1 Kings 7:27-39

Haitian(i) 27 Iram te fè tou dis kabwa an kwiv. Yo chak te gen sis pye longè, sis pye lajè ak kat pye edmi wotè. 28 Yo te fèt an ti panno kare kare ki te moute nan yon ankadreman. 29 Sou chak ti panno yo, te gen pòtre lyon, pòtre towo ak pòtre zanj cheriben. Sou rebò yo, anwo ak anba lyon yo ak towo yo, te gen yon ranje flè resoti. 30 Chak kabwa te gen kat wou an kwiv ak lesye an kwiv tou. Nan kat kwen yo te gen yon zepòlman, antou kat pou kenbe basen lan anplas. Zepòlman yo te dekore ak yon ranje flè chak bò. 31 Anwo chak kabwa te gen yon ankadreman tou won pou basen yo. Ankadreman an te gen dizwit pous lajè anndan anndan. Li te gen desen sou tout kò l'. Pati anwo kabwa a te kare, li pa t' won. 32 Wou yo te gen vennsenk pous wotè. Yo te anba panno yo. Lesye wou yo te fè yon sèl pyès ak rès kabwa a. 33 Wou yo te tankou wou cha lagè. Pen yo, jant yo, reyon yo, lesye yo, tout te fèt an kwiv. 34 Kat zepòlman ki te nan kwen anba chak kabwa yo te fè yon sèl pyès ak chasi kabwa a. 35 Pati plat anwo kabwa a te dekore ak yon wonn nèf pous wotè ki te fè rebò ouvèti a. Zepòlman ki te nan kwen anwo yo ak panno yo te fè yon sèl pyès ak kabwa a. 36 Yo te dekore panno yo ak zepòlman yo ak pòtre zanj cheriben, pòtre lyon ak pòtre pye palmis, tout kote yo te jwenn yon ti espas, ak flè sou tout wonn lan. 37 Se konsa Iram te fè dis kabwa yo. Yo tout te fèt menm jan, menm fòm, menm gwosè. 38 Iram te fè dis basen tou, yonn pou chak kabwa. Chak basen te mezire sis pye lajè. Yo chak te kenbe desan galon konsa. 39 Li mete senk kabwa sou bò sid Tanp lan, lòt senk yo sou bò nò. Gwo basen kwiv la menm, li mete l' sou bò dwat Tanp lan nan kwen sidès la.