Acts 4:1-3

Haitian(i) 1 Antan Pyè ak Jan t'ap pale ak pèp la, prèt yo, kòmandan lagad tanp lan ak sadiseyen yo vin rive. 2 Yo te fache anpil dèske apòt yo t'ap moutre pèp la anpil bagay, dèske yo t'ap anonse yo moun mouri kapab leve menm jan Jezi te leve soti vivan nan lanmò. 3 Yo arete yo, yo mete yo nan prizon pou jouk nan denmen paske solèy te fin kouche.