yo ye devan Bondye, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. 4 Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouraj. 5 Benediksyon pou moun ki dou, paske y'a resevwa byen Bondye te sere pou yo a sou latè. 6 Benediksyon pou moun ki anvi viv jan Bondye vle l' la, paske Bondye va ba yo sa yo vle a. 7 Benediksyon pou moun ki gen kè sansib, paske Bondye va fè yo wè jan li gen kè sansib tou. 8 Benediksyon pou moun ki pa gen move lide nan tèt yo, paske y'a wè Bondye. 9 Benediksyon pou moun k'ap travay pou lèzòm viv byen yonn ak lòt, paske Bondye va rele yo pitit li. 10 Benediksyon pou moun ki anba pèsekisyon lè y'ap fè sa Bondye mande, paske peyi Wa ki nan syèl la, se pou yo li ye. 11 Benediksyon pou nou lè moun va joure nou, lè y'a pèsekite nou, lè y'a fè tout kalite manti sou nou paske se moun pa m' nou ye. 12 Fè kè nou kontan. Wi, nou mèt kontan nèt, paske yon gwo rekonpans ap tann nou nan syèl la. Se konsa yo te pèsekite pwofèt ki te vini anvan nou yo.

John 1:1-51

1 Anvan Bondye te kreye anyen, Pawòl la te la. Pawòl la te avèk Bondye. Sa Bondye te ye, se sa Pawòl la te ye tou. 2 Pawòl la te la avèk Bondye depi nan konmansman. 3 Se ak Pawòl la Bondye fè tout bagay. Nan tou sa ki te fèt, pa t' gen anyen ki te fèt san Pawòl la. 4 Lavi, se nan li sa te ye. Se lavi sa a ki te bay tout moun limyè. 5 Limyè a klere nan fènwa a. Men, fènwa a pa t' resevwa li. 6 Bondye te voye yon nonm ki te rele Jan. 7 Li te vin sèvi temwen pou pale sou limyè a. Li te vini pou tout moun ki te tande mesaj li a te ka kwè. 8 Se pa li menm ki te limyè a. Li te vin pou sèvi temwen pou pale sou limyè a. 9 Limyè sa a, se li ki limyè tout bon an. Se li menm ki vin sou latè epi k'ap klere tout moun. 10 Pawòl la te nan lemonn. Se ak Pawòl la Bondye te fè tou sa ki nan lemonn; men, moun ki nan lemonn pa t' rekonèt li. 11 Li vin nan peyi l'; men tout moun nan peyi l' pa t' resevwa li. 12 Men, sa ki te resevwa l' yo, sa ki te kwè nan li yo, li ba yo pouvwa tounen pitit Bondye. 13 Yo pa t' vin pitit Bondye jan sa fèt pami lèzòm sou latè, paske sa pa t' soti nan egzijans lachè, ni nan volonte lèzòm. Se Bondye menm ki te papa yo. 14 Pawòl la tounen moun. Li te vin viv nan mitan nou, li mennen yon lavi ki te konfòm nèt ak verite a, ak renmen nan tout kè li. Nou wè pouvwa li, se te pouvwa Bondye Papa a te bay sèl Pitit li a. 15 Se li menm Jan Batis t'ap pale a, lè l' te di byen fò: Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m' te di nou: L'ap vin apre mwen. Men, li gen plis pouvwa pase m', paske li te la anvan mwen. 16 Nou tout nou resevwa pa nou nan tout kantite byen l' yo. Li ban nou favè sou favè. 17 Bondye fè Moyiz ban nou lalwa. Men, se Jezikri ki fè nou konnen renmen Bondye a ansanm ak verite a. 18 Pesonn pa janm wè Bondye. Men, sèl Pitit Bondye a, li menm ki Bondye tou, li menm k'ap viv kòtakòt ak Papa a, se li menm ki fè moun konnen Bondye. 19 Men sa Jan Batis te di lè jwif ki lavil Jerizalèm yo te voye kèk prèt ak kèk moun Levi vin mande l' ki moun li ye. 20 Jan pa t' refize reponn yo, li di yo kareman devan tout moun: Se pa mwen ki Kris la. 21 Yo mande li: Ki moun ou ye atò? Ou se Eli? Jan reponn yo: Non, mwen pa Eli. Yo di li: Ou se pwofèt la? Li reponn yo: Non. 22 Lè sa a yo di li: Ki moun ou ye menm? Paske, nou gen pou n' pote yon repons bay moun ki voye nou yo. Ki moun ou di ou ye? 23 Jan reponn: Mwen se vwa nonm k'ap rele nan dezè a: Plani chemen an byen plani pou Mèt la! (Se sa pwofèt Ezayi te di.) 24 Gen nan moun yo te voye bò kot Jan yo ki te soti lakay farizyen yo. 25 Yo mande li: Si ou pa ni Kris la, ni Eli, ni pwofèt la, di nou poukisa w'ap batize moun? 26 Jan reponn yo: Mwen menm, mwen batize nou nan dlo. Men, nan mitan nou la a, gen yon moun nou pa konnen. 27 L'ap vin apre m', men mwen pa bon ase pou m' ta demare kòd sapat li. 28 Tout bagay sa yo t'ap pase kote yo rele Betani an, lòt bò larivyè Jouden kote Jan t'ap batize a. 29 Nan denmen, Jan wè Jezi ki t'ap vin jwenn li, li di: Men ti mouton Bondye a k'ap wete peche moun sou tout latè. 30 Men moun mwen t'ap pale nou an, lè m' te di nou gen yon nonm k'ap vin apre m' men ki gen plis pouvwa pase m', paske li te la anvan mwen. 31 Mwen pa t' konnen ki moun sa tapral ye. Men, mwen vin batize nou nan dlo pou moun pèp Izrayèl yo te ka rekonèt li. 32 Jan di yo ankò: Mwen wè Lespri Bondye a desann sot nan syèl la tankou yon ti pijon, li rete sou tèt li. 33 Lè sa a, mwen pa t' ankò konnen ki moun li te ye. Men, Bondye ki te voye m' batize nan dlo a, te di m': Wa wè Lespri Bondye a desann. La rete sou tèt yon nonm: Se li menm ki gen pou batize moun nan Sentespri. 34 Jan di yo ankò: Mwen wè sa ak je m', se sa ki fè mwen di nou se li ki Pitit Bondye a vre. 35 Nan denmen, Jan te menm kote a ankò ak de nan patizan li yo. 36 Li wè Jezi ki t'ap pase, li di: Men ti mouton Bondye a. 37 De patizan yo tande sa Jan t'ap di a, yo pran swiv Jezi. 38 Jezi vire tèt li gade, li wè yo t'ap swiv li. Li mande yo: Sa n'ap chache? Yo mande li: Ki kote ou rete, Rabi? (Mo rabi sa a vle di mèt.) 39 Li reponn yo: Vini non, n'a wè. Y' ale vre. Yo wè kote l' te rete a. Yo pase rès jounen an avè li. (Li te vè katrè konsa nan apremidi.) 40 Andre, frè Simon Pyè a, te yonn nan de moun ki te tande sa Jan te di a epi ki te swiv Jezi. 41 Premye moun Andre rankontre se te Simon, frè li. Li di li konsa: Nou jwenn Mesi a (ki vle di: Kris la). 42 Li mennen Simon bay Jezi. Jezi gade l', li di: Se ou menm Simon, pitit Jan an? Y'a rele ou Sefas. (Se menm bagay ak Pyè, ki vle di wòch.) 43 Nan denmen, Jezi te fè lide ale nan peyi Galile. Li jwenn Filip sou wout la, li di li: Swiv mwen. 44 (Filip te moun lavil Betsayda, kote Andre ak Pyè te rete a.) 45 Apre sa, Filip jwenn Natanayèl. Li di li: Nou jwenn moun Moyiz te pale nou nan liv lalwa a, moun pwofèt yo te pale a tou. Se Jezi, moun lavil Nazarèt, pitit gason Jozèf la. 46 Natanayèl di li: Ki bon bagay ki ka soti Nazarèt? Filip reponn li: Vini non, wa wè. 47 Lè Jezi wè Natanayèl ap vin bò kote l', li di sou li: Men yon moun pèp Izrayèl tout bon. Se yon nonm ki pa gen riz nan li. 48 Natanayèl mande li: Ki jan ou fè konnen mwen? Jezi reponn li: Anvan Filip te rele ou la, mwen te wè ou lè ou te anba pye fig frans lan. 49 Lè sa a, Natanayèl di li: Mèt, ou se Pitit Bondye a. Ou se wa pèp Izrayèl la! 50 Jezi reponn li: Paske mwen di ou mwen te wè ou anba fig frans lan, poutèt sa ase ou kwè? Ou gen pou wè bagay pi gwo pase sa. 51 Apre sa, li di yo: Sa m'ap di nou la a, se vre wi: N'a wè syèl la louvri, avèk zanj Bondye yo k'ap moute desann sou Moun Bondye voye nan lachè a.

