1 Kings 2:21-24

Haitian(i) 21 Batcheba di l': -Kite Adonija, frè ou la, pran Abichag, tifi lavil Chounam lan, pou madanm li. 22 Wa a reponn manman li, li di li: -Poukisa w'ap mande m' pou m' bay Adonija Abichag, tifi lavil Chounam lan? Ou ta mèt tou mande m' pou m' ba li plas wa a tou, se gran frè m' li ye. Lèfini, li gen Abyata, prèt la, ak Joab, pitit Sewouja a, avè l'. 23 Apre sa Salomon fè sèman sa a devan Seyè a: -Se pou Bondye ban m' pi gwo pinisyon ki genyen si mwen pa fè Adonija peye pou sa l' mande m' la a! 24 Seyè a vivan. Se li menm ki mete m' chita sou fotèy David, papa m' lan. Li kenbe pwomès li, li mete m' chèf. Lèfini, li di se pitit mwen ki pou chèf apre m'. Mwen fè sèman nan non Seyè a, se pou Adonija mouri jòdi a menm.