Haitian(i)
6 Ou menm, ou pral bay lòd pou yo koupe kèk pye sèd pou mwen nan peyi Liban. Moun pa m' yo va travay ansanm ak moun pa ou yo. m'a peye mesye ou yo jan wa vle l' la. Ou konnen pa gen moun nan peyi m' ki ka koupe bwa tankou moun Sidon yo.
7 Lè Iram resevwa mesaj Salomon an, sa te fè l' plezi anpil. Li di: -Lwanj jòdi a pou Seyè a ki bay David yon pitit gason ak bon konprann konsa pou gouvènen sou gwo pèp sa a!
8 Apre sa, Iram voye di Salomon: -Mwen resevwa mesaj ou a. M'ap fè tou sa ou mande m' fè pou bwa sèd ak bwa pichpen yo.
9 Moun pa m' yo va pote madriye yo desann soti peyi Liban jouk bò lanmè. Lè y'a rive la, m'a fè yo mare madriye yo fè rado, y'a pouse yo sou lanmè a rive jouk kote w'a chwazi sou kòt la. Rive la, moun pa m' yo va demare madriye yo. Lè sa a, w'a fè moun pa ou yo fè rès travay la. Ou menm, w'a ban m' pwovizyon pou moun pa m' yo.
10 Se konsa Iram bay Salomon tout madriye sèd ak madriye pichpen li te bezwen.