1 Corinthians 6:19-20

19 Se konnen nou pa konnen kò nou se tanp Sentespri k'ap viv nan kè nou, Sentespri Bondye te ban nou an? Nou pa mèt tèt nou ankò. 20 Bondye achte nou kach, li peye chè pou sa. Se poutèt sa, sèvi ak kò nou yon jan pou fè lwanj Bondye.

2 Peter 2:9

9 Konsa, Bondye konnen ki jan pou l' delivre moun k'ap sèvi l' yo nan mitan eprèv. Men, li kite mechan yo pou l' ka peni yo jou jijman an,

2 Corinthians 1:3-5

3 Ann fè lwanj Bondye ki papa Jezikri, Seyè nou an, Papa ki gen kè sansib la, Bondye ki toujou la pou ban nou ankourajman an. 4 Li ankouraje nou nan tout lapenn nou, konsa nou menm tou nou ka ankouraje moun ki nan tout kalite lapenn lè n'a ba yo menm ankourajman nou te resevwa nan men li an. 5 Menm jan nou soufri ak Kris la nan tout soufrans li yo, konsa tou, gremesi Kris la, nou resevwa yon gwo ankourajman.

Philippians 4:19

19 Bondye ki rich anpil la va ban nou tou sa nou bezwen nan Jezikri.

Matthew 5:4

4 Benediksyon pou moun ki nan lapenn, paske Bondye va ba yo kouraj.

2 Corinthians 12:9

9 Chak fwa, li reponn mwen: Se favè m' ase ou bezwen. Paske lè ou fèb, se lè sa a moun wè pouvwa mwen nan ou. Se poutèt sa, nan fon kè m', mwen pito pale sou feblès mwen pou pouvwa Kris la ka mete m' anba zèl li.

Psalms 34:17-20

17 Men, Seyè a vire do bay moun k'ap fè sa ki mal, pou pesonn sou latè pa janm chonje yo. 18 Lè moun ki mache dwat yo rele l', li tande yo. Li wete yo anba tray. 19 Seyè a kanpe toupre moun ki dekouraje yo, li delivre tout moun ki te pèdi espwa. 20 Lè yon moun ap mache dwat, li gen pou l' soufri anpil. Men, Seyè a ap delivre l' anba tout soufrans li yo.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.