1 Kings 2:31-34

Haitian(i) 31 Wa a reponn: -Fè jan li di ou la. Touye l', lèfini, antere l'. Konsa ni mwen, ni pyès lòt moun nan fanmi papa m' p'ap reskonsab pou sa Joab te fè lè li te touye de inonsan yo. 32 Seyè a pral pini Joab pou krim sa yo li te fè san David, papa m', pa t' konnen. Joab te touye de moun inonsan ki te pi bon pase l': Abnè, pitit pitit gason Nè a, kòmandan lame peyi Izrayèl la ak Amasa, pitit gason Jetè a, kòmandan lame peyi Jida a. 33 Wi, chatiman krim sa yo va tonbe sou Joab ak sou pitit li yo pou tout tan. Men, Seyè a ap toujou bay David ak pitit li yo, fanmi li ak tout wa ki va vin apre l' yo kè poze. 34 Se konsa, Benaja tounen nan Tant Randevou a, li touye Joab. Yo antere Joab lakay li nan dezè a.