Bible verses about "math" | Haitian

Genesis 6:19-20

19 W'a pran avèk ou tout yon pè nan tout kalite bèt, yon mal ak yon fenmèl. Wa fè yo antre nan batiman an ansanm ak ou pou yo pa mouri. 20 Konsa, nan tout kalite zwazo, nan tout kalite bèt domestik, nan tout kalite bèt ki trennen sou vant yo, gen yon pè nan chak kalite ki va vin jwenn ou pou yo pa mouri.

Genesis 2:2-3

2 Sou sis jou, Bondye te fin fè tout sa l' t'ap fè a. Setyèm jou a, li sispann travay. 3 Li beni setyèm jou a, li mete l' apa pou li, paske se jou sa a li te sispann travay apre li te fin kreye tout sa l' t'ap kreye a.

1 Kings 6:6

6 Chak pyès nan dènye etaj anba a te gen sèt pye edmi lajè. Pyès nan etaj mitan an te gen nèf pye lajè ak pyès nan etaj anwo nèt la te gen dis pye edmi. Miray tanp lan menm te pi laj anba pase anwo. Konsa, gwo travès plafon yo te chita sou miray yo san yo pa t' bezwen fouye twou ladan yo.

Proverbs 1:1-33

1 Men pwovèb Salomon, pitit David la, ki te wa peyi Izrayèl. 2 Pwovèb sa yo la pou fè moun konnen sa ki rele gen sajès ak bon levasyon, pou yo konprann lè moun lespri ap pale ak yo. 3 Pwovèb sa yo la tou pou moutre moun jan pou yo viv avèk konprann, pou yo gen bon kondit, pou yo pa fè lenjistis, pou yo mache dwat nan lavi. 4 Y'ap louvri lespri moun ki manke konprann, y'ap bay jenn gason yo konesans ak konprann. 5 Se pou moun ki gen konesans koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka mete sou sa yo konnen deja. Se pou moun ki gen lespri koute sa ki nan pwovèb yo, pou yo ka konnen ki jan pou yo mennen bak yo pi byen, 6 konsa, y'a ka konprann sans tout pwovèb ak tout parabòl, sans tout pawòl k'ap soti nan bouch moun ki gen bon konprann yo ak koze tout moun pa ka konprann. 7 Lè ou gen krentif pou Bondye, se lè sa a ou konmanse gen konesans. Moun fou pa konn valè sa yo rele gen konesans, yo refize aprann. 8 Pitit mwen, koute papa ou non lè l'ap ba ou bon levasyon! Pa janm bliye sa manman ou te moutre ou! 9 Menm jan bèl foula mare nan tèt ak kolye pase nan kou bay pi bèl aparans, konsa tou konsèy papa ou ak manman ou ap fè anpil pou ou. 10 Pitit mwen, lè moun k'ap fè sa ki mal vle detounen ou, pa kite yo pran tèt ou. 11 Si yo di ou: Vini ak nou non! Ann anbiske kò nou pou n' touye moun. Ann pare pèlen pou nou pran inonsan yo, san yo pa gen anyen ak nou. 12 Ann vale yo tou vivan, tankou simityè ki pa janm refize mò. Ann vale yo tout ankè tankou kadav y'ap antere. 13 N'a jwenn tout kalite gwo richès, n'a plen kay nou ak tout bagay n'a pran. 14 W'a jwenn pa ou nan tou sa n'a pran. Va gen yon sèl kès pou nou tout. 15 Pitit mwen, pa mache avèk moun konsa! Pa mete pye ou kote moun sa yo pase! 16 Yo toujou dèyè pou fè sa ki mal. Pou ti krik ti krak, yo mete san deyò. 17 Kisa ou konprann ou fè lè ou kite zwezo wè ou ap tann pèlen pou li? 18 Se konsa moun sa yo pran nan pèlen yo menm yo pare a. Yo tonbe nan pyèj yo mete a, yo mouri. 19 Nan chache genyen sa ki pa pou ou, se ou ki lakòz malè rive ou. Se sa menm ki pou rive tout moun ki pa wè pase vòlò. 20 Koute byen. Sajès ap rele nan lari, l'ap pale byen fò sou plas piblik. 21 L'ap rele nan tout kalfou, nan pòtay lavil yo, toupatou kote tout moun ka tande. 22 L'ap di: Bann egare! Kilè n'a sispann renmen fè tenten? Kilè n'a sispann pran plezi nou nan pase tout bagay nan betiz? Kilè moun fou yo va soti pou yo aprann? 23 Se pou n' koute m' lè m'ap rale zòrèy nou. M'ap di nou tou sa ki nan tèt mwen, m'ap fè nou konnen tou sa m' konnen. 24 Ki jan nou ye konsa? Mwen rele nou, nou fè tankou nou pa tande m'. Mwen lonje men ban nou, nou fè tankou nou pa wè m'. 25 Anhan! Se konsa sa ye? Nou voye tout konsèy mwen te ban nou yo jete byen lwen nou. Nou refize kite m' korije nou. 26 Konsa, lè n'a nan ka, m'a ri nou. Lè malè va fè nou tranble, m'a pase nou nan rizib. 27 Lè malè va tonbe sou nou tankou yon van siklòn, lè tray va pase sou nou tankou yon toubouyon, lè lapenn ak kè sere va pran nou, 28 le sa a, n'a rele m', mwen menm yo rele sajès, men mwen p'ap reponn nou. N'a mache chache m' toupatou, men nou p'ap jwenn mwen. 29 Nou pa t' vle wè konesans, nou te toujou refize gen krentif pou Bondye. 30 Nou pa t' janm vle koute konsèy m' t'ap ban nou, nou te toujou derefize koute m' lè m' t'ap korije nou. 31 Se pou nou rekòlte sa nou te simen an. Se pou nou sibi konsekans vye konsèy nou t'ap swiv yo. 32 Moun ki san esperyans yo mouri paske yo refize aprann. Bann moun fou yo menm, yo pa pran anyen pou anyen, se sa k'ap pèdi yo tou. 33 Men, moun ki koute sa m' di yo jwenn lasirans, y'a viv ak kè poze, yo p'ap bezwen pè anyen.

