1 Samuel 17:4-5

Haitian(i) 4 Yon bowòm yo rele Golyat, moun lavil Gat, soti nan kan moun Filisti yo, li parèt devan sòlda pèp Izrayèl yo, li mande pou yonn ladan yo vin fè fas kare ak li. Li te gen nèf pye wotè. 5 Li te gen yon kas fè nan tèt li ak yon rad fèt an plak fè sou li. Rad la te peze sansenkant (150) liv pou pi piti.