1 Kings 6:37-7:1

Haitian(i) 37 Se nan katriyèm lanne rèy Salomon, nan mwa Ziv la, yo te mete men nan fondasyon kay Seyè a. 38 Tanp lan te fin bati ak tout ti detay li yo, jan yo te fè plan an, nan onzyèm lanne rèy Salomon nan wityèm mwa kalandriye jwif yo, ki rele Boul. Salomon te pran sètan pou l' bati Tanp lan. 7 1 Salomon te bati yon palè pou li menm tou. Li pran trèzan pou l' fini l'.