Haitian(i)
4 Men, lè yo jwenn te gen plis gason chèf fanmi nan moun Eleaza yo pase nan moun Itama yo, yo òganize sèz gwoup nan moun Eleaza yo ak wit gwoup nan moun Itama yo.
5 Nan tou de fanmi yo te gen moun ki te chèf nan Tanp lan ak chèf pou fè sèvis Bondye. Chak moun te gen tou pa yo. Yo te fè yo piye pou yo te ka konnen tou chak moun.
6 Se konsa, Chemaja, pitit Netaneyèl, yonn nan moun Levi yo, ki te sekretè, te kouche non yo nan rejis devan wa a, devan chèf yo, devan Zadòk, prèt la, devan Akimelèk, pitit Abyata, ak devan tout chèf fanmi prèt yo ak moun Levi yo. Yo piye yonn apre lòt, de moun Eleaza pou chak yon moun Itama.
7 Men nan ki lòd vennkat gwoup yo te soti lè yo fin piye: Jeoyarib soti premye, Jedaja dezyèm,
8 Arim twazyèm, Seorim katriyèm,
9 Malkija senkyèm, Mijamen sizyèm,
10 Akòz setyèm, Abija wityèm,
11 Jezwa nevyèm, Chekanya dizyèm,
12 Elyakib onzyèm, Yakim douzyèm,
13 Oupa trèzyèm, Jekebeab katòzyèm,
14 Bilga kenzyèm, Imè sèzyèm,
15 Ezi disetyèm, Apizèz dizwityèm,
16 Petaja diznevyèm, Ezekyèl ventyèm,
17 Jakin venteyenyèm, Gamoul venndezyèm,
18 Delaya venntwazyèm, Mazya vennkatriyèm.
19 Se konsa yo te enskri non moun sa yo nan jan pou yo te al nan Tanp lan pou fè travay yo yonn apre lòt, jan Arawon zansèt yo te mete l' pou yo fè l' la, dapre lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay.