1 Samuel 28:14-25

Haitian(i) 14 Wa a di l': -Kisa ou wè li sanble? Fanm lan reponn: -Se yon vye granmoun gason k'ap moute la a. Li vlope nan yon gwo dra. Lè sa a, Sayil vin konnen se te Samyèl. Li tonbe ajenou, li bese tèt li jouk atè. 15 Samyèl di Sayil: -Poukisa ou detounen m' konsa? Poukisa ou fè m' remoute la a en? Sayil di li: -Mwen nan gwo tèt chaje: Moun Filisti yo ap fè m' lagè. Epi Bondye vire do ban mwen. Li pa pale avè m' ankò, ni nan rèv, ni nan mesaj pwofèt yo. Se poutèt sa, mwen fè rele ou pou ou ka fè m' konnen sa pou m' fè. 16 Samyèl di l': -Koulye a Seyè a vire do ba ou, li tounen lènmi ou, poukisa se mwen menm w'ap mande bagay konsa? 17 Seyè a annik fè sa li te di m' di ou la: li wete gouvènman an nan men ou, li bay David li pito. 18 Ou pa t' koute sa Seyè a te di ou, ou pa t' detwi moun Amalèk yo nèt ansanm ak tou sa yo te genyen. Se poutèt sa Seyè a fè ou sa li fè ou jòdi a. 19 Li pral lage ou ansanm ak tout pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. Denmen lè konsa, ni ou menm ni pitit gason ou yo ap menm kote avè m'. Seyè a pral lage lame pèp Izrayèl la nan men moun Filisti yo. 20 Tande Sayil tande sa, li tonbe tou long atè, li te pè akòz pawòl Samyèl te di l' la a. Li te fèb anpil tou, paske li pa t' manje anyen depi maten. 21 Fanm lan al jwenn Sayil atè a, li wè jan Sayil t'ap tranble tèlman li te pè. Li di l' konsa: -Tanpri, mèt, tande sa m'ap di ou: Mwen te mete lavi m' an danje pou m' te fè sa ou te mande m' fè a. 22 Koulye a, tanpri, tande sa m'ap di ou. Ou pral fè sa m'a pral di ou la a: Kite m' al pare yon ti manje pou ou. W'a manje, w'a pran fòs ankò pou ou ka al fè wout ou. 23 Sayil refize, li di li p'ap manje anyen. Men mesye ki te avè l' yo ansanm ak fanm lan pale avè l', yo fè l' tande rezon. Bout pou bout, li dakò, li leve sot atè a, li chita sou kabann lan. 24 Fanm lan te gen yon ti bèf li t'ap angrese lakay li. Li prese touye l'. Apre sa, li pran farin, li fè pat avè l', li kwit kèk ti pen san ledven. 25 Li pote tout bagay sa yo devan Sayil ak mesye l' yo. Yo manje. Lèfini, lannwit lan menm yo leve, yo pati.