1 Chronicles 24:7-26

Haitian(i) 7 Men nan ki lòd vennkat gwoup yo te soti lè yo fin piye: Jeoyarib soti premye, Jedaja dezyèm, 8 Arim twazyèm, Seorim katriyèm, 9 Malkija senkyèm, Mijamen sizyèm, 10 Akòz setyèm, Abija wityèm, 11 Jezwa nevyèm, Chekanya dizyèm, 12 Elyakib onzyèm, Yakim douzyèm, 13 Oupa trèzyèm, Jekebeab katòzyèm, 14 Bilga kenzyèm, Imè sèzyèm, 15 Ezi disetyèm, Apizèz dizwityèm, 16 Petaja diznevyèm, Ezekyèl ventyèm, 17 Jakin venteyenyèm, Gamoul venndezyèm, 18 Delaya venntwazyèm, Mazya vennkatriyèm. 19 Se konsa yo te enskri non moun sa yo nan jan pou yo te al nan Tanp lan pou fè travay yo yonn apre lòt, jan Arawon zansèt yo te mete l' pou yo fè l' la, dapre lòd Seyè a, Bondye pèp Izrayèl la, te bay. 20 Men non lòt chèf fanmi ki soti nan fanmi Levi a: Se te Choubayèl nan fanmi Amran, Jedeya nan fanmi Choubayèl, 21 Ichiya nan fanmi Rekabya. Se li ki te pi gran. 22 Te gen Chelomòt nan fanmi Jizeya, Jaat nan fanmi Chelomòt. 23 Nan fanmi Ebwon an te gen Jerija, pi gran an, Amarya, dezyèm lan, Jaziyèl, twazyèm lan ak Jekameam, katriyèm lan. 24 Te gen tou Miche, pitit gason Ouzyèl, Chami, pitit gason Miche. 25 Jikija, frè Miche a, Zakari, pitit gason Jikija, 26 Makli ak Mouchi, pitit gason Merari, pitit gason Jazya yo, ki te pitit Merari.