Matthew 10:30

30 Pou nou menm menm, ata grenn cheve nan tèt nou, yo tout konte.

John 21:11

11 Simon Pyè moute nan kannòt la, li rale prive a tou plen vin atè. Te gen sansenkanntwa (153) gwo pwason ladan li. Men atousa, privye a pa t' chire.

2 Timothy 3:16

16 Tou sa ki ekri nan Liv la, se nan Lespri Bondye a yo soti. Y'ap sèvi pou moutre moun verite a, pou konbat moun ki nan lerè, pou korije moun k'ap fè fòt, pou moutre yo ki jan pou yo viv byen devan Bondye.

Luke 14:28

28 Si yonn nan nou vle fè yon gwo batisman, premye bagay pou l' fè: se pou l' chita pou l' kalkile konbe sa pral koute l' pou l' wè si li gen kont lajan pou l' fin fè travay la.

Genesis 6:15-16

15 Men ki jan pou ou fè l': Batiman an va gen katsansenkant (450) pye longè, swasannkenz pye lajè, ak karannsenk pye wotè. 16 W'a mete yon twati sou batiman an. W'a kite yon espas dizwit pous ant twati a ak rebò a. W'a louvri yon sèl pòt sou kote batiman an. W'a mete yon etaj anba, yon etaj nan mitan, yon etaj anwo.

1 Kings 6:2-3

2 Kay wa Salomon bati pou Seyè a te gen katrevendis pye longè, trant pye lajè ak karantsenk pye wotè. 3 Premye pyès devan an te gen kenz pye longè, trant pye lajè. Li te menm lajè ak kay la.

Psalms 90:12

12 Moutre nou pou nou pa bliye jan lavi nou kout, pou nou kapab chache konprann tout bagay.

1 Kings 7:23

23 Apre sa, Iram fè yon gwo basen an kwiv tou won. Li te mezire kenz pye lajè anndan anndan ak sèt pye edmi fondè. Wonn li te mezire karannsenk pye.

Topical data is from OpenBible.info, retrieved November 11, 2013, and licensed under a Creative Commons Attribution License.