1 Chronicles 1:32-33

Haitian(i) 32 Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan. 33 Madyan te gen senk pitit gason. Se te Efa, Efè, Enòk, Abida ak Elda. Tout moun sa yo, se nan branch fanmi Ketoura a yo ye.