1 Kings 22:34-36

Haitian(i) 34 Lè sa a, yon sòlda peyi Siri a rete konsa li voye yon flèch. Flèch la al pran Akab, wa Izrayèl la, nan fant rad lagè ki te sou li a. Wa a di sòlda ki t'ap mennen cha li a: -Kase tèt tounen. Annou kite batay la, paske mwen blese grav. 35 Jou sa a, batay la te makònen anpil. Wa Akab menm te blije rete kanpe sou cha li a ap gade moun peyi Siri yo. San t'ap koule soti kote li te blese a, li sal tout anndan cha a. Rive aswè, li mouri. 36 Lè solèy pral kouche, yon vwa pran pale nan zòrèy sòlda pèp Izrayèl yo, li t'ap di: -Chak moun al nan peyi yo, chak moun al lakay yo,