2 Kings 6:1-3

Haitian(i) 1 Yon jou, pwofèt yo di Elize konsa: --Gade, kote n'ap viv avè ou la vin twò piti pou nou. 2 Kite n' ale larivyè Jouden an. Nou chak va koupe yon madriye, n'a bati yon kay la pou nou ka viv. Elize reponn: --Ale non! 3 Yonn nan pwofèt yo mande l': --Tanpri, mèt, ann al avè nou non! Li di: --Dakò.